Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Kritik Ak Rechèch Sou Pwovèb Ayisyen : |
ENTWODIKSYON
'You can learn Creole' se yon ti liv pòch ki te premye soti nan lane 1945. Nan prefas la, de otè yo siyale: [Nan prepare leson sa yo, bi nou se pou founi yon entwodiksyon pratik an kreyòl, epi nou evite tank li posib, detay teknik gramatikal.]. Donk lè n pakouri ti liv sa a, choz di choz fèt: yo kenbe dizon yo. Grafi kreyòl otè yo itilize nan liv la, se sa gouvèlman ayisyen epòk la (Elie Lescot) te adopte pou kanpaydalfabetizasyon, yon sistèm fonetik ki baze sou Sistèm Fonetik Entènasyonal (SFE). Byenke se katriyèm edisyon an (1960; 106 p.) m ap revize, men edisyon sa a toujou konsève tèks orijinal la.
Liv sa a gen twa pati. Premye pati a divize an sis leson. Dezyèm nan, se yon glosè ki titre "Dictionary of basic words" English - Creole, Creole - English" ki kouvri paj 39-98. Epi twazyèm pati a, ki fokis rechèch sa a, gen pou tit "100 Creole proverbs" (pp. 99 - 106). Otè yo pa klase pwovèb sa yo nan yon lòd konvenab; konsa, mwen klase yo an twa òd: 1.1: "Klasman pa òd alfabetik" ("A" - Z"). Nan seksyon sa a tou, n ap jwenn varyant kèk leksèm, varyasyon kèk pwovèb (lòt fason yo ta di yo, pafwa sa depan de yon rejyon oubyen tou nan kèk varyasyon sa yo, nou kapab wè yo ratresi kote sa vin kreye plis estil). Seksyon 1.2: "Klasman pa vèb". La a pou fasilite klasman an, vèb la vin avan pwovèb la epi tout klase pa òd alfabetik. Nan dènye seksyon an, "Klasman pa bèt", li suiv menm òd dezyèm seksyon an, kote bèt yo vin avan.
1.1 - KLASMAN PA ÒD ALFABETIK
- Abiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranni.
var: kon, kou. s: jan, fason
|p| Bourik mèt fè santan nan lekiri, li pa gendwa tounen chwal. - Afè nèg pa janm piti, se janm kanson yo ki etwat.
- Anbisyon tiye rat.
- Apre dans, tanbou lou.
- Avantaj kòk, se zepon.
var: avantaj, avantay
ent: Kote ou jwenn avantay (ou) se la ou pran l. - Baton ki bat chen blanch lan, se li ki va bat chen nwa a.
var: Baton ki bat chen blan an, se li k bat chen nwa a.
sit: An Ayiti, paran timoun yo toujou bay tigason plis valè pase tifi. Deliram gen twa pitit: Dyenò, Dyemafi ak Dyelimèn. Dyenò ak Dyemafi desann sètifika ansanm; toulede pase. Deliram ap voye Dyenò Pòtoprens pou al kontinye klas li. Mèsidye, youn nan zwazen yo, di Deliram: "E Dyemafi, sa l pral fè apre sètifika?". "M ap voye manmzèl nan kouti.", Deliram reponn. Mèsidye di l: "Li lè pou n chanje mantalite sa a wi! Depi se tifi, nou wè se sèlman nan kouti pou n voye yo. Jan tifi sa a fò lekòl, poukisa ou pa voye l kontinye klas li Pòtoprens tou?". - Bay piti pa chich.
- Bay kou bliye, pote mak sonje.
var: sonje, chonje - Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li.
var: Bondye bay bèf san ke ladrès pou l pouse mouch.
sit: "M pa konn sa manje koute, m pa konn sa dòmi koute lopital la. Men m manje, m dòmi. Se vre, pawòl la gen rezon: 'Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li'. Si pa t Papa Bondye, m pa konn sa m ta fè." - Bèl cheve pa lajan.
- Bourik travay, chwal galonnen.
var: garyonnen, galonnen
ent: "Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se pa yo k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: 'Bourik travay, chwal garyonnen.' ". - Chak jou kouyè bwa al kay ganmèl men yon jou ganmèl, al kay kouyè bwa tou.
var: kiyè, kouyè [ r ] - Chak bourik ranni nan patiraj li.
- Chak koukouy klere pou je pa yo.
var: Chak koukouy klere pou je l.
ent: a) Chak moun ede tèt li. b) "Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chen. Rive yo fin rive, 'chak koukouy klere pou je l', y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche." - Chat konnen, rat konnen, barik mayi a va rete la.
var: Chat konnen, rat konnen, barik mantèg la ret la. - Chemen lwen, gonbo di.
gonbo, s: kalalou - Chen gen kat pat, se yon sèl chemen li fè.
var: a) Chen gen kat pat (men), li mache nan yon sèl chemen.
ent: a) Yon moun gen dis dwèt, sa pa vle di l ka fè dis bagay alafwa. b) Dòdò monchè, si w ap fè sanblan w ap sèvi Bondye, ou pa ka nan bòkò anbachal. 'Chen kat pat, se yon sèl chemen li fè.' c) Chen kat pat mache nan yon sèl chemen. - Chik pa janm respekte pye gwo mouche.
var: Chik pa respekte mèt bitasyon.
sit: Jeran lakou a pete yon lobo ak mèt kay la pou oto a li pa t gen tan lave. Se sa l bliye l pa di mèt kay la. - Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
ent: Epòk Lame Ayiti, chèf se moun yo k te pi kapon men se sou pèp la yo te toujou ap tire paske men l vid. - De moun onèt vann chwal yo san lavant.
- Dèyè mòn gen mòn.
ent: Pwoblèm sou pwoblèm; apre yon pwoblèm se yon lòt. - Fezè nat, li kouche atè.
var: Fezè nat kouche (dòmi) atè. - Flate pi danjere pase kouto de bò.
- Flèch palmis pa fizi.
ent: Pa kite sa ou wè a twonpe ou.
|p| Kaka poul pa ze. - Fòk ou dòmi ak Jan pou konnen jan l wonfle.
ent: Fòk ou viv ak yon moun pou konnen l (fen e byen). - Gen mèsi chen, se kout baton.
ent: "Mezanmi! Gade kouman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa." - Granmoun se remèd.
ent: Granmoun bay bon konsèy.
|p| Konsèy granmoun se longan. - Grennpwonmennen di li tande anpil bagay, Bwapiwo di sa li wè, se pa pale.
var: Bwapiwo di l wè lwen, Grennpwonmennen di l wè pi lwen pase l.
sit: Pa gen nèg dyòlè pase Frewo. Misye toujou pran pòz li konnen tout sa k ap pase nan Pòtoprens. Te gen yon aksidan ki fèt sou wout Delma a. Misye te nan zòn lan. Men, li pa t wè aksidan an. Nan demen, li al wè yon zanmi Kafou epi Janwobè vin parèt. Frewo kòmanse pale de aksidan an kòmsi l te la sou plas lè l fèt la. Misye di: "A! Gen yon kokennchenn aksidan ki fèt yèswa sou wout Delma a, se bagay grav! Yon bis Dayatsou frape yon kamyon kola. Boutèy kola fè kenken, moun bwè kola nèt ale". Janwobè di l: "Ou fin pale?". "Ou t ap poze yon kesyon sou aksidan an?", Frewo reponn li. Janwobè di: "Non, m t ap pote kèk eklèsisman sou sa. Men kijan aksidan an te ye: yon kamyon kola sot anwo Petyonvil; lè l rive bò "Cine Imperial" li pèdi fwen. Li al antre sou yon bis Dayatsou. Sèz moun nan bis la mouri. Wout Delma bloke nèt. Mwen t ap travèse pon an lè aksidan an fèt la".
|p| Tande ak wè se de. - Jan chache, Jan twouve, Jan anbarase.
|p| Pwonmennen chache pa janm dòmi san soupe. - Je rouj pa boule kay.
- Je wè, bouch pe.
- Jouroumou pa janm donnen kalbas.
var: jomou, jòmou, joumou, jouroumou
sit: Albèto se gwo vòlè. Tigason l lan, Toto, soti l toupi.
|p| Pitit tig se tig. - Kabrit gade je mèt kay avan l antre.
sit: Tout vakabon ranse ak Nènè. Kanta pou Sovè, se nèg ki kondi bak li byen; pesonn pa p pran chans jwe nan bab li.
|p| Kochon mawon konn sou ki bwa pou l fwote (kò l). - Kal pwason pa lajan.
|p| Kaka poul pa ze. ( var: Kaka poul pa bè.) - Kan poul bwè dlo, li pa bliye Bondye.
ent: Chak gòje (gòjèt) dlo yon poul pran, li leve tèt li pou l di Bondye mèsi. - Kan malfini voltije, si li pa jwenn plim li pran pay.
var: Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay.
sit: "Lolo! Pran katèl ou ak bòs Dorilis! Ou mèt gen ventan, ti lanj ou ye. Lè ou te nan tete, papa ou te fè l yon bagay; li pa p janm bliye. Kole bòs Do kole anba vant ou a, ou pa janm konnen sa k dèyè tèt li. 'Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay'. Sa Dorilis pa ka fè papa ou, li ka chache fè ou li." - Kan ou ap tann soupe kanmarad, ou dòmi twò ta.
- Kan ou kontre zo nan granchemen, sonje se vyann ki te kouvri li.
var: Lè ou jwenn yon zo nan granchemen, konnen li te gen vyann sou li. - Kochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwote.
- Kouri pou lapli, tonbe nan gran rivyè.
ent: Ou ap evite traka epi ou pran nan touman. - Lakay kanmarad pa lan mache.
- Larivyè anpeche pase dlo, li pa anpeche tounen.
- Larivyè avèti pa touye kokobe.
var: Lagè avèti pa touye kokobe. - Lavi long se plis lespri.
ent: Tank ou viv pi lontan, se tank ou gen plis lespri. - Lawouze fè banda toutan solèy pa leve.
var: Lawouze taye banda toutotan solèy poko leve.
|p| Bourik taye banda toutan chwal angle pa (lage) dèyè l.
( var: Bourik kouri toutan chwal pa dèyè l.) - Lè vant chat plen, li di ke rat anmè.
var: a) Vant chat plen, ke rat anmè. b) Depi (kou) vant chat plen, tèt rat anmè. - Lè ravèt vle fè dans, li pa janm envite poul.
var: Lè ravèt ap fè dans, li pa envite poul (ladan). - Lò ou krache atè, li tonbe sou nen ou.
ent: enpridans
var: lè, lò [ r ] - M vin tire bèf, m pa vin konte vo.
var: M vin bwè lèt (se lèt m vin bwè), m pa vin konte ti bèf dèyè vach (vaybèf).
s: vo, ti bèf - Maladi gate vanyan.
- Malere se vis.
ent: Povrete se krim. - Malere pa dezonè.
ent: a) Malere pa fè ou wont pou sa. b) Se pa paske ou malere pou wont (tèt ou pou) sa. c) Ou pa bezwen wont poutèt ou malere. - Mò pa janm konnen pri dra.
var: Mò pa konn pri dra ak sèkèy.
ent: Mò kite dèt pou vivan. - Nan tan grangou, patat pa gen po.
- Nan konpayi diri, ti wòch goute grès.
var: Pami diri, ti wòch goute grès. - Nèg di san fè, Bondye fè san di.
ent: Nèg fè plan, Bondye pran desizyon. - Ou konn kouri men ou pa konn kache.
var: Si ou konn kouri, fò ou konn kache. - Ou pa kapab kouche sou nat pou ap pale nat mal.
|p| Ou sou do bèf la epi ou ap pale l mal! - Pa kite bourik pou bat makout.
- Pa bliye granchemen pou chemen travès.
|p| Si ou fache ak granchemen, kote ou ap pase? - Pa koke makout pi wo pase men ou.
var: kwoke, koke. s: pandye, pann
ent: Pa pete pi wo pase dèyè w [ vil ]. (Fè sa ou kapab.)
sit: Dyekiswa gen yon sèl vaybèf; li di l ap vann li pou l achte twa kawo tè. - Pale franse pa di lespri pou sa.
var: Pale franse pa di lespri.
ent: Se pa paske yon moun konn pale franse pou pran l pou moun lespri. - Piti piti zwazo fè nich.
ent: Pran san w (nan sa w ap fè.). - Pòt tè pa goumen ak pòt fè.
ent: Se piti ou ye, w ap toujou anba. - Prese kon ou prese, twò prese pa fè jou louvri.
var: Twò prese pa fè jou louvri.
|p| pran douvan pa vle di konn chimen. - Pwason genyen konfyans nan dlo e se dlo ki kuit li.
var: kuit, kwit - Rat kay manje pay kay.
var: a) Rat kay k ap manje pay kay. b) Rat kay manje panno kay.
|p| Chik nan sann. - Ravèt pa janm gen rezon devan poul.
ent: Piti toujou anba. - Rayi chen, men di dan l blanch.
var: Rayi chen, di dan l blan.
ent: Yon moun ka gen move ak bon kote l. - Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa pote l ale.
var: a) Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa ka pran (bwote) l. b) Sa Bondye sere pou ou, dyab pa ka pran l. - Sa ki ba ou konsèy achte chwal gwo vant nan tan lapli pa ede ou nouri li nan tan sèk.
var: Moun ki ba ou konsèy achte chwal plenn nan sezon lapli, pa ede w nouri l lè dizèt. - Sak vid pa kanpe.
- Se pa kon chat mache li kenbe rat.
var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat.
ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) Chen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chen k mòde antrèt! - Se bon kè krab ki fè li san tèt.
var: Bon kè krab fè l san tèt.
ent: Yon moun ki twò onnèt (ki bay san limit) ka mouri pòv.
|p| Se bon kè krapo ki fè l san tèt. - Se soulye ki konnen si chosèt gen twou.
var: Se soulye ki konn kot chosèt gen twou. - Se pa poutèt yon pen pou pèdi tout yon founo.
- Se kouto sèl ki konnen sa ki nan kè yanm.
var: a) Kouto sèl ki konn sa k nan kè yanm. b) Sa k nan kè yanm se kouto k konnen l. - Se pa tout lè Magrit ale nan mache pou l pote bèl siwo.
- Se vye chodyè ki kuit bon manje.
var: Vye chodyè kwit bon manje. - Si ou pa t ap fiske lesyèl, ou pa ta wè tan kouvè.
var: Si ou pa t ap fikse lesyèl, ou pa ta wè tan mare.
var: fikse, fiske - Sòt pa tiye, men sòt fè swe.
var: (Moun) sòt pa tiye ou men l fè ou swe.
var: tiye, touye - Souke tèt pa kase kou.
var: sekwe, souke - Ti nèg fè sa l kapab. Gwo nèg fè sa l vle.
- Ti chen gen fòs devan kay mèt li.
- Ti kouto miyò pase zong.
- Tizon dife di li fou, men li pa pe janm pran chemen larivyè
- Tou sa ou pa konnen pi gran pase ou.
var: (Tou) sa ou pa konnen (pi) gran pase w. - Tout venn touche kè.
- Tout jwèt se jwèt, kochèt pa ladan.
- Tout bwa se bwa, men mapou pa kajou.
- Tout bèt di yo gra, lanbi di: mwen menm tou.
- Tout bèt nan lanmè manje moun, se reken ki pote move non.
- Twò gwo non tiye ti chen.
var: Gwo non tiye (touye) ti chen. - Twòp lespri, sòt pa lwen.
ent: Twòp lespri konn rann moun sòt. - Vant plen di: gouyav mi gen vè. Vant vid di: kite m wè.
- W a fòse bourik janbe dlo, ou pa pe fòse li bwè dlo.
var: Yo fòse bourik janbe dlo, (men) yo pa fòse l bwè dlo. - W ap kabicha pou manje manje moun chich.
- Yon jou pou dyab, yon jou pou Bondye.
|p| Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye. - Yon sèl dwèt pa manje gonbo.
var: Yon sèl dwèt pa manje kalalou. - Zafè kabrit pa zafè mouton.
var: Afè kabrit, mouton pa mele
|p| Zafè lafanmi, lasosyete (moun deyò) pa mele.
1.2 - KLASMAN PA VÈB –
al(e) 12. Chak jou kouyè bwa al kay ganmèl men yon jou ganmèl, al kay kouyè bwa tou.
anpeche 42. Larivyè anpeche pase dlo, li pa anpeche tounen.
avèti 43. Larivyè avèti pa touye kokobe.
bat 59. Pa kite bourik pou bat makout.
ba, bay 71. Sa ki ba ou konsèy achte chwal gwo vant nan tan lapli pa ede ou nouri li nan tan sèk.
bliye 60. Pa bliye granchemen pou chemen travès.
boule 30. Je rouj pa boule kay.
bwè 35. Kan poul bwè dlo, li pa bliye Bondye.
chache 29. Jan chache, Jan twouve, Jan anbarase.
di 56. Nèg di san fè, Bondye fè san di. 95. Vant plen di: gouyav mi gen vè. Vant vid di: kite m wè.
dòmi 25. Fòk ou dòmi ak Jan pou konnen jan l wonfle.
donnen 32. Jouroumou pa janm donnen kalbas.
envite 47. Lè ravèt vle fè dans, li pa janm envite poul.
fè 83. Ti nèg fè sa l kapab. Gwo nèg fè sa l vle. 74. Se bon kè krab ki fè li san tèt. 63. Piti piti zwazo fè nich. 45. Lawouze fè banda toutan solèy pa leve. 65. Prese kon ou prese, twò prese pa fè jou louvri.
fiske 80. Si ou pa t ap fiske lesyèl, ou pa ta wè tan kouvè.
fòse 96. W a fòse bourik janbe dlo, ou pa pe fòse li bwè dlo.
gade 33. Kabrit gade je mèt kay avan l antre.
galonnen 11. Bourik travay, chwal galonnen.
gate 50. Maladi gate vanyan.
gen(yen) 19. Dan pouri gen fòs sou bannann mi. 21. Dèyè mòn gen mòn. 26. Gen mèsi chen, se kout baton. 68. Ravèt pa janm gen rezon devan poul. 84. Ti chen gen fòs devan kay mèt li.
goumen 64. Pòt tè pa goumen ak pòt fè.
goute 55. Nan konpayi diri, ti wòch goute grès.
kabicha 97. W ap kabicha pou manje manje moun chich.
kanpe 72. Sak vid pa kanpe.
kase 82. Souke tèt pa kase kou.
klere 14. Chak koukouy klere pou je pa yo.
koke 61. Pa koke makout pi wo pase men ou.
konnen 15. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a va rete la. 39. Kochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwote. 53. Mò pa janm konnen pri dra. 75. Se soulye ki konnen si chosèt gen twou. 77. Se kouto sèl ki konnen sa ki nan kè yanm. 87. Tou sa ou pa konnen pi gran pase ou.
kontre 38. Kan ou kontre zo nan granchemen, sonje se vyann ki te kouvri li.
kouche 22. Fezè nat, li kouche atè. 58. Ou pa kapab kouche sou nat pou ap pale nat mal.
kouri 40. Kouri pou lapli, tonbe nan gran rivyè. 57. Ou konnen kouri men ou pa konn kache.
krache 48. Lò ou krache atè, li tonbe sou nen ou.
kuit 66. Pwason genyen konfyans nan dlo e se dlo ki kuit li. 79. Se vye chodyè ki kuit bon manje.
mache 73. Se pa kon chat mache li kenbe rat.
manje 99. Yon sèl dwèt pa manje gonbo. 67. Rat kay manje pay kay. 92. Tout bèt nan lanmè manje moun, se reken ki pote move non.
nouri 71. Sa ki ba ou konsèy achte chwal gwo vant nan tan lapli pa ede ou nouri li nan tan sèk.
pale 62. Pale franse pa di lespri pou sa.
pèdi 76. Se pa poutèt yon pen pou pèdi tout yon founo.
pote 78. Se pa tout lè Magrit ale nan mache pou l pote bèl siwo.
pouse 9. Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li.
pran 86. Tizon dife di li fou, men li pa pe janm pran chemen larivyè.
ranni 13. Chak bourik ranni nan patiraj li.
rayi 69. Rayi chen, men di dan l blanch.
respekte 18. Chik pa janm respekte pye gwo mouche.
sere 70. Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa pote l ale.
sonnen 1. Abiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranni.
souke 82. Souke tèt pa kase kou.
tann 37. Kan ou ap tann soupe kanmarad, ou dòmi twò ta.
tiye 3. Anbisyon tiye rat. 81. Sòt pa tiye, men sòt fè swe. 93. Twò gwo non tiye ti chen.
touche 88. Tout venn touche kè.
travay 11. Bourik travay, chwal galonnen.
vann 20. De moun onèt vann chwal yo san lavant.
vin(i) 49. M vin tire bèf, m pa vin konte vo.
voltije 36. Kan malfini voltije, si li pa jwenn plim li pran pay.
wè 31. Je wè, bouch pe.
1.3 - KLASMAN PA BÈT
bèf 49. M vin tire bèf, m pa vin konte vo. 9. Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li.
bourik 1. Abiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranni. 11. Bourik travay, chwal galonnen. 13. Chak bourik ranni nan patiraj li. 59. Pa kite bourik pou bat makout. 96. W a fòse bourik janbe dlo, ou pa pe fòse li bwè dlo.
chat 15. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a va rete la. 46. Lè vant chat plen, li di ke rat anmè. 73. Se pa kon chat mache li kenbe rat.
chen 17. Chen gen kat pat, se yon sèl chemen li fè. 26. Gen mèsi chen, se kout baton. 6. Baton ki bat chen blanch lan, se li ki va bat chen nwa a. 69. Rayi chen, men di dan l blanch. 84. Ti chen gen fòs devan kay mèt li. 93. Twò gwo non tiye ti chen.
chik 18. Chik pa janm respekte pye gwo mouche.
chwal 11. Bourik travay, chwal galonnen. 20. De moun onèt vann chwal yo san lavant. 71. Sa ki ba ou konsèy achte chwal gwo vant nan tan lapli pa ede ou nouri li nan tan sèk.
kabrit 100. Zafè kabrit pa zafè mouton. 33. Kabrit gade je mèt kay avan l antre.
kochon 39. Kochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwote.
kòk 5. Avantaj kòk, se zepon.
koukouy 14. Chak koukouy klere pou je pa yo.
krab 74. Se bon kè krab ki fè li san tèt.
lanbi 91. Tout bèt di yo gra, lanbi di: mwen menm tou.
malfini 36. Kan malfini voltije, si li pa jwenn plim li pran pay
mouch 9. Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li.
mouton 100. Zafè kabrit pa zafè mouton.
poul 47. Lè ravèt vle fè dans, li pa janm envite poul. 35. Kan poul bwè dlo, li pa bliye Bondye.
pwason 34. Kal pwason pa lajan. 66. Pwason genyen konfyans nan dlo, e se dlo ki kuit li.
rat 15. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a va rete la. 46. Lè vant chat plen, li di ke rat anmè. 67. Rat kay manje pay kay.
ravèt 47. Lè ravèt vle fè dans, li pa janm envite poul. 68. Ravèt pa janm gen rezon devan poul.
reken 92. Tout bèt nan lanmè manje moun, se reken ki pote move non.
vè 95. Vant plen di: gouyav mi gen vè. Vant vid di: kite m wè.
vo 49. M vin tire bèf, m pa vin konte vo.
zwazo 63. Piti piti zwazo fè nich.
Abreviyasyon ak siy:
ent: Entèpretasyon
s: Sinonim (mo tokay)
sit: Sitiyasyon (nan sitiyasyon pwovèb sa a ka itilize)
var: Varyant (o nivo ibyen / riral); varyasyon (pwovèb sa a genyen)
|p| : Pwovèb paralèl
[ ]: Tradiksyon
[ r ]: Varyant riral
[ vil ]: Vilgarize, vilgè, vilgarizasyon
Referans:
Mc CONNELL, H.
- Ormonde ak Eugene Swain Jr. You can learn Creole. (4th. Ed). 1960
JEAN-BAPTISTE, Pauris.
- Kout flach sou 250 pwovèb Dayiti. 1974
VEDRINE, Emmanuel W.
- Dictionary Of Haitian Creole Verbs With Phrases And Idioms.Soup To Nuts. Cambridge, MA. 1992
- Ti istwa kreyòl : Short stories in Haitian Creole. Soup To Nuts. Cambridge, MA. 1994
- Gramè Kreyòl Védrine.E. W. Vedrine Creole Project. Boston. 1996
- A guide To Haitian Creole Idioms. E. W. Védrine Creole Project. (Unpub. manuscript).
- N ap aprann pwovèb ayisyen. E. W. Védrine Creole Project. Boston. (Maniskri inedi).