Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jean Watson Charles

 

 

Jean Watson Charles fèt Kwadèboukè (Ayiti). Powèt, Nouvelis, li etidye literati nan lekol Nomal siperiyè ak sosioloji nan fakilte Etnoloji. Li pibliye plizyè atik sou Marie Chauvet, Hector Hyppolite ak Dany Lafferriere.

Manb plizyè asosiasyon literè an Ayiti ak Lafrans, "Lenglensou" se deziyèm liv li ki parèt nan edisyon Perle des Antilles.

Jean Watson Charles

N ap kouri dèyè lavi
Chak swa ki pase
Se yon paj
Yon mak san
Yon rèv toutouni
K ale pouri sou kòn
Yon katedral doulè pou lanmou
Losti pou sakreman lèmò
Fè rèv pou lanjelis
Fè lanmou sou bwa kalvè
Rèv nou ap kouri dèyè lavi

Mwen pran degidon woulib
Loray  frape w nan kè
Pran kalonnen lèzòm
 
Nan 2 bra lavi
Tout jwèt koken pèdi pou revè

Resif yo fin n seche
Dlo nan je m ap kouri tankou nyaj nan syèl
Vwa nan tèt mwen di
Kouri chen n nan tirès pou minis brennò
Resif yo fin n seche
Dlo nan kò n se sèl sa ki rete
Pou wouze latè
Kisa rete nan kò n
Sinon doulè
Memwa n ki andèy
(in, Lenglensou, ed.Preles des antilles)

linée linée linée linée

                            Pou Edwidge Sylvain

Zòtèy mwen kreve, zanmi
Yon pousyè desan n
Li louvri 2 bral bay bondye
Lavi isit fè koupe fè
Nap rale nay sou fèy papye
Dlo nan je n
Tounen  chapo kikouvri kò n
Dlo kò n se rivyè
Dlo kòn se pousyè
Lanmou fè n rizib
Lanmou kole sou po dyòl nou
Li pa janmè deseche
Zòtèy mwen kreve zanmi
Kilès kap pote l

Depi dikdantan
Diktati
Diktatè
Tounen maroka
Nan ven nou
Nan kè n
Nan nam nou
Bwe san lenglensou bwe san
(in, Lenglensou, ed.Perles des Antilles)

boule

 Viré monté