Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Dima Lafontan
2008
Tout tèt ap reflechi
Okenn moun pap dòmi
Vivan ap veye
Yo di ak tigout sèl
Zonbi reveye
Pensonn pa mare ankò
Tout mount lib
Retounen Ayiti
Tout je ap gade objektif reyel, sosyal
Kote sila a sansans
Bò la a pa koyeran
Ayiti pa nan Ayisyen
Se moun kap viv sou latè
Pa fè anyen nan chans
Sa kò w konnen
Sèlman plezi, soufrans
Lè w viv nan lespri
Panse w pike-douvan
Latè abondan
Fè li grandi
Ba li bon swen
Lè moun viv sou latè konsa
Lavi senkwonize
Travay pa ni di
Ni fatigan
Chanjman pa etranj ankò
Pafè
Byennèt moun e pwoteksyon latè mele
Se etap devlopman sila a m tale wè
M retounen rakonte
Oktob 2008