Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Dima Lafontan
2003
Loraj gronde
Kout zèklè
Fè nwa
Je wè Lannuit Ansyen
Anba Twopik
Sou oun tè mòn
Ayisyen pran nesans
Nou anvizaje kòmansman te di
Oun gwoup moun egzile
Bani nan esklavaj
Sepandan, nèg pat vwayaje senp
Nèg te pote aspè kilti li ki te siyifikatif
Tabli pami pakèt gwoup etranje
Granmèsi entèlijans
Fòs
Alyans
Yo rive domine anviwonman yo
Elaji tankou tach lwil
Nèg devlope oun langaj, pale nèg Kreyòl
Pawòl Kreyòl
Se vre oun sosyete sekrè te devlope
Men nèg pat bezwen inisye
Atravè kont
Nèg aprann vokabilè lwa
Kdans lwa
Chan dans
Nan mannyè samba
Wa rèn mennen seremoni bwa
Sendomeng, koloni dwòl
Petodyè krim
Chodyè enjistis
Kolonis viv nan liks vis kapab peye
Pitit pat chita sou tab ak papa
Priye bò papa
Kolonis panse yo tap viv nan Perle des Antilles
Kolonis pat wè malè pandye sou Sendomeng
Nèg sipòte mizè, tirani
Men nèg pat janm aksepte esklavaj
Kèk nèg tiyè tèt yo
Zòt sove ale nan mòn
Viv nan maronaj
Kominote Lib
Kolonis chase,
Chatre,
Detripe,
Boule,
Tòtire,
Koupe janm, bra,
Pandye sou echafo,
Boule sou dife
Mawon pa di oun mo
Volonte mawon oun milyon fwa pi wo
Mawnn sijetize sètitid
Triyonf ilteryè mawon san fay
Kolonis remake seremoni se fòs revolisyon
Nèg jwe Asòtò
Nèg chante
Papa Legba louvri baryè pou nou
Kolonis pibliye entèdi
Defann dans Manman Dlo
Bare wout Kominote Lib
Boukman Dutty pi glorye
Jwe nan Istwa Moun
Pawòl sakre li
Jete imaj
Dye blan swaf dlo je nou
Koute kè nou
Suiv nati nou
Plis nèg pale Endependans
Plis gwoup miltipliye
Chèf tonbe
Zòt parèt
Laplèn pran zam
Sid leve kanpe
Nò anflam
Lagè bann yo pa kapab kwense
Yo mouri anchantan,
Andansan
Lè youn tonbe
Dèmilye parèt
Makònen ake Ansyen Lannuit
Oun kokad lonbraj
Desann mòn
Koule tankou inondasyon
Ravaje vil
Lajounen repliye nan mòn
Lanjelis
Lanbi anonse menas san rete
Kri lagè
Vanjans!
Vanjans!
Vanjans!
Chèf tonbe
Zòt parèt
Kanpe nan bwa
Plonje sou vil
Men Samdi Smit
Li tiye mèt lale kache nan mòn
Janvye fè Baradè tranble
Jil Benèt di Timalis
Li chwazi lagè
Viv nan bwa
Lib
Nikola Renye
Li depoze zam lè Libète Jeneral pwoklame
Goman
Makandal
Padrejan
Mawon selèb
Mawon lejandè
Mawon ageri
Soulve atelye
Ravaje vil
Sipòtè Endepandans
San yo Lit Libète pat ap posib
Istwa te plase tach sou chimen Ayisyen
Likide koloni esklavajis
Elaji kominote lib
Tousen Louvèti
Defansè dwa moun
Limanite
Sezisman
Papa Tousen sispann goumen
Arete
Depòte
Tonbo Fò di Jou
Chèf tonbe
Zòt parèt
Chèf se bwa
Rasin yo fon
Rasin yo anpil
Kolonis voye flann dèyè kap libète
Napoleon
Lèd pase peche mòtèl
Leclerc,
Rochambeau
Mons tankou drakila
Wouze tè Sendomeng ake san nèg
Mal mennen monn lan
Kod Esklavaj
Kod Nwa
Kod Napoleon
Sosyete abaz opòtinite egal
Enpinite
Enstabilite
Tyès Mond
Mendèv bon mache
Konsomatè
Koutye
Lelit bèbèl pou lagalri
Lè Desalin rankontre Petyon
Pawòl te temwen
Yo obsève malè pandye sou tèt jeneral yo
Kolonis kloure epolèt sou zepòl Jeneral Morepa
Kolonis nwaye Morepa ak tout fanmi
Yo dakò
Akò inyon sakre
Pris Ayisyen
Doub isit lòtbò
Lam lam dlo
Dlo dlo primòdyal la
Kò kò monn lan
Mouvman mouvman mond lan
Kò nèg se objè konsyans
Nèg depase lavi
Bò byen siprèm
Verite objektif vini valè inivèsèl
Sètitid sibjektif nèg pou pwòp valè nèg
Dezòmè Ayisyen chante istwa e espwa
Paj Istwa Ayiti
Ou dwe goumen kont nèg pou w konnen nèg
Fas a danje pou pran Endepandans
Nèg brave lanmò
Plis nèg tonbe
Plis kouraj nèg ogmante
Nèg chante
Nèg vanse
Chante nèg se chante brav
Grenadye alaso
Sa ki mouri zafè a yo
Nanpwen manman
Nanpwen papa
Desalin kanpe douvan Okap nan mitan Etamajò
Desalin te kontan gete sòlda,
Lame Endijèn
Desalin montre Okap kòm fen fatig nèg
Dènye refij mons ki te benyen nan san nèg
Dizyut Novanb 1803, douvanjou, batay kòmanse
Grenadye vanse opa gèrye
San deranje pa bal mitrayèt, boulèt kanno
Fyè
Sòlda tonbe
Vid nan ran yo konble byen vit
Grenadye meprize lanmò
Klèvo,
Gaba,
Janfilip Do
Sanfwa yo eksite admirasyon nèg
Kolonis pèdi lapwovidans
Bal lanmò pat dekouraje nèg
Goumen Vètyè
Grenadye fè Lame Fransè tounen pousyè
Kapwa di-Lanmò tande vwa terib li
Ann avan!
Ann avan!
Ann avan!
Kout zèklè
Tonè gwonde
Diyite espri monte Kapwa di-Lanmò
Oun boulèt tiye cheval li
Men li pa rete kous triyonf libète
Vyolans te chanje kan
Kolonis pral peye pou krim kont nèg
Krim kont Limanite
Janjak Desalin
Vanjè ras nwa
Nèg pa bezwen libète konjonktirèl
Se pou yo adopte prensip inivèsèl
Tout moun eritye richès monn lan
Pataje byen yo egal
Jistis ranplase mal
Verite retabli balans
Loksidan tranble sou baz li
Sitadèl enperyalis ebranle
Nèg se Ayisyen
Kolonis pa dwe janm posede pòsyon tè Ayiti
Nèg jire Endepandans ou Lanmò
Apre 17 Oktòb 1806, Kolonis derape jwèt makrèl lavi politik
Lit libète sede pou kous kretyen vivan
Lelit, tilolit, Ayisyen prese pou jwenn onè respè, rantre nan jwèt
Yo denye kolektivite Ayisyen pou ilizyon egalite endividyèl
Imitasyon te règ jwèt la
Imite, kopye, dekalke, plajye modèl Fransè
Epòk literati konsomatè
Ki se, non-pwodiksyon
Enpozisyon kilti Fransè
Ayiti klase nan Tyès-Monn
Yo deklare krim tout devyasyon
Twa pousan moun aprann li,
Ekri,
Konesans
Ansèyman elitis kondwi dezekilib men ki pat jeneral
Pifò lelit rachitik sila a pran depale
Ala oun bèl lang
Wi, chè
Ki ès ki fè l?
Se frè enstitisyon kretyen
Tandiske mas la, kòtakòt ak depale, pou oun titan, kenbe ekilib
Kilti popilè
Pale Fransè gaye san konesans pa makònen ak pratik lakay
Depale lelit gaye pale vilgè nan mitan popilasyon an
Ayiti pèdi
Ayisyen reziyen
Ayisyen aksepte mete sou kote nati nou
Devwa nou
Nesesite kilti nou
Sa a se tablo Ayiti
Premye Repiblik Nwa
Senp obsèvatè di peyi pipòv Emisfè Lwès la
Pou nou oun peyi kontradiksyon fann miyèt mòso
Dima Lafontan
2003