Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Konfliyans Kiltirèl

Doumafis Lafontan

Agangou

Ayiti ap fè fas a kriz ki date plizyè dizèn ane, anfèt sikonstans malouk sila a parèt, kòmkwa Ayisyen pa posede abilite pou rezoud pwoblèm peyi a. Sepandan, lè nou gade byen, nou wè Ayisyen pa ankoz, se modèl ekonomik lan, kapitalis ki an kriz. Prensipalman, pwodiksyon enèji nan baz sitiyasyon dezas mond lan ap fè fas, ki evidan pa on seri pwoblèm tankou kriz bidjè nan Etats Unis (E.U.) enbalans echanj koze; Europe, ak peyi tankou Portugal, Italie, Grèce, Espagne, k ap fè fas a fayit; faktori enèji nikleyè Fukishima, andomaje diran tranbleman tè nan Japon, k ap kontamine anviwonman mondyal lan; e echèk ekonomi mache, Ayisyen rele Plan Ameriken pou Ayiti ak tout lòt peyi sou latè.

Pa dwe gen okenn dout, nan etap kriz n ap viv lan, se responsabilite chak Ayisyen pou chèche pote altènatif a pwoblèm sosyal yo ki pa san solisyon. Nan sans sila a, Camille Chalmers, Sekretè Egzekitif, PAPDA, ap klewonnen “Oun Lòt Mond Posib” depi lontan. Jodi a, apa travay akademik sila a ki enpòtan anpil, se viv modèl Lòt Mond lan ann Ayiti ki pi apropriye pou solisyone diferan difikilte, tankou mawonaj ak debwazman e erozyon ki koze inondasyon dèke lapli tonbe.

Se vre gen plizyè liy panse osijè fondasyon Ayiti Kiskeya1, sepandan, n ap mansyone sèlman de nou konsidere prensipal. Premye an, se Enstriksyon Kretyen, frè Katolik anseye, ki di se Revolisyon an France ki t enspire esklav nan Sendomeng pran zam pou libète. Dezyèm lan, se Lekòl Ayisyen ki di Lit Endepandans presede revolisyon Fransè (Fourchard 1988). Li pa etonan pou pensonn lekti d Ayiti chak lekòl yo pa menm, e rezilta rechèch ekriven de diferan lekòl yo varye. Pa egzanp, frè Nau yo, nou konsidere prekisè Lekòl Endijenis nan Literati Ayisyen, kategorik sou kontni pou Ayisyen gen siksè, tandiske ekriven ki suiv kouran Academie Francaise zèv literè gwoup sila a make pa diglossie.2

Pou nou, se Konfliyans3 ant Endijèn Ayiti (e.g., Tayino, Arawak, elatriye) e Afrik depreferans Alkebu-Lan (e.g., Arada, Nago, Ibo, Kongo, Dawome, elatriye), Alexis4 dekouvri ki apriori tout esplikasyon viktwa Lame Endijèn ann Ayiti. Merit e grandè Alexis remakab nan fòm konfòm li montre pou mete kontni zèv literè; ki se, ekri nan menm lang pèp la pale, “Realisme Merveilleux,” Alexis di ki fè pati reyèl, sosyal lan.

Kanatsiohareke, ka on etid

Chak ane nan Fonda, New York, E.U., Kanatsiohareke ofri espas pou Konfliyans, ki pèmèt oun bann moun fè eksperyans viv andeyò, kanpe nan bwa. Diran Konfliyans lan, moun aprann fondamantal lavi andeyò, pa egzanp, transpò kamyon ki mache ak lwil yo fin kwit manje; itilize elektrisite ki jenere pa bisiklèt moun pedale; kiltive pwodui agrikòl òganik; manje pwodui ki pa bizwen kwit nan dife; pran responsablite pèsonèl pou fè kominote a mache byen, kòmsadwa; onore e respekte teknik endijèn natif natal rejyon ès, lwès,

Konfliyans

Toudabò n ap di li pa nesesè pou pale de dezas ankò piske nou rantre nan on Lòt Mond k ap dire odela epòk n ap viv lan. Li sèten Lòt Mond sila a vini ak pwòp defi li, sepandan tach yo pa parèt tankou mistè paske nou konnen karakteristik Lòt Mond sila a, e savwa li fè vi nou pa ni di, ni fatigan, li bay espas-tan pou plezi gaye. Kididonk, lè nou suiv Alexis, nou wè apwòch n ap aplike a pa gen anyen pou wè ak ideyal, jeni, ewo, jezi k ap vini sove nou, osnon mond lan. Menm jan ak on pati nan zansèt yo ki t sètoblije kite faktori, plantasyon, e bitasyon pou ale viv lib nan mòn, noumenm tou nou dwe deploge elektrisite, gaz, petwòl e kite sistèm ki vle rann nou “Esklav Salarye”5 pou tout vi nou. Kouman sa pral fèt?

Nou pa dwe fè anyen nan chans, pa ezanp, mande kominote entènasyonal lan on chans pou Ayiti nonsèlman se betiz, men se on lachte. Prensip sila a kòrèk lè nou pran an kont se pat chans Jean-Jacques Dessalines t ap pran lè li t deklare Ayiti Kiskeya endepandan.

San dout on lektè atantif deja idantifye diferan konponan ki fè deploge e abandone faz kwasans, ak kriz kapitalis e imanitè, echèk ekonomi mache, leta echwe,” posib. Viv andeyò, pa nan sans pejoratif6 ekriven ki dekalke modèl Francais esplike, jodi a reyèl piske konfliyans kiltirèl, derape nan Mòn Baworiko ak Kasik Anri ki t resevwa zansèt ki t sove kite esklavaj nan Koloni Sendomeng,7 toujou ap pwopaje ant natif nataf rejyon ès e lwès. Se pa devinèt, ni se pa polemik nou vle fè, etid sou Ayiti Kiskeya montre klèman aspè Peyi Andeyò pi siyifikatif ke Repiblik Pòtoprens. Pa egzanp, nou imajine tip achitetik Boyo t ap koze mwens lanmò olye de kay an beton, ki vin sèvi kòm vrè tonbo pou dè milye pwopriyetè diran tranbleman tè 11 Janvye 2010. 

Se sèten on ekspè kapab prezante agiman syantifik, tankou konstriksyon kay parasismik, pou endike avansman. Sepandan, pwen sila a rate gòl lan piske etap n ap viv lan on moun dwe fè sèlman sa tout moun kapab fè, tandiske rechèch syantifik yo limite a oun ti gwoup, pifò nan yo se Ewopeyen. E tizuit sila a pa aksepte transfere teknoloji pwòp ki kapab diminye ann efè rezilta negatif pwodiksyon resous natirèl yo.8 Konfliyans, n ap esplike, pèmèt on moun konsevwa lavi andeyò san melanje ak kriminèl k ap kontinye komèt krim kont moun, pa egzanp, eksplwatasyon, sibjigasyon, dominyon, anprizonman, elatriye.

Apre etap kite sistèm lan, ranvèsman9 se lòt mòso ki fè li posib pou nou viv lib “Andeyò Diskou” (Brown 2000) k ap eseye kouri pi vit pase limyè. Dèke langaj lan chanje, mal-edik-syon plizyè lang, pito mal-edikasyon nan on lang etranje, premye sous divizyon vini sèch, fini ajamè. Note se pa on kesyon chwazi, pito se Lekòl Ayisyen ki egzije pale Ayisyen pou mete fen nan alyenasyon pami popilasyon ann Ayiti.  Si w dakò li nan menm lang Ayisyen pale, w pre pou pwochen faz lan; ki se, ale an deyò e la ansanm ak moun andeyò w ap kapab rezoud dènye pwoblèm Ayisyen ap konfwonte (Laroche 1981).

Kanpe nan Bwa
N ap di san rezèv Leve Kanpe nan Mòn Wouj, avan Revòlt Jeneral 1791 (James 1989), make depasman “L’Homme Economique” (Newland 2011). Ann avan, moun koulye a, gason tankou fanm, pran gaj pou demontre valè anndan k ale odela pwofi pou on tizuit envestisè, e konsomatè ki kapab peye konfò ak pwodui liksye.

Kanpe nan Bwa pa itopi, se pale klè devlopman otonòm pou moun viv lib e endepandan de tout sousou, pedan e malfetè ak magouyè k ap kritike orijinalite, otantisite, dinamis ki vlope valè pwòp lavi andeyò. Apa salte mòd pwodiksyon sivilizasyon pote, pifò moun anglobe nan on gran laperèz, on move prezaj mal-edik-syon. Èske gen dout piyaj pwodui pou kapitalis benefisye lakoz dezekilib k ap fè pifò moun chèche pwoteksyon Bondye kont fòs namtirèl yo ki parèt pi destriktif?

Dapre Ekriti Sen, sajès debite ak laperèz pou Seyè. Nou di non 77 fwa 7 fwa, li pa kesyon pou moun kontinye soumèt a Rèy Grandon. N ap di klèman, Rèy enpoze nan lane 1492 AD, ki t premye manifeste nan Mesopotamie an 525 BC, fini pap janm retounen pami natif natal k ap viv andeyò, kanpe nan bwa, san laperèz. Natif natal se bwa, menmlè yo reyisi koupe tèt bwa, tankou tèt Boukman, Konbatan Libète, Chèf Revòlt Jeneral 1791, teknik endijèn repouse paske rasin yo fon e anpil (Dorsainville 1987).

Goumen kont zòt pa nesesè ankò, koulye a natif natal dwe aplike jistis e ekite sosyal pou ranplase mal konstitye an Code Esclave, Noir, e Napoleon10 ki t anpeche chak moun gen aksè a resous selon bizwen li. Se dapre kontinuite Code Napoleon ann Ayiti, nou konkli “La Loi” se dènye refij mons, tankou Christophe Colomb, e Donatien Rochambeau,11 ki t beyen nan san natif natal kache. An konklizyon, kanpe nan bwa chak moun suiv kè li ki rele li viv lib (Carruthers 1985). Fason viv sila a, menm apre konkèt, rete entak pou plis pase 500 lane.

 

Nòt

  1. Non natif natal te rele zile a avan okipasyon e divizyon an Repiblik Ayiti e Dominikani.
     
  2. Dominasyon lang Francais sou lang Kreyòl.
     
  3. Kilti natif natal Ayiti Kiskeya e Alkebu-Lan ki mele ansanm, ansanm.
     
  4. Jacques Stephen Alexis otè, Compere General Soleil.
     
  5. Tèm Karl Marx te itilize pou deskri sitiyasyon ouvriye nan systèm lan.
     
  6. Negatif.
     
  7. Non de batèm Ayiti.
     
  8. Tè, kapital, moun, e antreprenè.
     
  9. Tèm Maximilien Laroche, otè Literature Haitienne, te itilize pou esplike chimen devlopman Ayiti.
     
  10. Code Penal ann Ayiti baze sou Code Napoleon.
     
  11. Christophe Colomb se premye Ewopeyen ki t debake AyitiKiskeya; e Donatien Rochambeau t ranplase Leclerc kòm kòmandan Espedisyon Francais. Fas a Jan Jak Dessalines, Jeneral an Chèf, Lame Endijèn, Rochambeau t sètoblije depoze zam, bay legen e kite Ayiti.

Lis liv ak atik

Brown, A. L. (2000). On Foucault. Wadsworth. Belmont, CA.
  
Carruthers, J. (1985). The irritated genie. The Kemetic Institute. Chicago, IL.
  
Dorsainville, R. (1987). Toussaint Louverture. CIDIHCA. Montreal, Canada Fouchard, Fouchard, J. (1988). Les Marrons de la Liberte. Henry Deschamps. Port-au-Prince, Haiti.
  
James, C.L.R. (1989). The Black Jacobins. Vintage Books Edition. New York, NY Laroche, M. (1981). La Literature Haitienne. Editions Lemeac. Ottawa, Canada

Viré monté