Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Konprann enpòtans Maurice Sixto

Hugues Saint-Fort

Maurice Sixto: on pwojè etnografik sou bit odyansay, Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis) •
Editions JB • 2020 • 20,00$.

 

Ki popilarite Maurice Sixto genyen nan kominote ayisyen yo? Eske gen anpil moun ki pa janm tande non li? Ki enpòtans li nan literati oral peyi d Ayiti? Si kesyon sa yo ta kapab parèt difisil pou reponn nan tan lontan, repons lan vin klè kou dlo kokoye pou tout moun, depi kèk tan. Maurice Sixto tounen yon moniman nan istwa kilti pèp ayisyen. Gen anpil rechèch ke save ayisyen kou etranje fè sou Sixto, men nan lespri pa m, se Doktè Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis) ki se youn nan pi gwo espesyalis sou Maurice Sixto. Mwen di sa san egzajerasyon. Pou moun ki ta gen dout sou pozisyon m sou travay rechèch Rozevel Jean-Baptiste fè sou Maurice Sixto, mwen ta rekòmande yo ale li liv misye fèk pibliye a sou Sixto. Se sou liv sa a m ap fè yon rale jodi a.

Pou anpil moun, Maurice Sixto te yon odyansè/lodyansè. Sa vle di: misye te konn fè moun ri vant deboutonnen avèk michan istwa, michan blag li rakonte. Majorite Ayisyen konn tande lodyans tankou «Lea Kokoye, Mèt Zabèlbòk Bèrachat, Ti Sentaniz, Gwo Moso…». Sa yo rele «odyans/lodyans» nan kilti popilè ayisyen se yon fason espesyal pèp ayisyen rakonte istwa depi lè yo te fèk kòmanse ap fonksyone kòm pèp endepandan nan Karayib la (apati lane 1804). Save ki ekri sou literati ayisyen esplike  ke se ekriven Justin Lhérisson (1873-1907) ki kreye jan (r) literè sa a nan literati ayisyen (Anglade 2006, Berrou et Pompilus 1975.) Dapre save ayisyen Dr. Frenand Léger (2018/2019 : 193), «parmi les auteurs de récits haïtiens qui ont inséré le kreyòl dans leur écriture d’expression française, Justin Lhérisson est selon la critique celui qui l’a fait avec le plus de perspicacité.» (Pami otè istwa ayisyen ki fè kreyòl antre nan tèks yo ekri an franse, se Justin Lhérisson ki, dapre kritik yo, te reyisi fè sa avèk plis entèlijans.) Liv Rozevel Jean-Baptiste la genyen kat chapit. Premye chapit la rele : Èske Maurice Sixto se yon lodyansè? Nan chapit sa a, Jean-Baptiste lanse de (2) kalite deba. Yon deba sou fòm epi yon deba sou fon. Se nan deba sou fòm lan ke Jean-Baptiste esplike ke li «dekouvri» mo lodyans ak mo lodyansè.

Èske Maurice Sixto se yon lodyansè?

Nan kòmansman premye chapit liv li an, Jean-Baptiste deklare ke mo lodyans ak lodyansè se pa mo li «te konnen lè [li] t ap grandi (leve-jwenn mwen, leve-tande m pa ban mwen yo), ni tou se pa mo [li] rankontre nan travay [li] kòm leksikograf1 ni kòm leksikològ2 depi plis pase 20 lane.» Men, Jean-Baptiste montre ke se ak etikèt sa a ke anpil moun dekri Maurice Sixto, espesyalman save ayisyen Georges Anglade ki te kòmanse bati yon teyori sou Sixto ak sou lodyans an jeneral. Pati deba sou fòm lan ke Jean-Baptiste mete nan premye chapit liv li an, enteresan anpil pou analiz Jean-Baptiste deplwaye. Jean-Baptiste kesyone itilizasyon mo «lodyans» la kay Anglade : «Si n chache nan nenpòt diksyonè franse, nou p ap jwenn mo «lodyans» lan….Kote mo sa a soti pou l al parèt nan on konvèsasyon an franse nan bouch Anglade? …» Jean-Baptiste site 3 diksyonè kreyòl (Bentolila 1976), (Valdman 1981), (Prophète 2010) li konsilte, men li pa jwenn mo «lodyans» lan, byenke tou le twa genyen «odyans» ak «odyansè».  Poutan, Jean-Baptiste sanble li bliye konsilte Valdman (2007) ki genyen mo «lodyans» lan.  Valdman fè li antre dèyè mo «odyans», ansanm ak «lodyansè» ke li fè antre dèyè mo «odyansè» (Valdman 2007 : 514). Donk, mo «lodyans» lan, li ateste nan diksyonè. Poudayè, mo sa a fòme dapre youn nan fason lang kreyòl ayisyen fòme mo ki nan leksik li. Men sa Hugues Saint-Fort (2013 : 318) ekri nan yon kont randi li pibliye sou 2 lodyans Justin Lhérisson yo : La famille des Pitite-Cailleak Zoune chez sa ninnaine [1905] (2012): Le mot «lodyans» est une création lexicale créole obtenue par agglutination du syntagme nominal français «l’audience». L’agglutination est un procédé linguistique bien connu dans les langues créoles en général et particulièrement en créole haïtien, procédé par lequel l’article défini français placé en position de syllabe initiale de quelques mots français, perd sa fonction originale d’article et se soude au lexème qui le suit pour créer une nouvelle unité lexicale. Ce procédé a permis de créer un certain nombre de mots en créole tels que: «legliz» (du syntagme nominal français: l’église), «labank»(du syntagme nominal français: la banque), «lavil», (du syntagme  nominal français: la ville), «diri», (du syntagme  nominal français: du riz), «lari», (du syntagme nominal français: la rue), «lekòl»(du syntagme nominal français: l’école), «lakou», (du syntagme nominal français: la cour), «lapli», (du syntagme nominal français: la pluie), etc.

Donk, nou kapab di ke: (1) mo «lodyans» lan, li ateste nan diksyonè kreyòl, donk leksikografi rekonèt li; (2) mo «lodyans» lan suiv modèl fòmasyon mo ki egziste nan leksik kreyòl ayisyen; (3) fòmasyon mo «lodyans» lan genyen yon bon pwodiktivite nan lang kreyòl la.

Konsèp lodyans kay teyorisyen Georges Anglade

Moun ki abitye ak rechèch save ayisyen Georges Anglade fè sou Maurice Sixto konnen ke Anglade te bati yon teyori sou «lodyans». Jean-Baptiste poze kesyon ki pral oryante dezyèm pati nan premye chapit liv li an: «Ki jan Anglade kreye konsèp «lodyans» lan?». Men ki jan Jean-Baptiste reponn kesyon sa a: «Dapre Anglade, lodyans se youn nan poto mitan leve-jwenn tout Ayisyen, youn nan twa wòch fwaye dife nou---de lòt yo, se vodou, kòm sistèm kwayans nou, ak kreyòl, kòm lang nou.» (Jean-Baptiste 2020: 17).

Anvan mwen ale pi lwen, kite m fè yon pale sou de (2) tèm n ap rankontre anpil nan liv Jean-Baptiste la. Se mo konpoze «leve-jwenn» ak «leve-tande». Men ki jan Jean-Baptiste esplike de mo konpoze sa yo:

M sèvi ak konsèp leve-jwenn lan pou m pale de tout bagay nèt nou jwenn ki egziste nan sosyete kote n ap grandi a, depi nou gen konesans: tankou lang (jan moun ki nan lanviwonnay nou pale l: nan sans sa a, m konsidere konsèp leve-tande a tou), prensip, abitid, koutim…Leve-jwenn on gwoup moun, se pa on bagay ki rete kache nan on bwat: y ap benyen ladan l: li la nan lavi yo, yo sèvi ak li, kidonk li chanje, li adapte, li devlope menm jan avèk yo. Konsa chak timoun ki fèt nan yon sosyete vin eritye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlopman leve-jwenn lan.

Gen moun ki fè m remake, sa m rele leve-jwenn lan, se sa yo menm, yo rele kilti a. Pou ki rezon m pa sèvi kareman ak mo kilti a olye m kreye pwòp afè pa m? Travay mwen, refleksyon m nan domèn leksikoloji fè m veyatif, lè m ap sèvi ak mo. Nan bouch anpil moun, pou m pa di pifò moun, mo kilti a mache ak lide «aktivite lespri, bagay wololoy, bagay ki pa pou nenpòt moun.» Nan sans sa a, yo konn ap pale de «moun ki pa gen kilti …» (Jean-Baptiste 2020 : 15).

Doktè Jean-Baptiste gen gwo pwoblèm non sèlman avèk mo «lodyans» la ki, dapre li, pa egziste nan leksik lang kreyòl la (men se pa sa ke rechèch mwen ban mwen piske m fèk montre ke mo a ateste nan Valdman (2007 : 514)), men sitou, Jean-Baptiste panse ke «se pa odyans li [Sixto] ap bay lè l ap rakonte, men li [Sixto]sèvi ak teknik odyansè, ransè, frazè, wa betizè !» Dapre  Jean-Baptiste, nou dwe depase premye aspè emosyon, blag, eklari ki nan lodyans Sixto ap vide sou nou yo epi «antre anndan anvlòp la pou n poze sonn sou sibstans sa l ap di a, ki gendwa nan nenpòt domèn: sosyoloji, sikoloji, lengwistik, syans politik, agrikilti, relijyon, istwa, filozofi…»

Preparasyon Sixto kòm «rakontè»

Jean-Baptiste kritike itilizasyon mo «lodyansè» Georges Anglade anplwaye  pou li dekri Maurice Sixto. Jean-Baptiste prefere itilize mo «rakontè». Men sa li di: «Sixto se on rakontè. Li rakonte istwa lavi nou, kòm Ayisyen» (p.57). Dapre Jean-Baptiste, Sixto te pran enpe nan fòmasyon li te resevwa kòm «rakontè» nan epòk li t ap travay kòm «gid pou touris» nan Pòtoprens. Se nan pwofesyon sa a li aprann kreye istwa pou moun ki ap tande li, li vin konn vil kote l ap travay la, li vin devlope kapasite pou l obsève sa k ap pase. Dapre Jean-Baptiste, se «leve-jwenn Sixto, plis esperyans travay li, [ki] te prepare l pou l vin on rakontè.» (p.63). Se kon sa li vin poze kesyon ki dirije tèz prensipal liv li an: «Ki objektif Sixto te genyen lè l t ap rakonte istwa yo? Ki pwojè li te gen nan tèt li?» (p.63).

Ki sa pwojè etnografi Maurice Sixto a ye?

Dapre Jean-Baptiste, se yon pwojè etnografik ke Sixto te genyen lè li rakonte tout lodyans li rakonte yo: «Fason byen presi Sixto pral rakonte sa l wè, sa l tande, se pwojè etnografik li a.» (p.69). Ki sa espesyalis syans sosyal yo rele «etnografi»? Travay etnografik se premye travay koleksyon done ki fèt lè yon antwopològ ap kondui rechèch. Dapre liv «Le Dictionnaire des sciences humaines» (Dortier 2008 : 766), «au cours de sa carrière, un ethno-anthropologue commence par être ethnographe sur le terrain, ethnologue lorsqu’il rédige, puis, si ses goûts et ses ambitions l’y portent, anthropologue lorsqu’il compare ses matériaux à ceux des autres, critique sa méthode ou généralise ses idées.» (pandan karyè li, yon etno-antwopològ kòmanse fè etnografi nan travay l ap fè lè li sou teren an, li tounen etnològ lè l ap redije nòt li pran yo, epi si anbisyon li ak sa li renmen vrèman pouse l fè sa, li va tounen antwopològ lè l ap konpare pwòp materyo li yo avèk materyo lòt kolèg li yo, kritike metòd li a oswa jeneralize lide li yo.) [tradiksyon pa mwen]. Etnografi modèn gen tandans vin pi sofistike nan deskripsyon chèchè yo ap remèt.

Youn nan fondasyon travay etnografik yon chèchè se sa yo rele «obsèvasyon patisipan» (participant observation ann angle/observation participante an franse). Se yon metodoloji kote chèchè a ranmase done yo nan viv ansanm ak gwoup moun l ap etidye a. Chèchè a dwe pase yon bon tan ap viv pami moun yo; pa kèk mwa, men plizyè lane. Dapre H. Russell Bernard (1988 : 150-152), genyen omwen 5 rezon ki fè «obsèvasyon patisipan» se yon teknik ki endispansab lè yon antwopològ ap kondui rechèch syantifik sou yon gwoup kiltirèl: 1) obsèvasyon patisipan se yon estrateji ki fasilite ranmase done sou teren an; 2) obsèvasyon patisipan redui pwoblèm «reyaktivite». Sa vle di moun gen tandans chanje konpòtman yo lè yo konnen gen lòt moun k ap obsève yo; 3) obsèvasyon patisipan ede chèchè a fòmile bon jan kesyon ki fè sans nan lang matènèl gwoup moun chèchè a ap obsève; 4) obsèvasyon patisipan pèmèt chèchè a konprann tousuit sa k ap pase vrèman nan kilti gwoup moun chèchè a ap obsève, epi pèmèt chèchè a esplike klèman siyifikasyon done ke li ranmase yo; 5) Se sèlman obsèvasyon patisipan ki ka pèmèt yon chèchè byen konprann fonksyonnman yon kote osnon yon gwoup kiltirèl nou pa konnen byen.

Doktè Jean-Baptiste konnen sa etnografi ye. Li byen konprann ki travay yon chèchè k ap pratike metòd  obsèvasyon patisipan fè, epi li pale sou sa (gade nan paj 71). Dapre li, pwojè etnografik Maurice Sixto a se «on pwojè foure dwèt li nan zandò sosyete a, nan maleng sosyete a, nan java sosyete a.» (p.70). Men, si se yon pwojè vrèman ke Sixto te genyen, pou ki sa nanpwen okenn dokiman ekri ki ranseye nou sou sa. Dapre Jean-Baptiste, «Sixto pa kite pyès dokiman ekri. Menm istwa li rakonte yo, dapre Péan [Péan se non yon bon zanmi Sixto], yo pa t janm ekri. Nan entèvyou a, li [Péan] di: Maurice pa t janm ekri okenn tèks, li jis jwe pèsonaj yo.» (p.70). Donk, nan kondisyon sa a, èske nou kapab pale de yon «pwojè» lè pa gen okenn dokiman ekri sou sa? Reponn kesyon sa a kapab pèmèt nou detèmine nan ki kategori nou va klase rechèch Jean-Baptiste la. Eske se yon travay syans sosyal (antwopoloji, sosyoloji…) osnon èske se yon travay literè? Tit liv Jean-Baptiste la ta ka fè nou panche pou premye sipozisyon an, men manke kritè objektif ki pou jistifye yon tèl rezonnman. Dezyèm sipozisyon an ta plis sanble ak sa liv la ye vrèman. Nan lide pa m, liv «Maurice Sixto: on pwojè etnografik sou bit odyansay» se pa yon rechèch syans sosyal  li ye. An reyalite, liv la se yon entèpretasyon doktè Jean-Baptiste fè sou entansyon Maurice Sixto, sou sa ki kache vrèman dèyè lodyans l ap rakonte yo. Dapre mwen, Jean-Baptiste bay entèpretasyon pa li sou yon gwoup tèks oral ki gen pwòp mesaj pa yo. Trè souvan, entèpretasyon Jean-Baptiste fè a tonbe daplon paske li revele vrèman ki jan sosyete ayisyen an fonksyone. Pou anpil moun ki ap tande lodyans yo, se aspè komik istwa a ki frape yo alòske Sixto li menm te gen yon lòt lide dèyè tèt li. Sa pa vle di ditou ke mwen pa dakò ak entèpretasyon Jean-Baptiste bay sou tèks oral Sixto yo. Okontrè. Mwen dakò nètalkole ak pawòl sa yo ke Jean-Baptiste ekri nan konklizyon liv li a: «Sixto, li menm, se pa blag li t ap bay: li te gen on pwojè rakonte sosyete li, bagay li tande, moun li tande. Men fòm pwojè a, se te on fòm dirèk: pwoche vin koute, chita tande, kale je, ouvè zòrèy… Se pa t on fòm endirèk, pawòl sou papye, chache konprann si w konn li…» (p.137). Men, pou mwen menm, rechèch Jean-Baptiste la se yon travay entèpretasyon literè li ye epi lodyans Sixto yo, se pa yon pwojè etnografik yo ye. Pèsonn pa ta dwe pran mal fason ke mwen prezante liv la ak konklizyon mwen fè sou li. Men sa michan sosyològ franse Pierre Bourdieu di nan liv li ki rele «Les Règles de l’art» (1992)«L’œuvre littéraire peut parfois en dire plus, sur le monde social, que nombre d’écrits à prétentions scientifiques.» (Pafwa, yon tèks literè kapab di nou plis bagay sou sosyete a pase yon kantite tèks ki gen pretansyon syantifik) [Tradiksyon pa mwen].

Hugues Saint-Fort
New York, oktòb 2020

 

Nòt

  1. Yon leksikograf se yon save ki ekri diksyonè.
     
  2. Yon leksikològ se yon save ki analize mo ki nan vokabilè yon lang, ki esplike sans, relasyon ak chanjman mo yo konn pran nan fòm yo osnon nan sans, nan fason moun itilize yo.  

Referans:

Anglade, Georges (2006) Rire haïtien / Haitian Laughter. Florida, Educa Vision.

Bentolila, Alain (dir.) (1976) Ti Diksyonnè Kreyòl-Franse. Dictionnaire élémentaire créole haïtien-français. Port-au-Prince : Editions Caraïbes/Paris : Hatier.

Bernard, H. Russell (1988) : Research Methods in Cultural Anthropology. Sage Publications Inc.  

Berrou, Raphael et Pompilus, Pradel (1977) Histoire de la Littérature haïtienne illustrée par les textes. Tome 3. Port-au-Prince : Editions Caraïbes.

Bourdieu, Pierre (1992) Les Règles de l’art. Paris : Points Seuil Essais.

Dortier, Jean-François (dir. (2008) Le Dictionnaire des Sciences Humaines. Auxerre : Sciences Humaines Editions.

Joseph, Prophète (dir.) (2010) Diksyonè ilistre lang ayisyen. Canada : Editions Konbit.

Léger, Frenand (2018/2019) Le rôle de l’oralité kreyòl dans les deux lodyans principaux de Justin Lhérisson. Revue transatlantique d’études suisses, 8/9, 2018/2019.

Lhérisson, Justin (1905) [2012] La famille des Pitite-Caille. Zoune chez sa ninnaine. Edition établie et présentée par Léon-François Hoffmann. Publications de l’université de Saint-Etienne.

Saint-Fort, Hugues (2013) Kontrandi liv : La Famille des Pitite-Caille; Zoune chez sa ninnaine de Justin Lhérisson. Journal of Haitian Studies, vol. 19, # 1, Spring 2013, pp. 317-325.

Valdman, Albert (dir.) 1981) Haitian Creole-English-French Dictionary. Bloomington, Indiana University.

Valdman, Albert (dir.) (2007) Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Bloomington, Indiana University.

*

 Viré monté