Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Lafrik

Dima Lafontan

March 3, 2010

 

 

 

 

 

L'Afrique par Jean-Michel Basquiat.
Jean-Michel Basquiat

Lafrik O! O! O!
Ginen voye pale ou
Li voye di ou
Bout tè Ayiti tranble
Moun sou jenou

Lafrik souple
Pa pran twòp tan
Lè ou rive
Pou ou pa jwenn
Ayiti mouri
Pou ou pa regrèt
Antere premye pitit fi ou

Ayiti, swadizan, premye repiblik nwa
Li dwe renèt nan Inyon Afriken
Didonk, wè pa wè
Vle pa vle
Se pou goumen younn kont lòt sispann
Kontinyite lavi Afriken e Dyaspora
Depann nan tèt ansanm

Ansanm, ansanm nou se Lafrik
Oun kontinan ak zile toupatou;
Moun toupatou ki dakò ini
Pou sove lavi dezas menase

Aya Afriken !
Kolon-gèt moun ki dezini
Nan moman danje sila a.

March 3, 2010

 

 Viré monté