Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Bonèt laviktwa
Trophées

Pou ou, Ebèt
pour toi, Eberth

“Images de l’homme angoissé, inquiet devant lui-même.”
(Roland Giguère)

“prose du mâle ensemencée, te voici prête
à l’accueillir, au-delà de toute solitude.”
(Jean-Claude Ibert)

Saint-John Kauss

Victor Permal – Vwel pwason, 2005, Huile et encre sur Isorel laqué, 49 x 64 cm. (Photo Jean Popincourt)

pwoz koupab sa a m remet nan men bouwo a pou bliye         chikin
cette prose coupable que je remets entre les mains du sacrilège d’oublier                l’élan doux
mòfèm yo               akoutimans nan mòlòlò transpòtè echeyans yo                 
des morphèmes                l’accoutumance dans la mélasse des porteurs d’échéance

 

pwoz algason sa a ki kuipe tout parantèz              pò prefere pilòt yo kote pyebwa ekri lèt/
cette mâle prose au-delà de toute parenthèse              port d’attache à l’arbre-à-lettres des timoniers / de
pò sila yo ki lave vizaj sezon yo lè y ap di davans gwo chapit powèt ki pa gen non yo k ap trennen
ceux qui démaquillent les saisons en prédisant le grand chapitre des poètes anonymes (sans nom) porteurs
touman san mezi  ak lejann yo kondisyone
d’angoisses démesurées au gel des légendes

 

aloufa mo ak klendèy k ap devizaje fanm k pa pase moun entèwogatwa  makònnen ak gwo
gobeurs de mots et d’instants qui dévisagent la préposée aux interrogatoires des grandes
ankèt ki pa janm fini nan chuichuichui  kondane y apral site non yon lòtfwa byen lwen makòn
inquisitions inachevées dans la rumeur des condamnés à renommer au-delà d’insaisissables
rayisman san kontwòl k ap sifoke lè a
montées de haine

 

pale blèm oratè maske a men ki swaf prizonye lib       k ap jwe jwèt defile
pâle grandiloquence de l’orateur maquillé mais qui a soif d’otages du grand large          qui joue au défilé
moun fou ak marèl kou yon ti lezanj
de fous  et à la marelle comme un  enfant

 

soti nan fant men ak sou jenou rebèl k ap pale de libète
du gué des paumes de la main et en amont des genoux de rebelles qui parlent de liberté
nan souf diskou popilas jis nan tras pwomès nòs
dans le souffle des harangues de troupe jusqu’aux foulées des promesses de mariage
ak batèm vivan yo
et de baptême des vivants
plas pou konjonkti nan defi konjonksyon k ap tann lyezon ki entèprete san lapawoli bèl langaj powèt
place au levain dans le défi des conjonctions assoiffées de liaisons qui miment la rhétorique des poètes
prèt pou revòlte
en instance de révolte

lekti an pwofondè kadnase nan (…)   koudèy zilèz yo  /  jimel nan tout babyadò
haute lecture cadenassée dans l’halitose des regards d’îles femelles /  jumelles à toute éructation
lawouze ki fèt nan tresayisman doulè rete san lòt kote wòch ki p ap soufri lè timoun pran rele
de la rose née dans la douleur d’être seule parmi les pierres affranchies du cri de l’enfant

pasay pou temwen a chaj nan damach mwen yo ki fè m sanble yon nofraje san bousòl
place aux témoins à charge dans mes démarches de naufragé sans boussole
santinèl san bilan bato yo
de vigie sans bilan de navires
nan mitan mwen menm ak medam yo
entre elles et moi
kout rèl lanbi nan tèt rèv yo ki pa limite
l’appel au timon des rêves sans frontières
nan yon vye kakas byen daplon epi bon pou sonje
d’une ossature ancrée et mémorable

 

powèt majinal nan lis moun ki sove
poète marginal dans le registre des évasions
powèt dou sou paj kè yo
poète doux sur la page des coeurs
fòk ou la kote medam yo ap bezwen tandrès…
sois où elles auront besoin de vigiles tendresses
nan donte mo yo k ap mande yon powèm
dans l’attelage des mots qui réclament un poème

 

ale kote y ap premye koze nan tout sitiyasyon difisil
va où elles seront le premier mot à toute épreuve
premye lèt alfabè a kelkeswa repons lan
la première lettre à toute réponse
premye plant nan kelkeswa sezon
la première plante à toute saison
premye kriye tout timoun ki fèk fèt
le premier cri à toute naissance
premye koze nan liv lavi a
la première phrase du livre de la vie

 

liv sa a ki pa lòt bagay ke yon koze sanfen yon sèl moun ap rakonte nan yon dizon yon sikatris akansyèl la
ce livre qui n’est que monologue infini dans l’aphorisme d’une cicatrice de l’arc-en-ciel
biye an pafè bretèl
en bretelles absolues

 

Laval, me 2007
Laval, mai 2007

anis

Poème en français

Viré monté