Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ogounati sou Mistèlojiya

Dima Lafontan

2008

 

 

 

Toussaint Louverture - Jean-Jacques Dessalines
Alexandre Pétion - Henri Christophe.
haitiglobalvillage.com

Pères de la patrie

Li konn rive w nan pwofon somèy toutakou w tande oun ti mizik ki bèl, dous w santi w ta kite w ale. Se konsa li onz è diswa m deja nan kabann britsoukou Ayiti danse nan tèt mwen, oun dans ant sak te fèt e sak pral fèt. M sètoblije leve pran laptop e kite dènye la mennen m.

“Le monde des esprits se repartit en effet les differnts domaine de la nature il les relient entre eux en un cosmos” (Hurbon, 1987).

Sitasyon anwo la oun ti jan twouble m piske y ap pale de kosmos depi epòk Lagrès te rèn mond lan. Kididonk, m pa konnen si konsepsyon kosmos la nouvo ak Ayisyen osnon se Afriken nan memwa ki rekreye li. San dout dezyèm sipozisyon an se li ki korèk paske Afrik, dapre Jochannan, se manman sivilizasyon lwès la; ki vle di, tou sa Grèk yo konnen yo aprann de Afriken.

Men atansyon Hegel reklame filozofi pou Ewopeyen li di: “W pap jwenn filozofi pami okenn lòt moun osnon nan okenn lòt kilti.” Li enpòtan pou m note se nan Kou Istwa Filozofi li mansyone: “Nous avons vu apparaitre l’esprit il tentait a se faire connaitre…”

“Ann Ayiti yo di pale Fransè pa vle di lespri.” “Lespri oun tan reyel menm jan ak nenpòt fè nan syans natirèl e lespri sila a pote karakteristik mond lan ki pa depann de tan nan sans sila a li etènèl” (Heisenberg, 1999).

“18 Novanm 1803 si oun filozof te nan paraj Vètyè se jou sila a san nou pa deranje Hegel lena li t ap wè lespri mond lan k ap kouri ak kavalye cheval li tonbe krible ak bal san li pa rete kous viktwa li. Menmsi anyen pa sanble te chanje nan mond lan vyolans te chanje kan. Kolonis te pral peye pou krim yo te komèt” (Laroche, 1981)

Gen lontan m presanti modèl chanje plas; paradigm shift; metanoia ann Ayiti. Sepandan, pase de presantiman a sipòte ipotèz m trouve m nan oun gran eka osnon vid. Se komsi m ta di w m ap chèche oun egwi nan pil pay. Ayiti se komsi m ta di w se Sphinx li pa di w anyen. Dayè, detraktè Ayiti pa gen pwoblèm admèt se premye Repiblik Nwa epi rapidman yo pwente se peyi pi pov nan mond lan.

Peyi Endepandan.
Epi!
Anyen.
W mare!
Tank w ap demare se tank gen ne pou demare.

Yo di fwa pèmèt moun konprann mistè. Pou Teilhard de Chardin, Bohm di: “Fwa se kapasite mantal pou apreyande reyèl.” Anplis de sa oun fenomèn mistè toutan li poko esplike. Li ta sanble nan trinè (3) Vodou, ki se mò, mistè e marasa, se sèl lanmò ki te pike kiryozite chèchè Ewopeyen. Kididonk, yo te depeche Davis ann Ayiti pou kondwi rechèch sou zonbi paske “lanmò tèlman lan e medsen pa si ki lè oun moun mouri” (Davis, 1985).

Sa ki enteresan, Davis rapòte Bauvoir, Ati National, te di blan an pap janm konnen kouman pou fè zonbi. Sepandan, Patterson, Freedom in the making of western civilization, ekri: “Oun esklav se oun eskli sosyal.” Li kontinye pou li di: “Moun ki te esklav ki vini lib rete angaje nan lit manch long pou yo pa retonbe nan esklavaj.” Ki vle di, libète se konba pou lavi osnon lanmò, e mouri pou libète asire w plas nan mitan zansèt yo; otreman, w ap tankou oun jwif eran (san prejidis) depreferans zonbi.

M dakò Tonton Vodou se oun relijyon. San m pap chèche jistifye abi m konvenki zonbi ann efè se rezilta zak k ale alankont kominote Vodouyizan. San dout se poutètsa Vodouyian toujou di si oun moun pa antò li pa gen rezon pè Vodou.

Si w dakò ak esplikasyon anwo la. Answit w dwe admèt zonbi se oun eskli sosyal ki bani pou fè travay okenn moun lib pap fè mnem jan ak oun esklav. Se byen sa sitiyasyon moun yo di ki vini zonbi ann Ayiti. Dayè, li evidan moun yo di ki zonbi an se oun kretyen-vivan.

Si w pa rete la w rantre nan mistèlojiya1 Vodouyizan w jwenn fason pou w dezalyene tèt w. “Oun moun konstitye ak kò-kadav, gwo bonanj e tibonanj.’ An jeneral, moun fèt nan mond lan, e li mouri nan mond lespri. Men oun moun mouri se lè oun lespri pi fò rive pran gwo bonnanj li” (Hurbon, 1987). Se byen sikonstans Ayisyen vizavi Ewopeyen, sitou lelit la. Majorite mas la ap lite, men evantyèlman kondisyon an ap vini jeneral.

Se pat entansyon m demistifye fenomèn zonbi ann Ayiti men m te vle montre Ewopeyen konn kouman pou li fè zonbi. Petèt Ewopeyen itilize oun apwoch diferan de Ayisyen men rezilta yo pa diferan.

Paradoks pa monte, pa desann!
Ekriven nèg di: “Kreye mond nou.”
Zanmi Ewopeyen di: “Non se pou w tann listwa.
Ki istwa ankò?
Se nan lit mèt kont esklav Ayisyen fèt.
Èske zansèt yo pat konnen kouman pou genyen libète?
Enben, w dwe konnen kouman pou w kenbe endepandans.
Konfizyon!
Chwa poze pwoblèm.
Atibon Legba nan kalfou

M di w apre kriz lidèchip w dwe fè Ayiti pi gran pa direksyon. Odela womantis sou relijyon Vodou, tout moun dakò ki soti Afrik, se Pan-Afrikanis, selon Kwame Nrumah, ki pou dirije Ayiti, oun pati Dyaspora Afriken.

Menmlè w senpatize ak entelektyèl Ayisyen nan debi ane 1960 yo ki te sètoblije kite Ayiti akoz diktati fewos sou Duvalier sa pa dwe kreye konfizyon komkwa gen de (2) Dyaspora younn Ayisyen, lòt lan Afriken. Detout fason fok de (2) fè younn (1). Men sa pa vle di Ayisyen ki kite Ayiti volontèman dwe vini entegre sa entelektyèl Ayisyen ap rele Dyaspora. Kididonk, ensiste pale e kenbe Dyaspora Ayisyen se pa direksyon k ap pèmèt w aksepte valè entrensèk Price-Mars di w dwe dekouvri nan Vodou. San dout ki se otantisite, pouvwa inite.

Konsidere, pa egzanp, kosmos Vodouyizan di ki se may diferan domèn lanati mond lespri koze. Apa esplikasyon dyagram rityèl Vodou, e blazon Vèvè m pa okouwan okenn lòt travay pa Vodouyizan pou esplike kosmos lan. San m pa bliye oun doktè Ayisyen prezante agiman ki makònen quantum physic ak Vodou. Tandiske Sagan, the cosmos, eseye esplike kosmos la syantifikman, e li kore agiman li ak foto teleskop pi pisan pran.

M pap mande pou Vodouyizan vini savan, men m ap ensiste se pou yo bay nouvo esplikasyon nouvo reyalite. “Langaj matematik lan pa pèmèt savan dekri nivo reyalite y ap obsève nan nouvo fizik la” (Heinsenberg, 1999) “Posesyon mistik deklannche langaj ak tout vokabilè e sentaks Vodouyizan aprann nan peristil relasyon lwa yo, karakteristik lwa yo, elatriye” (Hurbon, 1987). Dotan plis Vodou se fas elemantè Mèveye ki anbrase mit, lejann, mizik, dans, kont” (Price-Mars, 1998). Pou Laroche m di w: “Se nan istwa osnon mit Dambala, sèpan mayifik, w jwenn istwa kolektif Ayisyen.”

Tout Ayisyen konnen apre lapli Dambala, lakansyèl osnon sèpan, al bwè dlo nan sous. E nenpot moun ki rive pran chapo lakansyèl san sèpan pa kenbe l enben Dambala ap ba l lò, richès, e pouvwa. Pran chapo Dambala pa anyen ke: “La mise a profit d’un moment historique” (Laroche, 1981).

Mèzalò, fok pasaj fèt de faz elemantè a Lekòl Ayisyen, oun pati Lekol Afriken, osnon “Reyalis Meveye, oun pati reyalis sosyal, sepandan Lekol Mèveye se oun lekol k ap cheche l” (Alexis, 1956).

Kididonk, olye w angaje nan dyalog ant byen e mal li ta preferab pou w esplike karakteristik Lespri 1803 piske dèke w rive konnen aspè Lespri pa gen anyen anko w bezwen konnen de Bondye.  

Ò sak fèt?

Apre lelit militè tiye Fondatè Ayiti Anperè Janjak I; yo fann peyi la. Nan nò Anglofil Henry Christophe otopwoklame wa, e nan lwès Frankofil Alexandre Petion seleksyone prezidan. Blankofil te fè flann de (2) tèt pou eseye koule kap Afriken ann Ayiti. Nan nò travay fòse, e nan lwès vagabonday; lese grennen; volè Leta pa volè. Tout deviyasyon de blankofil baton, prison, kraze zo, asasina.

Men malgre trayizon lelit militè Lafrans te kontinye menase Ayiti. Yo voye bato nan paraj zile la. Yo itilize fos milite pou menase endepandans Ayiti. Enben, divizyon afebli Ayisyen. Adopsyon fom e kontni etranje simayen dekourajman. Evantyèlman Jean-Pierre Boyer kapitile l aksepte peye endamnite 150 milyon Fran. “Dèt endepandans vini doub dèt. Leta sètoblije piye pwodiksyon kafe pou peye Lafrans” (Gaillard, 1990).

Jodiya, Ayiti se tankou kaj rat pou Amerikewopeyen; ti lelit la se gwoup eksperimantasyon e majorite mas la se gwoup kontwol.
Leta pa kapab asime responsablite l;
Achte gaz;
Fè pewol; e
Peye doub dèt (dèt e sèvis li).
Peyizan ap derasinen bwa.
Koutye kapitalis ap depanse ekonomi yo.
Famin ap menase Ayisyen.
Men fout!
Ayido Wedo!
Lè-tan rive pou Repiblik la disparèt.

Depi tout tan-espas m tap pale de nivo elemantè Mèveye; ki vle di, lejann, mitoloji, mizik, dans Afriken reprezante nan istwa Dambala osnon lakansyèl ki se refleksyon limyè sou dlo. Sepandan, “Limyè kèlkilanswa li refle osnon degaje (sòti) retou li ble, e ale li wouj” (Sagan, 1980) se tankou blazon Ayisyen; retou nan Ginen anba dlo ble, e ale nan Mòn Wouj. La w ap fè fas a ne gòdyen!

22 Dawou 1791 oun bann revòlte rasanble Mòn Wouj.
Kè yo, panse yo fè oun sèl.
Fè nwa.
Bri fèy bwa ajoute sou owè dekò la.
Toutakou oun Mambo parèt li trase Vèvè, epi
Li plonje koute nan kou oun kochon.
Apre Boukman pwononse pawol selèb:
”Bondye ki fè solèy ki kelere nou anwo. Bondye sila a kache dèyè nyaj li wè tou sa blan fè. Dye blan vle krim Bondye pa nou vle byenfè. Men Bondye si bon òdone nou vanjans… Jete imaj Dye blan ki swaf dlo nan je nou. Koute kè an nou ki rele libète” (James, 1989).

Vanjans! Vanjans! Vanjans!

Sitadèl enperyalis tranble sou baz li. Kap Fransè manke boule rapye tè. Kolon reyisi pran Boukman; yo koupe tèt li e plante l sou oun pikèt ak siyati: “Tèt sila a se Boukman Chèf Revòlte yo.”

Apre lanmò Boukman konfizyon. Chèf yo Jean-Francois, Byasou, Jano Bile e Tousen ki te pran pati Byasou deside negosye. Yo mande libète pou 400 nan yo. Kolon derefize. Yo dminiye chif la a 40. Kolon ensilte Jean-Francois. Kolon di: “Nèg yo se oun bann revolte ki dwe retounen nan esklavaj.” Devan entransijans kolon chèf yo pran nan mera. Chèf pa konnen sa pou fè. Chèf aksepte zòd wa Espay. Jouk Asanble Fransè deside aboli esklavaj apre Sonthonax te pwomèt libète a tout moun ki te aksepte goumen pou Repiblik. Tousen pi opotinis vini pi repibliken ke Plato.

Sa ki enteresan se menm pou Aristide: de nonm, de epòk, menm vizyon. Men li t bliye ajoute menm echèk. M ta renmen w di m ki sa Ayisyen, Afriken (italik la se pam), ki te rive fè inyon sou tè Kolon te depòte yo gen pou wè ak tèm Grèk ki pat rive ini sou tè yo tap viv? Ayisyen devlope kilti nasyonal, e Grèk te genyen kilti endividyèl” (Alexis, 1956). Kididonk, se de (2) gwoup moun ak kilti diferan, ki fèt nan milye e sikonstans diferan ak istwa diferan. 

Si w dakò Alexis te demare ne gòdyen w ap vomi tout mal. E piske se Afrik ki degaje w, w dwe Angaje pou Afrik. Dèke w wè li konsa sèk la femen. W pa dwe janm bliye. Afriken te pote aspè kilti yo ki te fèmen pensonn pat kapab mete anyen ladan (Gates, 1988). Demokrasi se enpozisyon kiltirèl. Konseye newokolon w mete nan konsèy elektoral la pou gate eleksyon; e, konseye kolon w mete nan ministè finans la pou vòlè. Senkretis se mantò. Saint Jacques w mete nan ogatwa pa Ogou—wè pa wè, vle pa vle se pou Ati retire imaj blan nan Vodou paske Vodouyizan pa dwe kontinye ak konpwomisyon kwazad kriminèl kòm sen.

Evantyèlman Desalin vini pran osnon manyen Toubiyon Boukman. Avan Espedisyon Fransè te rive Desalin deklare: “Kolonn vòlè kite yo vini. Agwe sòti nan fon lanmè ap kraze tout bato yo. Sa m di konsa? Sanble m bliye m se kòmandan sòlda vanyan. Sòlda ki pa pè anyen. Sòlda devan danje ki vini mil fwa pi brav. Sòlda devan obstak ki vini tilandeng. Pito lanmè koule bato yo olye solda m yo mete men sou yo” (Madiou, 1989).

Malerezman! Bèl refleksyon sila la pat rive jwenn Ayisyen. Sèl pawol Desalin Frè Enstriksyon Kretyen t aprann elèv lekol se: “Koupe tèt, boule kay” oun fason pou yo te sipòte ipotèz Desalin te oun mons.

Avan lelit la kriye owè. W konnen li pa vle tande: “Koupe tèt, boule kay.” Younn nan yo si tèlman vle kabre modòd sila la li mete sou sit entènèl li: “Ann koupe tèt enjistis, boule kay lamizè.”

M ap mande mouche lè w brouye sib la ki sa w konte akonpli? Si se pa kenbe konfizyon, kontinye endesizyon, elatriye. Anfèt, si w panse “Koupe tèt, boule kay” di w dwe reli ak deklarasyon Ayiti: “Pou ekri Ak Endepandans Ayiti n ap bezwen po oun blan pou papye, zo tèt li pou ankriye, san li pou lank, e oun babyonèt pou plim” (Charles, 1997). “Mond lan se oun milye dezòd dyalektik la egzije jistis e ekite.”

Papa Desalin te fè Vanjans.
W dwe bay Jistis.
Li senp!
Tankou pwezi Bwawon Tonè yo di ki te gen sant poud kanno
Yo dwe di de w:
Fonksyonè verite.

Langaj sila a pa tankou mwayen kominikasyon Lang Kreyòl ki te devlope nan faktori ant kolon e esklav pou younn konprann lòt. Depreferans se oun tèks ak ekriti kache depi Lafrik kontinye nan premye kominote lib nan Mòn Baworiko Kasik Anri te preside. Li enpòtan pou w note langaj sila a se pale klè li pa gen anyen pou wè ak mawonaj; ki se, pretann w aksepte viv nan sosyete kolon fasonnen men an menm tan w ap fè konplo kont kolon.

Se konsa bò lane 1758 Kolon premye remake Vodou te sèvi kouvèti pou prepare revòl. “Makandal oun aswè nan oun reyinyon fè pote ba li oun vaz dlo. Li mete twa (3) mouchwa. Makandal retire premye mouchwa li di premye abitan zile a te jon; li retire dezyèm mouchwa li di men moun k ap dirije zile a koulyeya se blan; e, li retire twazyèm mouchwa li di men moun k ap rete mèt zile a se mouchwa nwa” (James, 1989).

Kouman pou viv san kolon blan? Kesyon, jodiya k ap trakase anpil Ayisyen, pat janm poze piske te gen Afriken ki t ap viv andewò sistèm kolonyal esklavajis la diran plizyè deseni (Carruthers, 1985).

Kididonk, sou wout long pwosesis endepandans Ayiti m note plizyè etap. Egzistans Kominote Lib, Kolon batize mawonaj, make premye faz libète; ki vle di, liberasyon de anviwonman kolonyal esklavajis. Se konsa 22 Dawou 1791 Boukman make dezyèm faz libète. Li te di: “Koute kè w ki rele libète;” ki vle di, swiv nati w libète andedan w. Twazyèm faz lan se oto-detèminasyon. Lwa natirèl yo pa gen okenn anpriz sou w; yo pa parèt tankou mistè ankò.

Anperè Janjak I dekouvri lwa fondamantal Ayiti: “Okenn blan pa kapab retounen ann Ayiti ak tit mèt osnon pwopriyete;” (Charles, 1997) ki vle di, Konstitisyon 1805 bay libète kò jiridik. Mèzalò dèke oun sosyete dekouvri lwa natirèl li dirijan dwe aplike lwa sila a nan tout domèn sosyete la (Alexis, 1956).

Apa Papa Desalin ki te eseye sa pa janm fèt. Jodiya, oun bann Ayisyen ap tann tit, men Leta pa kapab bay tit. Peyizan pa gen batistè. Peyizan pa gen papye tè. San dout se rezon sila a ki pouse oun bann peyizan travèse fwontyè, pran kanntè, e sa ki rete Ayiti ap viv nan lonbraj lanmò. San papye yo se veritab zonbi ki eskli de tout aktivite e desizyon sosyete Ayisyen.

Katriyèm faz lan se pwopaje leson Ayisyen bay mond lan pa pwodiksyon atistik, espesyalman chante e danse, eskilti, woman, elatriye. Pwodiksyon atistik ap pèmèt Ayisyen sikile vize, relasyon ekstèn, devlopman dirab, elatriye. Chanjman ap fèt ak Vèvè pa Lekol Ayisyen.

Pou m konkli m t ap pale de kosmogoni Afriken paske Ayisyen pa ka wè objektif orijinal la, sepandan pratik lespri Ayisyen reprezante nan rityèl ki itilize metafò Loko Miwa pèmèt tout moun gade reyèl zansèt yo. Lwa bay konsèy; lwa fè sijesyon, men li pa fè enpozisyon; e, Bòkò pale nan non lwa, e nan non pa li. Mèzalò asanble aprouve osnon dezaprouve.

M ap pwopoze se nan mitan Afriken sèl w jwenn moun kòm medyatè lanati e lespri; ki vle di, materyalis plase lanati kòm prekisè zak moun, e Sanba esplike lespri se siksesè pratik moun. M pa gen dout konsepsyon linivè Afriken atikile, e simayen atravè nouvo kontinan pi wo pase lide pa tout lòt pèp.

M ap di w verite w pa bezwen verifye. Afriken e Dyaspora li esplike tou sa li fè pa lespri; yo pa fè anyen pa chans. Se poutètsa m dezaprouve tout lide tankou “La chance qui pass(e), la chance a prendre; bay Ayiti oun chans; kite Ayiti viv, elatriye.

Anglade petèt se oun gran jewograf, odyansè men li se oun move teworisyen. Se menm pou Franketyèn k ap pwone chaos (kawo) tandiske se lòd ki siyifikatif. Filozòf sila yo te akapare mouvman ak vize prensipal chanje Leta. Erezman, majorite mas la menm jan ak Papa Desalin konn fè sèlman sa tout moun kapab fè! Kididonk, jan w tande an imajine louvèti sou linivè se don.

Se sa m t ale wè, m retounen esplike.

Lis liv ak atik

Alexis. J.S., (1956). Presence de Jacques Stephen Alexis. CRESFED. Port-au-Prince, Haiti.

Aristide, J.B., (1987). In the Parish of the Poor. Maryknoll. New York, NY.

Beard. J., (1991). Toussain Louverture: A Biography and Autobiograhy. Ayer Company, Publishers, Inc. Salem, NH.
Ben-Jochannan, Y.A.A., (1988). Africa mother of western civilization. Black Class Press, Baltimore, MD.

Bohm, D., (1985). Unfolding Meaning. Routlege. London, England.

Carruthers, J., (1985). The irritated Genie. The Kemetic Institute. Chicago, Il.

Cesaire, A., (1983). Cahier d'un Retour au Pays Natal. Presence Africaine. Paris, France.

Charles, C.P., (1997). Manuel de Literature Haitienne Tome II. Editions Choucoune. Port-au-Prince, Haiti.

Davis, W., (1985). The Serpent and the Rainbow. Simon & Schuster. New York, NY.

Diop, C.A., (1974). The African Origin of Civilization. Lawrence Hill Books. Chicago, IL.

Fannon. F., (1988). Black Skin White Masks. Grove Press. New York, NY.

Farmer, P., (1994). The uses of Haiti. Common Courage Press. Monroe, ME.

Fick, CE., (1990). The making of Haiti. The University of Tennessee Press. Knoxville, TN.

Firmin, A., (2000). The Equality of the Races. Garland Publishing. New York, NY.

Fouchard, J., (1988). Les Marrons de la Liberte. Henry Deschamps. Port-au-Prince, Haiti.

Gates, H.L., (1988). The Signifying Monkey. Oxford, University Press. London, England.

Glissant, E., (1981). Le Discours Antillais. Editions du Seuil. Paris, France.

Hegel, G.W.F., (2003). Introduction to the Lectures on the History of Philosophy. Oxford University Press, London, England.

Heisenberg, W., (1999). Physics and Philosophy. Prometheus Books. Amherst, NY.

Hurbon, L., (1987). Dieu dans le vaudou Haitien. Editions Deschamps. Port-au-Prince, Haiti.

James, C.L.R., (1989). The Black Jacobins. Vintage Books Edition. New York, NY.

Laroche, M., (1981). La Literature Haitienne. Editions Lemeac. Ottawa, Canada.

Moise, C., Ollivier, E., (1992). Repenser Haiti. CIDIHCA, Montreal, Quebec.

Madiou, T., (1989). Histoire d'Haiti, Tome III, 1803-1807. Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti.

Nicholls, D., (1979). From Dessalines to Duvalier. Cambridge University Press. New Brunswick, NJ.

Patterson, O., (1991). Freedom in the Making of Western Culture. Basic Books. New York, NY.

Price-Mars, J., (1998) Ainsi Parla L’Oncle. Presses de L’Imprimeur II. Port-au-Prince, Haiti.

Rigaud, M., (1992). Diagrammes Rituels du Vaudou. French & European Publications. NY, NY.

Sagan, C., (1980). Cosmos. The Random House Publishing Group. New York, NY.

Senghor, L.S., (1948) Anthologie de la nouvelle poesie negre et malgache. Presses Universitaires de
France. Paris, France.

Vernet, P., (1980). Techniques d'Ecriture du Creole Haitien. Le Natal, Port-au-Prince, Haiti.

Zukav, G., (1980). The Dancing Wu Li Masters. Random Book. New York, NY

Not

  1. Louvèti sou mistè

 

Viré monté