Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

On tan pou ri

Dumafis Lafontan

Relasyon dwe nouri
Pou lanmou pa mouri
Otreman, amoure ap nan kouri
Jalou ap kontan ri
Koup ki peri
Maryaj pap ateri
Menm pou lagalri
Pap gen timoun nan gadri
Fanmi ap petri
Latè pap geri
Ni fleri
Figi ap kontinye kouvri
Biznis pap louvri
Anyen pap janm dekouvri
Barik vid ap kontinye fè bri
Tanpri
Pa vann valè a vilpri
Ou pa bizwen konn ekri
Pou ou dekri
Sitiyasyon kri
Ou ap soufri
Dri, dri
Pa bliye, Clinton kraze pwodiksyon diri
Pou enperyalis te layite nan lari
An 2004, Bisantnè Ayiti bòykote a Pari
Kounye a, Ayiti ap tri, tri
Pote bòl ble kay madan Lori
On tan pou—ri
Nasyonalis, youn kont lòt, angri
Jouva, jouvyen, inegalite ap fini sanpatipri

Doumafis, Otè, Krik? Krak! itilize Mwen, premye pwonon pèsonèl, pou li rakonte istwa siksè Ayisyen.

Dwa Otè © 2020 Doumafis

boule

Viré monté