Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Remèd ansyen sa a "geri tout maladi" VIH, SIDA,
dyabèt, kansè, konjesyon serebral, Maladi Seksyèlman Transmisib, atrit e plis ankò ...

This ancient remedy "cures all diseases" HIV, AIDS,
diabetes, cancer, stroke, Sexually Transmitted Diseases,
arthritis and more ...

(© Jean H. BELLEFLEUR)
kontak: jhbellefleur7@gmail.com contact
Dawout 2017: August 2017

Èske ou te tande pale de lwil grenn de koumenn nwa a? Ebyen, si ou pa genyen l, alò, atik sa a se pou ou. Kèk etid apwofondi te montre ke Nigella sativa oswa lwil de grenn koumenn nwa a efikas pou frennen kwasans selil kanserez yo. An reyalite, yon ekstrè de grenn sa a rekonèt kòm timokinòn te pwouve pou gen kapasite trè pwisan pou geri kansè. Ekspè yo kwè konpoze sa a efikas nan trètman kansè nan tete, fwa, kolon, pankreya, nan kòl matris, lenfòm, kansè pwostat ak melanòm ......

 

Have you heard of black cumin seed oil? Well, if you do not have it, then this article is for you. Extensive studies have shown that Nigella sativa or black cumin seed oil is effective in stopping the growth of cancer cells. In fact, an extract of this seed known as thymoquinone is proven to have very powerful ability to cure cancer. Experts believe that this compound is effective in the treatment of breast, liver, colon, pancreas, cervical cancer, lymphoma, prostate cancer and melanoma.

Malgre ke etid yo te fèt sou bèt sèlman, yo estime ke li se sèlman yon kesyon de tan anvan ke esè klinik yo sou moun kòmanse.

 

Although studies have been conducted on animals only, it is believed that it is only a matter of time before clinical trials on humans begin.

Sepandan, menm ak tout siy pwometè nan lwil grenn koumenn nwa a, gwo konpayi famesetik yo ezite kontinye rechèch la pou rezon yo konnen pou yo sèlman.

 

However, even with all these promising signs of black cumin seed oil, major pharmaceutical companies are reluctant to pursue research for reasons known only to them.

Nan sans sa a, de rechèch separe fèt nan diferan peyi sètadi Arabi Saoudit ak Lachin an 2011, revele ke lwil sa a efikas pa sèlman pou trètman pou kansè, men tou pou lòt maladi tankou dyabèt , maladi ren, opresyon ak plis ankò.

 

In this regard, two separate research carried out in two different countries, Saudi Arabia and China in 2011, revealed that this oil is effective not only for the treatment of cancer but also for other diseases such as diabetes, Kidney disease, asthma and much more.

Malgre ke li pa totalman klè kòman lwil grenn koumenn nwa a aji nan batay kont kwasans selil kanserez yo, rechèch la toujou ap kontinye.

 

Although it is not quite clear how black cumin seed oil acts in the fight against the growth of cancer cells, research is still ongoing.

Anplis yon rechèch ki fèt nan peyi Lejip revele ke lwil de grenn koumenn nwa a konbine avèk siwo myèl ede detwi selil kansè yo. Rezilta sa yo te obsève nan tès laboratwa sou rat yo te enfize ak gwo dòz gwo de kanserojèn puisan sa a.

 

In addition, research in Egypt has revealed that black cumin seed oil combined with honey helps destroy cancer cells. These results were observed in laboratory tests on rats which were infused at high doses of this potent carcinogen.

Etid sa a gen ladan kat gwoup egzamen sou rat.

  • Premye gwoup la te resevwa yon konbinezon de siwo myèl ak lwil grenn nwa a.
  • Lòt twa gwoup yo te resevwa separeman youn nan de engredyan sa yo.
  • Yo te revele ke premye gwoup la te resevwa siwo myèl ak lwil de grenn koumenn nwa a te gen yon risk redwi pou trape kansè de 100%.
  • Pou lòt twa gwoup yo ki manje nan engredyan sa yo separeman risk yo tonbe de 80%.
 

This study consists of four groups of test rats.
 

  • The first group received a combination of honey and black seed oil.
  • The other three groups received one of these two ingredients separately.
  • It was revealed that the first group receiving honey and black cumin seed oil had a reduced risk of having 100% cancer.
  • For the other three groups fed one of these ingredients separately their risk dropped by 80%.

An 2014, chèchè Turki a yo te montre ke lwil de grenn koumenn nwa a ta ka efikas nan soulaje doulè nan moun k ap resevwa terapi radyasyon pou trètman pou kansè yo.

An reyalite, tès yo te fèt sou rat ki te sibi gama radyasyon epi yo te separe an de gwoup.

  • Premye gwoup la te resevwa 1 gram de lwil grenn koumenn nwa a inèdtan avan ekspozisyon a radyasyon an.
  • Yo te ba yo imedyatman yon total de 10 gram pou 10 jou swivan yo ekspozisyon yo a radyasyon yo.
  • Pou dezyèm gwoup la, rat yo te ekspoze a radyasyon yo, men yo te resevwa solisyon salin.
  • Yo te konstate ke lwil de grenn koumenn nwa a te redui makè de estrès oksidatif yo nan premye gwoup la.
 

In 2014, researchers from Turkey have shown that black cumin seed oil could be effective in relieving pain in people receiving radiation therapy for the treatment of their cancer.

In fact, the tests were performed on rats that were subjected to gamma radiation and were separated into two groups.

  • The first group received 1 gram of black cumin seed oil one hour before exposure to radiation.
  • They were subsequently granted a total of 10 grams for the 10 days following their exposure to radiation.
  • For the second group, the rats were exposed to radiation, but received saline.
  • Seed oil was found to have reduced oxidative stress markers in the first group.

Yon lòt obsèvasyon kiryez se ke rat yo ki te resevwa lwil de grenn koumenn nwa a, pandan 10 jou avan ekspozisyon yo a radyasyon yo epi pandan 10 aprè ekspozisyon an, yo te rete pwoteje kont efè segondè de iradyasyon an.

  • Selil kansè nan fwa pa ka reziste ak fòs de lwil grenn koumenn nwa a. Yon rechèch ki fèt nan peyi Zend an 2013 te montre ke fòs thymoquinone lan sou rat laboratwa yo te gen remakab anpil.
  • Te gen de gwoup rat nan etid sa a.
  • Dlo a baz de Timokinòn 0.01% te yo te bay rat yo nan premye gwoup la.
  • Dezyèm gwoup la te resevwa dlo òdinè. Rat yo nan premye gwoup la te gen yon rediksyon nan kansè nan fwa ak tout makè timè yo de fason siyifikativ nan sèlman 16 semèn.
  • Rat yo pa jenere nonplis de nouvo nodil de kansè. Selil kanserez yo konplètman detwi pa lwil de Grenn Koumenn Nwa a.
 

Another curious observation is that the rats which received the black cumin seed oil for 10 days before their exposure to radiation and for 10 days after exposure remained protected against the side effects of radiotherapy.

  • Liver cancer cells cannot resist the strength of seed oil from black cumin Research conducted in India in 2013 showed that the strength of thymoquinone on laboratory rats was extremely remarkable.
  • There were two groups of rats in this study.
  • Water based on 0.01% Thymoquinone was administered to rats in the first group.
  • The second group received plain water. Rats in the first group had a reduction in their liver cancer and all tumor markers significantly in just 16 weeks.
  • Rats do not generate new cancer nodules either.
    The cancer cells are completely destroyed by the seed oil of Black Cumin.

Yon rechèch nan Arabi Saoudit an 2014 revele ke lwil de grenn koumenn nwa a gen pwopriyete pwisan anti-enflamatwa ak antikanserez.

 

A research in Saudi Arabia in 2014 revealed that black cumin seed oil has powerful anti-inflammatory and anti-cancer properties.

Nan tès sou selil kansè nan poumon an kay gason, yon ti dòz 0.01 mg / ml nan lwil de grenn koumenn nwa a te montre ke selil kanserez yo te detwi yon fason kostant, san efè sou selil nòmal yo.

Selil kansè nan sèvo a pa gen okenn chans nan prezans de lwil grenn koumenn nwa a.

 

In human lung cancer cell tests, a small dose of 0.01 mg / ml of black cumin seed oil showed that the cancer cells were destroyed consistently, with no effect on Normal cells.

Brain cancer cells have no chance in the presence of black cumin seed oil.

An 2013, syantis nan "Inivèsite Eta Ohio" yo te teste efè thymoquinone lan sou polimòf ki konsidere kòm fòm ki pi letal ak agresif de kansè nan sèvo. Rezilta etid yo te montre ke tip de kansè sa a te efektivman detwi pa timokinòn (thymoquinone) lan san yo pa domaje selil ki an sante yo.   In 2013, scientists at Ohio State University tested the effects of thymoquinone on glioblastoma which is considered the most lethal and aggressive form of brain cancer. The results of studies have shown that this type of cancer has been effectively destroyed by thymoquinone without damaging healthy cells.

Sous: rechèch pèsonèl sou entènèt.

Tradui de Fransè an Kreyòl ak Anglè pa Jean H. BELLEFLEUR, Tradiktè - Editè. Ansyen Enstriktè nan Lang Kreyòl Ayisyen ak Piskò-Ayiti & Chèchè Endepandan.

Konnen ke enfòmasyon sou sante ki founi nan dokiman sa a pa angaje m nan anyen. Sèlman si w gen yon pwoblèm ki trè grav konsènan sante ou, kontakte doktè w imedyatman pou èd ijan.

 

Source: personal search online.

Translated from French to Creole and English by Jean H. BELLEFLEUR, Translator - Editor. Former Instructor in Haitian Creole with Peace-Corps Haiti & Independent Researcher.

Know that health information provided herein does not engage me in anything. Only if you have a very serious problem regarding your health, contact your doctor immediately for urgent help.

boule

 Viré monté