Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pwezi pati etènèl enfini

Dima Lafontan
2008

Gade limenm nan panse
Oun jan, etranj, se inyon orijinèl
Diferans pa egziste
Mwen nan limenm foun sèl

Pa panse gen tèt ansanm
Menmlè moun pa wè objektif reyalite
Sèvo kapab reflete li

Fason esplike sila a
Se enèji menmjan ak brenn
Kapasite moun pou bay esplikasyon

Li konn rive kèk fwa w pa kapab jwe
Esplikasyon ba w fòs
Tankou dyab,
Baka
W aktif
W kreye

Men kreyasyon pa inivèsèl
Valè anndan tout moun posede
Se kalite ki konte
Otantisite
Esans
Sa nou di la?
Marasa dosou dosa
Derape premye pas dlo memwa sonje
Afriken rekreye objektif orijinèl

Pa pwosesis kache panse
Oralti vini kolektif
W pa bay lwa krizokal legen
Tankou pwopriyete entelektyèl
W pa dwe aksepte kenbe sekrè
Pawòl modi kraze rak
Di sa kap fèt

Revi endijèn
Konsa tonton pale
Gouvènè lawouze
Zetwal pou womansye

Sosyete la vini limenm
Se kominikasyon ki asire sa
Menmsi nou pa pale menm lang
Anndann ap vini youn

Volonte pou aji
Pa bliye ekilibre tè la
Panse sila a kontinye atizay
Idantite,
Reyalite,
Pwodiksyon atistik asire relasyon

Gade!
Mèveye nan Literati vle di mitoloji Afriken
Valè ki nan Lekòl Ayisyen ale fon
Lòt bò la Republique d’Haiti
Panse otonòm nan kont moun Nwa
Pou pi egzak Afriken
Jodiya Ginen

Nan Ginen
Mistè reparèt
Lafanmi dechire rekoud
Linivè dekouvri
Chak kichòy nan lòd e
Siyifikasyon li

W dwe ale nan Karayib la
Pou w wè reyalis mèveye sila a
Nan klète lalin yo rasanble
Syèl yo sanble
Younn ap pale
Zòt ap koute ak atansyon

Kisa w prefere?
Lannwit pou repoze
Osnon
Lajounen travay di
Pote kwa lou E
Sanfen

Anba je vijilan Oriyon
Reyèl la ajite
Sosyal la jestikile
Moun pi prefere lannwit
Swa e
Dous

Oun bò yo anran fas a fas
Oun lòt bò yo foun sèk
Pi lwen yo chita tande
Zòt ap kouri la-go delivrans

Anfen, yap sote kondisyon limanite
Lavi yo rele egzistans
Listwa blanchi
Vini pi pal pase nèj ki tonbe
Egzistansyalis
Kòd rèd Ewopeyen esplike tout bagay
Malè a blan an ki tonbe
Enperyalis
Nan moman malè sila a
Ginen monte Imamou
Plonje nan dlo ble tèt wo

San manman!
San papa!
Yo pran chante

Aya Sanba!
En! En!
Byenere! Moun lanati mete viv sou tè abondan
San travay di, e
Fatigan
Byenere! Moun kap montre peyi mèveye
Atizay reyèl e
Sosyal
Byenere! Moun ki kite yo ale anba dlo
Ki pa konnen ni byen,
Ni mal
Byenere! Moun panse ale douvan
Lòt bò kòmansman e
Lafen
Byenere! Moun ki wè e
Ki vini fran Ginen e
Kanzo

Aya Sanba!
En! En!
Byenere! Zansèt Afriken
Brav-lanmò
Yo pran lavi sou chan batay
Lè yo resi rive fè youn tonbe
Oun pakèt brav ranpli ran yo
Dèmilye defile tòch nan men
Flanbo pou freye chimen nan mond
Yo pat kreye
Pensonn pa kapab detwi sa ki nouvo yo fè

Aya Sanba!
En! En!
Byenere! Zansèt Afriken
San fot
San repwòch
Yale an kdans
Ayiti cheri
Peyi pi abondan pase w
Pa genyen
Fòk nou tale
Poun te sonje valè w
Fòk nou retounen
Poun rekreye w

Lòt bò renesans
Vètyè temwen lòt mond
Lespri parèt
Yo esplike:
Chak bagay nan tan pa yo se mantò
Karakteristik mond lan etènèl e
Figi yo nan nou enfini

Ogounati
2008

Viré monté