Dumafis Lafontan
mai 2012
Yèswa m al dòmi
M leve "Pi Wo."
M p at janm wè tèt mwen kòm bwa pi wo.
M te toujou grenn pwomennen."
Aya! Kòman m k fè de tounen youn?
Li sonnen tankou “Marxism!”
Oum! San dout se younn nan lekti kourant,
Pa vre?
Nop, se konesans lè ou konn li e ekri.
Yo alyene majorite mas Ayisyen pa ansyèman elitis.
Estope ou, m se kalfou
Ati-Bon-Legba
Nan kalfou pou nou de
Èzili Dantò e
Gede Nibo
Bèl gason
Abiye tou blan
Pou l al monte Sitadèl
Wi, m fè tèt mwen oun-fò
Pou Defile
Sansousi,
Makaya,
Makandal,
Womèn Lapwofetès.
Desalin kanpe tòch nan men di:
“Si ou kite on Fransè rantre
L ap sispann danse nan tèt ou.”
Onè, Respè pou ou
Papa Desalin,
Manman Èzili Dantò
M prefere viv lib
Olye m vini ayisyen non Fransè blanchi
Tankou zo
Popetwèl,
Pi move rèv nan Nouvo Monn lan. |
La vierge noire (Ezili Danto) par Gabriel ALIX. Espace Loas. |