Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pawòl Ginen

Dima Lafontan
1994

Beni Jeni Libète,
Yo se eritye tè san kòmansman,
San fen

Lòd mele nan tout
Imoralite lelit mennen deklin moral piblik

Pa rapòte pou demen sa w ka fè jodiya
Yè rete nan pase
Tandiske demen poko rive

Lè w konnen travay w devwe w a li
Travay sèl si w pa jwenn konpayon

Kiltive
Pwan swen latè
Fè latè pwodi,
Donnen e
Abondan

Pote limyè zansèt yo
Mache selon pawòl w

Ak kwayans e doktrin dyanm
Nou kenbe men nou pwòp,
Kè nou pi

Pa koupe pye bwa pou w pa derasinen Endepandans
Kado Papa Desalin
Ki mourl pou Libète Ekonomik majorite mas pèp la

Aylti konte premye nan soufrans
Bouwo demokrasi ba li kou sou kou
Desan zan pandye kòd nan kou
Pitit tèya prefere viv nan pèseverans

Ayiti douvan limanite ilistre karaktè
Grenn revollsyon donnen oun digdal redaktè
Zèv pitit tèya renouvo Afrik
Istwa Ayiti nan kat kwen konte Lespwa

Mete enterè frè w douvan
Pou pa w vanse

Adopte sajès pou sè w
Sèvi ak antant kòm paran

Elve timoun yo ak disiplin
Pou yo pa pini yo nan granmoun
Pawòl Papa bay lavi pou pitit ki obsève li

Ak siwo ladousè w kenbe foumi
Fòk w bay pou w jwenn
Pale verite pou w pa twonpe

Nan chimen limyè
Kè, nanm ap pase
Karaktè etènel

Mèt kò veye kò
Panse w se w
Pale sa w konnen

Papa òdone nou padone kolonis,
Men pa mete konfyans nan kolon

Avan w pran lari ogmante dèt la
Mande tèt w:
Ki devwam pou peyim?

BèI fanm
po pistach
cheve kòn
Tete e dèyè doubout

Mete pasyon,
Obsesyon sou kote
Lè oun nonm renmen oun famn
Li tankou oun timoun ki nan tete

Libète w makònen ak pa pwochen w
Se oun byen ki definini Endepandans,
Osnon Lanmò

Gade dwat douvan w
Deteste oun pwa de mezi
Toujou kenbe oun sèl mo
Wi oswa non

Lanati se gwèp verite
Lè lakay divize
Vwazen pwospere

Gran w sèl.
Mayifik w rayi.

Pou jwenn repo aksyon w komèt swiv w jis pitit‑pitit

Ki ès ki ka blame moun lespri posede

Wa bay lòd
Prezidan fè sijesyon

Joumou pa dormen kalbas
Viv nan lanmou

Kenbe lespri nan kè w
Renmen li nan panse
Viv li kontinyèlman

Pa bliye si richès w ogmante
Pa mete kè w ladann
Pou w pa renmen dola plis pase pwochen w

Zye se miwa kè
Lè w gade oun lòt Ayisyen
Lapawòl sòti nan kè
Lè w pale ak oun lòt Ayisyen

Viv nan kè w
Li panse w lajounen kou lannwit

Dima Lafontan
1994

Viré monté