Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Devlopman Woman Kreyòl Ayiti a

Michel-Ange Hyppolite
(Kaptenn Koukourouj)

Lèt damou, Joslin Twouyo • Edisyon KIK • 2011.

Sosyete koukouy an aksyon

Atik nou pral li la a te pibliye nan Pawòl Kreyòl:Revi literè Sosyete Koukouy,Volim 4- ane 2015.

Orijin Woman Kreyòl Ayiti a

Si mo woman an, ki nan kategori rakonte, gen rasin li nan lang franse, fondas divès istwa, ki nan kategori rakonte anndan literati ayisyen a, rete konekte ak eritay Lafrik, ki nan rasin panse ekriven nou yo (kreyòl kou franse). Poudayè, nan tou de (2) branch literati nou an,  travay rakonte  ekriven nou yo rete  konekte ak oralti a,  ki nan fib kiltirèl yo depi nan vant manman yo jouk yo rive nan laj majè. Se sa tou, ki kreye orijinalite zèv yo, epi ki pèmèt yo genyen divès kalite pri literè (René Dépestre nan Adriana dans tous mes rêves (1990) Folio). Prix Renaudot.  Ironikman, se  foto yon fanm blan ki sou kouvèti liv la.

Depi kreyasyon lang kreyòl la nan alantou 1550 [yon amenajman lengwistik paj 6] rive 1600 yo apeprè,  kategori literè nou rele «rakonte a» te toujou manifeste sou fòm kont nan tout kategori li yo: chante, devinèt epi istwa. Konsa, oralti a, nan branch rakonte literati nou an, ki ekziste nan literati kreyòl Ayisyen an te grandi nèt-ale san konpetisyon. Poudayè, jouk jounen jodi a (2015), domèn rakonte nan oralti Ayiti a poko kanpe.  Nou jwenn li sou plak, sou kasèt, sou sidi, elatriye. Li pa moli. Li pito adapte li ak devlopman teknolojik yo. Gen anpil rezon ki kab esplike pèsistans oralti a, kinalaganach, nan kreyòl Ayiti a, men, yo tout souche nan devlopman ekonomik Ayiti, yon peyi, ekspè nan branch ekonomi yo, kwè ki sou wout devlopman.  

Nan yon pèspektiv devlopman gradyèl, soti nan oralti antre nan lekriti, nou kab remake chante tounen pwezi, epi kont nan divès fòm li yo, vin pran wout papye pou yo tounen divès kalite istwa, ki respekte karakteristik fòm rakonte a, apati  sekans epizòd tout kalite, pou yo vin  donnen woman.

Premye fwa kategori rakonte a rantre nan liv, ki ekri an kreyòl, se avèk Cric Crac, 1901, ki soti anba plim Georges Sylvain. Misye te adapte Fab Lafontèn yo nan yon fason orijinal, kote li te fè yo pran fòm kont pou moun Ayiti. Anfèt, depi nan dezyèm vèpwezi ki nan liv la, otè a te di li aklè: «Moun gain connt pou moin tiré» (Mwen gen kont pou mwen tire.) (Cf. Littérature haïtienne comparée (2007) ak Maximilien Laroche.)

Ane apre ane, oralti a kontinye fè wout pou li enstale li pi plis toujou sou papye. Konsa, nan ane 1905, Justin Lhérisson parèt ak La famille des Pitite-Caille, yon liv li mete nan kategori  lodyans. Byen lontan anvan Justin Lhérisson, te gen lòt liv nan gategori nou rele «rakonte» a, ki te suiv menm demach ak pa J. Lhérisson an. Men, misye te premye moun ki te rele liv li «lodyans». Nan ane 1906, menm Justin Lhérisson an parèt ak Zoune chez sa ninnaine, yon lòt liv li mete nan kategori lodyans.

Yon definisyon pou woman

Nan kategori rakonte sou papye, fòm ki pi popilè nan literati kreyòl Ayiti a, se woman. Daprè yon definisyon klaskik, yon woman se yon istwa ki gen anpil epizòd. Pou defini mo epizòd la, nou kab di, se yon evènman prensipal ki genyen yon pakèt lòt evennman alantou li. Konsa, nan yon epizòd, gen yon seri evennman ki pase nan pwòp espas fizik ak espas tan pa yo. Sa vle di, espas fizik la ak espas tan an presi, epi yo parèt yon sèl fwa nan istwa a. Yo chak lye yonn ak lòt, men, yo diferan yonn parapò ak lòt. Konsa, yo endepandan. Poutan, yo tout konekte ak evennman prensipal la. Se yo tout ansanm ki pral kreye  istwa ki anndan liv la. Depandan karaktè divès evennman sa yo, nou kab rele epizòd, nou pral genyen divès kategori woman: woman istorik, woman sikolojik, woman rasin, woman biyografik, elatriye.

Sou chantye literè nan lang kreyòl ayisyen an, ki se yon chantye an konstriksyon, nou jwenn divès kalite tantativ rakonte, ki parèt tankou  inisyativ pèsonèl, ki poko rive fè pitit. Nou kab konprann sitiyasyon dife pay sa a nan devlopman kategori  rakonte a, paske nou sou yon chantye literè ki ap pran fòm. Ekzanp, Ti Dife Boule sou Istoua Ayiti (1977) ak Michel Rolph Trouillot, ta kab yon tantiv woman istorik. Zig Lavi (2008) ak Pauris Jean-Baptiste ta kab yon tantiv woman biyografik. Agasya (2003) ak Emile Celestin Megie (Togiram) ta kab yon modèl woman rasin. Lèt Ife ak Soul (2006) ak Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), 126 Lèt damou (2011) ak Joslin Twouyo, se de (2) tantativ woman espitolè sou papye, konpare ak Tan Lapli (2009) ak Frantz Benjamen ki sou sidi. Piti-piti, edifis literè kreyòl nan kategori rakonte ak tèks sou papye ap tabli baz li.

Panorama kwonolojik woman kreyòl yo apati tranch 10-an

Nou pa jwenn sifizamman woman kreyòl pou nou ta kòmanse pale sou tandans ki parèt nan woman sa yo pandan ane yo ap defile jouk rive jounen jodi a (2015). Konsa, nou chwazi konsidere woman nou jwenn yo apati ane yo pibliye epi nou ap gwoupe an tranch 10-an. Sa pèmèt nou obsève pi byen ak ki vitès liv nan kategori woman yo ap anvayi teren literati kreyòl la;  patikilarite ki genyen nan chak epòk; epòk ki gen pi plis woman; ki woman ki kite mak li nan epòk la, sa vle di, ki te genyen pi plis fòs daprè nou.

Peryòd 1970 - 1980

Nan literati kreyòl Ayiti a, depi nan ane 1970, gen anpil liv ki ap sikile ki pote non woman. Men, daprè karakterisktik nou fenk site la a, liv sa  yo  plis rantre nan kategori istwa-kout pase woman. Se ka anpil nan ti liv istwa ki soti anba plim defen Carrié Paultre, ki te kòmanse pibliye yo nan divès nimewo jounal Boukan, anvan Edisyon Boukan te vin rasanble yo sou fòm liv. Pami yo genyen: Ti jak (1970), Lerison (1975), Amarant (1976), Tonton Libin(1978).

Sepandan, se Tonton Libin ak Amarant ki ta plis vle sanble woman daprè definisyon nou bay pi wo a.  Men, nan tou de (2) ka sa yo, liv yo te manke epizòd ki pou ta fè nou klase yo nan kategori woman. Nan Tonton Libin an, kad kote naratè a ap rakonte istwa a, ki se yon veye, te plis ba li aspè yon lomeyans3 pou granmoun ki te rele Libin an. Amarant bò kote pa li te manke nan kantite epizòd ki pou ta pèmèt li rantre sou teren woman an.

Istwa ki rele Amarant lan te pase Okap. De (2) pèsonaj prensipal yo se Ti Mak, gwo matyo devan letènèl, epi Amarant, moun  Pòmago ki desann nan vil Okap pou li aprann kouti. Amezi Ti Mak ap dekouvri ki kalite moun Amarant ye, li te vin chanje konpòtman jouk li te al rantre legliz pou li te marye avèk Amarant.

Istwa ki nan liv Carrié Paultre yo plis chita sou vizyon otè a genyen pou sosyete Ayiti a ta devlope daprè moral legliz kretyen.

Si nou suiv definisyon nou bay pi wo a pou kategori woman an, liv ki soti anba plim Carrié Paultre yo ta kab pase tankou yon etap pre-woman. Nan sans sa a, premye liv nou kab klase nan kategori woman nan literati kreyòl Ayiti a, ki respekte definisyon nou chwazi pou kategori woman an, se Dezafi (1975) ak Franketienne. Apresa, vin genyen Lanmou pa gen baryè tòm I (1975) ak Émile Célestin Mégie (Togiram). Nan Sosyete Koukouy, nou toujou pran abitid di: De (2) premye woman kreyòl yo. Rezon an senp. Se paske maniskri tòm I Lanmou pa gen baryè a te nan men responsab Edisyon Fardin an, Dieudonne Fardin, byen lontan anvan Dezafi. Jouk jounen jodi a, Pyèsmoun pa pe  janm rive konnen pouki Fardin te deside parèt ak Dezafi anvan Lanmou pa gen baryè, ki te nan men li anvan Dezafi. Alaverite, Émil Célestin Mégie (Togiram) te tèlman pare, de (2) ane pi ta, 1977, li te parèt ak Lanmou pa gen baryè (Tòm II). Nan ane 1981, E. C. Mégie vin parèt ak Lanmou pa gen baryè (tòm III). Konsa, Lanmou pa gen baryè, se premye triloji  ki parèt nan branch kreyòl literati Ayiti a.

Lanmou pa gen baryè se istwa lavi de (2) anmoure. Jean-Baptiste Duclos ak Jacqueline Milomar, ki te chwazi sove kite kay fanmi yo pou yo te al viv pasyon lanmou yo lwen fanmi yo. Anmoure yo te sove kite kay fanmi yo, paske papa Jacqueline Milomar te twouve Jean-Baptiste Duclos twò nwa epi li te twò pòv pou li te marye pitit li a ak misye. Poudayè, papa Jacqueline, Boukman Milomar, te al marye ak yon Pòtigèz pou li te kapab soti nan kategori moun nwa a, li pa te pare pou li te kite Jean-Baptiste Duclos fè li fè bak. Istwa a ekri nan yon langay senp. Fòs li se sispenns nou jwenn pandan tout longè istwa a.  Rèv Togiram, se te sèvi ak 3 tòm Lanmou pa gen baryè yo pou li te fè yon fim. Men, pou kounye la a, se rèv ki nan wout toujou.

Dezafi, se pwoz. Se pwezi. Se pawòl daki. Parabòl. Voye pwent. Dezafi, se an menm tan kreyasyon pwovèb, transfòmasyon pwovèb. Dezafi se yon popouri literè. Si se te pou istwa Klodonis ak Siltana, san anyen dòt, Dezafi pa ta fouti  rantre nan kategori woman jan nou defini li pi wo a. Prevwayans Franketienne osnon eksperyans li, lakòz anndan Dezafi, paralèlman ak istwa lanmou Siltana epi Klodonis, genyen plizyè lòt istwa, ki kreye divèsite nan epizòd nou mansyone nan definisyon nou adopte a. Nan sans sa a, nou oblije klase Dezafi nan kategori woman. Men, se yon woman ki pa  rantre nan tradisyon woman nou abitye li nan epòk sa a. Se petèt  vizyon Franketienne genyen pou li kreye yon woman espiralis ki te kòmanse manifeste. Kout esèy reysi, oubyen yon aksyon byen kalkile? Nou pa kab konnen. Nou di nou pa kab konnen, paske depi Dezafi fin pran lari, Fanketienne pa janm pibliye yon lòt woman kreyòl nan menm estil la. Si sa te rive fèt nou ta genyen posiblite  swiv evolisyon espiralis la nan travay woman kreyòl Franketienne. Petèt, vizyon Franketienne genyen pou yon woman espiralis, se kole divès aspè nan oralti a ansanm epi soupoudre nan laviwonn yon istwa. Malgre, divès refleksyon nou kab fè sou divès deviray ki anndan  Dezafi yo, Dezafi se yon reyisit literè.

Kèlkeswa jan nou vire rezonnman nou pou nou analize langay ki ap sikile anndan Dezafi a, entansyon Franketienne, nan epòk la, se te pou li libere lapawòl. Yon pawòl ki te rete klete anba laperèz tout moun ta pe  viv sou reny Divalye a. Pi plis toujou, Franketienne te sèvi ak yon langay popouri, li gaye anndan Dezafi. Yon langay ki sizle ak bèbèl, pou li te devlope yon konsyans sosyal dyanm anndan chak grenn lektè, ak entansyon pou li chavire baryè diktati zobouke chen ki ta pe ravaje zantray pèp la. 

Lis woman nou jwenn soti 1970 - 1980 

  • Ti Jak (1970) Carrié Paultre
  • Dezafi (1975) Franketienne
  • Lanmou pa gen baryè (1975) ( tòm I) Émile Célestin Mégie (Togiram)
  • Lerison (1975) Carrié Paultre
  • Amarant (1976) Carrié Paultre
  • Lanmou Pa gen baryè (1977) (tòm II) Émile Célestin Mégie (Togiram)
  • Tonton Liben (1978) Carrié Paultre
  • Sogo nan kwazman granchimen (1979) Pauris Jean-Baptiste.

Peryòd 1980 – 1990

Nou jwenn 4 liv woman pou peryòd sa a. Pami yo, se Nan lonbray inosans (1985) ak Pauris Jean-Baptiste epi Esperans Dezire ak Deyita (Mercédès Foucard Guignard)  ki domine peryòd la. Poudayè, Nan lonbray inosans, yon woman  ki chita sou jistis sosyal  te leve mayòl  Prix Henri Deschamps nan ane 1985.

Nan lonbray inosans se yon istwa ki dewoule nan rejyon Tènèv, kote otè a prezante nou yon bèl tablo sou lavi andeyò nan divès fason jèn gason kapab konpòte yo pou deklare jenn fi yo renmen an lanmou ki nan kè yo. Anplis aspè santiman an, genyen tribilasyon yon fanm, ki pa kab fè pitit, ap pase anba bouch moùn nan kanton kote li ap viv la. Twazyèm nivo aksyon ki parèt nan istwa a se akizasyon politik, kote konplotè vòlè zannimo, te abiye ak kazak makout, pou yo bay lajistis gòl ak men. Nan sans sa a, Pauris te fè yon leve kanpe an favè lajistis.

Menm jan ak Franketienne, nan Dezafi, Pauris te sèvi ak langay daki, pwent epi pwovèb. Li pa te transfòme pwovèb oubyen sèvi ak fraz ki gen fòm pwovèb. Men, li te rantre nan chan pwovèb kreyòl yo, epi li te sèvi lektè yo avolonte epi agogo. Pwovèb nou yo te kite mak yo toupatou nan istwa a. Nan sans sa a ni Pauris ni Franketienne ta pe rapouswiv ak teknik itilizasyon pwovèb ki te kouran nan teknik travay powèt Sosyete Koukouy yo pandan finisman ane 1960-yo.

Woman kreyòl Ayiti a louvre avèk kat gason nan tèt ploton an. Rive nan ane 1989, sa vle di, plis pase 10-an apre de (2) premye vrè woman kreyòl yo te fin pran lari. Nou debouche sou travay woman premye fanm ki make literati kreyòl Ayiti a, Esperans Dezire. Nan ekri pwezi tou, li te premye fanm sou teren an avèk Majò Dyòl, Koleksyon Koukouy,1981.  Nou vle pale sou travay literè Deyita (Mercedès Guignard) ki te ban nou Esperans Dezire (1989), premye woman kreyòl yon fanm ekriven sou tè Ayiti. Nou kab ale pi lwen toujou, pou nou di, se nan menm woman sa a, Deyita te prevwa arive yon fanm sou pouvwa a an Ayiti. Deyita te prevwa ta pral  gen yon fanm sou pouvwa a an Ayiti.) Nan ane 1990, Ertha Pascale Trouillot te vin Prezidan Ayiti. Konsa, nou kab di, Esperans Dezire, se yon woman ki te gen pouvwa pou predi lavni.

Esperans Dezire se yon woman ki byen balanse; menm lè li genyen  yon seksyon an franse ladan, li pa yon woman marasa pou sa.  Prezans lang franse a nan kèk paj anndan woman an, se te yon fason pou otè a te demontre, li respekte yon eleman nan reyalite sosyal peyi a.

Esperans Dezire touche plizyè maleng sosyal: enjistis, zak kraze zo ak  abi pouvwa (aksyon Prefè makout la nan Senmak). Mizè domestik ki ap viv kay moùn, ka pase seksyèlm anba men pitit gason mètrès kay la.

Nan Esperans Dezire nou jwenn Lanmou, pasyon epi pasyans yon manman ak  pitit li. Fason Yaya te ap pataje move lavi ak pitit fi li, Esperans, pandan yo ta pe kache pou Prefè makout la pa te kouri ak Yaya.

Nan Esperans Dezire nou dekouvri enpòtans plant medisinal nou yo, bonte yon houngan epi plezi yon kretyenvivan  jwenn nan ede lòt moùn fè pwogrè. Sa se ekzanp Mèt Bèlfò ak Doktè Bonjan te bay nan istwa a.

Pandan,  Deyita ta pe rapouswiv ak istwa lavi Yaya epi Esperans Dezire, li te pwofite bay kèk enfòmasyon istorik sou Senmak. Epitou, li te fè lektè yo ponmennen nan divès pwen jewografik vil la. Se te yon apwòch enteresan.

Lis woman nou jwenn soti 1980- 1990

  • Lanmou pa gen bryè (1981) (tòm III) Émile Célestin Mégie (Togiram)
  • Souvnans Kòy nan wotè(1985) Jeannot Hilaire
  • Nan lonbray inosans (1985) Pauris Jean-Baptiste
  • Esperans Dezire (1989) Deyita (Mercédès Foucard Guignard)

Peryòd 1990 – 2000

Rive nan peryòd sa a, se kòmsi nou ta pèdi lespwa nan nivo pwodiksyon liv nan kategori woman kreyòl.

Anfèt, nan peryòd 10-an (zan) sa a, se de (2) sèl grenn liv woman nou konnen ki te pran lari. Si te gen lòt, yo pa te fè bri nan laprès. De (2) woman ki rive jwenn nou nan epòk la, se menm otè a ki te ekri yo, epitou se nan peyi etranje yo te pibliye. Nou dwe ajoute tou, se premye seri woman kreyòl, kote otè a chwazi peyi etranje kòm prensipal espas pou li dewoule istwa a. Nan epòk sa a, enstabilite politik yo anndan peyi a ta kab konsidere tankou yon faktè esansyèl nan ralantisman travay ekriven ki ap ekri woman yo. Tankou, Kriz koudeta. Mobilizasyon pou Prezidan eli a, Jean-Bertrand Aristide, retounen nan peyi li. Se yon seri faktè ki kab te mete lespri kreyativite ekriven ki anndan peyi a sou poz.

Nan menm epòk sa a tou, peyi a te nan yon anbago paswa. Pou denonse sitiyasyon malouk lavi a, nan peryòd  Anbago a, pèp la te pran abitid rele: «Anba-gwo». Tout anbago nou te tande a, gran nèg yo pa te soufri, okontrè, anbago te sous pou yo fè lajan. Sa te pèmèt kèk moùn vin rich rapidman. Men tou, te genyen yon enstabilite ekonomik wòdpòte anndan peyi a.

Nou dwe siyale tou, limitasyon ki te genyen nan ekzistans mezon edisyon, ki pou pran chay pwodiksyon woman yo, te toujou lakòz otè yo pibliye ak lajan nan pòch yo. Nan yon epòk enstabilite politik, ekriven yo ta kab pa vle pran chans, paske sa koute chè pou pibliye yon woman.

Se nan moman difisil sa a menm, nou vin jwenn premye woman kreyòl, ki pibliye nan peyi etranje, epi ki te kòmanse poze pwoblèm depeiyzman Ayisyen yo. Epitou, se yon fanm ki te premye pran inisyativ pwodui kalite woman sa a. Fanm sa a, se Maude Heurtelou. Li ekri de (2) woman nan espas 2 lane: Lafanmi Bonplezi (1993) epi Sezisman pou Lafanmi Bonplezi (1995). Premye pati istwa a, se yon veritab pati plezi. Men, se an menm tan peripesi yon fanmi ki kite peyi natif-natal li pou li vin tabli nan peyi etranje. Divès manm fanmi an vwayaje ak tout prejije yo, konbativite yo, pasyon yo pou lapolitik, elatriye, men tou avèk detèminasyon pou yo travay epi pran plas yo nan sosyete tounèf sa a, ki se sosyete ameriken an.

Lis woman nou jwenn pou ane1990 – 2000

  • Lafanmi Bonplezi (1993) Maude Heurtelou
  • Sezisman pou Lafanmi Bonplezi (1995) Maude Heurtelou

Peryòd 2000 – 2010

Pou nouvo peryòd 10-an sa a, pwodiksyon woman yo vin ogmante. Ogmantasyon sa a, se rezilta yon gwo koutmen Edisyon Près Nasyonal Dayiti, anndan Koleksyon Souf Nouvo, sou direksyon Willems Edouard. Se pa tout otè ki te ekri nan epòk la ki te jwenn koutmen sa a, men li te ede nan pwodiksyon liv kreyòl yo epi li ta dwe kontinye.

Soti 2000 – 2010, genyen plis pase yon douzèn woman kreyòl ki rive jwenn nou. Chak grenn woman sa yo pase sosyete  Ayiti a an revi nan fason pa yo. Pami divès tèm ki defile anndan seri woman sa yo, nou jwenn: Lanmou, lekzil, eritay vodoun, elatriye. Nou dwe siyale tou, genyen plizyè nan woman sa yo ki abòde sijè ki te kab enterese jèn moùn. Pami yo, genyen: Joslin Twouyo avèk Betsi (2006) epi Yo bay kanè (2008); genyen tou Louis Philippe Dalembert avèk yon liv kou: Epi oun (yon) jou konsa tèt Pastè Bab pati (2008).

Lekzil

Depeyizman, nan sans (lekzil) reparèt ankò nan woman ki ekri an kreyòl yo, swa avèk Natali oubyen avèk lèt Ife ak Soul epi Tan lapli. Men, nan ka Bèbè Gòlgota, nou jwenn yon diplis. De (2) nan pèsonaj prensipal ki nan istwa a ale epi yo retounen nan peyi yo. Yo pa te retounen ak bòn volonte yo, menm jan ak Manuel nan Gouvènè Lawouze. Se pouse Leta Bahamas te pouse do yo mete yo deyò, men yo te retounen avèk entansyon pou yo vin rekonèt tèt yo nan peyi yo. Pou yo jwenn veritab idantite yo epi transmèt li bay pitit fi yo a.

Eritay vodoun

Yon lòt woman ki genyen yon gwo enpòtans pou nou nan epòk sa a se Agasya ak Émile Célestin Mégie. Enpòtans li, se parapò ak tèm ki nan liv la: vodoun. Nan Sosyete Koukouy, nou te sèvi ak fòs ekzanp pou nou te demontre, menm jan genyen yon mizik rasin, genyen tou yon pwezi rasin. (Pawòl Kreyòl: Revi literè Sosyete Koukouy # 3). Men, sanble eksperyans espesifik sila a –vodoun an - pa rete nan pwezi senpman. Li parèt tou nan teyat ayisyen. Tyeke Placide ak Hyppolite sou potomitan. Kounye a, nou sanble  ap dekouvri li nan woman kreyòl yo tou. Daprè Pierre Michel Chéry, «lè nou di  vodoun, nou wè yon seri eleman (ki kapab lejann, ki ka mistik, relijye etik, filozofik, sosyolojik, antwopolojik) yo jwenn nan vodoun, lò se pa nan vodoun sèlman … Konsa tou, Lè nou di imajinè vodoun, nou pran griy vodou a nan divès aspè li pou nou sènen woman ekriven kreyòl yo.» 

Agasya se istwa yon jèn, nan vil Marigo, ki te tèlman kwè nan eritay zansèt yo, li te deside al kanzo kay yon houngan ki te rele Milo Mowo. Sa ki dilere nan dewoulman liv la, se divès tribilasyon jenn fi ki te al kanzo a vin ap pase apre li fin kanzo a, jouk li mouri. Se kòmsi aksyon kanzo a te pote malediksyon pou li. Poutan, li te konvèti nan relijon katolik anvan lanmò li.

Nou rete kwè, kèlkeswa rityèl ki ap pase anndan vodoun an ki kab deranje moùn nan sosyete a, se reponsablite ekriven yo ak moùn save yo pou netwaye, pwòpte, bale epi wouze, yon fason pou nou tout ansanm netwaye sa ki merite netwaye anndan vodoun an. Paske, relijon katolik la, limenm tou, te genyen peryòd difisil pa li.

Literati pou jèn

Nan literati pou jèn, Yo bay Kanè (2008), ak Joslin Twouyo, relate istwa yon gwoup jèn nan yon lekòl segondè nan kapital la.  Pami jenn sa yo, te genyen yonn afè li pa te bon, men ki te  entelijan anpil epi ki te kenbe dyanm ak  travay lekòl li. Se tigason sa a, ki te rele Jan Eli, ki vin tounen yon relik nan kou pou Jina, yon jenn doubout tout bon. Se pa paske misye anpeche Jina viv non, se paske Jina anpeche li viv nan chèche konnen tout krit-krit lavi jenonm lan, ki ta pe viv nan kondisyon ekonomik difisil. Men tou, fòs misye, se disiplin ak plas li bay ledikasyon nan lavi li.

Nou dwe di tou, genyen yon aspè ankèt, fouye zo nan kalalou, ki ase enteresan nan istwa a. Se sa tou ki vin konekte Jina ak Jan Eli nan yon fason otè a ban nou latitid, nan finisman liv la, pou nou rapouswiv nan lespri nou sou fòm yon pasyon lektè a kab asosye ak yon lanmou ki pa deklare, men ki la an soudin.

Istwa a byen ekri. Otè a chwazi mo ki rann istwa a vivan. Langay kreyòl nou jwenn anndan liv la, se yon langay nou jwenn nan vil.

Sa ki pi enpòtan ak travay Joslin Twouyo, se pasyon li pou li devlope yon literati pou jenn timoùn. An franse kou an kreyòl, otè ayisyen yo pa prèske ekri pou jèn. Men, se defi sa a menm Joslin Twouyo vle leve ak divès liv li yo ki parèt nan edisyon KIK. Se ak kalite istwa sa yo otè a pran baton peleren li pou li ankouraje jèn nou yo sou chemen lekti epitou pou li prepare larelèv depi nan bazaj.

Alaverite, istwa ki taye sou mezi pou timoùn nan branch kreyòl literati Ayiti a, se nan oralti a nou jwenn yo. Se divès kont popilè granmoùn yo genyen abitid rakonte timoùn yo. Nan sans sa a, genyen yon richès san parèy. Se ladan Deyita te al ranmase pawòl pou li te ekri Kont nan peyi ti Toma ( ane a)…

Lis woman nou jwenn pou ane 2000 – 2010

  • Natali (2001) Lochar Noël
  • Eritye Vilokan (2001) Pierre Michel Chéry
  • Sòlda Lanmou (2002) Frewo Richmond
  • Testaman (2002) Beaudelaine  Pierre
  • Agasya (2003) Émile Célestin Mégie (Togiram)
  • Betsi (2006) Joslin Trouillot
  • Lèt Ife ak Soul (2006) (woman espitolè) Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
  • Pase m yon kou foli (2008) Jean-Euphèle Milcé
  • Epi oun jou konsa tèt Pastè Bab pati (2008) Louis-Philippe Dalembert
  • Zig Lavi (2008) Pauris Jean-Baptiste
  • Rete! Kote Lamèsi (2008) Josaphat-Robert Large
  • Bèbè Gòlgota (2008) Pierre Michel Chéry
  • Yo bay Kanè (2008) Joslin Trouillot
  • Sezon Sechrès (2009) Emmanuel Védrine

Peryòd 2010 - rive jounen jodi a (2015)

Nan divès liv woman kreyòl ki pran lari nan epòk sa a, genyen 4 ki atire atansyon nou. Se: Pwennsès Sanafè (2010), ak Précieuse Lavoix, Senfoni Nago (2012), Pierre Michel Chéry, Adelina (2014) ak Ewald Delva epi Peleren (2015) ak Pierre Michel Chéry.

Nan Pwennsès Sanafè, nou jwenn yon doub depeyizman. Yon depeyizman lokal, kote manman Sanafè te oblije retire afeksyon natirèl tifi sa a ta pe jwenn nan men manman li, pou li pase mizè nan fè restavèk kay moùn. Dezyèm depeyizman, se lekzil fòse ki te louvri bra li bay Sanafè, ki te pran kanntè pou li te rive sou tè Miyami nan move kondisyon.

Otè a te mete anpil tan anvan li te derape ak istwa a, men rantre nou rantre nan kè liv la, li te chame nou ak ladrès li genyen pou li ekri istwa.

Ni Senfoni Nago (2012), ni Peleren (2015) soti anba plim Pierre Michel Chéry, men yo chak rantre nan fondas sosyete a sou de varyason imajinè diferan. Si nan Senfoni Nago, se filozofi lavi, pèseverans epi fòs devouman fanm pou pote lavi miyò nan divès kouch nan sosyete Ayiti a, ki jèmen nan imajinasyon otè a, nan  Peleren, se tray sosyete a ak vizyon divès moùn nan divès milye ki anndan li yo, epi vivasyon de fanmi ki nan batay nan yon kanton. Nan de fanmi yo, genyen yonn ki sou lis pèdi yon pitit gason li, sa ki pi entelijan an, apati teknik ki soti nan vodoun an. Nan dewoulaman istwa a, otè a demontre nou manifestasyon fòs byen ki genyen nan vodoun an pandan li kanpe an kwa devan fòs mal ki genyen nan inivè fòs vodoun an. Se tankou nou ta genyen Bois-d’Orme Létiro devan Danger Dossous anndan liv Les arbres musiciens ak Jacques Stéphen Alexis.
 
Nan Adelina (2014) avèk Ewald Delva, se toujou sosyete nou an ki dewoule devan je nou. Vodoun an parèt kòm metòd pou pwoteje lafanmi apati fenomèn klete a.

Nan liv sa a, genyen tou prejije sosyal yo sou baz ekonomik ki parèt an flèch – De mèg pa fri. San konte yon aspè ewotik ki sikile nan istwa a ak yon langay imaje  ki pa vrèman deranje, men ki rive deklannche libido lektè ki ap li liv la ak yon imajinasyon aktif.

Lis woman nou jwenn pou ane 2010 - rive jounen jodi a (2015)

  • Pwennsès Sanafè (2010) Précieuse Lavoix
  • 126 Lèt Damou (2011) (woman epistolè) Joslin Twouyo
  • Nan Savann Dezole (2011) Paul Antoine
  • Chapo Pou Marechal Mimi (2012) François Nau
  • Koulangèt Madan Bwadòm (2012) Edgar Gousse
  • Senfoni Nago (2012) Pierre Michel Chéry
  • Adelina (2014) Ewald Delva (Konpè Zòf)
  • Peleren (2015) Pierre Michel Chéry

Konklizyon: (Pati sa a poko fini. Mwen ap reflechi sou li toujou. Kaptenn)

Daprè envantè nou fè la a, genyen sèlman 45 lane depi liv ki pote non woman oubyen ki se woman tout bon ap sikile nan milye literè kreyòl Ayiti a. Pou rive jounen jodi a,  nou jwenn 42 liv ki pote non woman epi se 25 otè ki pibliye yo. Genyen ladan yo ki pwodwi plis pase yon woman. Pami ekriven woman sa yo, genyen 5 fanm. Yo chak genyen patikilarite pa yo. Konsa, patisipasyon fanm yo nan pwodiksyon liv nan kategori woman kreyòl reprezante 20%.

Nou remake tou se nan peryòd ane 2000 pou rive 2010, nou jwenn pi plis woman kreyòl. Sepandan, nou kab predi peryòd 2010 rive 2020 an genyen potansyèl pou li pote pi plis woman kreyòl toujou, akoz ekzistans Akademi Kreyòl Ayisyen an, epi divès kalite ankourajman otè yo jwenn enpe patou nan sosyete sivil la. Pri ekselans GRAHN lan (Gwoup Aksyon ak Refleksyon pou Ayiti tou Nèf) se yon ekzanp motivasyon pou ekriven kreyòl yo ki soti nan sosyete sivil la.

Nan avangou nou pote sou kèk woman kreyòl, apati koudèy jeneral sa a, nou vle siyale tout nouvote nou remake sou chemen nou nan kategori liv woman ki parèt nan lang kreyòl Ayiti a. Nou siyale tou fason divès otè yo anvizaje sosyete a toupatou, kote Ayisyen yo ap viv. Alaverite, pi gwo travay la nan wout toujou. Se va Istwa woman Kreyòl Ayiti: Antoloji woman kreyòl ki nan kouti toujou. 

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)
Manm Biwo Santral Sosyete Koukouy
Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen

*

 Viré monté