Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Odela

Dima Lafontan

2023

A 5è 15 dimaten, jou an kòmanse pa bò isit. Tandiske, lòt bò se lannuit.

Ant revèy e somèy, yon sèk boukle. Gen yon lwa fizik ki di, tousa ki monte, ap desann, e visvèsa.

Èske gen yon bagay ki chape lwa sila?

Ui. Li konstan. Pou plis presizyon, li se eta natirèl. Li pa chanje.

Èske se lanmou, ki pa chanje?

Pa nenpòt lanmou. Sila ki pa nan kò a kò. Menm lwen, youn ak lòt, li konstan. Sa vle di, lanmou travèse frontyè.

Sandout, se sa yo rele odela. Petèt, se li tout moun ap chèche. Petèt, se la tout moun vle rive.

Vwayaje nan vid. Se pa sèl limiyè ki fè vwayaj sila. Oumenm tou, ou kapab.

Ou wè m briye?

Sa depan, ki kote ou ap gade. Oubyen, sa ou wè.
Èske se lè limyè a limen?
Èske se lè limyè a reflete?
Oubyen, se di yo di ou limyè limen?

Yon seri kesyon ki pa merite repons. Mwen dakò. Sere repons lan nan kè ou.

Dayè, penson pa dwe mele nan pawòl sekrè ant Metrès e Mèt. Yo fè laviwondede. Kòt a kòt. Yo se vrè kòkòt.  Konpayon ak konpayèl, nan jaden letènèl.

Doumafis, 2023

*

Viré monté