Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Michel Chéry

Michel Chéry

Ki moun ki Pierre Michel Chéry?

Pierre Michel Chéry fèt Sen Michèl (nan depatman Sid Ayiti). Pierre Michel Chéry etidye estatistik ak enfòmatik nan CEFORSI (Centre de Formation de Statisticiens et d’Informaticiens) an 1980’; an 1983 li pran yon diplòm nan jesyon biznis nan INAGHEI’; li etidye lengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike an 1994’; an 2002, Pierre Michel Chéry fè yon metriz nan Teknoloji Enfòmasyon.

Se sitou nan aktivite enfòmatik moun pi fasil rankontre Pierre Michel Chéry an Ayiti, epoutan akote aktivite pwofesyonèl li, Pierre Michel Chéry se yon moun ki pa machande kolaborasyon li nan anpil aktivite k’ap fèt pou defans ak pwomosyon lang kreyòl yo ak kilti kreyòl yo. Moun plis konnen non li aletranje akoz atik l’ap pibliye an kreyòl sou divès kalite sijè sou entènèt pou òganizasyon k’ap fè pwomosyon lang kreyòl yo. Konsa Pierre Michel Chéry ap potekole nan REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen) ansanm ak lòt militan kòz lang kreyòl la, nou jwenn li tou nan IOCP (International Organization of Creole People). 

Pierre Michel Chéry deja pibliye Eritye Vilokan an 2001.

Sur Potomitan

Bèbè Golgota : Bouskay sitwayènte ak diyite ak Michel-Ange Hyppolite.

Alarechèch yon idantite Analiz Bèbè Gòlgota Jeanie Bogart, 6 janvye 2023.

* * *

Who is Pierre Michel Chéry? – P. M. Chéry was born in Saint Michel (southern Haiti). He studied Statistics and Computer Science at CEFORSI (Centre de Formation de Statisticiens et d’Informaticiens), 1980. In 1983, he received a diploma in Business Management from INAGHEI (Institut National d’Aministration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales). He studied Linguistics at FLA (Faculté de Linguistique Appliquée, Université d’Etat d’Haïti), 1994. In 2002, P. M. Chéry completed a Masters degree in Information Technology.

He is mostly found in activities related to Computer Science in Haiti. Nevertheless, aside from his professional activities, P. M. Chéry shows his willingness to take part in many activities dealing with defending and promoting creole languages and cultures. He is known more abroad because of the articles he’s been publishing online in Haitian Creole on a variety of subjects (for organizations that are promoting the creole languages). P. M. Chéry has been collaborating with REKA (Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen | Network of Haitians creolophone writers) and IOCP (International Organization of Creole People), making common cause with militants who are working for the advancement of the creole languages. He has published two novels: Eritye Vilokan (2001) and Bèbè Golgota (2008).

On Potomitan – “Bèbè Golgota: in search of citizenship with dignity” (by Michel-Ange Hyppolite). (English translation: Emmanuel W. Védrine).

 Viré monté