Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Bèl Antre
Se paske Ayisyen ap viv eta ijan e enpòtan ki fè dirijan peyi an ap jere kriz de jou-an-jou1. Nan on lòt mo, dirijan yo tankou ponpye k ap kouri etenn dife pa si, pa la; bò isit, bò lòt bò.
Anpil politisyen gen tandans di se Michel J. Martelly, Prezidan, Ayiti, ki koze pakèt kriz peyi an ap fè fas. Sepandan, obsèvasyon sila a pa pran ankont lòt kriz avan tankou grangou kloròks pandan administrasyon Rene G. Preval, ansyen prezidan Ayiti, ki lakoz Palman an te bay ansyen Premye Minis Jacques Edouard Alexis on vot non-konfyans. Kididonk, refleksyon sou sa k ap fèt ann Ayiti mande on apwòch pi syantifik pou pèse mistè ki antoure difikilte Ayiti ap fè fas.
Repiblik Ekstèminatris & Otoritè
Nou pa kwè nou antò pwente Ayisyen p ap mache ak tan Ayiti piske li pa sanble dirijan yo respekte prensip ewo Lagè Endepandans etabli. Tandiske li klè nan nivo nasyonal lan pa gen okenn aktivite pwograme ki fèt nan lè yo prevwa. E konsekans reta pa nonpli sanble konsène pensonn memlè gen kèk pèsonalite ki denonse non-respè pou lòd etabli. Egzanp pi konkrè, venn senk an apre majorite Ayisyen vote Konstitisyon an, peyi a toujou ap fè fas a lwa tranzisyon. Sepandan, on analiz pi pwofon prouve gen sikonstans Ayisyen sètoblije respekte e suiv kalandriye alalèt. Pou plis prezisyon n ap di, ankèt sou Animis Afriken (nan pale popilè yo rele Vodou) revele lè Ayisyen gen pou l al bay lwa manje l ap kite menm travay nan Boston pou li rantre ann Ayiti nan dat seremoni lwa a dwe fèt. Evidaman, nou devan on fenomèm kiltirèl ak tout may li ki fè nou mache sere, nou vle di depreferans serye. Dapre Èzili Dantò, Vodou pa on relijyon se pito fason osnon mòd vi Ayisyen. E pou Kretyen n ap raple Laennec Hurbon di: “Menmsi ou pa pratike Vodou ou se Vodouyizan,” epitou Felix Morriseau Leroi lonje dwèt jouda sou kèk Ayisyen k ap pale Vodou mal epi fon anndan lakay yo gen gwo ogatwa2.
Nou pa gen dout, nan Kad Politik, Ayisyen pa mèt tèt li. Rezon an senp, n al nan baz Politik e la nou wè se Grèk yo ki vini ak pratik Politik. Ò pakou Grès ak Ayiti sanble, men yo pa menm. Se vre esklavaj te egziste sou teritwa Grès e Ayiti, sepandan evolisyon diferan group sosyal sou de teritwa yo pa menm. Jacques S. Alexis demontre: “Grès gen on kilti endividyèl, pèp Grèk lan p at rive ini sou teritwa yo t ap viv lan. Tandiske Ayiti gen on kilti nasyonal, e zansèt yo te fè inyon.” Kididonk, aplikasyon Politik bay on estil lidèchip endividyèl ki pa apropriye ditou ak tan-espas n ap viv lan. Dayè, estil lidèchip sila a, ki makònen ak on chèf leta ki konnen tousa l ap fè, gen solisyon pou tout pwoblèm, tout peyi a depann de li pa janm vrèman pote bon rezilta. Anfèt, venn senk dènye ane yo make ak entèvanson dirèk diplomat, militè e sekirite-paramilitè Etazini nan egzil ansyen prezidan Jean-Claude Duvalier e Jean-Bertrand Aristide. Sa ki pi rèd, dènye kou deta a kondui a on Misyon Nasyonzini ann Ayiti (MINUSTAH), finalman tout peyi ap mande MINUSTAH rache manyòk li.
Menmsi Alexis rekonèt gran tèm Grèk yo pote nan monn lan, li ankouraje nou dekouvri nouvo tèm osnon pwòp esplikasyon nou. Pa egzanp, apre Jean-Jacques Dessalines deklare Ayiti endepandan 1 Janvye 1804, li di “Pèp lan pa dwe depann de on lidè piske lè m te rantre nan goumen se sou pèp lan m te depann.” Dapre nou nonsèlman pinga Dessalines bay lan apropriye, li montre on lòt dimansyon lavi pou Ayisyen kontinye fè chimen yo nan monn lan. Ò Jodi a pa gen dout libète etranje ap pwone pou l fè sa li vle nan monn lan mete kontinyite an danje e lavi an peril.
“Aya Mbumba! Malè ap rive moun nan moman danje ki pa leve kanpe.” Se nan fason sila a Tayino yo te sonnen lanbi pou anonse lavi menase pa etranje ki te anvayi e okipe Ayiti. N ap mande, jodi a èske Ayisyen p ap fè fas a Envazyon (Òganizasyon Non-Gouvènmantal, Misyonè, Diplomat, elatriye) e Okipasyon (MINUSTAH)? Malerezman, Ayisyen kole nan chema klasik (Grès, Wòm, Ewopeyen, Etazini) ki pa gen anyen pou wè e ki pa gen okenn rapò ak mòd lavi nou. Kididonk, nou pa etone wè apa Dessalines okenn chèf leta Aysisyen pa mèt tèt yo piske chak endividi sila yo anba dikta Okipan. Fè etonan, Okipan tèlman odasye pa mwayen laprès etranje yo pran abitid rele chèf leta Ayisyen diktatè. Nou konprann jwèt lan, si Okipan rive deflete vrè wòl yo osnon twonpe rega Ayisyen pou nou pa gade sa y ap fè, n ap kenbe abitid blame youn, lòt san nou pa janm “monte tèt dlo” pou sispann desann tèt nou, kilti nou, peyi nou, elatriye3.
Pèmèt nou site on lòt ka kote Okipan an ap twonpe vijilans Ayisyen. Dènyeman, Washington pibliye on rapò akablan sou fonksyonman Police Nationale Haiti (PNH)4-5. Dapre rapò sila a, ajan PNH koze on pakèt ka vyolasyon e abi dwa moun tankou ekzekisyon somè osnon ekstrajidisyè, tòti, bastonad, arestasyon abitrè, detansyon ilegal, elatriye. Dapre nou, rapò sila a enkonplè piske rapòtè etranje yo sèlman lonje dwèt sou konpòtman abitrè ajan PNH, san yo pa analize sistèm lan. Pou listwa, n ap raple se menm Washington k ap mennen ankèt sou PNH, an 1995 ki mete anplas tip Polis Konstabilè y ap blame pou vyolasyon dwa moun jodi a. N ap mande èske Washington pa responsab pou represyon ki dokimante nan rapò sila a piske Washington etabli PNH kòm on fòs represif, bra ame Leta Ayisyen? Dayè, Washington fin depafini Leta Ayisyen ak plan Newoliberal ki egzije privatizasyon antrepriz Leta, zòn franch nan Plèn Maribou, Caracol ak lòt yo poko bati, eliminasyon tariff, mache lib, elatriye.
Mèzalò se ki objektif Ayisyen? Majorite mas lan, ke ajan PNH yo fè pati, gen objectif klè: “Leta a se on Leta Kraze Zo, on Leta Piyajè li nesesè pou chanje l. E chak fwa majorite mas lan pran aksyon konkrè pou chanje Leta Piyajè, Leta Kraze Zo sila a nou jwenn Washington kanpe ankwa kont majorite mas lan. An 1915, Washinton debake militè, sòlda reprime rezistans popilè Charlemagne Peralte e Benoit Batraville t ap Mennen, militè Meriken te rive twonpe Rosalvo Bobo, lidè Kako. Okipan Meriken reprime ak kout zam fann fwa revòl Kako, Pikè, e tout mouvman chanjman anndan peyi a. Sa k pi mal, avan Washington te sètoblije retire sòlda l yo Ayiti an 1934, Washington fòme enstitisyon ki bay Forces Armées d’Haiti (FADH) e an 1991FADH komèt youn nan kou deta pi sanglan nan Istwa Ayiti, e finalman an 2004 Washington manniganse jouk li reyokipe peyi an ak MINUSTAH ki koze dèmilye vyolasyon dwa moun, ansanm ak epidemic kolera k ap ravaje moun pòv anndan peyi a.
Devan tout fè sila yo, nou pa gen lòt chwa ke tire konklizyon Washington lakoz kawo total tout obsèvatè objektif dokimante ann Ayiti depi prèske san tan. Men atansyon, selon Kwantòm Mekanik nan kawo gen on lòd6; nou vle di, Washington se lòd dezòd k ap fèt ann Ayiti. Pa egzanp, diran envestigasyon palmantè t ap mennen sou nasyonalite chèf leta, li klè pou tout moun se anbasadè Washington ki gen dènye mo. Dapre nou, ka sila a se on egzanp konkrè Washinton se lòd nan dezòd ann Ayiti. Ka a grav piske twa branch pouvwa, selon Doktrin Libète e Tewori Kontra e Ekilib, p at rive fè akò komen pou solidifye enstitisyon Leta anndan peyi a. Nan ka sila egzekitif e palman pèdi otonomi, nou pa menm bizwen pale de branch jidisyè an ki pa fonksyonèl. Dènye analiz sila a montre sistèm yo rele Enperyalis Washington an chaj koulye a se sous tout kriz ann Ayiti. Kididonk, li lè, li tan pou Ayisyen fokis sou vrè koz latroublay ann Ayiti olye yo chita ap chire pit antre yo, tandiske lenmi peyi a ap opere ouvètman san pensonn pa kontrekare Plan Lanmò Washington pou Ayiti7.
Sizoka ou pa rive sezi siyifikasyon Politik Ajisteman Striktirèl (PAS) peyizan nan Papay rele Plan Lanmò, n ap akouraje ou obsève ki kote presyon Ayisyen ap sibi sòti, pa egzanp tansyon ant fanm e gason; blan e nwa, oryantasyon seksyèl (tankou etewoseksyèl, omoseksyèl, lesbyèn, elatriye); sivilize e primitif; rich e pòv. Ò pifò Ayisyen dakò nou anfas on sistèm k ap divize pour reye, mèt e seyè. Mèzalò ou dwe al chèche sous divizyon ann Ayiti. Nou pa gen dout, se Washington k ap simayen divizyon nan peyi a e rès monn lan. Pa egzanp, apre laprès anonse Barack H. Obama, Prezidan, Etazini, sipòte maryaj ant de moun menm sèks, on group moun menm sèks pran lari pou reklame dwa pou yo marye ann Ayiti. Fason Washington fè l, peyi a ap fè fas konstaman ak on seri reklamasyon dwa endividyèl san kominote a pa janm gen tan pou l adrese deman sosyal yo ki pi fondamantal pou efektye vrè chanjman ki kapab benefisye tout kouch e enterè anndan peyi a. Jan nou te di an dirijan yo tankou ponpye k ap kouri etenn dife pa si, pa la.
“Kavman”
Poukisa tout moun sila yo ap mouri konsa? Pakèt moun ap mouri pou menm rezon Okipan an konkeri Afrik an 525 Avan Jezi Kris; komèt Jenosid kont Tayino e Arawak an 1492; etabli Komès Tri-Angilè esklav ant Ewòp, Afrik, e Amerik bò ane 1503; atake prèske tout peyi nan Amerik Sid e Karayib nan ane 1900 yo, e koulye a bati gwo anbasad ak baz militè prèske toupatou nan monn lan selon Doktrin Monroe. Ann Ayiti, Okipan an viv nan liks sèlman vis kapab peye; kididonk, tiye moun se on vis e koulye a ou dwe konprann poukisa gen tout visye entènasyonal toupatou nan peyi an. Pou ou viv san vis, vle aji pou sispann tout kriz anndan peyi an se pou ou gen kouraj rache manyòk amè Repiblik lan, on pwogram Enperyalis ki kòmanse nan kontinan an ak Revolisyon Etazini an 1776.
Okipan an, odasye li ye, trete Ayisyen lougarou, moun k ap lanse moun. Ò nou pa kapab imajine aktivite pi demonik pase vann moun jan sa te konn fèt nan Karayib lan ak Etazini. E pou plizyè obsèvatè, jounen jodi a Okipan transfòme esklavaj an men dèv bon mache pou fè izin, faktori, magazen, elatriye, fonksyone. Vrè dyab lan se Okipan an k ap panse, dirije e prezide lòd sosyal nan Repiblik lan selon levanjil politik e ekonomik ak pwomès Lespwa on vi meyè nan paradi san ou pa deranje sistèm lan. Levanjil se tibebe pou y al aprann sa, li klè apre ou mouri ou pèdi ajamè piske ou p at ap viv selon prensip Manman Lafrik; kididonk, ou p at Ginen ou p ap janm bon zanj.
Imajine ou ap viv nan on monn ki gen prèske 7 milya moun ladan li epi se Ayisyen ou ye. Fòk ou al reflechi mande tèt ou poukisa mwen fèt ann Ayiti? Men li pa sifi pou di ou se Ayisyen piske ann Ayiti gen bèt e gen moun. Se sèten nou pa bizwen raple nan Sendomeng, Kolon p at konsidere esklav yo se moun piske li te trete yo tankou bèt dèke li te reyisi retire bon zanj. Nou pral site on ka espesifik sou fenomèm fè moun tounen bèt.
On jou, nou on bann, reyini lakay on fanmi, t ap pale de Ayiti. Evantyèlman, konvèsasyon an debouche sou fenomèn mistè ann Ayiti, kòmkwa èske gen youn nan nou ki janm wè lougarou? Fè sèten Oralti Ayisyen chaje ak istwa, chante lougarou, chanpwèl, zobop, blengendeng, bizango, elatriye e san dout zèv literè pral rann istwa sila yo rigjd. Se konsa youn nan patisipan rankont lan pran lapawòl. Li rakonte kòm ofisye sanitè li te sètoblije mache lannuit. Se konsa on aswè li di yo lanse l. Epi li tande on vwa ki di bèt. Li reponn moun. Sesyon kesyon e repons sila a dire on titan. Apre li di yo demare l. Dapre, eksperyans sila a msye di li pa konnen si gen lougarou, men li kapab afime gen kichòy misterye nan peyi a.
Fè enteresan nou ankouraje ou anvizaje, sèke popilasyon an kwè genyen sosyete sekrè ann Ayiti ki kapab fè moun tounen bèt pou voye vann nan mache. Ò Ayisyen pa bizwen inisye pou pratike Vodou (Animis Afriken); kididonk, kote sosyete sekrè sila yo sòti? Nou pa konnen piske nou pa fè pati nan okenn nan yo, sepandan, nan kilti popilè Etazini nenpòt obsèvatè atantif kapab remake “Cowboys” gen abitid lanse bèf ak on kòd epi gen on latriye sosyete sekrè tankou “Tèt mò ak zo.” Dayè, anblèm pirat yo, n ap pale de “Flibustier e Boucanier” Francais an 1492 ki te vini okipe il Latòti, sitye nòdwès Ayiti, ak lòt pirat tout moun konnen tankou “Captain Morgan,” se on drapo nwa ak “Tèt mò ak zo.” Fè sila yo reprezante on pis enteresan ki mande plis rechèch pou etabli responsablite Okipan nan Krim Kont Limanite ki pa janm sispann depi Christophe Colomb te debake Ayiti an 1492.
Nou sèten, menm jan solèy klere devan nou, san viktwa zansèt yo nan Vètyè 18 Novanm 1803 Okap, Kolonis t ap fè esklavaj letènèl e kontinye priye espri sanginè, asasen, sanmannan kòm sen.
Jan ou wè lan zafè Endepandans pa on jwèt foutbòl pou on nonm ap kabre, fè fent, osnon mawonaj.
“E! E! Mbumba, bon zanj! En! En!
Ayisyen vle aji ak entèlijans
Ekstèmine okipan an
Ekstèmine chòche sila a
Ekstèmine l pou lavi retounen pami nou.”
“Koupe tèt boule kay” se modòd, pale klè, san anbigite, san konplèks Konbatan Endepandans ki fè Ayisyen moun. Zansèt yo sere on legasi istorik ki rann nou enkonfòtab nan Repiblik lan, ki make ak liks sèlman vis kapab peye. Nou pa fè pati ekip nèg ki pa pare al “kanpe nan bwa” e pa gen dout nou montre kareman, jan Dessalines di “Zafè Etranje pa zafè Ayisyen.” Anfèt, sitiyasyon kriz anpèmanans Ayisyen ap fè fas pa date jodi a. Se poutètsa nou dwe konkli, feso diferan gwoup Natif-Natal Ayiti lontan se on kout zèklè ki montre n ap viv nan gwòt kote ou sèlman apèsi pouvwa, lò, richès, elatriye8. Nou vle di, Dessalines, ki te wè koman pou li retire moun nan sistèm kolonyal esklavajis lan ki te kenbe zansèt yo nan esklizyon total, aksepte fè akò ak zòt tankou Alexandre Petion kòm Afranchi ki p at gen okenn dwa. Nou p ap janm sispan repete trajedi Ayisyen sèke Petion, nan konplo ak Christophe, Gerin elatriye, fè tiye Dessalines epi Petion reyantre Ayiti anba sistèm esklizif, Roger Gaillard rele Repiblik Ekstèminatris e Otoritè. Petion, Christophe, Gerin bay Platon rezon, si ou retire on moun anndan gwòt lan lè ou rive dewò nan limyè avèk li l ap tiye l pou l retounen viv nan fè nwa. Alegori gwòt lan t ap enkonplè si nou pa site on ka Afriken ki sanble ak Ayiti.
Tou moun konnen apre Thomas Sankara, ak asistan Blaise Compaore, fin kondui peyi a nan endepandans li chanje non pey an, li rele l Burkina Faso. On titan apre etranje pwente Burkina Faso pou antame negosyasyon ak Sankara osijè dèt Leta dwe Enstitisyon Finansye Etranje (EFE) tankou Bank Mondyal, Fon Monetè Entènasyonal, Bank Entè-Ameriken pou Devlopman, elatriye. Sankara reponn, gran ajantye entè-nasyonal yo, Burkina Faso on nouvo peyi endepandan pa dwe okenn EFE lajan. Okipan yo, devan fè akonpli sila a, te sètoblije bat zèl yo. Jeni Sankara sèke msye te wè klè; nou vle di, li te konnen ou pa dwe mete nouvo peyi nan sistèm ansyen tankou Repiblik. Sankara, briyan tankou lò, te reyisi retire Burkina Faso nan lòd mondyal kapital, konsiste ak dèt, defisi, inekite, elatriye. Malerezman, eksperyans Endepandans Burkina Faso dire on titan tou kout. Compaore fè tiye Sankara, koulye a Burkina Faso se youn nan peyi Afriken ki dwe EFE plis kòb.
Tande, n ap rakonte istwa vrè “Kavman.” Elas, jodi a koman pou ou fè rekonèt “Kavman” pami nou? San dout “Kavman” se moun k ap vin pale de valè Repibliken, Demokrasi, Privatizasyon, Kapitalizasyon depreferans Envèstisman Etranje se repons pou tout pwoblèm popilasyon ap fè fas. Sepandan, wazivte, vagabondaj, e lese grennen se karakteristik Repiblik okenn moun onèt pa kapab konteste. Èske alegori gwòt de Platon klè?
Toubiyon Ginen
Nou rive pèse prèske tout mistè eksepte onsèl, men li anndan ou. Kididonk, kle pou ou louvri mistè lavi nan men ou, jan Bookman Dutty, Ewo Lagè Endepandans Ayiti, di: “Koute kè ou ki rele ou viv lib.” Konnen ki moun ou ye!
Lè ou viv lib ou pa wè se nan men nou Ogatwa otantik, orijinèl, e esans pou lavi retounen pami moun, ye. Okenn panse pafè osnon ide fiks pa kapab pi bon pase sa bon zanj sere nan kò nou. Anfèt, se kò a ki sakre piske pa gen tèt san kò e dèke ou wè tout kò a sen, pa sèlman lespri, li vin posib pou devlope kilti nasyonal lan ki asire lavi kontinye chimen li pami nou.
Nòt
- Covey, Stephen the 7 Habits of Highly Effective People
- Felix Morriseau Leroi, Ti Sentanize
- Monte Tèt Dlo se on apwòch Santé Piblik pou adrese pwoblèm sosyal nan baz
- US State Department, Bureau of Democracy, Human Rights and Labor, Country Reports on Human Rights Practices for 2011 (http://www.state.gov/j/drl/rls/hrrpt/humanrightsreport/index.htm?dynamic_load_id=186522)
- Washington’s Hypocrisies (Ipokrizi Washington [http://www.prisonplanet.com/washington’s-hypocrisies.html])
- Leadership and the new science (Lidèchip e nouvo syans)
- Selon Mouvman Peyizan Papay politik Newoliberal se on Plan Lanmò
- Alegoris Platon nan gwòt lan (http://hellaheaven-ana.blogspot.com/2011/03/platos-allegory-of-cave.html)
Lis Liv ak Atik
Alexis. J.S., (1955). Compere General Soleil. Gallimard. Paris, France
Aristotle, (2000). Politics. Dover Publications. Mineola, New York
Césaire, A., (1981). Toussaint Louverture. Presene Africaine. Paris, France
CRESFED, (1956). Presence de Jacques Stephen Alexis. CRESFED. Port-au-Prince, Haiti
Desquiron, L., (1990). Racines du Vodou. Biblioteque National Haiti. Port-au-Prince, Haiti
Firmin, A., (2000). The Equality of the Races. Garland Publishing. New York, NY
Fouchard, J., (1988). Les Marrons de la Liberte. Henry Deschamps. Port-au-Prince, Haiti
Gaillard, R., (1987). Les Cent‑Jours de Rosalvo Bobo, 2em. ed. Le Natal. Port-au-Prince, Haiti
Hurbon, L., (1987). Dieu dans le vaudou Haitien. Editions Deschamps. Port-au-Prince, Haiti
Price-Mars, J., (1998). Ainsi Parla L'Oncle. Imprimeur 11. Port-au-Prince, Haiti
Rigaud, M., (1992). Diagrammes Rituels du Vaudou. French & European Publications. NY, NY
Wheatley, M., (1994). Leadership and the New Science. Berrett-Koehler Publishers. San Francisco, CA