Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen - 1 |
Mwen kòmanse jodi a yon rale sou kreyòl ayisyen kote mwen pral diskite sou fòm kesyon-repons yon seri sijè senp men ki konn bay tèt chaje nan kominote lengwistik nou an. Mwen divize sijè yo an kat pati. Nan premye pati a, m ap fè yon rale sou sa lengwistik ye. Sa va ede n konprann pi byen anpil kesyon sou lang kreyòl. Nan dezyèm ak twazyèm pati a, m ap fè yon gwo rale sou lang kreyòl yo ak kreyòl ayisyen; epi nan dènye pati a, m ap fè yon rale sou rapò ki egziste ant lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti.
Premye pati
SOU LENGWISTIK
1. Eske gen yon syans ki etidye lang? Ki jan syans sa a rele?
Wi, gen yon syans ki etidye langaj ak lang. Syans sa a rele lengwistik. Yo rele espesyalis lengwistik yo, «lengwis». Ant langaj ak lang, gen yon ti diferans. Langaj se yon kapasite pou pale ke se sèl moun ki posede. Lòt kalte espès yo (menm sa ki byen pre nou yo, tankou makak) pa posede kapasite sa a. Lengwis (tankou Chomsky) di ke kapasite sa a vini fètefouni lakay moun (sa vle di nou fèt avèk li: egal, li chita nan eritaj jenetik nou) e se li ki pèmèt nou aprann lang. Men, se lang ki pèmèt nou konnen ke genyen yon kapasite abstrè pou pale ki rele langaj ke sèl moun posede. Nou konnen sa paske nou konsyan egzistans diferan lang. Piske langaj se yon kapasite abstrè, nou pa konnen sa li ye egzakteman; men, nou konnen egzistans lang, lang angle, lang franse, lang kreyòl, lang panyòl…Reyalite fizik tout lang se son. Lengwis yo rele son sa yo «fonèm». Fonèm se pi piti son ki egziste nan yon lang e ki ka pèmèt nou fè diferans ant 2 pawòl ki sanble. Pa egzanp, an kreyòl, gen twa fonèm youn dèyè lòt nan mo [ɣɛl] rèl. Genyen twa lèt: r, è, l ki reprezante twa son sa yo. Si nou ranplase son [ɣ] la, avèk son [b], nou va genyen yon lòt mo ki se [bɛl] bèl. Lengwis yo sèvi ak [ ] kwochè pou yo reprezante son.
Se lang ki va pèmèt nou dekouvri sa langaj ye. Youn nan premye bagay moun fè avèk lang (men, se pa sa sèlman) se kominike ak lòt moun parèy nou. Pou sa rive fèt, nou konbine son antre yo pou yo ka tounen mo, epi nou konbine mo yo ansanm pou yo ka tounen fraz. Pa egzanp, an kreyòl, si nou konbine ansanm son [k], son [a], son [f] epi son [e], lan lòd sa a, nou jwenn mo [kafe], kafe. Men, pa gen lòt fason nou ka konbine kat son sa yo. Nou kapab tou ajoute sou mo kafe yon lòt mo a, epi apre sa, nou konbine yon mo ki genyen ladan son [b], epi son [õ]. Nou vin fòme lè sa a yon fraz: [kafeabõ] kafe a bon. Ki fè nou wè ke son yo ka konbine pou yo fòme mo. Epi tou, fraz la gen lòt kalte inite ladan tou wi, inite ki vin chita ant nivo mo yo epi nivo fraz la: yon gwoup nominal ki se sijè fraz la [kafe a] epi yon adjektif ki sèvi kòm predika [bon].
Donk, se kalte règ sa yo ki fè lang fonksyone. Yon lang se pa yon lis mo yo mete ansanm. Se kon sa nou vin wè mo tounen gwoup nominal ki sijè, adjektif ki sèvi kòm predika, elatriye. Se ansanm règ sa yo ki fè nou mete son ansanm ki kapab chanje sans yon mo. Lengwis yo rele sa «Fonoloji». Nou mete mo ansanm pou fòme divès kalte gwoup sentaksik epi gwoup sentaksik sa yo vin fòme fraz dapre yon seri règ ke nou pa kapab chanje. Lengwis yo rele kalte règ sa yo «Sentaks». Se tout bagay sa yo ki fè tout lang gen gramè. Donk, gramé se ansanm règ ki fè yon lang fonksyone.
Yon lang fonksyone nan yon estrikti sosyal ki egziste nan yon komite. Pa egzanp, kreyòl ayisyen se yon eleman nan estrikti sosyal kominote lengwistik ayisyen an. Li reflete pwoblèm, difikilte, konesans…ki genyen nan sosyete ayisyen an; men, an menm tan, lang kreyòl ayisyen se yon estrikti mantal ke tout Ayisyen natif natal posede nan sèvo yo, e ki pèmèt yo kreye osnon konprann nouvo fraz nenpòt ki moman. Lengwis yo rele sa «konpetans lengwistik».
2. Eske syans lengwistik etidye lang kreyòl tou?
Wi, syans lengwistik antre fon nan etidye lang kreyòl. Menm genyen yon non pou disiplin sa a. Li rele «kreyolistik». Jan nou wè li, se yon konbinezon ant «lengwistik» ak «kreyòl». Majorite depatman lengwistik nan inivèsite yo omwen bay kèk kou sou kreyolistik. Piske lengwistik se yon syans li ye, epi kreyòl ayisyen se yon lang tankou tou lang, li klè nou dwe sèvi ak lengwistik si nou vle fè analiz serye sou lang kreyòl. Youn nan premye lengwis ki te kòmanse etidye lang kreyòl yo se te yon lengwis alman ki rele Hugo Schuchardt nan yon atik li te pibliye an 1882. Men, se yon lengwis ayisyen ki rele Suzanne Sylvain ki te ekri premye travay inivèsitè sou kreyòl ayisyen nan inivèsite Sorbonne, nan vil Paris, an France. Travay li a rele « Le créole haïtien: morphologie et syntaxe ». Sa te fèt an 1936 e jiskaprezan majorite rechèch ki ap fèt sou kreyòl ayisyen oblije pale sou li. Se premye deskripsyon lengwistik lang kreyòl ayisyen. Suzanne Sylvain te chache defann nan rechèch li a tèz sa a sou kreyòl ayisyen: «Nous sommes en présence d’un français coulé dans le moule de la syntaxe africaine, ou, comme on classe généralement les langues d’après leur parenté syntaxique, d’une langue éwé à vocabulaire français.» (Nou devan yon franse ki pase nan moul yon sentaks afriken, osnon, etan done yo jeneralman klase lang dapre fanmi sentaks yo, nou devan yon lang ewe ki genyen yon vokabilè franse.) [tradiksyon pa mwen]. Men, nan liv la menm, Sylvain gen yon pakèt done ak obsèvasyon ki montre jan kreyòl la pran lontan plis nan franse pase vokabilè sèlman. Se kòm si li pa te vreman rive defann tèz li a paske tout kalte done li yo nan nannan liv la pa koresponn ak konklizyon ke li te vin mete nan fen liv la.
Nan epòk n ap viv kounyè a, gen anpil michan deskripsyon lengwistik sou kreyòl ayisyen. Anpil ladan yo ekri ann angle. Mwen ta renmen ensiste sou 4 nan deskripsyon sa yo: youn ki an franse, ak 3 ki ann angle. Sa ki an franse a rele: «Contribution à l’étude de la genèse d’un créole: l’Atlas linguistique d’Haïti, cartes et commentaires» 6 vol. , Atelier National de Reproduction des Thèses, 1998. Lengwis ki ekri rechèch sa a se yon lengwis fransèz ki rele Dominique Fattier. Lòt 3 deskripsyon lengwistik ann angle yo se: Yon michan deskripsyon sentaksik ki rele «Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’)». Moun ki ekri li se yon michan lengwis ayisyen ki rele Michel DeGraff. Rechèch sa a parèt premye fwa nan yon liv ki rele «Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars.» Se lengwis John Holm ak Peter L. Patrick ki edite liv sa a ki parèt an 2007 nan Battlebridge Publications, United Kingdom. Gen yon twazyèm liv sou kreyòl ayisyen ki rele: “The Haitian Creole Language. History, Structure, Use, and Education.” Se yon lengwis amerikèn ki rele Arthur Spears ak yon lengwis ayisyen ki rele Carole M. Berotte Joseph ki edite liv sa a e ki pibliye li an 2010 nan Lexington Books. Katriyèm liv sou kreyòl ayisyen mwen rekòmande se: «Haitian Creole. Structure, Variation, Status, Origin.». Otè liv sa a se lengwis ameriken Albert Valdman. Li pibliye li an 2015 nan Equinox Publishing Ltd.
Mwen dwe siyale tou yon gramè an kreyòl ke yon lengwis ayisyen ki rele Jockey Berde Fedexy ekri an 2015 epi pibliye nan JEBCA Éditions. Li rele: «Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an».
3. Ki sa syans lengwistik aprann nou sou kreyòl?
Nou pa kapab mennen analiz syantifik sou lang an jeneral e sou lang kreyòl espesyalman si nou pa sèvi ak syans lengwistik. Syans lengwistik aprann nou pou nou pa konfonn lang avèk òtograf. Nan majorite lang ke lengwis yo etidye, genyen gwo diferans non sèlman ant son oral yo ak senbòl ekri yo, men tou, ant sentaks oswa vokabilè lang ekri ak sentaks oswa vokabilè lang pale.
Youn nan bagay syans lengwistik aprann nou sou lang ak sou kreyòl se egzistans yon seri karakteristik ki egziste nan tout lang. Sa se karakteristik ke lengwis yo rele «inivèso lengwistik» (universaux linguistiques/language universals). Sa se yon seri pwopriyete mou nap jwenn nan tout lang sou latè. Pa egzanp, nan tout lang, n ap jwenn eleman fonetik ke lengwis ka klasifye kòm vwayèl.
Syans lengwistik aprann nou ki jan pou nou kondui analiz sou lang an jeneral ak sou kreyòl an patikilye. Piske premye reyalite yon lang se «son» (oswa «siy» nan ka moun ki bèbè yo), nou dwe konsidere estrikti sa yo kote son yo (oswa siy yo) kapab antre (pa egzanp, silab yo…), diferans ki egziste ant son yo epi ki jan sa kapab sans mo yo; syans lengwistik aprann nou tou ki jan mo yo kapab òganize an fraz epi ki jan nou dwe entèprete yo. Pa egzanp, nan fraz sa a:
Timoun yo ap jwe nan lakou a.
Nou jwenn yon gwoup ki chita sou yon non, se sa lengwis rele «sentag nominal»: Timoun yo
Gwoup nominal sa a fòme ak yon non Timoun ki genyen yon detèminan defini (yo) dèyè li;
Yon sentag vèbal: ap jwe nan lakou a
Ki li menm fòme ak yon vèb (jwe) epi ak yon gwoup prepozisyonèl (nan lakou a) dèyè li, epi gen yon makè devan vèb la (ap) ki sèvi pou n entèprete aksyon an pandan l ap dewoule (se sa yo rele yon mak pou «aspè» vèb la.
Gwoup prepozisyonèl la li menm fòme ak yon prepozisyon: nan ki devan yon sentag nominal: lakou a.
Sentag nominal la fòme ak yon non (lakou) ki genyen yon detèminan defini (a) dèyè li.
An nou rete la pou jodi a.
Fen premye pati a
Hugues Saint-Fort
New York, mars 2017