Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Istwa tan

Dima Lafontan

Octobre 2024

Cadran solaire

Cadran solaire du sactuaire de la "Madonna del Sasso". Photo Francesca Palli

Tan se tan.
Avan tan pa tan.
Apre tan pa tan.
Tan pran tan.
Pa pèdi tan.
Ansanm toutan,
Nan bon tan,
Nan move tan.
Se konsa depi tan te tan,
Tankou lontan,
Avan lontan.
Menm nan tan titan,
Ki te mwatye tan.
Jodi a, moun plen tan
Nan espastan.
Men yo prefere prentan.
Olye, lòt tan.

Doumafis, 2024

*

Viré monté