Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen - 2

Dezyèm pati (Sou lang kreyòl)

Hugues Saint-Fort

Mwen kòmanse jodi a yon rale sou kreyòl ayisyen kote mwen pral diskite sou fòm kesyon-repons yon seri sijè senp men ki konn bay tèt chaje nan kominote lengwistik nou an. Mwen divize sijè yo an kat pati. Nan premye pati a, m ap fè yon rale sou sa lengwistik ye. Sa va ede n konprann pi byen anpil kesyon sou lang kreyòl. Nan dezyèm ak twazyèm pati a, m ap fè yon gwo rale sou lang kreyòl yo ak kreyòl ayisyen; epi nan dènye pati a, m ap fè yon rale sou rapò ki egziste ant lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti.

Premye pati
SOU LENGWISTIK

4. Ki sa kreyòl ayisyen ye ? Yon lang, yon dyalèk, osnon yon patwa?

Anvan mwen reponn kesyon sa a, kite mwen presize ki jan syans lengwistik defini twa mo sa yo: lang,  dyalèk,  patwa.
Sa kapab parèt etranj, men nou jwenn plizyè fason syans lengwistik defini lang paske sa depann de teyori lengwistik ki gide lengwis la. Genyen lengwis ki defini lang tankou yon sistèm lengwistik ki kontwole jan yon kominote lengwistik pale. Sa nou rele «sistèm» se yon ansanm siy lengwistik ki pa mache an degrennen, men ki kenbe gwo relasyon youn ak lòt epi ki ranpli fonksyon presi. Genyen lòt lengwis ki defini lang tankou yon sistèm ki lan sèvo yon moun. Lè lengwis yo konpare sistèm kominikasyon moun itilize avèk jan lòt kalte espès yo kominike, yo jwenn gwo diferans: lang kretyen vivan itilize kapab revele enfòmasyon konplèks sou bagay ki pa nesesèman prezan devan nou, kapab sèvi pou diskite sou bagay ki pa nesesèman egziste epi nou kapab sèvi ak lang pou negosye, pou planifye, pou envante.

Nan yon lang, nou toujou jwenn yon seri «dyalèk». Nou defini «dyalèk» tankou  varyete yon lang ki diferan de lòt varyete sou plan sentaks, sou plan fonoloji, ak sou plan leksik e ke nou asosye swa avèk yon zòn jeyografik presi, swa avèk yon klas sosyal presi.

Pa egzanp, lang kreyòl ayisyen genyen omwen 3 dyalèk: yon dyalèk moun nan Nò  pale, yon dyalèk moun nan Sid pale, epi yon dyalèk moun Pòtoprens ak moun nan Sant peyi a pale. Moun ki pale dyalèk sa yo ann Ayiti pa gen pwoblèm pou youn konprann lòt. Kritè lengwis yo pran pou distenge «lang» pa rapò ak «dyalèk» se kritè «konpreyansyon». Yon lokitè Okap konprann yon lokitè Okay, donk moun sa yo pale diferan dyalèk menm lang lan ki se kreyòl ayisyen. Men, yon lokitè Jamayik pa rive konprann yon lokitè Ayiti; donk kreyòl jamayiken ak kreyòl ayisyen se 2 lang diferan.

Mo «patwa» a (patois) se yon mo franse ke yo itilize sitou nan yon kontèks sosyolengwistik franse. Lengwis franse yo itilize li kòm ekivalan  sentag nominal franse «dialecte régional».  Anpil fwa, mo « patwa » a mache ak yon konotasyon pejoratif. Li vle di lè sa a yon varyete nou kapab rekonèt akoz kèk trè fonetik osnon leksikal. Jeneralman, yo sèvi ak patwa nan zòn riral Lafrans, lan sitiyasyon tankou konvèzasyon ant fanmi osnon nan travay riral. Men, depi apre 2èm gè mondyal la sitou, lizay patwa diminye anpil lan peyi Lafrans. Lan zile Jamayik, laplipa lokitè yo rele «patwa» varyete moun pale toulejou nan sosyete jamayiken an. Men, genyen yon gwo konotasyon pejoratif lan non patwa a, lè lokitè jamayiken yo itilize li lan konparezon avèk lang angle. Men, sa Jamayiken yo rele «patwa» se yon kreyòl angle li ye. Li genyen tout karakteristik yon lang kreyòl, sou plan sentaks, sou plan leksik, elatriye.

Twa definisyon sa yo montre ke kreyòl ayisyen pa ni yon dyalèk, ni yon patwa. Kreyòl ayisyen se yon lang menm jan ak lang franse, lang angle, osnon lang alman, lang panyòl… Li se yon sistèm lengwistik ki kontwole non sèlman jan kominote lengwistik ayisyen an pale, men tou jan yon endividi ayisyen pale.

Kounyè a, men nannan kesyon an: Ki sa kreyòl ayisyen ye?

Kreyòl ayisyen se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti. Lengwis   (Singler 1996,  Lefebvre 1998…) ki fouye  lan istwa lang sa a poze kòm ipotèz (apre anpil rechèch istorik, antwopolojik, lengwistik) ke moun ki kreye kreyòl ayisyen lan koloni franse Sendomeng  ke  yo  rele Ayiti depi 1804 te sòti lan Afrik de lwès e yo te pale kòm lang natif natal yon gwoup lang ki fè pati gwoup lengwistik Niger-Congo, espesyalman lang Kwa yo ki genyen yon majorite moun ki pale lang Gbe yo. Peyi kote yo pale lang Gbe yo (Fongbe ak Ewe) se sitou Bénin ak Togo. Dapre lengwis  Singler (1996), lokitè Fongbe ak Ewe yo te kreye kreyòl ayisyen ant 1680 ak 1740. Pandan epòk sa a, ekonomi sik t ap byen boule lan Sendomeng e te gen anpil esklav ke kolon franse yo te voye chèche ann Afrik pou vin travay di lan plantasyon  sik koloni a. Kreyòl ayisyen se rezilta rankont lang esklav yo te pale: ewe ak fongbe sitou (men te genyen lòt toujou), avèk lang franse (ki te yon franse rejyonal, dyalektal) kolon franse yo te pale. Lan tèminoloji lengwis yo anplwaye, yo rele lang esklav yo “lang sibstra” (langues substrat/ substrate languages), alòske lang kolon yo se “lang sipèstra” (langues superstrat / superstrate languages). Dapre lengwis  Lefebvre (1998), pandan epòk kreyòl ayisyen t ap devlope, lokitè yo te kontinye  itilize lang afriken lan Sendomeng e sa te dire kon sa pandan anviwon san lane. Men, depi kèk tan, se avèk lang franse sèlman kreyòl ayisyen ap evolye ann Ayiti e akoz relasyon klas, relasyon pouvwa ki tabli lan sosyete ayisyen an (yon sitiyasyon Ayiti erite depi tan kolonyal), anpil moun pa bay lang kreyòl respè li merite, yo pa konsidere li, yo devalorize li.

Malgre relasyon fonoloji, sentaks, ak leksik kreyòl ayisyen genyen avèk franse, li rete yon lang otonòm ki fonksyone lan jan pa li. Pa egzanp, sentag nominal kreyòl fòme avèk yon non  ki plase devan yon detèminan defini:

Legliz la
Lafyèv la
Chen an
Zwazo yo

Alòske an franse, detèminan  defini osnon endefini toujou plase devan non an:

L’église / une église
La fièvre / une fièvre
Le chien / un chien
Les oiseaux / un oiseau

Men, detèminan endefini an kreyòl toujou plase devan non an:

Yon bèl kay
Yon avyon
Yon pwofesè

Gen gwo diferans nan jan kreyòl ayisyen òganize sistèm vèbal li, konpare ak jan franse òganize sistèm vèbal pa li. Pou nou genyen yon lide sou ki jan gramè kreyòl ayisyen òganize, mwen konseye al li 3 liv mwen te rekòmande nan premye pati atik sa a, espesyalman atik lengwis ayisyen Michel DeGraff  ki rele: Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’)”.

5. Pou ki sa yo rele lang moun pale ann Ayiti, kreyòl?

Pou m reponn kesyon sa a, m dwe fè yon ti istwa mo «kreyòl» la nan zòn Amerik lan. Anvan lane 1492, dat Christophe Colomb te debake ann Amerik, pa t genyen mo «kreyòl» la paske reyalite li pral deziyen an potko egziste. Se lè Ewopeyen yo (Franse, Angle, Panyòl, Olandè) vin kòmanse enstale yo lan teritwa yo kolonize ann Amerik, Ewopeyen yo vin santi li nesesè pou yo distenge ant reyalite sou kontinan ewopeyen an (metwopòl la) ak reyalite sou kontinan ameriken an (koloni an).  Yo te kòmanse fè yon distenksyon ant Blan ki te fèt ann Ewòp  ak Blan ki te fèt lan koloni. Yo rele Blan ki te fèt lan koloni yo, «Kreyòl». Mo «kreyòl» la sòti lan lang panyòl «criollo». Yo te rele kon sa non sèlman tout Ewopeyen ki te fèt nan koloni yo, men tou tout bèt, pye bwa, pwodui, kuizin…ki sòti lan koloni yo. Dapre lengwis fransèz Marie-Christine Hazaël-Massieux (2008, p.39): «Ce n’est que très progressivement, à partir de 1770-1780, que le terme de «créole» comme substantif pour désigner la langue semble attesté dans des publications périodiques de Saint-Domingue, parfois en alternance avec l’expression de «langue créole» ou avec le terme de «nègre». (Itilizasyon mo «kreyòl» la kòm non pou deziyen yon lang sanble vin ateste  apati lane 1770-1780 nan sèten revi yo pibliye nan Sendomeng. Pafwa, yo te konn itilize li pou ranplase ekspresyon «lang kreyòl», osnon pou ranplase mo «nèg».) [tradiksyon pa mwen].

Lè yo sèvi ak li an lengwistik, mo «kreyòl» la deziyen yon gwoup lang ki te parèt nan zile Nouvo Monn ak Oseyan Endyen, vè mitan 17èm syèk la, kòm konsekans 2 evenman istorik: esklavaj pèp afriken ke Blan ewopeyen te kidnape ann Afrik pou fè yo al travay tankou bèt ann Amerik, epi kolonizasyon menm Blan ewopeyen sa yo te mete sou pye ann Amerik.  Lè Afriken te kòmanse ap rive an mas lan koloni Sendomeng, vè ane 1775 yo, mo «kreyòl» la te sèvi pou deziyen esklav ki te fèt lan koloni a pou distenge yo de esklav ki te fèt ann Afrik. Yo te rele esklav ki te fèt ann Afrik, esklav «bosal». Selon lengwis ameriken Albert Valdman (2015), mo «bosal» la sòti lan lang panyòl bozal ki vle di «mizo» (museau, an franse). Men, Valdman di tou ke moun itilize mo «bozal» la lè y ap pale de yon seri panyòl mawon moun itilize ann Amerik di Sid ak ann Amerik Santral.

Pou moun ki enterese aprann plis sou orijin jeyografik esklav afriken ki te peple koloni Sendomeng, m ap siyale dènye liv lengwis kreyolis Enoch Oladé Aboh ki sòti lan peyi Benin. Liv li a rele: «The Emergence of Hybrid Grammars. Language Contact and Change.» Cambridge University Press, 2015, e li chaje ak michan enfòmasyon sou fòmasyon lang kreyòl ayisyen nan kontèks relasyon li avèk lang zansèt nou yo te pale ann Afrik, anvan Blan franse yo te depòte yo Sendomeng. 

Donk, mo «kreyòl» la pa t nesesèman gen yon sans pejoratif lan Sendomeng paske li te deziyen plizyè bagay diferan (Blan ki te fèt lan koloni a, esklav Nwa ki te fèt nan koloni a, pwodui lokal yo). Menm lè li vin deziyen lang  yo te pale lan koloni a, lang sa a se te lang ni Blan yo, ni esklav yo.

6. Eske se ann Ayiti sèlman moun pale kreyòl?

Non, Yo pale kreyòl franse  yo non sèlman nan yon seri zile ki nan Karayib la e menm sou kontinan ameriken an (lan Lwizyàn pa egzanp ki te yon ansyen koloni franse), men yo pale kreyòl franse yo tou nan kèk zile ki lan Oseyan Endyen, tankou Réunion, Maurice, Seychelles, Rodrigues. Lan Karayib la, yo pale kreyòl franse yo lan zile Martinique, Guadeloupe, Sainte-Lucie, Dominique, Haïti. Kwak Guyane franse pa nan Karayib la, li fè pati sa yo rele  depatman franse (DOM: Département  d’Outre-mer) e moun ki viv la pale yon kreyòl franse tou.

Men, se pa sèlman kreyòl franse ki genyen. Genyen lang kreyòl angle, lang kreyòl panyòl (kwak pa gen anpil), lang kreyòl olandè (kwak anpil ladan yo disparèt). Yo pale kreyòl angle yo nan zile tankou Jamaica (Jamayik), lan Trinidad, lan Guyana (Giyàn angle), lan zòn lès peyi Suriname kote yo rele kreyòl sa a, Ndyuka.

Papiamento se non yon kreyòl ki baze sou lang panyòl ak lang pòtigè ke yo pale nan yon gwoup zile moun rele “Zile ABC” (Aruba, Bonaire, Curaçao).

Donk, li enpòtan pou nou konprann ke se pa yon sèl lang kreyòl ki genyen.  Genyen plizyè lang kreyòl epi tout lang kreyòl yo baze sou lang ewopeyen (franse, angle, panyòl/pòtigè, olandè). Se sa ki fè lokitè lang sa yo kapab pa rive youn konprann lòt. Pafwa, menm lè gen 2 lang kreyòl ki baze sou menm lang ewopeyen an, konpreyansyon an pa rive tabli ant 2 lokitè ki pale 2 varyete sa yo. Sa ka rive ant yon lokitè ayisyen e yon lokitè ki sòti nan zile Réunion.

Si nou konsidere kreyòl yo pale nan zòn Atlantik la ak kreyòl yo pale nan zòn Oseyan Endyen, nou kapab rive konte jiska plis pase 15 milyon moun. Ayiti pou kont pa li genyen plis pase 10 milyon kretyen vivan. Donk, pami lang kreyòl yo, se kreyòl ayisyen ki gen plis moun ki pale li, se sou li ki genyen plis rechèch ki fèt, kwak gen pa mal rechèch ki fèt tou sou kreyòl jamayiken. Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl epi li se lang ofisyèl Ayiti ansanm ak lang franse. Genyen deplizanpli ekriven ayisyen ki chwazi ekri an kreyòl. Lang sa a antre tout kote, espesyalman lan lekòl. Dènye devlòpman sa a se youn nan pi gwo lespwa pou Ayiti.

 Fen dezyèm pati a

Hugues Saint-Fort
New York mars 2017

Referans site

Aboh, Enoch Oladé (2015) The Emergence of Hybrid Grammars. Language Contact and Change. Cambridge: Cambridge University Press.
 
DeGraff, Michel (2007) Kreyòl Ayisyen or Haitian Creole (‘Creole French’). In: Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars. Edited by John Holm and Peter L. Patrick. United Kingdom: Battlebridge Publications.
 
Lefebvre, Claire (1998) Creole genesis and the acquisition of grammar. The case of Haitian Creole. Cambridge: Cambridge University Press.
 
Singler, John Victor (1996) Theory of Creole genesis, sociohistorical considerations, and the evaluation of evidence: the case of Haitian Creole and the relexification hypothesis. Journal of Pidgin and Creole languages, vol.11: 2, pp.185-230, Amsterdam: John Benjamins Publishing CO.

boule

 Viré monté