Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
“Imajine ou reveye yon jou, epi w wè mizik disparèt.” Ti Kolibri, ti Kabrit ak ti Chat Marina Magloire |
Nan tan lontan, te gen yon jou tout moun reveye epi yo rann yo kont tout mizik disparèt. Yo eseye jwe gita, okenn son pa soti, tout gita bèbè. Yo limen radyo, podjab yo pa fouti jwenn ni konpa, ni mizik rasin, ni twoubadou. Sèl sa yo jwenn se yon dividal nouvèl ak yon latriye piblisite k ap mande moun ki deja pa menm gen ase lajan pou viv pou achte yon pakèt batanklan.
Ti Kolibri ki te konn danse zouk chak maten pran poze tèt li yon kòlonn kesyon: “ki sa mwen pral fè maten an san yon ti zouk pou fè kè m kontan? Kote mwen pral jwenn fòs pou wouze tout flè ak plant mwen yo pandan lajounen an? Ki jan mwen pral fè menm?” Kon sa, ti Kolibri, ti Kabrit, ak ti Chat tanmen yon ti pale.
— Ti Kabrit, ki se yon moun serye, di ti Kolibri, “Monchè, ou pa gen yon gwo pwoblèm. Ou kapab travay san mizik. Men, mwen-menm ki se yon twoubadou, m pa kapab travay san mizik paske mizik se travay mwen. Lamizè m pi rèd pase ti pwoblèm pa w la.”
Ti Chat, ki se yon moun saj, di ti Kolibri ak ti Kabrit: “Pa plenyen, zanmi m yo. Nou pa bezwen goumen. Petèt mizik la deside al fè yon ti pwonmennen. An nou chèche li pou nou mande li tounen.”
Twa zanmi sa yo tonbe mache anpil. Yo rive nan yon dezè kote yon pousyè tèt chaje kouvri tout bagay. Pa te genyen anyen nan dezè sa a, sof yon pyebwa ki kanpe pou kont li ladan. Pyebwa a te sanble malad paske li pa te gen fèy sou li, epi li bosi kou yon ti granmoun do ba. Pyebwa a t ap kriye anpil.
Ti Chat mande Pyebwa a:
— Pou ki sa w ap kriye kon sa?
— Paske tout zanmi mwen yo mouri.
Ti Kabrit sezi. “O o! Ki moun ki touye zanmi w yo?
— Kèk moun koupe yo pou bati kay. Lòt moun koupe yo pou fè chabon.
Zanmi mwen yo ki pa te koupe pyebwa mouri anba swaf. Nyaj yo fache, dlo kouri lwen zanmi m yo. Sa ki fè tout zanmi mwen yo mouri nèt.”
Ti Kolibri mande li, “E ou-menm, ki jan ou te rive chape?”
— Dlo nan je mwen te kapab nouri mwen. Mwen te si tèlman kriye, mwen te kapab jwenn anpil dlo pou m bwè. Men, dlo sèlman pa bon pou lasante.”
Ti Chat t apral di, “Mwen regrèt sa,” men Ti Kabrit pale anvan li. “An n ale, an n ale, an nou kite vye kote sa a. Nou po ko jwenn mizik la.” An reyalite, Ti Kabrit jennen, paske li menm li te koupe pyebwa pou bati kay li ak pou fè chabon. Li pa te fè li avèk mechanste, men se lamizè ki te fè li fè sa. Men, kounye a lè li wè sò pyebwa yo, li wont anpil.
Pyebwa kirye. Li mande, “Ki sa mizik vle di?”
Ti Kolibri reflechi yon moman, epi li reponn, “Mizik se yon melanj son byen ranje ki fè kè w bat diferan lè ou tande li. Epi li gen ase fòs pou fè tout kè bat ansanm.”
“Ah,” Pyebwa soupire. “M kwè mwen sonje sa. Sa gen lontan mwen pa tande yon ti mizik. Mwen preske bliye ki sa li ye. Petèt si nou mache nan forè ki anwo mòn nan, nou kapab jwenn li. Lè zanmi mwen te vivan, non pèp nou se te forè. Nou te genyen mizik paske nou te konn chante ansanm. Petèt mizik mawon nou. Li kache anndan forè a. Nou ta dwe bouske li laba.”
Twa zanmi yo di Pyebwa mèsi. Lè y ap kite l, Pyebwa kriye kont li: “Tann, zanmi mwen! Si ou jwenn mizik la, se posib pou ban mwen yon ti moso?”
Twa zanmi yo pwomèt Pyebwa yo pral eseye, e yo kontinye mache nan direksyon forè a. Bagay dwòl nan kote sa a! Pyebwa ki sanble bèt, bèt ki sanble pye bwa. Lyann ki genyen dwèt long. Papiyon ak je nan zèl yo. Bri yon latriye lòt bèt. Men, an reyalite pa gen pyès mizik.
“O! Mwen pè!” Ti Kolibri tonbe kriye. “Mwen pa renmen kote sa a!”
Yon gwo zwazo blan poze sou yon branch pyebwa. “Bonswa,” li di, avèk anpil jantiyès.
“Men lougawou!” Ti Kabrit lonje dwèt li.
Ti Kolibri frikat. “Gade lougawou wi! Petèt se li menm ki te manje mizik menm jan li renmen manje timoun! Nou pa vle wè ou, mal pou wont!
“Ou dechennen!” Lougawou pwoteste. “Ou pa konnen m! Mwen-menm se yon lougawou vejetaryen. Mwen pa manje moun. Mwen vole lannwit pou veye forè a sèlman.”
“Eskize nou, Mesye Lougawou,” di Ti Chat.
“An nou kite kote sa a,” Ti Kabrit. “Pa gen anyen isit ki bèl tankou mizik. Tout bagay lèd, tout bagay degoutan. Nou pa janm jwenn mizik isit.”
Lougawou gade li ak min li byen mare. “Petèt pou ou menm, sa sanble yon kote ki genyen anpil dezòd ladan. Men se paske ou pa konnen li. Ou pa konnen ki jan pou wè lòd nan sa ki sanble dezòd. Se lakay pa m, alò mwen menm m konnen ki jan forè a pwoteje nou, ki jan l ap nouri nou. Pa jije konsa, zanmi mwen. Si nou kontinye mache, n ap jwenn sa n ap chèche a.”
Ti Kabrit konnen li gen rezon, e li pa di anyen ankò.
Jounnen an louvri sou yo, kò yo fèb. Yo fatige anpil. Marengwen pa kite yo dòmi, epi koulèv nan tout pyebwa yo ap menase yo. Voup, yo tande yon vwa dous ki vlope yo. Yo santi yo alèz, yo preske vle kouche a tè pou dòmi tèlman vwa a te dous kou yon siwo. “Ki moun nou ye?”se sa yo tande vwa a mande yo.
Se te vwa tout manman ki chante ti pitit dodo, vwa tout doudou ki chouchoute lannwit, vwa tout nanm ki gen tandrès, tout sa ki nan lanati ki mare ak moun. “M kwè n ap chèche m. Mwen se Manman Mizik.”
“Pou ki sa nou pa ka wè ou, Maman Mizik?”
“Mwen menm, se tankou lè, oubyen Bondye. Ou pa ka wè m, men mwen toujou la.”
“Pou ki sa ou vire do ban nou, Manman Mizik? Nou te fè yon bagay ou pa te renmen? Eske se akòz pyebwa nou te koupe yo? Èske se akòz nou jije lòt moun? Antouka, se twò ta, malè a deja fèt, e nou nan pinisyon nèt ale!” Ti Kolibri lage kò l a tè tèlman li tris.
Ti Kolibri tonbe kriye ankò. “Nou p ap janm chape anba lamizè, non! Nou deja fè tout sa n konnen pou nou jwenn padon nan men w. Pitye Manman Mizik, pitye!”
“Mwen pa gen mechanste nan kè m kon sa. Mwen pa vire do ban nou akòz nou te fè yon mal. Mwen ale nan vakans. Se pa fasil, travay mizik. Solèy leve, moun rele m. Lalin leve, moun rele m. Moun rele m lè y ap kriye pou mwen seche dlo nan je yo. Gason rele m lè yo betize fi, e mwen blije ede yo menm si mwen pa dakò avèk magouy yo.
Moun ka rele m apre travay, lè yo fatige, pou mande m pote kò yo nan dans. Kò sa yo lou, wi! Tèt mwen chaje ak tout bagay mwen wè chak jou. Anplis moun yo pa janm di m yon ti mèsi. Mwen bouke ak travay sa a ki pa janm sispann. Ou pa kwè mwen merite yon ti repo?”
Ti Kabrit pa dakò. “Ki sa w ap di? Nou bezwen ou, Manman Mizik. Si ou pa la, nou pral mouri! Se egoyis kite nou kon sa!”
Manman Mizik vin serye. Vwa li fè tout pyebwa, tout zèb, tout bèt, tout moun frisonnen. “Ou frekan, wi! Sa ou panse— ou se mèt mwen? Mwen pa genyen okènn mèt, e mwen pa renmen moun anbete m. Kite m an repo, souple. Lè m pare, m ap tounnen vizite nou.”
Ti Chat genyen lapenn pou Manman Mizik, li di, “Mèsi pou tout travay ou, Manman Mizik. M swete ou pwofite vakans ou.”
“Mèsi cheri,” Manman Mizik karese ti Chat bò zorèy li. “Ala byennelve ou byennelve. Bondye beni ou!”
Yon gwo van soufle, e Manman Mizik pati ale byen lwen.
“Ki sa n ap fè?” Ti Kabrit plenyen. “N ap pèdi mizik, nou p ap janm tande li ankò!”
Tristès anvayi ti Chat, li anvi yon ti chante pou soulaje kè li. Li konmanse chante. Vwa li fèb, vwa li tranble kou dife chandèl. Men ti Kolibri twouve chante a bèl anpil. Li konmanse bat zèl li tankou yon ti tchatcha. Menm ti Kabrit ki te chita fache nan yon kwen konmanse bat pyè li a tè a tankou li t ap bat yon tanbou. Lè majorite moun tande tanbou, yo pa kapab reziste. Moun ak bèt janbe forè, yo janbe dezè, pou rive jwenn son sa a. Tout flè ak
pyebwa, menm pyebwa tris la ki te rete nan mitan dezè a rache rasin yo pou mache jwenn son an. Tout kè obeyi rit la, tout kè bat ansanm. Moun ak bèt ak plant kenbe men pou danse, yo vire won jouk yonn nan yo pa fouti rekonnèt si yo plant, si yo bèt, si yo kretyen vivan.
Sonje sa te pase nan tan lontan. Pèsonn pa konnen si bwi nou fè jounen jodi a se mizik tout bon vre. Petèt yon jou, Manman Mizik va tounen apre pwomnad li pou montre nou ki jan nou ka fè mizik ki bon tout bon vre. Ala bèl jou sa va bèl!
----------------------------------------------------------------------------------------
Mwen te prezante tèks sa nan selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl nan dat 28 oktòb 2015 nan “Duke University“. Apre sa, Jacques Pierre, Ko-direktè “Haiti Lab” nan Duke University te ankouraje mwen pibliye tèks la. M ap di li mèsi tou pou tout sa li te pataje ak mwen nan klas kreyòl li yo.