Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pwezi liberasyon

Dima Lafontan
2005

Ayisyen nanm nan boutèy
Kanzo flanm nan men

Depi nan mòn chèf defile flanm nan men
Limyè pou yo jwenn chimen nan mond lan
Dife pou yo sòti nan pè,
Lamizè, e
Kras

Jete dlo pou lespri
Rele lwa nan govi
Lwa pou frennen ensekirite
Lwa pou ponyade enpinite
Mistè danse nan tèt
Pou w sòti nan labou

Esklizyon,
Divizyon, e
Politik pa louvri baryè
Pawòl siperyè, enferyè pa fè kò ini

Tanbou etranje pa sonnen menm jan ak tanbou ginen
Rit etranje pa danse menm jan ak rit ginen
Kò ginen se oun tanp
Li fè youn ak tanp linivè

Pwezi liberasyon
Se aji menm jan ak kreyatè
Nan pratike aksyon
W va bati kay,
Kominote, e
Nanchon

Volonte se la fòs pou w pwodyi
W va aji an mèt
Pwodyi jan w vle
Fòme mond w vle
Patisipe nan kòsmòs lan jan w vle

Kilès ki kapab blame moun lespri reklame?
Seta oun absidite pi mal pase vle vini fransè
Si nou pata itilize legasi nou,
Tradisyon nou
Pou leve diyite nou
Pou fè triyonfe destine nou

Viré monté