Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Andeyò |
Mwen fét nan “Peyi Andeyò”
Mwen se “Moun Andeyò”
Pafwa, Zòt relem, “Kongo”
Poukisa yo banm non sila?
Yo rakonte, mwen se gwo zòtèy;
Mwen pa rafine;
Yo pa kapab donte mwen.
Chak fwa yo eseye,
Mwen tire pye.
Yo tonbe plat atè.
Ki sa, moun monte moun?
Pa fè kòmsi ou sezi!
Ann Ayiti, monte moun se lekti kouran.
Menm grann Zora konnen sa.
Dayè, li dekri sa nan oun bèl liv,
“Di chwal mwen”,
Pinga bat Ayisyen,
Baton pap fèl fò.
Mwen pa konprann!
Ayisyen renmen baton se manti?
Bay baton se dikta tout diktatè,
Kèlkilanswa, Pè, Frè, Mè, elatriye.
Nan ekri dikte anpil timoun pran baton.
Se sa ki esplike vye konpòtman,
Swadizan, anndan chak Ayisyen,
Gen oun tontonmakout.
Kretyen enpoze kilti li depi sou ban Kolèj.
Kouman ou fé sove?
Sove!
Mo sila a raple, Mawonaj,
Istwa esklav,
Nan koloni Sendomeng,
Ki mawon plantasyon,
Pran rak bwa.
Ou pa wè toujou gen kouri nan peyi a.
Enstiti Fransè fasonnen tèt Ayisyen.
Menm sila yo, yo pa aprann li e ekri,
Konesans byen ak mal enfliyanse yo.
Mwen te oblije revize literati Fransè.
Mwen wè, nan nivo Elemantè,
Yo bay Ayisyen, Enstriksyon Kretyen pou
Istwa Ayiti.
Menmsi ou pase, pa pase, ou pa mèt tèt ou.
Sa ki pi mal, Ayisyen pè fè fot.
Pa egzanp, si li manke oun vigil,
Nan oun fraz, baton.
Adyewo, li pa konnen poukisa Frè a bat li.
Ni li pa kapab di lakay li, kantite baton li pran.
Yo ap di li, Mè a gen rezon bat ou.
Paske kreten pa bon kretyen.
An verite, elèv Enstiti Fransè soufri konplèks fò,
pedantri pale Laten, ni lespri yo pa rive Vétyè.
Tande vwa Jeneral Konpè Kapwa,
Ann Avan.
Chwal li tonbe.
Li pa kanpe kous viktwa,
Pou fè Libète triyonfe.
18 Novanm, Lespri Ayisyen parèt.
Li pote chanjman kalitatif.
Ayiti se sèl tè depi ou pile li,
Ou Lib.
Sa se verite ou pa bizwen verifye,
Depasman fèt.
Andeyò ki sa?
Ayisyen depase fòs etranje,
Ak twa pouvwa pou enfliyanse li, e
Chanje lavi li ki pa depann de kapital;
Sistèm ki koze angwas e anbigwite; ak
Enstitisyon tankou leta fayit.
Premyeman, Ayisyen mete kolonis deyò,
Pou tè a te Lib.
Dezyèman, lafen represyon te nesesè,
Pou objektif orijinèl vin anndan Ayisyen.
Twazyèman, Papa Desalin, tabli lwa fondamantal Ayiti.
Konstitisyon 1805, kodifye Ayisyen,
Ak Tit Propriyetè e Mèt.
Lekòl Mèveye, osinon Lekòl Ayisyen,
Piske nou ekri nan Lang nou pale,
Ap raple tout Mèt, e Propriyetè.
Se pa tout peyi ki dekouvri lwa fondamantal,
Tankou Ayiti.
Nan ka sila, lwa fondamantal Ayiti dwe aplike,
Nan tout domèn.
An 1758, Makandal montre, Ayisyen ap rete Mèt tè Ayiti.
An 1803, Lame Endijén genyen batay Endepandans.
An 1805, Papa Desalin fè Ayisyen Mèt e Propriyetè legal.
An 2022, Peyi Andeyò se sél posiblite.
Se sa mwen tale wè, mwen retounen rakonte.
Dwa Kopye & Referans 2022 Doumafis.
Doumafis Lafontan, Moun Andeyò, Otè, Krik? Krak! Dèyè Mòn Gen Mòn, Fotograf, e Propriyetè Ecofugees®
*