Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pwodiksyon materyèl didaktik an kreyòl: ki pozisyon Ayisyen pran?

Production of teaching materials in Creole: what side are Haitians on?

Emmanuel W. Védrine

evedrine@hotmail.com

Novanm 2011 : November 2011

Edouard Jean

École Mixte St. Antoine par Jean Edouard © Macondo

Tit atik sa a, pwodiksyon materyèl didaktik an kreyòl …, se jis yon ti aksantegi kòmantè pou reveye konsyans tout Ayisyen ki ta renmen bay lang kreyòl la jarèt pou l antre danble nan lekòl Ayiti. The title of this article, production of teaching materials in Creole …, is just some comments to revive the consciousness of all Haitians who would like to strengthen the Creole language to enter with meticulousness in Haiti’s schools.
M ap suiv anpil diskisyon sou kreyòl depi digdantan, lè kèk ti fowòm ayisyen te fèk kòmanse boujonnen nan fen ventyèm syèk la. Men nan tout diskisyon yo, mwen ta remake pa janm reyèlman gen yon mizopwen sou 'pwodiksyon materyèl didaktik an kreyòl' pou ta ede nan monte lang ayisyen an, e nan tranzisyon lengwistik la Ayiti. I’ve been following many discussions on Creole for quite a long time, when some small Haitian fora started to grow at the end of the twentieth century. But in all of these discussions, I would notice that there has never been a focus on ‘production of teaching materials in Creole’ that would help in the rise of the Haitian language, and in the linguistic transition in Haiti.
Se yon sijè trè enpòtan ki dwe debat (sou fowòm, nan medya ayisyen, nan konferans k ap fèt sou Ayiti), e kijan tout moun ki ta vle kreyòl la ale vè lavan pou ta pote pwòp kontribisyon pa yo jan yo kapab. It’s a very important subject that should be debated (on fora, in the Haitian media, in conferences dealing with Haiti), and how everyone who would like to see the Creole language go further to bring their own contribution the way they can.
Ann mete bonjan dokiman gratis ti cheri sou entènèt la nan lang kreyòl pou n ede nan pwomosyon lang sa a. Anpil travay bezwen fèt pou konble anpil vid ladan. Men kilès ki pral fè yo? Se vre, gen gwo rechèch lengwistik ki fèt sou kreyòl, tèz ki ekri sou li, men an menm tan nou ka poze kesyon sa yo: Let’s make good documents free of charge available online in Creole to help promoting this language. Many works need to be done to fill up many gaps in it. But who is going to do them? It’s true, there are already seminal linguistic research on Creole, dissertations written on it, but at the same time we can ask the following questions:
Nan ki fason yo reyèlman ede pwogram alfabetizasyon?  Nan ki fason yo ede lekòl Ayiti? Nan ki fason Ayiti benefisye de yo? Èske mèt tèz /rechèch sa yo fè bibliyotèk Ayiti kado kèk kopi (ladan yo) pou ta ede elèv, pwofesè lekòl ak rechèch? Èske se jis itilize zòt ap nèke itilize lang nan kòm «sijè» rechèch pou atenn objektif yo ...? To what extent they really help Haiti? In what way they really help literacy programs?  In what way can they help schools in Haiti? In what way can Haiti benefit from them? Have the authors of these dissertations/research given copies of them to libraries in Haiti to help students, school teachers with research? Are they just using the language as research “subject” to just reach their goal...?
Yon dal ak yon pakèt kesyon nou ka poze. Epi ann gade ki kalite travay volontè k ap fèt nan kad pwomosyon lang lan? Kisa k ap pibliye gratis ti cheri an kreyòl pou ede lekòl, ak elèv Ayiti jwenn dokiman nan pwòp lang yo pou fè rechèch? A bunch of questions we can ask. And let’s look at what types of volunteer works are being done in promoting the language. What are being published free of charge in Creole in order to help schools, and students in Haiti to find documents in their own language to do research?
N ap apresye kòmantè lektè yo sou atik sa a, e diplis yo ta renmen ajoute sou li pou wè nan ki fason nou kapab fè vizyon «konbit lengwistik e edikatif» sa a tounen yon reyalite, toujou nan pwomosyon lang kreyòl la pou eseye kreye tout materyèl didaktik esansyèl ladan. We will appreciate the readers’ comments on this article, and supplement they would like to add to it to see to what extent we can make this “collective linguistic and educative vision become a reality, still to create all necessary teaching materials in it.

boule

 Viré monté