Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Poèmes

Emmanuel W. VEDRINE

Poèmes A-F | Poèmes G-L | Poèmes M-R | Poèmes S-Z | Indice

Bixa orellana
Woukou, Bixa orellana. Photo F.P.

Manman, pa ban m tete ankò
Li lè pou sevre m
Mwen fè dan
Mwen ka mòde ou
Tanpri souple
Ban m bonjan manje
Pou m manje
Mwen bezwen bonjan
Vitamin pou m kanpe
P ap ban m ti jèbè
Ak ti labouyi nan ti kiyè!
P ap ban m bwè nan bibon
Mwen pa tibebe
Pa pran m pou egare!
Manman, tanpri souple
Pa kontinye
Ban m tete
M wè lèt ou sale
Li ka ban m vant pase
Kite m bwè lèt bouyi
P ap ban m ti labouyi
Ou konnen m pa timoun piti
Manman, pa ban m tete
Mwen kòmanse pale.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: Poetry in Haitian Creole
 

Mantalite lakay

Mantalite achte konsyans ak kèk grenn dola
Mantalite anpwazonnen lòt pou nèryen
Mantalite bay lòt kout poud pou ti krik ti krak
Mantalite blan ap vin chanje Ayiti
Mantalite blan yo pral pot sinistre pou ede Ayiti
Mantalite Bondye bon bagay yo va chanje
Mantalite chache moun pou parene ti nèg pou esplwate yo
Mantalite chen manje chen
Mantalite dechoukay la poko fini
Mantalite egoyis
Mantalite fè bèl diskou zewo fot an franse epi anyen
Mantalite fè jako repèt lekòl san aprann panse ni kritike
Mantalite fè lòt tounen zonbi pou travay kòm esklav
Mantalite JMM (jan l monte l monte)
Mantalite JPP (jan l pase l pase)
Mantalite kalewès epi ret tann chanjman
Mantalite ki bò ou rete nan Pòtoprens
Mantalite ki siyati w
Mantalite kibò ou te lekòl
Mantalite kilès ki fanmi w
Mantalite koudeta tout tan pou pran pouvwa
Mantalite kraze Ayisyen pou fè wout pou blan
Mantalite kraze pou reye
Mantalite lespri koridò
Mantalite m ap ba w kout lang pou m monte
Mantalite m ap rale w desann si w ap eseye monte
Mantalite m pa t nan men m lekòl ak ou
Mantalite m pase nan gran inivèsite lòtbò dlo
Mantalite mwen pa kanmarad ou
Mantalite mwen pa moun lamas
Mantalite mwen pa nan ran ou
Mantalite mwen se moun lelit
Mantalite ou pa gen diplòm donk ou nil
Mantalite ou pa konn pale franse
Mantalite ou pa moun lavil
Mantalite ou pa t fè gwo klas
Mantalite ou se moun andeyò
Mantalite pa m pi bon
Mantalite pale anpil epi, epi anyen
Mantalite pale franse vle di lespri
Mantalite plenyen pwoblèm tout tan men san fè efò
Mantalite pran fwomaj pou lanin
Mantalite pran kaka poul pou ze
Mantalite rayisab
Mantalite restavèk
Mantalite sa k sot aletranje pi bon
Mantalite sa w panse w te ye
Mantalite san diyite
Mantalite se konsa m leve m jwenn bagay yo
Mantalite se lè m sou a mwen te rankontre w
Mantalite soulye peyi chire chosèt
Mantalite tann blan vin fè
Mantalite tann kwi devan blan
Mantalite tchoul blan
Mantalite tout moun sou blòf
Mantalite tout voum se do
Mantalite vann frè ayisyen ak blan pou jèm pistach
Mantalite y ap voye ban mwen


(Emmanuel W. VEDRINE)
Koleksyon: Kri pou liberasyon
 

Maryaj
Ou mèt marye
Si w kwè lanmou egziste
Ou mèt marye si w damou
Marye si w kwè nan vrè amou

Gen moun ki marye pou renome
Gen sa ki marye pou kras manje
Genyen ki marye pou relasyon
Men pi devan yo konn fè tansyon

Gen nèg ki marye ak fanm pou lajan
Men y al bwaze pi devan
Gen fanm ki marye ak nèg pou enterè
Men yo pa janm viv an pè

Gen moun ki marye pou lasosyete
Men yo pa t damou tout bon vre
Gen nèg ki marye pou rezidans
Pou yo ka jwenn yon delivrans

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

Meditasyon
Lè m pa pale ak ou
Pa panse m pa panse a ou
M jis ap medite

Si m pa rele w cheri,
Pa panse solèy lanmou m kouche pou ou
Se jis orizon krepiskil solèy sa a ou wè

Nan rèv mwen,
M karese pawòl siwo myèl ou
Ki te koumanse jèmen anndan m
Tankou bèl ti flè peyi k te koumanse
Boujonnen sezon prentan

Pafwa m menm pase pawòl dous ou yo an revi
Pou restore prezans lanmou w nan mwen
M konn fèmen de je m,
Blayi sou do
Epi m ouvè de bra m
Kòmkidire m ap rale w lantman
Pou miyonnen w tout kote k dwòl
Pou m ka tande son matyavèl
Men lè m voup m ouvè yo,
M wè se nan yon rèv je klè m te ye.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Montre m pito
Pechè, m abitwe ak ou.
Pa fè m kado ti grenn chak kou.
Ou sèmante
Pou pa montre m peche.
Ou refize
Montre m ranje privye
Ou ban m al plen kalbas
Men ou pa montre m tann nas.
Ou mennen m al achte
Men ou pa montre m plante.
Pechè, p ap ban m ti grenn chak jou
Men montre m kenbe tou!
Pechè, p ap ban m sèlman al plen kalbas
Men montre m tann nas!
Pechè, p ap annik mennen m nan mache
Men montre m plante

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Mòtorat
Nanpwen plezantri avèk rat,
Repo w ak li se mòtorat
Ou dwe tann yon pèlen pou li
Pou li kapab kite w dòmi

Gen plizyè pèlen ou ka tann
Pou ka pa fin tounen pwatann:
Pèlen tèt k ap fè yo rete,
Pèlen tye k ap fè yo gouye.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Ti powèm ayisyen oktosilab
 

Mwen reve w dwòl
Yèswa m reve w
M wè se bobin fil mwen
M ap deplòtonnen
Pou m al monte grandou w
M wè m kanpe drèt sou tèt Lakrètapyewo
M ap domine
Yon vale,
Yon bèl vale chaje ak flè solèy
Ki blayi toutouni.
Jilèt mwen gentan pre
Pou tache nan ke grandou a
Dekwa pou bandi pa pwoche
Pou pa menm manke panse
Voye kap mwen ale.
Tanzantan m wè m ap ba w liy
Epi w ap fè zikap-zikap
Anba yon boul solèy cho
Pou al jwi van lespwa m
Yon van ki koumanse satouyèt zòrèy ou.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Mwen sonje ou
Chak lè,
Chak minit
Chak segonn
Mwen sonje ou
Mwen pataje ak ou
Doulè kè ou
Mwen konprann santiman ou
Ou menm ki dispoze
Ede lòt moun
Nan moman patikilye sa a
Nan ane a
Pafwa
Sa pase konsa
Nan lavi a
Men m panse a ou
Mwen sonje ou.

 
E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

 

Nan Forè Nwa
Mwen te ale la
Pou wè sa k gen la
Pou medite sou lanati
Yon vwayaj ke m pa t prepare.
Yon ete
Mwen pa ka bliye
Se te yon rèv pou mwen
Pou wè m nan bwa sa yo
Yon kote FREIBURG
Kote anyen pa bouje
Kote sa a moun pa pale
Souvni yon ti nèg nwa
Nan Forè Nwa.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Im Scharzen Wald
Ich ging dorthin
um zu sehen,
was dort ist
um zu meditieren
in der Natur.
Eine Reise
ohne
Vorbereitung
ein Sommer,
den ich nie vergessen
werde.
Es war mein Traum
mich selbst in diesen
Bäumen
zu finden.
Ein Ort in Freiburg
wo sich nichts bewegt.
Alles ist stumm.
Erinnerungen eines jungen
Schwarzen
in einem
schwarzen
Wald.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

In the Black Forest
I went over there
To see what’s there,
To meditate on nature.
A trip I did not prepare,
A summer
That I will always remember.
It was a dream for me
To find myself between these trees.
A place in FREIBURG
Where nothing moves.
It’s all mute.
Souvenir of a young Black
In a forest that’s all dark.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Dans la Forêt Noire
Je suis allé là
Pour voir ce qu’il y a,
Pour méditer sur la nature
Un voyage sur lequel je n’étais pas préparé.
Un été
Que je ne peux pas oublier.
C’était un rêve pour moi
De me trouver dans ces bois.
Un endroit à FREIBURG
Où rien ne bouge.
Dans cet endroit,
On ne parle pas.
Souvenir d’un p’tit Noir
Dans la Forêt Noire.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)
 

Nan Pak la
Yon Pak ki rete nan memwa nou
Yon Pak ki pouse n pou n panse
Non sèlman a lanati
Men a nou menm

Franklin Park
Pak ki ban m ide
Diferan monn tèrès
Yon Pak kote zanmino
Divize selon espès yo

Yon pak ki pouse n pou n panse
Etan animo rezone
Kote n kreye pwòp monn nou
Kote ki grave nan memwa nou.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Nan pwovens
Vakans rive, ann al nan pwovens!
Pa kite timoun yo ap kalewès nan Pòtoprens.
Voye yo nan pwovens pou al konnen tout fri
ki gen nan peyi d Ayiti.
Tout lekòl lavil dwe al an pwovens ak elèv yo
pou yo konnen vrè kilti peyi Dayiti,
kouman moun yo pale,
kouman yo konpòte.
Vakans an pwovens se bèl bagay!
Se lè sa a pou al bwè kokoye ole
pou al peche,
al fè lachas.
Fòk nou al an pwovens pou n al manje mayi
ak zaboka mi,
fè lago nan dlo
ak timoun yo.
Nou p ap rete lavil,
la fè chalè.
Pa gen dlo pou lobe.
Nou pral an pwovens
pou n al tire kont sole kouche
anba tonèl lè lalin ap klere.
Nou pral monte bourik,
galope chwal,
mache nan lawouze.
Nou pral wè peyizan k ap sekle
kouman y ap plante,
kouman y ap travay pou yo ban nou manje.
Nou pral an pwovens pou wè konbit k ap travay,
moun k ap fè kòve,
bann rara k ap danse,
ak anpil lòt aktivite.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: 10 Powèm sou lanati
Bon Nouvèl, #36. janvye 1998.
Bon Nouvèl, #409. jiyè-out 2004
 

Nou panse n te sèl
Pafwa
Nou panse pesonn p ap panse a nou
Anpil koze travèse lespri nou:
N ap panse a travay
Difikilte lavi
Koze ayè koze jodi
Anpil koze k preyokipe nou,
Pwoblèm pou solisyone…
Ou di tout!
Epi sanzatann
Nou tyeke bwat postal nou
Nou reyalize
Nou pa t sèl
Nan monn sa a
Nou souri
Paske gen
Yon moun yon kote
K ap panse a nou.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II,
Pwezi abstrè

 

NOUVO DIREKTÈ, NOUVO WOULO KONPRESÈ

Enjistis nan travay lakay se dlo nan je
Se yon gwo kriz pou fè kè anpil moun rete
Depi yon nouvo direktè fin enstale
Premye vitès misye pase se revoke
Sa pa mele l kilès ki te fè bon travay
Pase li gen yon djòb pou l fè yon dechoukay

Depi desanzan dechoukay manchlong tanmen
N ap mande, men ki lè tout bon sa ap pran fen?
Nou tout konnen gen grangou Ayiti se vre
Men sa vin plis sanble chire pit pou manje
Elas! Konbyen moun van revokasyon bwote?
Anpil nan yo inosan, kibò yo prale?

Dirèk tounèf monte, ansyen ekip kraze
Se toujou premye vitès dirèk yo pase
Si ou twonpe w, w ap panse se koze serye
Men se yon politik rale kò w ban m pase
Konpetans pa enpòtan pou fè bon travay
Lè gwo chèf mete yon dirèk pou fè piyay

Sa k pi enpòtan se piye vit al sere
Abi sa a pa yon istwa ki la depi yè
Men l te la depi sou prezidan Bann Machwè
Konbyen bouch ki ap baye lè sa fin rive?
Batay kont koripsyon se yon jwèt ki mele
Lè sendika nan yon peyi ret kokobe.

Emmanuel W. VEDRINE
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
Avril 2006
Haiti Progrès, Vol.XX, #16
 

Oktosilab pou Alfred Largange
Chak kou yon gwo mapou tonbe
Yon dal ti piti va pouse
Siman w al ak regrè Fredo
Ou pa t gen tan di n yon ti mo

Nou dèyè ap pase mizè,
Toujou ap bat dlo pou fè bè
Tandike w ap repoze ou
Pandan n ap gade travay ou

(E. W. Vedrine, nèg Ayiti)
 

Ou panse m t ap tounen
Se ou k te di w al anvan
Ou fè kòmsi w ta pral pran van
Ou fè m babay pouryen
Kòmsi w panse m t ap tounen

Mwen konnen tèt ou te chaje
M t ap eseye ede w pou chanje
Men pi devan ou vle pran devan
Kòmsi se yon kous pou te rive anvan.

Ou panse m t ap tounen
Konnen ke sa pa di m anyen
Chemen an long, mache
Lanmè a bèl, navige

Ou pa fè filalang ak lanmou
Nan lanmou, pa gen bay panzou
Ou fè kòmsi w ta prale
Se pa fòt mwen, m tou bwaze

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Pa bliye
Si van an ta frape
pòt kè w yon lè
ouvè l san pè
se lonbray prezans mwen w ap reve

Si w wè tak lapi
ap tonbe sou fenèt kè w gwo apremidi
panse a dlo k te konn sot jan je w
lè w te damou pou mwen,
lè m te konn miyonnen w

Konsa, powèt la reviv
li rajeni kou yon èg
e l montre sa
bò chemen kote mak pye w rete,
kote mak pye n te pase

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Pawòl an pil
Yon pil pawòl:
Pawòl lèt kondanse
Pawòl nannan kokoye
Pawòl mant toli
Pawòl piwili…
Yon bobin pawòl k ap deplòtonnen
Pou al monte grandou lanmou
Lajounen, sole kouche
Pawòl cho
Ki mache nan mwèl zo
Pawòl kat je kontre
Pou rèv je klè reyalize
Koze sekrè ke lanati kreye
Pawòl titit k ap kriye
Paske l bezwen tete…
Yon pil pawòl,
Pawòl an pil.

(Emmanuel W. VEDRINE)
Koleksyon: «Koze lanmou II»
 

Pèp Ayisyen an 1990
Apre trantan tèt chaje
Sankatrevensis rekòt kafe
Bourik travay bay chwal garyonnen
Abraram di sètase
Pèp la panse klòch libète
Te sonnen
Li te gen yon bèl espwa
Nan fèy papye listwa
Li panse tout panzouyis yo te konvèti
Li panse lavalas
Te netwaye tout kras
Sèz Desanm te plante lajwa nan kè l
Li te fete yon bèl Nwèl
Li te pran sant yon demokrasi
Yo tout te ini
Pou netwaye
Fè pwòpte
Tout kote
Zòt de di: «apre dans tanbou lou»
Men pèp la te di: «men anpil chay pa lou»
Malgre tout difikilte
Li te leve kanpe
Magouyè te boude
Lè yo wè pèp konn sa yo vle
O, o jwèt mele
Tout bon vre!
Kandida magouyè t ap eseye achte
konsyans pèp ak lajan
Jan sa te konn fèt avan
Tout magouyè te pè
Tèlman Pè a te popilè
Pèp la bay ekzamen final la
Jou Sèz Desanm nan peyi a
Yon sèl elèv pase
Tout lòt yo koule.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Kri pou liberasyon,
Poetry in Haitian Creole

 

Peripesi yon ti pèp nwa
Pèp ki soti depi Lafrik
E ki ateri Amerik
Yo ki kase chenn lesklavay
Pou ka fini ak yon gwo tray

Pèp nwa ki premye fè listwa
Zòt te di se yo k pot sida
Y ap lage pichon dezinyon
Men fò nou pa pran nan presyon.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon : "Kri pou liberasyon"
 

Hardships of a small Black Nation
People from Africa
And who landed in America
They who broke chains of slavery
In order to finish up with a big suffering
Black People who first made history
Others say they brought AIDS
They drop the curse of disunity
But we should not be pressured.

(Emmanuel W. Vedrine)
Collection : "Cry for liberation"

 

Pitit ak manman adoktif li
Pitit, manman sa a te adokte ou
Men ou konn vrè manman ou,
Yon lòt te adokte ou
Byen lontan
Men yo toujou gen yon rezon

Yon timoun pa ka gen
De manman
An menm tan.
Ti minè, timoun adokte, timoun gate!
E ki konplètman esplwate!

Gade frè ou yo kounyeya!
Van bwote yo
Timoun adoktif, yo te konn respekte lontan
Ini nou kounyeya!

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Plase
Se yon vèb ki pa konjige
Menm jan ak vèb marye
Nan plase, pa gen kontra
Ni papye k siyen devan leta

Nan ti sosyete
Yo di w moun yo plase
Nan hot sosyete, yo pale w de maryaj
Menm si yo kontinye ap viv nan plasay

An Ayiti, peyizan di w yo plase
Kèk ladan yo konn marye
Yo pa fè deskriminasyon
Tankou moun hot sivilizasyon

Moun hot sosyete
Toujou ap viv nan blofe
Kèk ladan yo nan ti plasay
Men yo toujou ap pale w de maryaj

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Poukisa se Ayisyen?
Premye Pèp Nwa endepandan nan lemonn
Premye pitit Ewòp ak Afrik
Poukisa ou kote ou ye a kounyeya?
Poukisa se sou do ou yo lage tout chay?
Poukisa frè m yo ap mouri nan dlo?
Poukisa y ap maltrete yo Gwanntanamo?
Poukisa se nou yo di ki pote sida?
Poukisa yo pa vle san nou?
San nou ki te koule
Pou bay lòt libète
Poukisa se Ayisyen yo meprize?
Poukisa se nou yo bay vye chay pote?

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon
 

Pòv k ap mande nan Pòtoprens
Yo bò koridò Marengwen
W ap wè pòv yo nan tout rakwen
W ap wè yo nan zòn Bwavèna
Si w al Mache Anba

Yo grangou, yo bezwen manje
Se rezon ki fè y ap mande
Ak yon ti kwi kenbe nan men
Y ap mande moun tout lajounen.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon : "Kri pou liberasyon"
 

Premye ak dènye
Li te premye pitit Afrik
E kounyeya, yo konsidere l
Kòm dènye
An Amerik

Li te gen kat las yo nan men l.
Li te genyen premye fwa a
Se te yon sipriz pou ènmi l yo.

Kounyeya, y ap moke l
Paske yo te viktim yon lè
E yo sonje viktwa sa a ankò

Istwa inoubliyab sa a
Toujou ba l espwa
Malgre yo konsidere l
Kòm dènye
Se li k te premye.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Prestasyon sèman prezidansyèl
Vyèy Altagras pete 2 je nan tèt mwen!
Mwen sèmante devan nasyon an e devan tout moun
Pou sèvi ak konstitisyon an kòm papye ijyenik,
Pou derespekte l an premye epi fè lòt
Sanzave derespekte l tou,
Pou yo derespekte dwa pèp ayisyen an
Epi pou nou travay nan dezinyon
Dekwa pou peyi a kontinye fè bak
Pou ranfòse lokipasyon
Pou dezonè yon ti nasyon.
Sen Denden, ou menm ki patwon tout
Magouyè, raketè, souflantyou, vendèdpeyi
Ou va ban m kouray ak sajès pou gouvène
De fason pou seche kès leta a yon lòt jan
Epi pou m foure tout patnè n yo
Nan yon bon pozisyon.

E. W. VEDRINE
Koleksyon: Kri pou liberasyon
 

Priyè delivrans pou Ayiti
Ou menm ki Wa tout wa Letènèl,
ou menm ki ka kraze tout kè wòch ak mato espirityèl ou,
ou menm ki gen pouvwa deplase tout montay
ou menm ki te bay pèp Izrayèl pouvwa travèse Lamè Wouj apye sèk,
ou menm ki te Bondye depi plizyè syèk,
Bondye jodiya, Bondye demen e pou tout tan,
ou menm ki Bondye Ayiti Cheri tou,
mwen leve ti moso tè sa a devan ou,
mwen vle konsakre li a ou menm.
Ou gen tout pouvwa pou chanje ti peyi sa a konplètman.
Nan moman sa a Papa mwen parèt sou entènèt la
pou enplore sekou w pou Ayiti, Manman nou.
Pase penso padon w sou tout zak malonnèt ki fèt sou tè sa a,
kraze tout kontra dyab ki mare sou tè sa a depi epòk lolonyal
dekwa pou n kòmanse debleye teren an pou Premye Janvye 2004.
Touche kè pèp sa a Papa pou l konnen se ou ki premye lidè a,
ou menm ki jeneral pi gwo lame nan syèl la kou sou latè.
Papa, mwen leve tout magouyè politisyen devan w nan moman sa a,
ou konnen plan yo deja pou simen latèrè ak dezinyon
nan peyi a paske pèp la gentan ba yo kanè, yo ajoune.
Pèp la montre l vle mache nan chemen delivrans lan,
kenbe men l nan wout glise l gen pou l travèse.
Ou va beni Seyè tout peyi sou latè
ki pral lonje lamen bay Ayiti apre 7 Fevriye 2001.
Beni tout travay ki gen pou fèt nan benefis pèp la ak peyi a.
Mwen leve tout eli yo devan w,
ou va ba yo sajès ou te bay Salomon pou gouvène.
Touche kè tout moun ki gen mwayen yo pou ede
sa k pa kapab yo, touche kè yo pou kolabore
nan devlopman peyi a pou prestij tout Ayisyen.
Miltipliye benediksyon w sou tout moun ki va ede Ayiti ale vè lavan.
Ban nou kouray Seyè pou n mare ren nou
pou n aprann travay di, pou n pa lonje kwi devan pesonn.
Mwen leve tout lidè magouyè lòtbò dlo devan ou
k ap prepare plan pou al bloke Ayiti
men Seyè ou konnen nou se yon pèp tilandeng,
ou va toujou limen chandèl rezistans lan nan nou menm
pou kwapre tout move zangi,
pou koupe grif tout malfini k ap pwoche pre nou.
Mwen leve tout magouyè opozan zenglendo atoufè
devan w nan moman sa a, yo tout se pitit ou Papa.
Menm jan ou pa ta renmen wè okenn mal pou yo,
m ap priye w pou touche yo.
Nou konnen w pre pou padone yo
si yo ta pran konsyans eta peche yo anvan l twò ta.
Se kri kè mwen pou Ayiti nan syèk tounèf la
nan non pitit ou, frè nou Jezikri ou bay tout pouvwa
nan syèl la kou sou latè,
Avoka pa ekselans ki toujou bò kote ou
k ap entèsede pou nou.

Ensiswatil !
 

Pwòpte
Mwen leve byen bonè
M bwose dan m
M pran on douch
M souye kò m ak sèvyèt jòn nan
M pase dezodoran anba bra m
Epi m mete yon ti jakomo sou mwen

Mwen ouvè fenèt twalèt la
M leve rido a pou lè solèy antre
M flite twalèt la ak
Yon dezenfektan santi bon
Lèfini m ouvè fenèt chanm nan
Pou kite apatman an fre

Mwen ranje liv yo
M klase chak nan plas yo:
Sa m bezwen bò konpitè a
Sa m reklase nan etajè a
Sa pou m remèt bibliyotèk

Mwen pase vakyòm sou tapi
Nan salon an
Apre m flite l ak dezenfektan
M jete fatra k te nan bokit nan kizin lan
Epi m met on lòt sache plastik ladan

Mwen prepare yon omlèt pou dejene
Fini m fin manje l ak yon ti pen griye
M mete veso sal yo nan basen an
M lage likid savon sou yo
Pou yo dekrase yon ti moman
Lèfini m lave yo
M siye yo epi m met chak nan plas yo

Mwen mete yon ti diven nan yon kalis
M depoze l sou ti tab salon an
Tou pre konpitè a
M pase switch la
Estereyo a ak konpitè a limen ansanm
M jwe youn nan sidi mizik klasik Motza
Epi m kòmanse fè yon ti tape
Annatandan l vini si l vini.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze Lanmou II
 

Refleksyon sou Onz Septanm
Yon kout chapo pou tout kretyen vivan
Ki te tonbe anba bal sanmanman,
Yon kout chapo pou fanm vanyan,
Yon kout chapo pou gason kanson
Ki te viktim de malveyan
Anba kout kouto
Nan Legliz Sen Jan Bosco.
Se yon dat enpòtan
Pou tout Ayisyen konsekan
Pou fè yon refleksyon
Nou pa bliye san inosan ki te koule,
Nou sonje Brasa Wouj yo ki merite jije
E kondane.
Yo ka kraze brize,
Yo ka boule,
Yo ka touye pitit Bondye
Yo ka ponyade moun konsekan
Pou eseye fè lòt pantan
Men sa p ap sispann lit la vanse
Paske pèp souvren an p ap dòmi
Li la ap veye.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Reken yo kontinye ap fete
Reken yo kontinye ap fete
Pou frè m yo y ap manje
Kè yo kontan
Pou nouriti yo jwenn tout tan
Yo kontinye ap fete
Paske frè m yo kontinye ap vwayaje
Se pa vle yo vle
Men fò n gade nan ki sitiyasyon yo ye
Reken yo kontinye ap fete
Paske yo toujou jwenn manje
Yo konnen frè m yo
Pral Gwanntanamo
Yo pa janm di yon mo
Frè m yo kontinye ap pati
Paske yo pa gen peyi
Reken yo toujou jwenn manje
Paske frè m yo toujou ap deplase
Reken yo toujou jwenn lanouriti
Paske frè m yo kontinye ap mouri
Reken yo kontinye ap fete
Pou frè m yo y ap manje

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Resèt pou depresyon
Bwè yon vè dlo frèt chak maten.
Pa bwè kafe menm pou kè w pa bat fò
Lè w ap panse a mwen.
Si w vle te, pa pran sa k gen kafeyin.
Pran demi vè diven lè w ap dine
Pou kè w mache opa oto ogalo.
Chak kou w fin benyen epi w fin fè
Kò w santi bon
Sitou nan aswè, li Koze Lanmou
Epi fèmen je w pou omwen senk minit
Pandan ou layite sou do, kòmkidire w ap di m:
M santi m frèt cheri.
Vire bò apre, kòmkidire se masay m ap ba ou
Pou kalma nè w yo
Pandan m ap kapte pòs kazo sou bann a.m ou f.m
Pou tande
Mizik matyavèl,
Konpa pa fè sa,
Mizik siyis siyis
Pou fè kokoriko m chante.
Fèmen je w ankò pou kèk minit
Kòmkidire se nan bra m menm w ap tonbe
Pou m sa ranmase w
Lèfini pou m grenpe mòn apik yo douseman
Epi desann nan vale a lanteman.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Revè 1986
Pèp la panse li te delibere
Li panse l te delivre
Poutan li te mal kalkile
Li te mal panse
Li panse li ta pralmache
Epi l sot tonbe
Li panse Sèt Fevriye
T ap ba l libète
Men okenn ènmi
Pa t ap dòmi
Li panse l ta pral respire
Men pi devan li al toufe
Li jwe katrevensis nan lotri
Epi swasantuit soti
Pèp la panse tout bagay te fini
Tandiske te plen malfini
Li panse l te sevre
Epoutan l te nan tete
Apre sa bèl konstitisyon ekri
Pou fè plis tilititi
Pèp la te kontan
Li vle respire
Men l ap sivoke

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Rèv mwen pou demen
Douvanjou n se rèv demen
ki dwe plòtonnen nan konbit tèt ansanm
Mizè ayè n va sèvi fèy papye listwa
pou korije devwa demen
Nawè n va sèvi plim ak lank
pou kouche sou papye
zègrè n nan manje ayè
pou jenerasyon k tou piti
ak sa k gen pou wè premye solèy lavi
apre bonnèt ventyèm syèk chavire
N a kontinye met angrè ak fimye
nan pepinyè Ginen yo
pou kontinye bay bon rekòt
N a sekle raje zigzani, lògèy ak egoyis
nan jaden nou
pou n simen plan lanmou
dekwa pou rebwaze lakay ak bèl flè peyi.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Kri pou liberasyon
 

Rèv dwòl !
Mwen wè w jan w te fèt la
Menm jan w ye kounyeya
Mwen di w ti pawòl dous
Pandan w fèmen zye w
Ap kontanple prezans mwen
Kòmsi w te nan yon ramak
Ap kontanple yon bon ti van
Nou fè, e refè
Tout sa n pa t panse fè
Epi popyè m ouvè sanzatann.
Rèv dwòl!

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II

Incredible dream !
I saw you the way you were born
But the same way you are now
I said sweet words to you
While closing your eyes,
Contemplating my presence
As if you were in a hammock
Contemplating a good breeze.
We did and did over
Everything we did not intend to do
And suddenly my eyelids opened.
Dreams are mysterious!

Emmanuel W. Védrine
Collection: Koze lanmou II
 

Rèv pou yon manman an danje
Bonjou manmi!
Se youn nan pitit ou yo k ap salye w
Se ou menm wi m vin wè
Kouman w ye?
Hey, manman!
Se dat mwen pa wè w
Pale m de ou non sò
Sa w fè de bon?
Se ou menm sa?
Apa m wè w defigire nèt kòmè!

Manman, se anndan kè m pou ta ye
Pou ta wè jan m t ap panse a ou.
Apa m wè w ankò, hey!
Mezanmi, Ayiti Toma m nan!
Se pa ti sezisman m te fè non
Lè m te pran nouvèl kadejak
Malandren nan lame ansanm ak politisyen rat do kale te fè sou ou.
Manmi cheri, se ak dlo nan je lè m te tande
Valè nan pitit ou yo panzouyis te touye.
Mezanmi! Bon, poudi se nan vant ou
Asasen sa yo te soti manmi?
Pitit ap vyole manman
Hey! Sa grav!
Kote sa soti Letènèl?
Kòmè! Apa m wè w ankò!
Se pa ti sezisman m te fè non
Lè m te pran nouvèl sa a kay blan yo
M pa t santi m atè ni anlè
Machwè m te sere tankou yon timoun ki bwè esans
Se yon grenn sèl mwen te met anba lang mwen
Ak yon ti kafe m kouri bwè
Domaj, mwen pa t ka jwenn vèvenn pou ta fè yon te pou sezisman

Se ou manmi? Apa m wè w ankò!
Se mwen k konnen jan m te anvi wè w cheri
Apre ventan m fè ap viv nan peyi fredi
Manmi cheri, pwoche non, pwoche m bo w!
Mezanmi! Se ou menm sa?
Pwoche non, pwoche m manyen w!
Se pitit ou wi
Ou pa bezwen pè m
Kèlkeswa jan w ye, se manman m w ap toujou ye.
Mwen pa janm pè di se ou k manman m
Kèlkeswa kote m pase
Mezanmi, manmi apa tout rad ou chire
Tout kò w plen pousyè
Fatra nan tout kwen kay ou
Manman cheri m nan, se nan ka sa a ou ye?

Anmwey! Anmwey! Anmwey!
Vin ede m sekouri manman m ki an danje!
Men m wè l tonbe nan koma
Anmwey! Anmwey! Prete m yon telefòn
Pou m fè yon kout fil ijans
Prese! Prese! Pase m yon telefòn!
Ban mwen l! Prese vit!
Alo o! Alo o!
O! Apa se yon operatè etranje ki reponn
Alo o! Hello !
Pliz ! Silvouplè, mwen ta renmen fè yon kout fil entènasyonal
Yès , entènasyonal!
Pase m operatè Dizyèm nan silvouplè!
Wi, Dizyèm!
Ijans! Emèjennsi! Yès!
Mwen se pitit Sò Ayiti
Wi, prese vit!
Di tout timoun li yo mwen te fè yon rive wè manman m

Granmoun nan byenmal
Ba yo nouvèl la tande
Eta sante l grav, mwen pa ka pale.
Di yo prese, fè kou yo konnen pou desann
Pou vin bay granmoun nan swen
Ou tande m?
Wi, ba yo tout nouvèl la pou mwen!
Rete sou liy lan, poko ale.
Wi, di tout pitit Ayiti k ap viv nan Dizyèm nan sa
Pou kouri fè yon antre pa bò isit
Pou yo vin pote kole pou sove granmoun nan.
Menmsi yo pa rete lontan, di yo desann kanmèm.
Pa bliye non, ba yo mesaj la.

Alo o! Alo o!
Ekri sa m di w la wi!
Wi, ba yo tout nouvèl la pou mwen
Rele Miyami pou fè Jan Mapou ak Moriso Lewa konn sa
Rele Pari pou di Jan Metelis ak Rene Depès sa
Rele Boston tousuit pou Radyo Liberasyon ak Vwa Lakay bay nouvèl la
Rele Monreyal pou di Keslèbrezo sa.
Pa fè reta non, rele yo kounyeya
Pou simaye nouvèl la.
Mèsi anpil, m ale.

(Emmanuel W. Védrine,
Koleksyon: Kri pou liberasyon
 
 

Respè pou Fanm Ayiti Tonma
Gade!
Pinga! Pinga nou maltrete yo!
Pinga nou joure yo!
Fè kè yo kontan
Menm lè y ap travèse moman nwa
Pinga! Pinga nou fè yo fache!
Pa eseye gen dyòl long ak yo
Respekte yo

Fanm Ayiti Tonma yo
Se Bondye ki ban nou yo
Ann gade yo ak konsekans
Ann apresye yo
Ann ede yo
Gade!
Pinga! Pinga nou abize yo!
Respekte yo

Ann respekte tout Fanm Ayiti Tonma
Tanpri souple, pa minimize yo
Pa meprize yo
Gade!
Pinga! Pinga nou dezapresye yo!
Toujou ede yo
Leve vwa yo pou demokrasi boujonnen pou yo
Respekte yo

Gade!
Pinga! Pinga nou abandone yo!
Kèlkeswa peyi n pase, ede yo
Y ap kontan, y ap fyè
Dèske yo se Fanm Ayiti Tonma
Pa fè yo fache
Se pou nou miyonnen yo
Respekte yo

© 2000 Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
Libète , #293, me 1998.

Respect for the Women of Haiti
Look!
Don't! Don't mistreat them!
Don't judge them!
Make them happy
Even when they are experiencing bad times
Don't! Don't make them angry!
Don't try to swear at them
Respect them

The Women of Haiti
Have been given to us by God
Let's see at them as significant
Let's appreciate them
Let's help them
Look!
Don't! Don't abuse them!
Respect them
Let's respect
all Women of Haiti
Please, don't belittle them
Don't scorn them
Look!
Don't! Don't disparage them
Help them always
Raise up their voices
so that democracy budges for them
Respect them

Look!
Don't! Don't abandon them!
Whatever country we move to, help them
They'll be happy, they'll be proud
To be the Women of Haiti
Don't make them mad
We have to cherish them
Respect them.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: Cry for liberation
 

Rilaks
Pafwa m santi m ta jwe akòdeyon pou ou
si m te Dyo Jak
M ta jwe gita pou ou
si m te Betova Oba
M ta jwe pyano pou ou
si m te Chopen
M ta jwe vyolon pou ou
si m te Motza
M ta chante pou ou
si m te Oulyo Iglesias

M santi m ta kapte pòs kazo w
sou bann a.m ou f.m
pou m tande son dous, son matyavèl:
kalipso
konpa
merenge
rege
salsa
soukous

Ala soukous ou ta bay
pandan w ap danse patyangga!
Epi lò fini m ta met sik
sou bonbon w
Wi w ta rilaks!

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II

 

Viré monté