Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nou se Don Kato
                     Nou papa pran Mato

Marc-kensen Curvinglines

Dèyè MADAN TIKIT
Gen TALON KIKIT
Pa gen okin komisyon machann koripsyon
Pou vin ban N pinisyon

NOU SE DON KATO 
Senatè delwès onèt, janmè yon palemantè mantè ki vin bwase mòtye ak san pèp pou bati  nan kalewès pi gwo chato
Dèyè nanm
Nou gen manm

Moun Latibonit
Pa pran nan fo mamit
Yo konn lè mezi manke diri
Se yo atò ki plante kou rekolte diri bò lari
 
Bon doktè
Sa pa janmè bay piki nan zo pou fè Zo bourike nan faktori bouton anba tè
Ni bon avoka lalwa jwe jwèt kon
Pou fòse LAJISTIS monte mòn kalvè redi pote pwalou kwa plon

Krèyòl se lang ki ka fè e defè
Nan lang pèpè dezyèm men, M pa gen foli fè dyòl sirèt ni bèkfè
Nan lang Voltè M refize fè evantay Mimi volè mantèg bè
Nan rimine bèl vè Bodlè M pa kabrit vante l gwo zafè nan di bèèèè

Nan lang lakay
M ka pale tout bagay
M entèlijan
Sèvèl M ka wè yon sèl bagay plizyè jan

Pou defini kidnapin pou yon senp tilwa
Nou fè yon jou nan dezè dezawa
Nou  bèbè bege kokobe
Kòmsi sou tèt nou te tonbe lè nou te bebe

Fransè ki nan bouch rann sèvèl nou petevi
Poutan se li nou chwazi pou entere paleman an touanvi
Nou di tout radòt
Men depi se an franse nou se Aristòt

Sispann fè rizib pou fè zòt griyen dan
Fransè se kann anana pou nou dyòl fobob-fo-dan
Si nan deba nou  refize panse ekri pale krèyòl nan paleman
Nou pap janmè siman ni  lakòl lanmidon pou kore pou kole bon gouvennman

Mal cheve trese M nou chita tout lajounen ap pale
Men Samson kou Èkil  te gen cheve mele
Ansyen Grèk nou repete tankou jako repèt
Nan tanp Atena kou nan lari nan vil Atèn se tèt trese pou filozòf kou pwofan , pou esklav kou mèt
 
Pou sivik ak moral
Nan katedral sila ta sanble pa janmè gen koral
Men nan tout tijwèt se tout ti tivis
Si se pa voye gwo wozèt rale sou lòt tonnavis

Nan paleman an sa ki  pwofesè  listwa
Manipile lepase pou fè dilatwa
Sa ki te militè ofisye nou te antisipe gen bonjan metòd
Pa menm gen displin pou nan pwòp lakou yo mete lòd

Tout bijè nou sòti nan devantre malere ak kout ponya oubyen vye sen  kòb wouye zòt lage nan bòl ble  pòv devan katedral tèt bese
Nan rityèl Ladoba limilyason pèmanant sa,  fyète nou pa janm blese
Poutan nou oze rele  tèt nou pitit Desalin-Petyon-Kristòf
Pandan ke nou tout se patripòch ki toujou sou  blòf

Pèp la pa bègwè
Simagri yo li wè
Pou li Jodi ya nou  swadizan sonnen ason rele bon LWA GINEN
Men nan tèt nou se djab Baka ki pral  danse DEMEN

Ki sa ki yon PALEMAN  ?
Se reprezantan pèp eli, fanm kou gason, ki fè sèman
Pou defann Lenterè nasyon
Pou defann Lenterè rejyon

Eske se nasyon an nou defann...,
Lè ayiti an debò nou fann ?
Eske se rejyon yo nou pwoteje....
Lè lanjan pou LASANTE nou voye jete ?

Nou wè se teyat nou ap fè
Nou pa menm yon bon manipiletè blofè
Sa nou fè yo twò klè
Menm sa ki avèg pote vè san difikiktè wè nou klè

Nou ka chanje si nou tout fè alyans
Pou koumanse plante wouze lakonsyans
Maladi nou pa nan san ni sou po
Sa se fo rezilta analiz  dòktè malfektè ki sèmante pou pa kite 1804 nou anrepo

Men ti doktè gen memwa kout oubyen ammezi selèktif
Paske Molyè, Voltè, Rablè se pa sou ayiti letriti yo te si aktif
Se te sosyete moun ki te imaj yo nan glas
Ke yo tap  analize kritike san odas

Atò sispann di ke Ayiti
Ap toujou nan twou aneyanti
Pa bliye zòt jwenn lapè
Aprè tout yon listwa nan ying yang vye gè

Ayiti pap peri
Ayiti nou vin geri
Ayiti pral pi  bèl
Pi bèl menm ke lakansyèl

Marc-kensen Curvinglines

P.S.: Don Kato nan pwezi sa se yon kolaj, yon ide pou kritije ipokrizi dirijan: ipokrizi politik, ekonomik, sosyal, lengwistik. Men li se yon pwezi tou ki konfwonte ideyoloji rasis Zòt ki mete kostim patènalis pou fòse nou pran NANA pou SIZAN.

boule  boule  boule

 

 Viré monté