Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Ochan pou 50èm anivèsè Sosyete Koukouy Ki wout solèy la fè? Pierre Michel Chéry Photo F.Palli. |
Ki bèt nan bwa ki manje solèy la? Pèsonn pa konnen. Machann ki t ap leve al achte, chofè kamyonèt ki ta pral travay, abitan ki ta pral nan jaden, pechè ki t ap jete nas, yo tout ap rakonte menm istwa a. Solèy la t ap leve, klète te koumanse blayi, sanzatann, yon gwo bri soti nan fon lanmè a, vag yo monte, tonbe fè dega, solèy la disparèt. Tout moun ap rele: Solèy la tonbe nan lanmè. Gen grandèt ki di se yon madichon, solèy la bouke chofe moun ki gen move kè ak moun k ap fè krim.
Depi jou sa a, chòche ak malfèktè achte peyi a lajan kontan nan men vivan. Plant ap mouri, manje koumanse ra, mikwòb ak move bèt ap moute sou moun. Fredi toupatou, pyès moun pa ka met tèt deyò, anwetan lougawou, ak chòchòwèt. Si solèy la pa tounen, tout moun nan peyi a ap peri, y ap mouri grangou, si lougawou pa gentan fin souse san yo nan bwa jòmou.
Epi men Ajenò, yon pòv malere ki te fèt tou avèg, lasosyete pa t bezwen, ki vin mande pèmisyon pou l al chache Solèy la. Pa t gen moun ki te kwè Ajenò ta ka mennen Solèy la retounen. Men, kòm se li menm sèl ki te ofri tèt li, tout moun te blije asepte. Se sèl li menm ki te santi li ka defèt malè a. Se konsa yo sanble kèk vye pen kanni ak rès manje dòmi, yo mete yo nan yon alfò bay Ajenò.
Lè Ajenò santi li pare, li pran wout la ak baton peleren l. Li pral chache Solèy la kote l tonbe a. Depi Ajenò kite twou, kote l te kouche a, li pran chante:
Se mwen menm avèg Ajenò k ap pase
Se mwen menm Ajenò k ap mande konkou
Konkou pou n al chache solèy la kote l tonbe a
Firanmezi Ajenò ap mache, firanmezi l ap chante, se firanmezi moun yo anndan kay yo ap reponn chante a:
Men Ajenò k ap pase, konkou l ap mande
Moun ki ka wè san limyè
Ajenò ap pase, ankouraje, mezanmi!
Lamen fòt mezanmi!
Ajenò mache, li mache jouk li bouke. Tank li chante, tank yo reponn li, men pyès moun pa sòti vin pote konkou. Tout moun pito rete fèmen anndan kay yo, ap manje fredi nan fènwa a. Boutanfen, Ajenò rive devan yon kay; li tande yon fanm k ap file lenn nan pa pòt kay li pou l fè triko. Ajenò mande fanm nan:
Kisa w ap fè la a, poukisa ou pa anndan kay ou menm?
fanm nan reponn:
Se chanday m ap koud, fredi pa fè m pè, m pa bezwen limyè pou m manyen zegwi triko m.
Ajenò mande fanm nan si l ka ale avè l, ak tout chanday yo? Fanm nan asepte san okenn kondisyon. Se premye moun ki deside swiv Ajenò pou y al chache Solèy la. Si fanm nan te ka fè triko san limyè, li pa ka mache nan fènwa a. L ap tonbe, wòch ap blese l, dekourajman sòti pou pran nanm madanm nan, l anvi kase tèt retounen. Ajenò ap soutni madanm, men pa gen fòs kouray pou de moun. Nan fòse redi mache, yon nonm vin frape ak Ajenò ki mande l:
Kisa w ap fè deyò a ? Kouman fè ou pa anndan kay ou?
Nonm nan reponn:
Se koukouy mwen gade, koukouy se zanmi m, se yo ki ban m limyè.
Konsa, gadò koukouy la, pran yon ponyen koukouy, li lage devan pye fanm trikotèz la, ki fè l kado yon chanday. Gadò koukouy la kite wout li pou l swiv Ajenò.
Etan twa mesyedam yo ap kontinye bat lakanpay chache lòt moun ki pou ede yo, yon bann malfèktè sènen yo. Si lougawou pa bezwen avèg la, men trikotèz la ak gadò koukouy la se bon jan vyann pou chòche fè bakanal.
Malfèktè yo ap prese mache sou ekip la pou yo met men sou vivan yo, epi yon sèl kout tanbou dechire syèl la. Yon koral pran chante. Kout tanbou a ak tout chante koral la toufe kout bagèt sousèd san yo. Sousèd san yo bezwen mizik pou yo fè piwèt yo. Bann sousèd san a pa fouti kouri fè laviwonn pou yo fè. Mizik koral la toufe mizik malfektè yo ki kanpe rèd sou plas, san yo pa ka bouje. Ekip Ajenò a pwofite demake chòchòwèt yo, yo met tèt sou direksyon wout koral la. Lè yo rive devan kay kote chante a t ap sòti a, yo wè se yon fanm k ap p chante devan yon gason k ap bat tanbou. Ajenò mande yo:
Kisa n ap fè la a, nan fredi a?
Bagetè a reponn, travay nou se pwoteje pasan k ap pase nan kalfou a. Sousèd san pa ka tande mizik nou, san nan venn chòchòwèt yo ap tounen dlo, si yo pran chans danse mizik nou. Si tout moun nan peyi pa bò isit pa mouri se boula nou ki kouvri kout souflèt sousèd san ki met pèlen nan kalfou a pou moun. Ajenò mande yo èske yo ka ede l kontinye rès wout la? Bagetè a reponn wi, men li pa ka pran fredi. Ajenò remèt renn chantrèl la ak bagetè a, yo chak, yon chanday. Epi yo kontinye wout la ak menm chanson an. Chante a vin pi bèl, paske li jwenn vwa rèl chantrèl la pou ba l siwo, li jwenn kout bagèt bagetè a pou fè l rive pi lwen sou tèt mòn yo.
Se mwen menm avèg Ajenò k ap pase
Se mwen menm Ajenò k ap mande konkou
Konkou pou n al chache solèy la kote l tonbe a
Epi plant nan bwa a reponn:
Men Ajenò k ap pase, konkou l ap mande
Depi dat n ap tann Solèy pou n fleri
Ajenò ap pase, ankouraje, mezanmi !
Lamen fòt, mezanmi !
San dekouraje ekip la kontinye ap mache. Yo mache rive jouk bò lanmè a kote yon pèchè t ap prepare nas ak yon lòt nan yon kannòt. Yo annik parèt bò lanmè a, youn nan pèchè yo deklare:
Se nou menm nou t ap tann, si nou bezwen fon lanmè, kannòt nou, ak ladrès frè m, la pou sa, si nou bezwen desann nan fon dlo, tout ti kwen anba lanmè a se kay nou, nou konn kote solèy la ap dòmi. Men nou p ap ka reveye l pou kont nou.
Ajenò mande yo:
E fredi a, e fènwa a, kisa nou fè pou sa?
Lanmè a poko frèt nèt, solèy la pa mouri, li toujou ap bat anba lanmè a. Tenèb la pa fè n pè, fon lanmè a, rele n pa n, zaviwon n rele n chèmèt chèmètrès. Men nou pa ka reveye solèy la si nou pa jwenn yon moun ki konn renmen. Se yon pawòl lanmou ki ka fè solèy leve.
Tout ekip la repran wout la, y al chache yon moun ki konn renmen. Nan tan di sa a, kote tout moun ap mouri grangou, nan tan di sa a, kote travayè ap ranpe pou de gouden, nan tan di sa a, kote fanm ap vann kò yo pou yo pa mouri, nan tan di sa a kote, renmen pa alamòd ankò. Nan fè nwa sa a, kote moun pa wè moun, kote yo pral jwenn yon moun pou yo renmen.
Se koze sa yo ki te nan bouch fouyadò yo. Nan mache mande ransèyman, yon madanm voye yo nan yon kafou kote yo va jwenn yon jennonm ki gen foli damou, k ap resite yon sèl pwezi lanmou an san pran souf.
Lè ekip Ajenò a rive nan kalfou madanm nan te bay la, yo kontre ak jennòm nan. Ajenò mande l:
Monfrè, kisa w ap fè la a?
Jennonm nan reponn:
Metye m se sanba, grann mwen lage yon madichon sou mwen, poutèt yon derespektan m te fè l. Moun yo di m fou, men se madichon ki sou tèt mwen. Depi syèk mwen renmen on fi m pa janm wè. Toutotan fi a pa reponn mwen, toumant mwen p ap fini.
Kouman w fè renmen yon fi ou pa janm wè?
Jennonm nan esplike, se sa ki madichon an. Grann li te di l pa renmen fanm pou bèl vizaj. Bèl po, bèl vizaj pa etènèl, chache konnen ki sa ki bon ki ap toujou retelakay on fi anvan w damou. Jennonm nan griyen dan sou granmoun nan. Granmoun nan te di l "madichon m ba ou, ou gen pou damou yon fi san w pa wè figi l, se lè ou fin leve yon chay ki fè tout moun kontan, fi a va reponn ou". Depi jou sa a, jennonm nan ap chante pou yon vwa fi l tande k ap chante san l pa ka wè ki kote vwa a ap sòti:
Ala m damou ekla ri w la - Se tankou zèklè l rive sou mwen - San m pat atann - Wi m damou vre - M damou vwa w - Te mèt se madichon m ap peye - Lè m tande vwa w k ap chante - tablo mèvèy miyonnen douvan je m - M ap moute desann - Sou kousen nyaj wòwòt - Lè m tande w k ap ri - Reve je klè pran chenn nan kò m - Pale, ri, ri ak tout fòs ou - Ou menm ki nan wout ou - pa kontrarye m - kite m pou kò m - Kite m pran plezi m - menm plezi ak sanba yo - ki bouke rele moun vin goute.
Etan jennonm nan fè yon ti poze pou l rale yon souf. Ajenò di li:
Monfrè vin ede n chache solèy la
Jennonm nan pa fè tèt di, li antre nan bann nan. Yo repran wout bò lanmè a pou y al pran kannòt. An pasan arebò yon jaden k ap depafini, renn chantrèl la kase yon bouke flè pou l fè Solèy la kado.
Yo tout monte kannòt la, y ap rame, y ap chante. Lè yo rive kote Solèy la te fè fon an, gadò koukouy la mete yon ponyen koukouy nan yon bokal bay dayiva a. Trikotèz la remèt dayiva a yon chanday pou Solèy la. Sanba a konpoze yon chante ki pou reveye solèy la. Etan dayiva a ap desann nan fon lanmè a, bagetè a, renn chantrèl la ak sanba a pran chante pou Solèy la ka leve.
"Solèy, Solèy !
men pitit latè ki vini wè w
tou sa nou fè,nou fè l avèk pasyon lanmou
Si Solèy pa chofe nou,
lanmou nan kè nou ap tounen glas
Pitit an nou ape mouri
san yo pa janm konn gou moso lanmou"
Yo chante si tèlman fò, tout mòn yo pran repete dèyè yo, tout rak bwa antre nan souke tchatcha. Tè a tresayi, dlo lanmè a bouyi. Solèy la, ki t ap dòmi, reveye lè li tande pawòl sa yo. Lè li wè bèl kado pitit latè pote pou li, li souke kò l. Li leve tou dousman sot anba dlo, l al repran plas li.
Men, chak swa Solèy tounen anba dlo ankò, anvan l desann, je l kriye san, pou sa li wè moun ap fè moun parèy yo pase sou latè. Se poutèt sa lanmè a wouj lè Solèy ap desann al dòmi.
Epi, mwen menm, ki t ap swiv Ajenò depi jou l derape a, etan y ap fè jennonm foli damou an konnen gen yon bèl fi ki pran plas li nan kafou li konn ap chante a, m santi yon kout bagèt pran m nan do. Mwen kilbite, mwen vòltije, kout bagèt la voye m jete devan nou la a, pou m rakonte nou ti istwa sa a.
Pierre Michel Chéry
Delmas
24-septanm-2015