Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Dima Lafontan
2007
Entwodiksyon
Oun rezime istwa alavitvit montre Grèk yo, ki pat reyisi fè inyon sou tè yo tap viv, bay mond lan oun kilti pèp; tandiske Afriken yo, ki te reyisi fè inyon, bay mond lan oun kilti nanchon” (Alexis, 1956). Dapre nou, se reyèl, sosyal nanchon an nou dwe pratike kèlkilanswa nan pwodiksyon, lwa, medsin, elatriye. Poutètsa nou redije refleksyon tou kout sou konjonkti ann Ayiti pou nou ankouraje deba pami rezo Kreyolis sou net la, epi blayi lespwa Aysyen anndan e dewò ap reyisi bay karakteristik mond lan Lespri 1803 pote kò jiridik.
Avan nou kòmanse pèmèt nou oun tidetou pou nou di: diran Konferans Karayb an Jen 2007 nan Washington, DC nou te sezi moman gade Rene G. Preval, Prezidan, Repiblik Ayiti, nan je e nou wè fon kè li. Preval se oun nonm senp ki ta renmen pou jistis e entegrite blayi ann Ayiti, e “Rejyon bò Gòlf Meksik e Lanmè Karayib, oun vrè “Nouvo Mediterane”(Alexis, 1956).
Desalin e Preval
San dout Preval se prezidan majorite mas Ayisyen pi pa konprann. Pa egzanp, popilasyon an kwipe “Gadem nan je map gadew nan je.” Sepandan, pwen Preval fè ki pase pi inapèsi san sipò majorite mas Ayisyen se deklarasyon “Tit pwoprietè ap pèmèt devlopman piske mèt tè ap kapab prete lajan.” Pwopozisyon la se oun premye etap ann akò ak fòmil “Libète Ekonomik” Anperè Jak 1e te atikile: “Kouman fè depi nou fini chase kolonis milat yo reklame tè a nan non papa yo? Kididonk, zòt papa yo ki Afrik pap genyen tè. Pinga! Mwen konte separe tè a ak entegrite.” Anplis se faktè ‘tit tè” ekonomis Hernandez de Soto ap pwone. Nou pa konnen pou lòt peyi, men kanta pou Ayiti mòso Fewodal la retade devlopman Ayiti.
Nap souliyen prensip jistis e entegrite Preval ap pwone se baz pou tabli ekilib pami Ayisyen; ki vle di, nesesite libète e endepandans mele ak Konstitisyon. Dayè, adopte nouvo lwa konsistan ak vize Karikòm pou oun Mache Komen e Ekonomik nan lane 2008. Mach asyiv la anpeche gouvènman fè otreman. Pawòl lagè Monseyè Poulard pa dwe souke gouvènman an ki pataje pouvwa souveren ak Palman an. Dayè, wòl mondyalizasyon bay Legliz se sèlman bay pòv lacharite. Kanta pou mision “sove lavi” nou kwè Legliz pifò nan sipòte vyolans sou pitit Bondye pa filyè rezonman “lagè jis.”
Pouki tout tole la?
Tandiske gran tole leve kont konklizyon Preval tire apre oun gwoup ekspè (Claude Moise alatèt) te evalye rezilta 20 an Konstitisyon 1987; ki se, “Konstitisyon se sous enstabilite.” Libète twò sakre pou nou vle mete baboukèt nan bouch moun, sepandan nap presize se byolojis ki dwe prese prese estatitye sou mank ekilib ant moun nan kominote-sosyete Ayisyen.
Toudabò ki sa oun konstitisyon ye?
Pou byen reponn kesyon la nap konpare konstitisyon a bati kay. “Tout moun dakò pou bati oun kay fòk li nivle, kare, epitou li bezwen siman pou kenbe blòk yo. Menmjan ak bati kay, konstitisyon kenbe estabilite pami gwoup moun kap viv nan oun menm areya” (Sellassie I). Odela tout emosyon konklizyon Preval tire merite analize. Kididonk, Legliz Ayiti dwe remete pòt li nan gon e “Zanmi Napoleon” dwe mete ba lèzam. San dout sektè biznis, GNB ki toujou ap foubi zam yo se sèl sektè ki konstitye oun menas pou Leta-Nasyon Ayisyen.
Fè enpòtan nou note nan remak Preval diran komemorasyon Lavi e Karaktè Anperè Jak 1e se presyon eleksyon egzije lajan, sekirite, elatriye. Preval kontinye pou li mande èske nap mande MINUSTAH asire sekirite chak fwa gen eleksyon? Kididonk, Preval ak ekspè ki pase anrevi peryòd demokratik la note eleksyon pa pote avantaj pou Ayiti.
San dout avantaj eleksyon se endepandans Ayiti; ki vle di, endepandans siprèm a kerèl elektoral, goumen pou pouvwa, elatriye. Endepandans osnon lanmò, olye “Inyon Fè Fòs” deviz Alexandre Petion te fè mete sou drapo apre asasina Anperè Jak 1e, se oun aspè kalite mond lan Lespri 1803 pote. Endepandans se karakteristik lòt pèp imite, kopye. Endepandans osnon Lanmò, olye “Inyon Fè Fòs,” se sèman ofisyèl zansèt yo te jire epi lòt pèp swiv.
Preval pat ka pi klè sou malè ki pandye sou tèt Ayisyen. Anjeneral, nou dwe dakò ak konklizyon: “Nou devye de objektif orijinal la.” Odela kou deta, rezilta Repiblik ki te vini tabli se: Ayiti fann an twa (3); Ayiti dwe Frans, Etazini; Leta fè fayit finansye; Ayiti peyi pipòv. Anfen, Ayiti vini egzanp zòt pa dwe swiv. Fòk li klè pou tout moun se pa endepandans ki mete Ayisyen anreta, mete Ayiti anranka, men se Lespri Lwa 1791 piske nou pase de peyi eklere ki trase chimen a peyi kap swiv. Kididonk, pou pati Nationalis, egzanp pi konkrè defèt Ayisyen se kerèl elektoral, goumen pou pouvwa ki akouche MINUSTAH.
Ale nan sosyete Ayisyen
Preval e ekip ekspè yo gen rezon lonje dwèt sou sous enstabilite ann Ayiti, e fòk majorite mas Ayisyen mete kè li bò rezon sèten. Nou kontan wè jefò pou aplike avantaj seleksyon ki pwouve sou chan batay. Lespri 1803 dwe pran kò jirik nan konstitisyon an pou Ayiti pigran. Zansèt yo te apreyande panse pike douvan. Jodiya, Ayisyen dwe sezi panse pike douvan kap vini objektif nou; answit kò nou ap fè kò ak objektif orijinal la; e kò nou ap vini objektif orijinal pou pi egzak reyalite.
Sepandan, leson byoloji aprann nou: “Andwa gen oun gwoup ki ale alanvè presyon seleksyon.” E pou oun tan yo gen avantaj epi pèp la swiv lanvè, depale vini vilgarize, alyenasyon layite pami mas majorite epi lanvè vini total.
Èske se pa sitiyasyon Ayisyen? Kesyon an poze.
Lesansyèl se pou majorite mas Ayisyen aji kont-ini dapre avantaj seleksyon epi wap wè Sosyete Aysisyen vini limenm. Toutjan se presyon seleksyon pou majorite mas Ayisyen pran olye presyon po lanvè. Pou pi egzak se presyon premye nanchon Afriken Pos-Kolonyal pou majorite mas Ayisyen pran olye presyon Demokrasi, Premye Repiblik Nwa, e lòt pawòl douvan dèyè ki fè Ayisyen mache tèt anba.
Pinga!
Repiblik osnon Pouvwa Nwa otoritè, ekstèminatris Francois Duvalier e Lorimer Denis tap aplike pa otantik. Depreferans se pou nou swiv fanm ak gason Vètyè jouk nou rive retabli Ayiti lib e endepandan. Kesyon ki jan nap fè viv san Ewòp initil. Gade! Diran plis pase karant lane Kiba reyisi viv san yo.
Analiz final
Koulyeya, Ayisyen andwa nan mizè men kondisyon nou pa definitif. Se pou Ayisyen apreyande “Evolisyon ki pa chanjman yo rele revolisyon” (Glissant, 1981). Kididonk, konesans pozitif mond lan mele nan aksyon pou enfliyanse e chanje kondisyon se verite pi konkrè. Pa egzanp, risk zansèt Afriken te oze pran pou yo te freye chimen deyò mond Ewopeyen te mennen yo; yo te sètoblije “Brave Lanmò” pou remete vyolans nan sèk li.
Ayisyen wè klè; pwoteksyon nou se bravou fas a danje natirèl osnon lòm, e “Pigran kapasite plastik (abilite pou chanje fenotip pou jere chanjman anviwonman) nou se tabli ekilib pami nou pou nou fè fas osnon tyeke fòs ki kapab detwi nou” (Price-Mars, 1998).
Nap di bravo san rezèv a Preval, Moise zòt ki pwente direksyon--jwèt pou majorite mas Ayisyen.
Dima Lafontan se oun manm Près Kolektif Trileng, Rezo Kiltirèl Tanbou, & Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts.