Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pour une francophonie vivante
et populaire

Par Nicolas SARKOZY

Pou yon frankofoni vivan
e popilè

(yon tèks) Nicolas SARKOZY

Le Figaro, mars 2007
(vèsyon kreyòl + nòt: Emmanuel W. Védrine)
edisyon 20 desanm 2010

La francophonie n'est pas morte. Au cours des déplacements que j'ai effectués ces derniers mois à l'étranger, j'ai été touché de sentir que, partout dans le monde, la langue française bénéficie d'un prestige intact. Plus que jamais, cette ferveur nous oblige. Car, face à l'anglais, le recul du français n'est pas une fatalité.
Frankofoni1 pa mouri. Pandan deplasman mwen te fè nan mwa dènye yo aletranje, sa te touche m lè m santi ke, tout kote nan lemond, lang fransè a benefisye yon prestij entouchab. Gwo dezi sa a lye nou anpil a yon obligasyon. Paske, fas a lang anglè a, rekil fransè pa yon fatalite2.
Au moment où nous célébrons le centenaire de la naissance de Léopold Sédar Senghor, notre pays s'honorerait à rendre enfin à l'homme de la négritude et fondateur de la francophonie, l'hommage qu'il aurait dû lui rendre au moment de sa mort. J'ai été, dans la plus grande discrétion, le premier des responsables politiques français à me rendre sur sa tombe. Je veux aujourd'hui solenniser cet hommage envers celui qui a été l'un des artisans les plus dévoués du rayonnement de notre pays. C'est pourquoi, je propose l'inscription de son nom dans la crypte du Panthéon, aux côtés de celui de Charles Péguy et de Toussaint Louverture. Nan moman n ap selebre bisantnè3 nesans Léopold Sédar Senghor4, se ta yon onè pou peyi nou ta rann omaj a nonm sa a ki fondatè negritid ak frankofoni, omaj ke Lafrans ta dwe rann li lè l mouri. Mwen te gade sa an sekrè, kòm youn nan premye responsab politik fransè, pou ale sou tonm li. Mwen vle jodiya rann yon moun, ki te youn nan atizan pi devwe nan estansyon (kiltirèl) peyi nou, omaj sa a. Se poutèt sa, mwen pwopoze enskripsyon non li nan panteyon5 nasyon an, bò kote non Charles Péguy6 ak Toussaint Louverture.
Il faut revenir à une francophonie conforme à l'esprit de Senghor. Pour cela, nous devons, nous Français, nous impliquer davantage dans cette francophonie dont les porte-parole sont parfois des auteurs étrangers, eux qui se retrouvent courageusement, mais si seuls, à la défendre, à la place de ceux qui auraient dû en être les véritables avocats: les Français eux-mêmes. Et d'abord, la jeunesse, elle qui, à ce jour, n'en perçoit pas toujours l'utilité. Fò nou retounen a yon frakofoni ki konfòm a lespri Senghor. Poutèt sa, nou menm Fransè, nou dwe enplike nou plis nan frankofoni sa a kote pòtpawòl yo pafwa se otè etranje, ki rejwenn yo youn lòt ak kouraj, men se yo menm sèl k ap defann li, nan plas sa yo ki ta dwe vrè avoka l: Fransè yo menm. E dabò, lajenès, li menm ki, jodiya, poko janm wè itilite l.
Je veux qu'on enrichisse les programmes scolaires d'un volet francophone significatif et que, dans les villes, on crée des maisons de la francophonie, lieux vivants d'arts et de culture, où les jeunes pourront «toucher du doigt» l'originalité des cultures francophones. Il est également important de leur permettre de découvrir la richesse des cultures du Sud avec un service civique assorti d'un volet francophone. Mwen vle yo anrichi pwogram eskolè yo ak yon volè frankofoni ki esprime l klèman e ke, nan vil yo, gen kreyasyon mezon frankofoni, andwa ki egziste pou ar ak kilti, kote jèn yo kapab wè orijinalite kilti frankofòn yo. Li enpòtan tou pou pèmèt yo dekouvri richès kilti Sid la avèk yon sèvis sivik ki ann amoni ak yon volè frankofòn.
La jeunesse française issue de l'immigration aurait toute sa place dans ce dialogue des cultures, puisque la langue française a été aussi chantée par des écrivains originaires du Maghreb et d'Afrique subsaharienne. Ce n'est pas un hasard si, parmi les derniers pays que j'ai visités, le Sénégal et l'Algérie ont offert à notre Académie deux des plus fervents amoureux de la langue française, Assia Djebar et Senghor. Jenès fransè, ki gen orijin imigran, ta gen tout plas li nan dyalòg kiltirèl yo, puiske ekriven natif Magrèb e Afrik anba Sahara (ki fè pati Sahara) te chante lang fransè a tou. Se pa yon bagay pa aza si pami dènye peyi mwen vizite yo, Senegal ak Aljeri ofri deja Académie Française 2 moun pami sa yo ki montre lanmou ak antouzyas yo pou lang fransè a, an palan de Assia Djebar7 ak Senghor.
Dans l'enseignement supérieur, il est urgent de commencer à réfléchir à la création de chaires francophones, quasi inexistantes en France, afin de retenir des talents littéraires comme Maryse Condé, Alain Mabanckou ou Achille Mbembe, qui ont fini par s'exiler aux États-Unis. Le coeur et l'avenir de la francophonie sont de moins en moins français, mais, paradoxalement, de plus en plus anglo-saxons. La francophonie sauvée par l'Amérique? Un comble! Nan ansèyman siperyè, li nesesè pou yo kòmanse reflechi san pèdi tan a kreyasyon depatman frankofòn, ki prèske pa egziste an Frans, dekwa pou kenbe yon seri talan literè tankou Maryse Condé8, Alain Mabanckou9 ou Achille Mbembe10, ki fini pa egzile Etazini. Kè ak avni frankofoni diminye (li vin mwen fransè), men  paradoksalman11, deplizanpli anglosakson. Amerik sove frankofoni? Yon chapant!
Une langue véhicule aussi un message politique, une certaine vision du monde. Lorsqu'elle est parlée par des peuples aussi divers que ceux du Liban, du Niger ou du Vietnam, la langue française est le récit d'une communauté de destin entre «nous et eux». Je déplore que, quelquefois, elle soit confisquée par des réseaux prenant prétexte de la défense de la langue française pour promouvoir leurs intérêts privés. Yon lang veyikile tou yon mesaj politik, yon sèten vizyon mond lan. Lòske gen plizyè pèp ki pale l tou tankou moun Liban, Nijè ou Vietnam, lang fransè a se istwa yon kominote ak desten l antre «nou e yo». Mwen regrèt anpil, pafwa, lè yon seri rezo ta fè dappiyanp sou li sou pretèks defans lang fransè a pou pwomouvwa enterè pèsonèl yo.
Tant que la francophonie sera suspecte de tels relents, les peuples seront méfiants à son égard et seront tentés de rejeter le bébé (la France) avec l'eau du bain (la francophonie). Car, à l'origine, la francophonie n'est pas un concept colonial, au contraire. Pour ne pas être suspecté de néocolonialisme, le général de Gaulle avait commencé par s'en méfier avant que Léopold Sédar Senghor ne la définisse comme «fille de la liberté et sœur de l'indépendance», comme une «symbiose culturelle entre États ayant le français en partage et qui est d'autant plus humaine parce que d'autant plus riche, qu'elle unit les valeurs les plus opposées». Tank yo ta sispèk frankofoni de move tras sa yo, pèp yo ap devlope mefyans alega l, e y ap tante rejte pitit la (Lafrans) ak dlo beny lan (frankofoni). Paske, o kòmansman, frankofoni se pa yon konsèp12 kolonyal, okontrè. Pou pa sispèk neyokolonyalis13, Jeneral de Gaulle14 te kòmanse mefye sa avan menm Léopold Sédar Senghor te defini l kòm «pitit fi libète e sè endepandans», kòm yon «fizyon kiltirèl ant Eta ki gen lang fransè kòm pataj e ki plis imen paske pi rich, ke l ini valè ki pi opoze yo».
En France, il faut en finir avec la vision jacobine d'une francophonie qui écrase et qui assène: il n'y a pas lieu d'opposer le français aux «langues de France». Comment revendiquer, face à l'anglais, l'exception culturelle et ne pas l'admettre pour nos propres cultures régionales menacées de disparition? Les langues locales, y compris, outre-mer, le créole, doivent pouvoir être proposées aux écoliers dans les territoires où un nombre suffisant de parents le souhaite. An Frans, fò yo fini avèk yon vizyon tankou sa Jakoben15 yo te genyen de yon frankofoni k ap kraze e k ap koze vyolans: pa gen plas pou kare (opoze) fransè ak lòt lang Lafrans». Kòman pou revandike fas a lang anglè a, esepsyon kiltirèl  epi pou pa admèt li pou pwòp kilti rejyonal nou yo ke disparisyon yo menase? Lang lokal yo, enkli lang ki pale nan teritwa fransè aletranje tankou kreyòl, yo dwe kapab pwopoze yo a elèv sou teritwa yo kote gen yon bon valè paran ki swete sa fèt.
Du local au global, la francophonie franchit allègrement les frontières, mais sans toujours savoir où elle va. Nous devons l'imaginer comme un moyen pour la langue française de tenir tête à l'anglais sans complexe. Cela suppose que nos administrations s'adressent aux organismes internationaux en français et que le français, langue du droit, soit la langue de référence des textes européens. De lokal a global, frankofoni franchi teritwa yo aladous, men san nou poko konnen kibò l prale. Nou dwe imajine l kòm yon mwayen pou lang fransè a kapab reziste anglè san konplèks. Sa vle di ke administrasyon nou yo ta adrese òganis entènasyonal yo an fransè e lang fransè a, lang dwa, lang referans pou tèks ewopeyen yo.

L'élargissement vers l'est de l'Union ne doit pas remettre en cause notre partenariat privilégié avec les pays du Sud. En ce sens, la ratification, par la France, il y a quelques jours, de la Convention internationale pour la diversité culturelle, doit permettre qu'à côté du français, les langues locales aient droit de cité, notamment en Afrique: malgré ses difficultés actuelles, le continent noir peut, par ce dynamisme linguistique hérité de son histoire précoloniale méconnue, apporter une contribution précieuse à la production des valeurs universelles.

Elajisman vè lès Inyon an pa dwe tyalenj16 patenarya privilejye nou avèk peyi Sid yo. Nan sans sa a, ratifikasyon17 pou Lafrans fè, sa gen kèk jou, Konvansyon Entènasyonal pou divèsite kiltirèl, dwe pèmèt akote lang fransè a, lang lokal yo gen dwa pou yo site yo, patikilyèman ann Afrik: malgre difikilte aktyèl yo, kontinan nwa a ka, pa dinamis18 lengwistik19 sa a istwa prekolonyal li eritye ke yo pa konnen, pote yon kontribisyon presye a pwodiksyon valè inivèsèl yo.

Nòt
Tèks politik ki sikile sou entènèt la nan lang fransè, enkli pati ladan ki parèt nan kèk jounal fransè.

  1. FRANKOFONI (n). Kominote pèp frankofòn (ki pale fransè).
     
  2. FATALITE (n). Karaktè sa ki fatal (ki dwe rive san ou pa ka evite l, ki inevitab).
     
  3. BISANTNÈ (adj). Ki gen 200 ane ; 200tyèm anivèsè.
     
  4. Léopold Sédar SENGHOR: Fèt 9 oktòb 1906, li mouri 20 desanm 2001. Powèt senegalè, politisyen e teworisyen kiltirèl. Prezidan Senegal (1960-1980). Senghor se premye Afriken ki vin manm Académie française. Fondatè pati politik ki rele Senegalese Democratic Bloc (Blòk Demokratik Senegalè). Anpil moun konsidere l kòm youn nan entelektyèl afriken pi enpòtan nan ventyèm syèk la.
     
  5. PANTEYON (n).  Chapèl souteren yon moniman ki konsakre an menwa moun fame yon nasyon.
     
  6. Charles PÉGUY. Fèt 7 janvye 1873, li mouri 5 septanm 1914. Powèt, eseyis, editè fransè. De pi gran enspirasyon l yo se te “sosyalis” ak “nasyonalis”, men vè ane 1918, li tounen yon moun devwe men youn ki pa pratike relijyon katolik romen; apati moman sa a, katolisis te gen yon gwo efè sou zèv li yo.
     
  7. Assia DJEBAR. Non de plim Fatima-Zohra Imalayen. Li fèt 30 jen 1936. Romansye, tradiktè e sineyas aljeryen. Pifò nan zèv li yo relate obstak fanm rankontre; se yon moun remakab kòm pòtpawòl vwa fanm. Djebar konsidere kòm youn nan ekriven pi popilè Afrikdinò. Li te eli manm Académie française nan dat 16 jen 2005. Se premye ekriven magreben ki rive nan yon tèl wo fonksyon literè.
     
  8. Maryse CONDÉ. Fèt an 1930 nan Gwadloup. Otè ki ekri nan lang fransè, li ekri fiksyon istorik; li trè koni pou roman li an ki rele Segu (1984-1985). Lè l te fèk fèt, li te rele Maryse Boucolon. Se li ki pi piti pami uit pitit. An 1953, paran l voye l al etidye nan Lycée Fénelon epi nan Sorbonne (a Pari), kote l te espesyalize nan lang anglè. An 1959, li marye avèk Mamadou Condé, yon aktè gineyen. Apre l fin diplome lekòl an Frans, l al anseye nan peyi Gine(n), Gana, ak Senegal. An 1981, li divòse men an 1982 li marye ak Richard Philcox, tradiktè ki tradui nan lang anglè pifò nan roman l yo.
     
  9. Alain MABANCKOU. Fèt 24 fevriye 1966 nan peyi Congo Brazzaville. Sèl pitit, li pèdi manman l an 1995, papa l an 2004. Li pase anfans li nan vil Pointe-Noire, kapital ekonomik Congo, vil kotyè kote l kòmanse etid primè ak segondè l e kote li fin bakaloreya l (opsyon Lèt ak Filozofi). Manman l te vle se dwa pou l etidye; li kòmanse etid dwa l nan Brazzaville, epi an Frans nan Université Paris-Dauphine (Paris IX) kote li dekwoche yon diplòm DEA (Diplôme d’Etude Approfondie) an Dwa Komèsyal…Li kouwone ak pri literè kouwè kouwè : Prix Jean-Christophe de la Société des poètes français, Prix des Cinq continents de la Francophonie, Prix Ouest-France /Etonnants Voyageurs, Prix RFO du livre, Prix Renaudot 2005
     
  10. Achille MBEMBE. Fèt Kameroun an 1957. Li pran doktora (Ph.D) li nan istwa nan Université Sorbonne (Paris) an 1989. Apre sa, yon diplòm D.E.A. nan Syans Politik nan Institut d’Etudes Politiques nan menm vil la. Kòm youn nan gran teworisyen sou etid poskolonyal jounen jodiya, li pase kèk tan travay nan Columbia University, New York, Brookings Institute nan Washington, D.C., University of Pennsylvania, University of California, Berkeley, Yale University e nan Council for the Development of Social Science Research in Africa (Codesria) nan Dakar, Senegal. Aktyèlman li se manm estaf nan Johannesburg, Afrikdisid Pami zèv li yo, li ekri: Les Jeunes et l'ordre politique en Afrique noire (1985), La naissance du maquis dans le Sud-Cameroun, 1920-1960 : histoire des usages de la raison en colonie (1996), De la postcolonie, essai sur l'imagination politique dans l'Afrique contemporaine (2000; edisyon anglè a an 2001), Du Gouvernement prive indirect (2000) …
     
  11. PARADOKSALMAN (adv). Ann opozisyon ak opinyon ki opoze a opinyon jeneral yo admèt.
     
  12. KONSÈP (n). Ide jeneral; reprezantasyon abstrè yon objè ou ansanm objè ki gen karaktè komen. cf. nosyon.
     
  13. NEYOKOLONYALIS (n). Yon fòm kolonizasyon tounèf ki enpoze dominans ekonomik a yon ansyen koloni ki vin endepandan.
     
  14. Jeneral DE GAULLE [Charles André Joseph Marie de Gaulle]. Fèt 22 novanm 1890 ; li mouri 9 novanm 1970. Jeneral fransè epi chèf leta ki batay pou liberasyon fòs fransè yo pandan Dezyèm Gè Mondyal epi annapre, li fonde Senkyèm Repiblik Fransèz kote l te sèvi kòm prezidan l. An Frans, li pi koni sou non Général de Gaulle ou senpleman Le Général (Jeneral la), oubyen, «le Grand Charles».
     
  15. JAKOBEN. Manm sosyete politik revolisyonè (etabli a Pari nan yon ansyen kouvan jacobin). 2.repibliken entretab, patizan yon eta santralize.
     
  16. TYALENJ (v) sèvi (kòm) bwalong. 2. (n): bwalong (fig). s: defi.
     
  17. RATIFIKASYON (n). Aksyon pou ratifye (apwouve, konfime).
     
  18. DINAMIS (n). Enèji, vitalite (fig).
     
  19. LENGWISTIK (n). Syans ki etidye lang. 2. (adj). ki an rapò ak lang, ak syans ki etidye lang.
    [(adj) = adyetif ;
    (cf) = an rapò ak; (fig) = sans figire; (n) = non; (v) = vèb]

boule  boule   boule

E. W. Védrine Publications & Online Creole Publications
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

boule

 Viré monté