Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Lang kreyòl: ki sa li ye? Ki kote li sòti? Ki jan li fonksyone?
Ki relasyon li genyen ak sosyete ayisyèn lan?
Ki sa li reprezante pou Ayisyen?

Hugues Saint-Fort

Kesyon mwen poze lan tit ekspoze sa a ban nou yon ide de ki sa mwen pral pale. Ekspoze sa a se yon panorama jeneral sou kreyòl ayisyen li ye. Mwen ekri li pou m bay yon ti limyè sou lang tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti pale.  Malerezman,  li poko resevwa plas li merite lan sosyete ayisyèn nan. Esplikasyon mwen pral bay yo marye ak syans lengwistik. Lengwistik se yon disiplin inivèsitè ki etidye langaj ak lang. M ap fè yon rale sou ki sa kreyòl ayisyen ye, ki kote li sòti, ki moun ki pale li, ki jan yo te rive rele li konsa, ki jan lang sa a fonksyone, ki wòl li jwe lan sosyete ayisyèn nan, epi ki sa li reprezante pou Ayisyen.

Ki sa yon lang ye?

Lan tout peyi sou latè, kretyen vivan (si yo pa gen yon pwoblèm grav ki anpeche yo fè sa) aprann pale  yon lang osnon plis pase youn, vè laj 3 zan osnon katran. Lè nou konnen difikilte sa bay pou granmoun aprann pale yon lang ki pa lang manman yo, nou dwe mande tèt nou ki jan timoun katran rive akonpli yon gwo zak konsa? Eske yo fèt avèk yon kapasite espesyal ki pèmèt yo aprann yon lang? Ki sa ki rive kapasite sa a lè timoun yo vin granmoun kote yo pral gen pwoblèm pou yo aprann lòt lang?

Genyen anpil rechèch gwo savan ki espesyalize lan lengwistik, sikolengwistik, sosyolengwistik, fè sou kesyon sa yo. Savan sa yo panse ke aprann yon lang se yon pwosesis konplèks ki depann de rapò etwa ki makònen ant biyoloji ak fason moun viv lan yon sosyete.

Dapre lengwis yo, genyen ant 6.000 ak 7.000 lang sou latè. Li enpòtan pou nou fè yon gwo distenksyon ant «langaj» (ann anglè: language; an franse: langage)ak «lang» (ann anglè: language; an franse: langue). Nou va tounen sou sa pi lwen. Genyen anpil aspè lan yon lang. Genyen yon aspè mantal. Sa vle di lang egziste lan sèvo moun ki pale li. Nou konnen li egziste paske nou rive aprann li epi nou sèvi ak li pou nou kominike ak lòt moun.

Genyen yon aspè sosyal tou lan yon lang. Sa vle di li pa egziste sèlman lan sèvo yon kretyen vivan men li se pwopriyete tout yon kominote. Yon lang se yon «kontra sosyal». Lè yon sosyete pale tèl lang, sa vle di tout moun lan sosyete sa a, dakò pou yo antann yo sou sans (osnon diferan sans) yon mo, sou diferan konstriksyon gramatikal kote li kapab antre, osnon sou yon fason nou dwe ekri li (si lang sa a genyen yon òtograf ki estandadize). Ferdinand de Saussure (1972) [1915] : 30, yon lengwis ki te viv lan peyi Suis (Suisse) ant fen 19è syèk ak kòmansman  20è syèk, te defini yon lang konsa: «C’est un trésor déposé par la pratique de la parole dans les sujets appartenant à une même communauté, un système grammatical existant virtuellement dans chaque cerveau, ou plus exactement dans les cerveaux d’un ensemble d’individus; car la langue n’est complète dans aucun, elle n’existe parfaitement que dans la masse.»

(Yon lang se yon trezò tout moun ki fè pati  menm kominote  lengwistik lan posede gras a pratik pawòl. Se yon sistèm gramatikal ki gen yon egzistans vityèl lan chak sèvo, pi egzakteman lan sèvo gwoup moun an jeneral; an reyalite, yon lang pa egziste konplètman lan okenn moun, se sèlman lan yon kominote li egziste pafètman.) [se tradiksyon pa mwen]. 

Michan lengwis ameriken Noam Chomsky (1986) fè yon distenksyon ant sa li rele «E-language» (lang ekstèn) ak «I-language» (lang entèn). Chomsky rele lang entèn konesans lengwistik yon moun genyen sou lang li konn pale a. Moun pa ale lekòl pou yo aprann lang entèn. Yo pa aprann fraz pa kè, yo pa repete mo osnon fraz paran ak pwofesè pwononse devan yo. Lang ekstèn nan depann de yon seri obligasyon sosyal, politik, istorik, jeyografik…

Pou Chomsky ansanm ak lengwis ki ap swiv teyori lengwistik li a (gramè jenerativ), timoun fèt avèk yon aparèy biyolojik ki pèmèt li konprann prensip ak òganisazyon ki dèyè tout lang moun pale sou latè. Pou teyori lengwistik sa a, tout lang genyen menm fondasyon estriktirèl fondamantal. Lengwis jenerativis yo rele teyori sa a «teyori gramè inivèsèl». Teyori sa a pa di timoun yo predispoze jenetikman pou yo aprann yon lang (angle, kreyòl, franse, panyòl…). Li di konpatiman lang ki lan sèvo timoun pwograme pou timoun yo swiv gramè espesifik lang yo tande lan milye kote y ap viv la.

Donk, timoun predispoze jenetikman pou yo akeri langaj, yo vini sou latè ak yon “ensten pou yo aprann lang” (“The language instinct”, Steven Pinker). Yo genyen yon kapasite, yon “faculté” pou yo pale yon lang, men pou kapasite sa a manifeste li, timoun nan dwe viv lan yon anviwonman lengwistik e sosyal. Kapasite pou pale yon lang se premye kapasite ki diferansye moun de tout lòt kreyati sou latè. Se sa ki fè Ayisyen se moun menm jan ak tout lòt moun yo ye. Lang Ayisyen pale, lang kreyòl, se yon lang menm jan ak tout lòt lang.

Mwen rete la pou jodi a. Semenn pwochenn mwen va trete kesyon sa a: «Ki sa lang kreyòl ayisyen ye?».

Hugues Saint-Fort, New York, 11 me 2013

Referans mwen site:

Chomsky, Noam (1986) Knowledge of Language, New York, Praeger.
Saussure, Ferdinand de (1972) [1916] Cours de linguistique générale, Paris, Payot.  

boule

 Viré monté