Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Etwal Maten

Dumafis Lafontan

Venus au matin. Photo F.Palli.

Lasosyete pa ankouraje lenatirèl
Lasosyete jalou konsistans lanati
Tandiske lasosyete ensèten
Ak lanati pa gen dout
Oun moun konnen
Si poul kouri,
Si poul goumen, osnon
Si poul relax, poze.
Tousa nan kèw.
Se pa nan tèt bote ye.
Kidonk, cheve ka nenpòt jan
Se bonte ki konte
Pa bliye
Etwal Maten nan men w
Kenbel,
Pa lagel pou pensonn.

 

boule

Viré monté