Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Michel Anne Frederic DeGraff

Lengwis, Akademisyen, Direktè @MITHaiti

Biyografi, 4 desanm 2020

Pwofesè Michel DeGraff se yon Ayisyen natif natal. Li se pwofesè lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (MIT) depi 1996: http://mit.edu/degraff. Se an 2010 li ak kolèg li nan MIT fonde Inisyativ MIT-Ayiti: http://haiti.mit.edu / http://MIT-Ayiti.NET. Pwòf DeGraff te patisipe nan komite ki te travay pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) epi an desanm 2014 li entegre AKA kòm youn nan manm fondatè enstitisyon leta sa a. Pifò nan rechèch syantifik Pwòf DeGraff se sou devlòpman ak chapant lang kreyòl. Kòm youn nan Grenadye k ap dirije Inisyativ MIT-Ayiti, rechèch syantifik li vin makonnen ak wòl lang kreyòl la kòm youn pami twa «wòch dife» k ap ede nan kreyasyon lekòl tèt an wo ann Ayiti. Nan rechèch li ak travay li sou teren nan kad Inisyativ MIT-Ayiti a, lang kreyòl la se poto mitan k ap ranfòse fondasyon ak idantite lengwistik e kiltirèl peyi d Ayiti ansanm ak souvrènte nou kòm nasyon. De (2) lòt «wòch dife» Inisyativ la se: pedagoji patisipatif ansanm ak zouti ki djanm pou edikasyon (teknoloji nimerik ansanm ak lòt zouti ki byen kadre ak kilti lakay). Objektif Inisyativ MIT-Ayiti se fè bèl kalte edikasyon vin aksesib pou tout aprenan ann Ayiti — tou patou, nan tout klas sosyal. An final, nan analiz Pwofesè DeGraff, lang kreyòl la se yon zouti ki nesesè pou konesans, libète, jistis ak devlòpman ann Ayiti. Men, lang kreyòl la p ap fouti ka ranpli wòl endispansab sa a toutotan gen gwo otorite ak gwo enstitisyon nan peyi a ki kontinye ap devalorize lang kreyòl la pa rapò ak lang franse. Pami enstitisyon k ap plede devalorize lang kreyòl, ki se lang nasyonal la, nou jwenn ata biwo leta ansanm ak gwo enstitisyon entènasyonal malgre misyon yo mande pou yo pwomote «edikasyon pou tout moun» ak « respè dwa moun»… Kounye a, Inisyativ MIT-Ayiti ap kore yon gran mouvman sitwayen kote edikatè ki kwè nan pouvwa lang kreyòl la ap met tèt ansanm pou n kreye yon bèl bibliyotèk nimerik an kreyòl: http://MIT-Ayiti.NET. Platfòm MIT-Ayiti sa a se yon konbit lajman laj pou yon lekòl tèt an wo — pou yon peyi tèt an wo: http://MIT-Ayiti.NET/apel-pou-kontribite

N ap jwenn plizyè dokiman ak videyo sou MIT-Ayiti sou sit wèb sa yo:

http://mit.edu/degraff

http://linguistics.mit.edu/linguistics_haiti/

http://MIT-Ayiti.NET

http://haiti.mit.edu

* * *

Atik sou Potomitan

An n konprann Chante Alfabè Kreyòl La

An n reflechi ansanm pou n rele chalbari dèyè pwopozisyon k ap menase òtograf lang kreyòl lai

Ki moun ki Robert Berrouët-Oriol? Èske se yon «lengwis tèminològ» pou lang kreyòl? Oswa se yon enpostè mantadò k ap sèvi gwojemoni frankofolis?

«Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas», dixit Michel DeGraff

Inisyativ MIT-Ayiti ap chache lengwis, tèminològ ak tout kalte edikatè ak syantifik ki gen jèvrin e ki kwè nan pouvwa lang kreyòl la pou n bati lekòl tèt an wo

Lang kreyòl ayisyen sou New York Times par Hugues Saint-Fort.

Language policy in Haitian education: a History of Conflict over the use of kreyòl as language of instruction

Lettre ouverte à l’ambassadeur de France en Haïti, Madame Élisabeth Béton Delègue

Lèt tou louvri pou Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen

Lyonèl Trouillot, Menm si w gen «zanno kay òfèv», ou toujou ka «rayi chen, di dan l blan», pa vre? Yon repons an senk (5) kesyon

Politik lengwistik nan istwa lekòl ann Ayiti

«Verite se tankou lwil nan dlo»: #VokabiLasyans nan Inisyativ MIT-Ayiti, sa se pa leksikografi |“Truth is like oil in water” —so here comes the truth about MIT-Haiti: Notes on vocabulary creation v. “scientific lexicography”

*

 Viré monté