Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Séisme à Haïti - 14 août 2021

Tranblemanntè 14 dawou 2021
kraze komin Lazil (L’Asile)
ak Sid Ayiti

 Emmanuel W. Védrine

Tranblemanntè 14 dawou 2021

Courtesy Frantzdy Jean-Baptiste

(Courtesy Ralph Prod)

AnglèKreyòl

Jounalis Frantzdy Jean-Baptiste, RTVA (Radio-Télévision L’Asile) ap entèvyoure majistra komin nan, Madam Ifeta. Transkripsyon entèvyou a, e tradiksyon l an anglè: Emmanuel W. Védrine (natif Lazil). Tayming anrejistreman entèvyou a: 13 minit, 33 segonn. Mèsi a Yaniek Pinedo Védrine pou edisyon kèk imaj.

F. Jean-Baptiste. Donk, aktyèlman la a, komin Lazil gen pwoblèm dlo pwòp (pou bwè). Men ki Garanti ke w kab bay moun yo demen si Dye vle. Èske si kote w al achte dlo a ou pa ta jwenn, èske lameri ap pran tout dispozisyon pou kapab fè moun yo jwenn dlo demen si Dye vle? Nou konnen yo pa ka viv san dlo?

Majistra Ifeta: Nou konnen dlo se lavi. Pa gen w kote w ye ou ka viv san dlo. Èske w konprann? Sa vle di lè yo te vin on jan endiy sou nou, pase se tout kote k ap rele nou. Ou konprann? Men, kòm Pwoteksyon Sivil te kanpe sou de pye li, nou te oblije fwete yon machin pou yo te mache al kontwole. Yo mache nan seksyon (kominal) yo… Pwoteksyon Sivil ede nou anpil; yo fè devwa yo. Èske w konprann? Menm yo menm, yo te dèyè pou wè kote pou jwenn dlo lè m te parèt la, y ap di m sa… Pwoblèm dlo a, se li menm, pase se yon sèl kote ki te gen dlo. Se yon konntenè ki te nan lari; alò li menm, menm lè reprezantan an ap vini, bon li pa gen pwoblèm. Ou Konprann?  Se li k te sove nou pou te ede moun yo pou yo jwenn sachè dlo pou bwè. Malgre nou te pale, epi delege a te rele m tou pou di m l ap antre. Menm mwen menm, ou konnen… se anba dekonm nan m soti. Mwen pran chalè a, men m pa ta ka rete chita lakay mwen. Mwen oblije pran lari pou m ta l gade kòman komin nan ye. Epi avèk moun yo ki t ap kouri. Mwen te vle mennen yo lopital Lazil, e ou konnen lopital la gen yon pati ladan l ki tonbe tou. Tout moun se deyò yo ye. Nou te fè dilijans nou, kòm leta, kòm responsab komin nan. Nou te fè dilijans nou jwenn avèk pè kire a, malgre se Bondye ki achte l tou pase legliz li (Église St. Joseph) tonbe. Presbitè l tonbe plat tou. Se Bondye ki mete yo deyò. Li te pran machin li ansanm avè m, nou al lopital la. Li bay li pou mennen moun yo (lopital) Sent Terèz, pase pa gen (lopital) Bonne Fin; li tonbe.

F. Jean-Baptiste. Oke! Oke! Nou aprann sa vrèman. Men tankou o nivo biwo leta, èske gen dè dispozisyon ki deja pran, paske n konnen gen anpil moun kay yo kraze, ki pa gen manje?… Èske gen dè dispozisyon ki pran apati de demen pou omwen moun Lazil yo ta genyen ti lamanjay?

Majistra Ifeta: Bon, ou konnen. Se demen si Bondye vle, jan w wè m di w la pou tout moun konnen, pou leta santral la. Pou delege a, li menm, bò zòn kote pa l tonbe.  Se agoch li ye, adwat li ye. Bon, ou konnen se yon sèl moun k ap fè travay la antan ke delege… M panse ke yo te rele nou, e senatè ki an plas la te vini tou; li te antre; li te vini nan vil la. Li monte nan seksyon, dezyèm seksyon pou te vin vizite. Nou te genyen menm lè ansyen senatè a tou, Nènèl Casi. Tout sa yo te gen tan antre Lazil pou te vin gade. Yo antre nan seksyon yo; yo wè pwoblèm seksyon yo. Bon, m te pale ak senatè Denis; alò li wè jan bagay yo ye. Alò li menm, se yo menm ki pi wo plase pase nou. Alò li menm pou degaje li pou l wè kòman yo kapab ede nou avèk popilasyon an.

F. Jean-Baptiste. Vwala! nou pral fini. Men, an n pran egzanp pou komin nan, ki garanti ke w bay moun yo? Èske moun yo an sekirite, moun ki deplase yo, e ki kote yo ye aktyèlman pase m konnen gen anpil kay ki kraze. Pratikman, moun yo ta dwe gen yon abri pwovizwa. Èske nou deja fè tout aranjman sa yo?

Majistra Ifeta: Nou te pale ansanm avèk direktè meri a, lòt kòlèg mwen an te gen tan vini; l ale. Sante l pa kòdyòm. Nou te gen tan gen prezans kèk lòt notab tou. Nou te vize lise a, men m te di nan moman sa a, pa gen moun ki prale (pran abri ladan), menm lè lise a te byen plase m pa gen konfyans pou moun yo al anba l kounyeya. Bon, plas la, yo oblije anpile la; li gen anpil moun. Pandan m te la, yo te gen tan kòmanse ap ouvri ti bout kapèt yo. Èske w konprann? Bon, m ap priye Bondye pou lapli pa tonbe, pase menm si se prela pou n ta kòmanse ba yo, anka si lapli a tonbe pou yo jis kapab  byen plase, amelyore yo, pase pou seziman ki nan kò yo, malgre mwen menm mwen anlè Changeux (Chanje). Se nan mitan lari a nou tout ye. Nou ouvri prela, epi matla. Nou chita, n ap lapriyè tou, jis pou nou tann demen si Bondye vle pou n konnen kòman nou pral fè… epi avèk leta santral la yo tou, jis pou yo wè kòman yo kapab ede nou avèk peyizan yo.

F. Jean-Baptiste. An n pran egzanp yè, moun yo te lakay yo; yo te byen pwòp, e jodiya yo twouve yo nan lari. Èske Lapolis Nasyonal d Ayiti disponib pou sekirize moun sa yo ki deja nan lari? Èske tou se dè moun ki lage a yo menm, donk ki mizanplas ke majistra a ansanm avèk lòt otorite yo fè pou kapab garanti sekirite moun yo nan lari a?

Majistra Ifeta: Bon, malgre yo menm yo gen pwoblèm tou, pase komisarya a tonbe plat atè. Ni komisarya, ni tribinal nan dezyèm seksyon an («Changeux») yo tonbe plat atè. Tout moun nan lari. Bon, kounyeya, se nou len k ap veye lòt avèk aprè Bondye nan syèl la, pase se nou tout ki viktim. Èske w konprann? Men te gen kèk polisye yo tou ki sou plas la tou. Bon… sanble se la y ap dòmi paske yo pa gen kay.

F. Jean-Baptiste. Se grav!

Majistra Ifeta: Afè kay la, pa rete sa nan Lazil.

F. Jean-Baptiste. Se grav! Se tris! Selon sa n ap wè nan imaj yo, bagay yo egzajere. E majorite edifis piblik Lazil, yo menm yo kraze. Si n ap gade lakou legliz la, si n ap gade anpil lòt kote donk yo pratikman kraze. Donk, an n di, èske lameri pa gen dè fon ki disponib kote ke yo te kapab ede moun yo… menm si leta santral poko rive? Èske lameri pa gen yon fon ki kapab disponib pou moun sa yo, pou yo jwenn bagay pou yo manje? Admeton d isi demen si Dye vle, pandan de a twa jou, ou panse lameri gen ase ren pou l kenbe?

Majistra Ifeta: Non! Nou pa bezwen kase tèt nou ke lameri pral la pou nou menm. Se len k ap voye zye sou lòt. Nou oblije fè yon mea culpa. Si nou gen yon sache, se len k pou manje l ansanm.

F. Jean-Baptiste. Pou nou fini avèk entèvyou a, èske leta  kominal la deja fè dè dispozisyon pou kapab resevwa èd, tankou si genyen dè enstans ki vle pote èd? Èske genyen yon òganis ki deja plase pou sa, osinon nenpòt moun ka pote èd jan yo vle? Kisa nou fè nan sans sa a?

Majistra Ifeta: Bon, ou konnen, jan m sot di w la ke nou poko ini nou, epi jis pou nou konnen kòman n ap fè, moun k ap pote èd pou bay peyizan yo, pou bay moun ki viktim yo. Se demen si Bondye vle, epi antre lendi, epi pou nou chita, pase kounyeya la a se nou tout ki gaye. Se moun ki potko mouri yo n ap chèche pou n voye lopital. Nou pral antere sa yo ki mouri, e sa yo ki kapab al nan mòg ki pa kraze. Se sa nou la pou fè jodiya. Pwoteksyon Sivil jwenn ansanm avèk nou lameri, epi delege a de tanzantan tou li rele, epi nou rele l. Li pran nòt de tout bagay. Yo voye imaj ale. Gen anpil moun tou ki te gen tan soti Pòwoprens ki vini lè yo tande paran yo, kay kraze.

F. Jean-Baptiste. Men, e tankou pou moun ki deja mouri yo, èske lameri deja disponib pou ta ede moun sa yo pou finiray yo? Èske lameri panse a sa?

Majistra Ifeta: Bon, yo pral chita avèk santral. Delege depatmantal la sou pye…

F. Jean-Baptiste. Se tout moun sa yo ki nan mòg la? Se 25 moun yo ki deja nan mòg?

Majistra Ifeta: Non. Genyen ki gen lè antere, pase talè lè m ap monte mwen jwenn yon antèman. Yo ta pral antere li… Wi, fanmi l antere l.

F. Jean-Baptiste. Moun sa a ki mouri a, toujou anba dekonm yo.

Majistra Ifeta: Wi! Wi! Epi gen anpil tou, jèn yo ki mouri. Yo te leve bonè y al travay. Se wòch ki kraze plis nan moun sa yo, pandan y al travay nan mòn.

F. Jean-Baptiste. Se tris!

Majistra Ifeta: … Aktyèlman, l ap sekwe la a. Tanzantan l bay yon replik.

F. Jean-Baptiste. Mezanmi! Si w ta gen yon dènye mesaj pou ta voye bay tout moun ki nan dyaspora, tout moun ki pa Lazil aktyèlman, e tout moun ki Lazil yo tou, ki mesaj ke l ta ye, majistra?

Majistra Ifeta: Enben, mesaj m ta voye bay… avan tou pou m ta voye bay popilasyon azilwa /azilwaz la ki viktim nan pran kouraj, pase nou tout viktim. Nou oblije pran kouraj jis pou nou tann sa k ap vini, èd yo ka pote pou ede nou pase kay yo kraze; yo pa ka rete nan seren an chak swa. Fòk yo ta jwenn yon kote pou yo antre tèt yo, malgre yo pa ka antre anndan kay kounyeya jan bagay la tèrib. Epi, m ap di yo kouraj, pa dekouraje! N ap lapriyè pou Bondye kapab tande bi priyè yo, epi jis pou nou kapab alèz malgre nou p ap ka alèz tout tan pase se chak jou gen yon pwoblèm k ap pase. Men m ap di tout Azilwa, Azilwaz mwen yo kouraj! Pa dekouraje! Viktwa final la se pou nou l ap ye.

F. Jean-Baptiste. Mèsi anpil! Mèsi anpil, majistra!

Majistra Ifeta: M ap mande dyaspora a tou, e tout moun ki genyen fanmi yo, yo konnen jan bagay yo di, epi pou yo pote lamenfòt ansanm avèk leta santral yo tou, epi jis pou ka ede peyizan yo ki viktim.

F. Jean-Baptiste. Dakò! Mèsi anpil, majistra! Nou swete rete an kontak pou tout evolisyon ki genyen nan zafè a.

Majistra Ifeta: Dakò, mèsi tou!

F. Jean-Baptiste. Mèsi! Mèsi! Vwala! Nou te gen avèk nou majistra Ifeta, majistra komin Lazil, ki t ap dekri sitiyasyon an. Li konfime ke deja gen anviwon 25 moun ki pèdi yo nan sa k pase jodiya. Daprè sa majistra a di tou, ta gen ki deja antere, e genyen tou ki nan mòg. Majistra a dekri vil la pou nou tou atravè enfòmasyon ke l ban nou. Pa gen ase dlo vrèman; nou ka konfime sa. Non sèlman pa gen ase dlo, men tou genyen lòt dispozisyon petèt ki ta dwe pran men ki pa genyen moun disponib pou pran dispozisyon konsa paske tout moun sou jenou yo. Pa vrèman gen gran choz ki ka fèt. Ou menm ki ap viv alekteryè peyi a ki ka pote yon soutyen a moun Lazil, moman sa a opòten, moman sa a nòb pou kapab fè li paske Lazil pa ka kenbe. Lazil aktyèlman an difikilte. E daprè sa majistra a di nou tou, majorite moun ki mouri yo se dè moun ki te deja leve pou al nan travay yo. Ebyen wòch kraze anpil nan moun sa yo. Donk, bagay la tèrib! N ap kontinye pou nou jwenn lòt konsènè yo pou n wè kòman nou kapab pote tout soutyen nou a Lazil. Nou konnen jan Lazil ye aktyèlman, mezanmi se katastwòf! Ou menm ki gen yon fanmi w, yon zanmi w ki soti Lazil donk fè anpil efò pou ta voye yon ti èd pou moun sa yo, pase aktyèlman la a Lazil gen gwo difikilte. N ap kontinye pou nou kapab rejwenn moun yo, yon fason aske pou nou genyen yon meyè enpresyon de Lazil, e jwenn tou sipò apopriye avèk komin nan.

(Fen entèvyou a)

Tranblemanntè 14 dawou 2021

Tranblemanntè 14 dawou 2021

Tranblemanntè 14 dawou 2021

Tranblemanntè 14 dawou 2021

Tranblemanntè 14 dawou 2021

TÈKS ANEKSE : ANNEXED TEXTS

Resous an liy pou ede Lazil e lòt komin
 Online Resources to help L’Asile and other communes

Komin Lazil & Fowòm : Commune of L’Asile & Forum

ÀNYÈ : DIRECTORY

BIBLIYOTÈK : LIBRARY

• Bibliothèque de la Faculté de Médecine et de Pharmacie de l’UEH, State University of Haiti • Bibliothèque et Archives d’Haiti : Bibliyotèk e Achiv Ayiti • Bibliothèque Haitienne des Pères du Saint-Esprit : Bibliyotèk Pè Sentespri • Bibliothèque National d’Haïti : Bibliyotèk Nasyonal Ayiti; Bibliothèque Virtuelle du Réseau de Bibliothèques de l’Université d’État d’Haïti • Bibliyotèk 54, Carrefour • Bibliyotèk Rasin Lespwa (Dabòn- Leyogàn /Lewogàn) •  E. W. Védrine Virtual Libary Bibliyotèk Vityèl E. W. VédrineHaiti ReadsMartin Luther King, Jr. Library at the Haitian-American Institute.

BIBLIOGRAPHICAL RESOURCES : RESOUS BIBLIYOGRAFIK • An Annotated Bibliography on Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000. [Bibliyografi anote sou kreyòl ayisyen: revizyon piblikasyon depi epòk kolonyal pou rive ane 2000] ©  2003 by Emmanuel W. Védrine and E. W. Védrine Creole Project, Inc. [General Authors' Index (Endèks Jeneral otè); Index of Titles : Endèks Tit;  Acknowledgements & General Introduction (Rekonesans e Entwodiksyon) pp 5; Abbreviations & Symbols used in this book : Abreviyasyon & Senbòl ki itilize nan liv la, pp 20; In praise of the author (Éloge de l’auteur : Lomeyans pou otè a); Chapter : Chapit I: A bibliography of Periodicals with publications on Kreyòl (268 entries : antre, pp 26-35); Chapter : Chapit II (2): AgricultureFloraand Fauna | Flòr e Fonn (61 entries : antre, pp 36-43); Chapter III (3): Bibliographies (12 entries : antre, pp 44-47); Chapter : Chapit IV (4): Classification by authors : klasman pa otè, pp 48-71; Chapter : Chapit V (5): Dictionaries, Glossaries, and Related Sources : Diksyonè, Glosè, e Sous ki an rapò (130 entries : antre), pp 72-119; Chapter : Chapit VI (6): Education (edikasyon) Literacy (alfabetizasyon), and Teaching Materials : e Materyèl didaktik /pedagojik (334 entries : antre) pp 120-165; Chapter : Chapit VII (7): Folklores, Folk tales & Stories : Foklò, Iswa-kont & Istwa (230 entries : antre, pp166-188); Chapter : Chapit VIII (8): General Subjects : Sijè Jeneral (445 entries : antre), pp 189-254; Chapter : Chapit IX (9): Geography and History : Jewografi e Istwa (63 entries : antre, pp 255-265); Chapter (Chapit): Grammar : Gramè (72 entries : antre) pp 266-279; Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole (354 p., 1996); Kreyol Without Toil: an introductory course to Haitian Creole (version to be printed : vèsyon pou enprime)Sistèm Alfabè Kreyòl Aysiyen : The Haitian Creole Writing System; Chapter : Chapit XI (11): Health & Hygiene : Sante e Ijyèn (52 entries : antre) 280-283; Chapter : Chapit XII (12): Historical Linguisitcs : Lengwistik Istorik (88 entries : antre, pp. 284-300); Chapter : Chapit XIII (13): Novels & Short Stories : Woman e Resi & Istwa Kout (108 entries : antre) pp 301-319; Chapter : Chapit XVI (14): Orthography | Òtograf (112 entries : antre, pp 320-341); Chapter : Chapit XV (15): Plays (including related works : Pyès teyal enkli zèv ki an rapò 88 entries : antre), pp. 344-357; Chapter : Chapit XVI (16): Poetry : Pwezi /Powèm (204 entries : antre), pp 358-380; Chapter : Chapit XVII (17): Poroverbs : Pwovèb (54 entries : antre), pp 381-392; Chapter : Chapit XVIII (18): Religious Studies : Etid Relijye (145 entries), pp 393-403; Chapter XIX (19): Sociolinguistics : Sosyolengwistik (119 entries : antre) pp 404-493; Chapter : Chapit XX (20): Teaching Materials For Learners of Haitian Creole : : Materyèl pedagojik pou aprenan kreyòl ayisyen (Kreyòl, 41 entries : antre) pp 432-435; Chapter : Chapit XXI (21): Theoretical Linguistics : Lengwistik Teyorik (325 entries : antre) pp 436-471; Chapter : Chapit XXII (22); Chapter : Chapit XXIII: Theses & Dissertations related to Haitian Creole : Tèz (metriz, doktora) ki an rapò ak kreyòl ayisyen (75 entries : antre) pp 472-485; Chapter XXII (22); Chapter : Chapit XXIII (23): Interviews with some Haitian Creolists, Journalists and Authors (Entèvyou ak kèk kreyolis, jounalis e otè), pp 486-335 [Interview : Entèvyou #1: Charlot Lucien and Frankétienne (pp 486-490); Interview : Entèvyou #2 (see Appendix); Interview : Entèvyou #3: Nounous (Lenous Surprice) and Kaptenn Koukourouj (Michel-Ange Hyppolite) pp 491-496; Interview : Entèvyou #4: Emmanuel W. Védrine and Roody Barthelemy (pp 497-500); Interview : Entèvyou #5 Edikatè à l’Edicateur : an Interview with Haitian novelist Deyita (Mercedes Guignard on her novel Esperans Dezire : Yon entèvyou ak womansye Deita, Mercedes Guignard sou woman li an Esperans Dezire), pp 500-503;  Interview : Entèvyou #6 (see : wè Appendix); Interview : Entèvyou #7: Yvon Lamour, Emmanuel W. Védrine, Keslèbrezo (Kesler Brézault), Kaptenn Koukourouj (Michel-Angle Hyppolite)]; Chapter : Chapit XXIV (24): General Authors’ Biographies : Bibliyografi Jeneral otè, pp 537; Appendix (Part /Pati I, II, III - Theses and Dissertations related to Haiti : Tèz (metriz, doktora) ki an rapò ak Ayiti (308 entries : antre, pp 572, 594, 600); Index of Titles : Endèks Tit, pp 630; General Authors’ Index : Endèks Jeneral Otè, pp 680; About the author : Sou otè a, pp 625. In praise of the author (Éloge de l’auteur : Lomeyans pou otè a). Research presented the International Linguistic Symposion in French Guyana, organized by IRD (Institut de Recherche pour le Developpement). Spring 2003• A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti from 2011-2020 (Compiled by E. W. Védrine, Joseph Marcel GeorgesFessando Suffren) • A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (from 2001-2010 : Bibliyografi Tèz (metriz, doktora) ki an rapò ak Ayiti) • A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (20th Century), including Theses & Dissertations Related to Haitian Creole • A Bibliography of Theses and Dissertations related to the Dominican Republic (Bibliyografi Tèz (metriz /doktora) ki an rapò ak Repiblik Dominikèn /Sendomeng) • An Electronic Teaching Materials’ Model For Haitian Students And Teachers • Bibliographie Haïtienne et Indices Biographiques. (compiled by Emmanuel W. Védrine and Francesca Palli) [Online General Bibliography Related to Haiti : Bibliyograf an liy ki an rapò ak Ayiti] • Online Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers • Path to the most ever published bibliography research on Haitian Creole • Summary of Educational Resources for Haitian Teachers.
DICTIONARIES, GLOSSARIES & LEXICAL DATABASES  (Diksyonè, Glosè & Bank Done Leksikal) • A look at two great dictionaries on Haitian Creole : Yon koudèy 2 (de) diksyonè sou kreyòl ayisyen • English Haitian Creole Bilingual Dictionary [Diksyonè Anglè – Kreyòl Ayisyen]. Albert Valdman (Project director, editor).  iUniverse, Bloomington, Indiana. 2017. ISBN 9781532016011. 1148 Pages. (Volume II of the “DICO Project” that started out in Fall 1999). Indiana University. Native speakers editing team: Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques Pierre, and Nicolas André.] • English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: Anglè – Kreyòl • Haitian Creole D-Base: Writings By Emanuel W. Védrine ( Part I) • Haitian Creole D-baseKri pou liberasyon: a collection of poems in Haitian Creole • Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I). 2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. [E. W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team] • English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: Anglè – Kreyòl • Kreyòl-English glosses for creating materials in Science, Technology, Engineering and Mathematics (STEM) [Ref. Platfòm MIT-Ayiti pou yon lekòl tè anwo] • Quelques plantes créole et leurs noms en latin (Kèk plant kreyòl ak non yo an laten : Some Creole plants and their names in Latin). • Petit lexique du créole haïtien (Historical linguistics : Lengwistik istorik /dyakwonik).
EDUCATION IN HAITI & IN DIASPORA (Edikasyon Ayiti e nan Dyaspora) • FLORA & FAUNA ( Flòr & Fonn) • GENERAL SUBJECTS (Sijè Jeneral) • HISTORY & GEOGRAPHY (Istwa e Jewografi) • INTERVIEWS (Entèvyou) • JOKES (Blag) • NOVELS E ISTWA KOUT (Woman e Istwa kout) • ORIENTATION & FORMATION TRAINING (Seyans Oryantasyon e Fòmasyon) • POETRY (Pwezi /Powèm) • PROVERBS (Pwovèb, pawoli, pawòl granmoun) • SKETCH (Pyesèt) • SOCIOLINGUISTICS (Sosyolengwistik).


MATERYÈL DIDAKTIK - PEDAGOJIK POU LEKÒL

SCHOOL TEACHING MATERIALS

[• An annotated bibliography On Haitian CreoleA review of publications from colonial times to 2000. 700 pages. © 2003; autor: Emmanuel W. Védrine.  [Bibliyografi anote sou kreyòl ayisyen: revizyon piblikasyon depi epòk kolonyal pou rive ane 2000] • An Electronic Teaching Materials’ Model For Haitian Students And Teachers • Boukan Dife Literati ak Joël Lorquetlexical data (edited by) Emmanuel W. Védrine. [Haitian literature in Kreyòl] • Collection of Haitian Education Materials by Albert Valdman (Collection de Matériel Éducatif Haïtien : Koleksyon Materyèl Edikatif Ayisyen par Albert Valdman) • Dictionnaire De L'évolution Du Vocabulaire Français En Haïti (dans le discours politique, économique et social du 7 février 1986 à nos jours André Vilaire (André Vilaire Chery) • Easy English : an introduction to English for Creole and French speakers (forthcoming). [E. W. Védrine ajoute glosè nan fen liv la – enkli fraz ak espresyon idyomatik nan de lang yo; Entwodiksyon a lang anglè pou kreyolofòn e frankofòn; Plis pase 1.400 mo ak espresyon ki vin ak yo]. Field: Teaching materials (elementary, middle, and high school level)] by Renel Oreste Joseph (Orèsjozèf) and Emmanuel W. Védrine • Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora : Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora • Education should be free and mandatory for all in Haiti: Edikasyon ta dwe gratis e obligatwa pou tout moun Ayiti. [School teaching materials : Materyèl didaktik pou lekòl] • Egoyis: yon viris k ap detwi kominote ayisyen (Selfishness: a virus destroying the Haitian Community) • English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: Anglè – Kreyòl • English Haitian Creole Bilingual Dictionary. Albert Valdman (Project director, editor).  iUniverse, Bloomington, Indiana. 2017. ISBN 9781532016011. 1148 Pages. (Volume II of the “DICO Project” that started out in Fall 1999). Indiana University. Native speakers editing team: Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques Pierre, and Nicolas André • Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l'école en Haïti? (Is Creole a good tool to learn in school?) • Èske w te pase nan kèk atelye ekriven avan w pibliye premye liv ou? : Have you been to any writers’ workshop before publishing your first book? [School teaching materials included in annexed texts section : Enkli materyèl didaktik pou lekòl nan seksyon tèks anekse] • Filozofi fatra an kreyòl : Trash philosophy in Kreyòl (Jean Elie Valcin) • Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole (1996) • Haiti: a directory of publications : Ayiti: yon ànyè piblikasyon • Haiti: for a practical education on Fridays : Ayiti | Pou yon edikasyon pratik lè vandredi • Haitian Creole : Kreyòl [etymology (etimoloji) • examples (egzanp) • external links (lyen ekstèn) • further reading (plis lekti) • grammar (gramè) • history: (istwa) • Leksik kreyòl: ekzanp devlopman kèk mo ak fraz a pati 1986 • lexicon (leksik) • origins: (orijin) • orthography (òtograf) • proverbs and expressions (pwovèb e espresyon) • references: (referans) • see also (wè tou) • sociolinguistics (sosyolengwistik) • software (sòfwè, lojisyèl) • usage abroad: itilizasyon aletranje -- Ref. Wikipedia)] • Haiti’s Super Web Directory & Diaspora (Gran Ànyè Ayiti & Diaspora Ayisyen) • Ide pou kreye yon 'High School Ayisyen' prive nan Boston • Jipon Nwa a (an adaptation of ‘Le pargne noir', by Bernard Dadié) • Kreyol Without Toil: an introductory course to Haitian Creole (Electronic manual to teach English or Haitian Creole for beginners : Manyèl pou anseye anglè oubyen kreyòl pou debitan) • Kesyonnen Kilti Ayisyen pou aprann plis de li : Questioning Haitian Culture to learn more about it • Konvèsasyon kat ti zanmi ki te nan 'High School (pyesèt) : Conversation of four friends who were in high school [sketch] • Kritik ak Rechèch sou Pwovèb Ayisyen: revizyon e edisyon 100 pwovèb ayisyen | Critics and Research on Haitian Proverbs: a review and editing of 100 Haitian proverbs from 'You can learn Creole', by H. Ormonde McConnell and Eugene Swain Jr. E. W. Védrine • A look at the problem of schools in Haiti (comments and suggestions) : Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti: kòmantè ak sijesyon • L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études segondaires • LAKOU KAJOU [Audio /School teaching materials included : Odyo /Materyèl didaktik pou lekòl] • Lakou Kajou [epizòd 1: Pwosesis] • Lakou Kajou [epizòd 2: Jewografi • Lakou Kajou [epizòd 3: Rit • Lakou Kajou [epizòd 4: Fotosentèz] • Lakou Kajou [epizòd 5:] Dlo] • Lakou Kajou [epizòd 6: Zouti] • Lakou Kajou [epizòd 7: Egzèsis] • Lakou kajou [epizòd 8: Transpò] • Lakou Kajou [epizòd: Emota, yon kamyonèt estraòdinè] • Lakou Kajou [epizòd: Jozefin plante yon pye kajou] • Lakou Kajou [epizòd: Ki kote solèy la kouche? • Lakou Kajou [epizòd: Ki travay mwen pral fè lè mwen grandi?] • Lakou Kajou [epizòd: Kous nan Palè San Sousi (Sans-Sousi Palace) • Lakou Kajou [epizòd: Tiloulou prepare yon sipriz pou Lili] • Malice et le boeuf de Bouki: Malis ak bèf Nonk Bouki (Deita /Mercedes Guignard) • Manyèl Kreyòl (1e, 2èm, 3èm, 4èm, 5èm, 6èm, 7èm, 8èm ane fondamantal). C3 Éds. (Dugé, Jean Armoce) --- Rezime konferans Jean Armoce Dugé sou «edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti». (Summary of Jean Armoce Dugé on “Kreyol in education in Haiti”). Koutwazi òganizasyon ITIAHaiti • Mouri pou libere Ayiti (short story). English translation: Dying for Haiti’s liberation, by the author; French translation: Mourir pour libérer Haïti, Jean-S. Sahaï; German translation: Sterben, um Haiti zu befreien, Jnes Angela Pellegrini; Italian translation: Morire per liberare Haiti, Francesca Palli; Japanese translation : Mihoko Tsunetomi; Latin translation: Vittore Nason; Papiamentu translation: Muriendo pa liberashon di Haiti, Yaniek Pinedo; Russian translation: Karlova Ekatarina; Spanish translation: Morir para liberar Haití, Miguel Calzada] • Online Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers • Metye, Pwofesyon, Karyè: Seyans Oryantasyon pou Etidyan Ayisyen AyitiTrades, Professions, Career: Orientation Training for Haitian Students in Haiti • MIT-Haiti Initiative • A panorama of Haitian Indian Civilization • Petit lexique du créole haïtien • Peyi m rele Ayiti : My country is Haiti • Platfòm MITI-Ayiti pou yon lekòl tèt anwo (Michel DeGraff) • Mouvman pou kreyòl nan lekòl Ayiti (Luis Armando Cuevas Encarnación) [Koutwazi: òganizasyon ITIAHaiti] • Nan pwovens (In the countryside, pwezi: poetry). Bon Nouvèl, #36. janv. 1998 • Nou se ITIAHaiti : We are ITIAHaiti (chan : song). English translation by E. W. Védrine • October 28, International Creole Day, and what? : 28 Oktòb, Jounen Entènasyonal Kreyòl, epi kisa? • Orientating Haitian Youth: Oryantasyon Jenès Ayisyen • Orientation Seminar for Haitian Students coming to the United States • Parad sou plas Lazil: Parade in L’Asile [Square (video: Ti Nèg L’Asile)] • Principaux végétaux d’apport amérindiens utiles au monde comme nutriments (Mdju MKA). [photos F. Palli] • Pwojè ekri pou ede avèk devlopman Lazil : Writing Project to help with Lazil’s development • Rat konnen, Chat konnen, barik mantèg la sou siveyans (Rat knows, Cat knows, the barrel of lard is being watched) [(figi) Retorik an kreyòl ayisyen: Rhetoric in Haitian Creole] • Rechèch sou pawoli ak pwovèb ayisyen: Pawoli nan yon roman Pauris Jean-Baptiste, 'Peyi Zoulout' • Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti • Say it in Haitian Creole, English and French: a trilingual glossary of phrases and idioms [A trilingual Glossary for learners of Haitian Creole, English, French and a guide for translators: Yon glosè trileng an kreyòl, anglè e fransè kòm gid pou tradiktè], Emmanuel W. Védrine. Winter 2020 • Seyans oryantasyon pou etidyan ayisyen k ap vin Etazini • Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora: Network of Haitian Students, Haiti – Diaspora • Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen envesti nan biznis e pou retrèt yo : Orientation training to motivate Haitians to invest in business and for their retirement •  Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè • Seyans oryantasyon sou maryaj • Sezon sechrès Ayiti (woman : novel);  2nd. ed. JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. © Dwa otè a] . © Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p • Sistèm Alfabè Kreyòl Ayisyen :  The Haitian Creole Writing System • Some verbs dealing with Haiti’s underdevelopment and development. [Kèk vèb ki an rapò ak soudevlopman e devlopman Ayiti] by Emmanuel W. Védrine. Summer : Ete 2020 • Teaching materials for schools in Haiti • Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti : Civic duty should have been mandatory for all young people in Haiti • Twenty Five Years of Research and Publications on Haiti, the Haitian Diaspora and on Haitian Creole : Vennsenk 25 Ane Rechèch ak Piblikasyon sou Ayiti, Dyaspora Ayisyen, e sou Kreyòl Ayisyen • Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti (A look at the problem of schools in Haiti) • Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba [audio material : materyèl odyo -- Yves Dejean • 75 Seventy Years of Research & Publications on Haitian Creole (Kreyol)].

NÒT POU RECHÈCH : RESEARCH NOTE

• Atelye an liy pou Anseyan Ayisyen : Online Haitian Teachers Workshops • Atelye pou ekriven ayisyen : Haitian writers workshops • Devlopman komin Ayiti : Developing Haiti’s communes • Estrateji pou aprann prepare pou demen sou tout fòm : Strategy to learn to prepare for tomorrow in all ways • Estrateji pou devlope Komin Ayiti pou desantralize Ayiti : Strategies to develop Haiti’s Communes to decentralize Haiti • Komin Ayiti, e travay sivik moun ki sot nan komin yo dwe fè  : Haiti’s communes and civic works needed to be done by locals • Literati Ayisyen an kreyòl : Haitian literature in Kreyòl
• Literati Ayisyen Dyaspora : Haitian literature of the Diaspora • Materyèl Didaktik /Pedagojik pou moun k ap aprann kreyòl : Teaching Materials for Learners of Haitian Creole • Materyèl Didaktik /Pedagojik pou Pwogram Alfabetizasyon an Kreyòl : Teaching Materials for Haitian Literacy Programs in Haitian Creole • Materyèl Pedagojik /Didaktik an liy pou ede Anseyan Ayisyen e Elèv : Online Teaching Materials to help Haitian Students and Teachers • Materyèl Pedagojik /Didaktik an liy pou ede Lekòl Ayiti : Online Teaching Materials to help Schools in Haiti • Modèl dokiman nou ka mete an liy (sou entènèt) pou ede Ayiti e Dyaspora Ayisyen nan tout domèn : Document models that can be published online to help Haiti and the Haitian Diaspora in all areas • Oraliture : Literati Ayisyen oral /oraliti : Haitian oral literature • Séisme à Haïti – 12 janvier 2010: Haiti’s earthquake -- January 12, 2010 • Séisme à Haïti – 14 out 2021 : Haiti’s earthquake – August 14, 2021 • Tradiksyon (anglè, e kreyòl ayisyen] : Translation (English and, Haitian Creole /Kreyòl) • Tranblemanntè dawou (out) 2021 ki frape Sid Ayiti : August 2021 earthquake that hit South Haiti.

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA.

*

Viré monté