Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Twenty cents of consciousness to become a better person

Ven kòb konsyans pou vin yon pi bon moun

Emmanuel W. VEDRINE
February 21, 2018 : 21 fevriye 2018

Versión española : Version française : Versione italiana : Deutsche Version

Photo: Claudel Pierre-Louis

Each person should be conscious to change their mind first, if they want to see change : Chak moun dwe pran konsyans pou chanje mantalite yo dabò si yo vle wè chanjman.

1. ASSEMBLE: Don’t abandon your assemble (church). Try to be a positive model.

 

1. ASANBLE: Pa abandone asanble (legliz) ou. Eseye vin yon modèl pozitif.

2SCAPE GOAT: Instead of blaming others all the time for what they don’t do, ask yourself what you have done already to help others. Are you going to spend your life waiting for people to come and do things, and you are not handicap?

 

2. BOUK EMISÈ: Olye w ap blame lòt moun tout tan pou sa yo pa fè, mande tèt ou kisa ou fè deja pou ede lòt moun. Èske w ap pase vi w ap tann moun vin fè, epi ou pa endikape?

3. EDUCATION: Educate yourself in order to understand the world better. It’s never too late to learn. It’s not only on school’s benches you can learn. You can learn through dialogue, while traveling to visit other places, through contact with other cultures… University of Life is a free school where everyone can learn many things.

 

3. EDIKASYON: Edike tèt ou pou konprann mond lan pi byen. Li pa janm twò ta pou aprann. Se pa sèlman sou ban lekòl ou ka aprann. Ou ka aprann nan dyalòg, pandan w ap vwayaje al vizite lòt kote, atravè kontak ak lòt kilti… Inivèsite Lavi se yon lekòl gratis kote tout moun ka aprann anpil bagay.

4. SELFISHNESS: Help others (the way you can). Finish with selfishness. Finish with hating others for the efforts they are making.

 

4. EGOYIS: Ede lòt (fason w kapab). Fini ak egoyis. Fini ak rayi lòt pou efò y ap fè.

5. INVESTMENT: Learn to invest very early. Show your family how to invest (in something profitable) so that when you are in your fifties you won’t be poor (economically). You won’t need to ask someone for jobs. But you will be better off, living on what you have invested.   5. ENVESTISMAN: Aprann envesti byen bonè. Montre fanmi w envesti (nan kèk bagay ki rantab) dekwa lè ou nan senkantèn pou pa pòv (ekonomikman). Ou p ap bezwen mande moun travay. Men ou va alèz, pou viv de sa ou te envesti.

6. CONGRATULATION: Learn to congratulate (people); learn to encourage (people); learn to applaud people who are working hard, who are making efforts, who have done something from which people can benefit.

 

6. FELISITASYON: Aprann felisite, aprann ankouraje, bat bravo pou moun k ap travay di, k ap fè efò, ki fè yon bagay moun ka benefisye de li.

7. THE FUTURE OF YOUR CHILDREN: Think very early about the future of your children (school, career, encouragement you should give them for their success, respect they should have for others).

 

7. FITI (AVNI) PITIT OU: Panse byen bonè a avni pitit ou (lekòl, karyè, ankourajman ou dwe ba yo pou reyisit yo, respè yo dwe genyen pou lòt moun).

8. GLORY: Don’t expect any glory if you are in the capacity to do something for your country /community.  Be happy instead about how many people who are going to benefit from what you do.

 

8. GLWA: Pinga atann oken glwa si ou nan kapasite pou fè yon bagay pou peyi w / kominote w. Kontante w pito de valè moun ki pral benefisye de sa ou fè a.

9. SOCIAL CLUB: Do you belong to some social clubs in your community, to spend time with other people, to dialogue, play with them? They can learn something from you that may have a positive impact on them.

 

9. KLIB SOSYAL: Èske ou apateni a kèk klib sosyal nan kominote w, pou pase tan ak lòt moun, dyaloge, jwe ak yo? Yo ka aprann yon bagay de ou ki kapab gen yon efè pozitif sou yo.

10. CONTACT: Keep in touch with people who can help you (with good advice), who are there for you in case of need. Give them a ring, send them an email, a text message to say hello.

 

10. KONTAK: Kenbe kontak ak moun ki ka ede w (ak bon konsèy), ki la pou ou an ka bezwen. Ba yo yon kout fil, voye yon imel ba yo, yon mesaj tèks pou di alo.

11. LOVE: Learn to cultivate love. Learn to burry hatred.

 

11. LANMOU: Aprann kiltive lanmou. Aprann antere lahèn.

12. LEADERSHIP: Learn to develop leadership (what you see that’s needed to be done; don’t wait for people to come and do it; try your best to do it without talking, and many people will benefit from it).

 

12. LIDÈCHIP: Aprann devlope lidèchip (sa ou wè ki merite fèt, pa ret tann moun vin fè l; degaje w jan w kapab pou fè l, epi anpil moun va benefisye de li).

13. NEIGHBOR: Be always ready to help your neighbors who are in need. Show them that they are not abandoned. Love your neighbor as you love yourself.

 

13. PWOCHEN: Toujou prè pou ede pwochen w ki nan bezwen. Montre yo ke yo pa abandone. Renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.

14. PRODUCTION: Learn to produce what you can, in the domain you can, and in the capacity you can. Be proud of what you can produce.

 

14. PWODIKSYON: Aprann pwodui sa w kapab, nan domèn ou kapab, e nan kapasite w kapab. Fyè de sa w ka pwodui.

15. WEALTH: If you become rich, see how you can help those who are poor. Don’t forget you will leave all the wealth behind when you leave this earth.

 

15. RICHÈS: Si w vin rich, wè kijan ou ka ede pòv. Pa bliye w ap kite tout richès dèyè lè w kite tè sa a.

16. HEALTH: Try to remain healthy (spiritually, physically, and mentally). Eat well, do exercises regularly, sleep well. Check at least twice a year with your doctor.

 

16. SANTE: Eseye rete an sante (espirityèl, fizik, e mantal). Manje byen, fè egzèsis regilye, dòmi byen. Tyeke medsen w omwen de fwa lan.

17. GOSSIP: Don’t waste time in gossiping, badmouthing people with others. Look for things you can do instead, in your spare time (e.g, read something to learn something new).

 

17. TRIPOTAY: Pa pèdi tan w nan fè tripotay, nan pale moun mal ak lòt. Chèche bagay ou ka fè pito, nan tan lib ou (e.g, li yon bagay pou aprann yon bagay nouvo).

18. VACATIONS: Think of where you can go for vacations each year with your family (husband, wife, and children), to distress yourselves, and to create a habit to remain connected with them.

 

18. VAKANS: Panse ki kote pou al fè vakans chak ane ak fanmi w (mari, madanm, pitit), pou destrese w, e pou kreye yon abitid pou ret konekte ak yo.

19. VISIT: Visit some institutions (e.g, prisons, hospitals, nursing home, elders’ house, hospice) in your spare time to show people there that they are not abandoned, and to broaden your horizon of thinking, to reflect on life, health, and freedom.

 

19. VIZIT: Vizite yon seri enstitisyon (prizon, lopital, mezon retrèt, kay tigranmoun, ospis) pou montre moun ki ladan pa abandone, e pou elaji orizon panse w, pou reflechi sou lavi, sante, e libète.

20. FRIENDS: Create more friends, and do your possible to avoid creating enemies. There are friends that you’ve never met face to face (virtual friends). They are also among your friends, and can have a positive impact on you and vice versa.

 

20. ZANMI: Kreye plis zanmi. Fè posib pou evite kreye ènmi. Gen zanmi ou pa janm kontre fas a fas (zanmi vityèl). Yo pami zanmi w yo tou, e yo ka gen yon efè pozitif sou ou, e vise-vèsa.

Courtesy : Koutwazi
E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts

boule

 Viré monté