Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kisa kandida alaprezidans yo fè
de pozitif nan sosyete ayisyèn lan

Emmanuel W. VEDRINE
[atik sa a parèt nan lang anglè nan jounal Boston Haitian Reporter, oktòb. 2005]

Palais national
Palais national, Champ de Mars, Port-au-Prince. Photo Fabio et Franco Biaggi.

Lè n gade yon kesyon kèk moun poze resamman sou  «Curriculum Vitae» (CV) kandida alaprezidans yo, mwen ta di kesyon ki pi enpòtan an se pito «Kisa yo fè deja pou peyi a pou pèp ayisyen ta gen konfyans nan yo pou jete yon bilten pou yo an novanm?». Si kesyon sa a reponn deja nan CV yo, pa gen pwoblèm!

Li lè li tan pou n sispann kite zye twonpe nou lè n ap li CV byen long ki pa genyen anyen grandyoz ladan yo an tèm sa moun nan reyalize deja kòm pozitif nan sosyete a. Pifò Ayisyen enpresyone pa kantite diplòm yon moun gen kwoke nan panno l olye pou ta chache konnen sa moun sa a akonpli deja nan kominote / peyi li nan yon lap de tan byen detèmine (kit li te gen diplòm ou pa). Nan ki inivèsite Tousen, Desalin, kristòf ak (Chalmay) Peral te ale? Èske gen moun ki ka reponn kesyon sa a? Èske l posib pou n ta fè yon lis bagay pozitif yo akonpli pou Ayiti?

CV kapab twonpe zye. Li bon pou yon moun ta atenn yon wo nivo edikasyon si l posib, men vrè kesyon an se: Kisa ou fè avè l aprè? Èske ou jis kwoke diplòm ou nan panno oubyen nan biwo w? Gen lè plis diplòm Ayisyen pran lekòl, se pi kreten yo vini (nan sans pa konnen kijan pou fè bagay yo, pa konnen kijan pou fè sa ki bon, pa konnen kijan pou pwodui, pa konnen kijan pou fè bagay pozitif pou ede sosyete a).

Ann fè yon lis bagay pozitif lis kandida byen long sa yo akonpli deja pou Ayiti. Men yon bwalong pou kenbe! Dezyèmman, mwen obsève ke kèk moun ta kòmanse bat men pou kèk kandida ki antre nan kous la, kote yo ta pwojte yo kòm «nouvo sovè» pou Ayiti. Sa se youn nan pi move bagay yon moun te ka fè. Renmen ak maryaj se de (2) bagay diferan.

Si yon moun poko sou pouvwa, kòman fè n ta konnen ke moun sa a pral yon bon lidè, espesyalman si l pa t pwouve tèt li oparavan? Li ta pi bon pou revize travay yon politisyen apre l fin kite pouvwa olye avan l monte sou pouvwa.

Ann ese saj lè n annafè ak «politik ayisyen» paske sa trè frajil. Mwen renmen dikton ameriken ki di: «I am from Missouri, show me» (ki ta ekivalen an kreyòl: «Mwen se Sen Toma, fò m wè pou m kwè».

(E. W. Védrine)

boule   boule  boule

What are the presidential candidates’
credentials in Haitian society?

by Emmanuel W. Vedrine, University of Rhode Island
Boston Haitian Reporter, Oct. 2005

Looking at a question raised by someone recently about the Curriculum Vitae of the presidential candidates, I would say the most important question is rather ‘What have they done yet for the country so that Haitian people can trust them by casting a vote for them in November? If that question is being answered in their CV’s, that’s fine!

It’s about time that we don’t let our naked eyes fool us any longer by reading long CV’s with nothing grandiose in terms of what the person has done as positive for his society. Most Haitians are impressed by the number of diplomas someone has on his wall instead of going through what that person has accomplished for his community / country within a time frame (whether he has diplomas or not). What university have Toussaint, Dessalines, Christophe, Petion, Charlemagne Peralte attended? Can anyone answer that question? Is it possible to make a list of positive things they have accomplished for Haiti?

CV’s can be trompe l’oeuil. It’s good to reach a high level of education if possible, but the real question is: What do you do with it afterward? Do you just hang your diplomas on the wall at home or in your office? It seems that the more diplomas Haitians get from universities, the more kretin (stupid) they become in the sense of knowing how to do things, knowing how to do the right thing, knowing how to produce, knowing how to do positive things to help their society.

Let’s try to make a list of positive things that these long list of presidential candidates have accomplished for Haiti so far. There goes the challenge! Second, I observe that some people start clapping their hands for some candidates who have entered the race, projecting them as “new saviors” for Haiti. This is one of the worst things that someone can do. Dating and marriage are two different ballgames.

If someone is not in power yet, how on earth do we know that this person will be a good leader, especially if he did not prove himself beforehand? It would be better to review a politician’s work after he leaves power rather than before he ascend to power.

Let’s be wise in dealing with “Haitian Politics” for it’s very fragile. I like the American saying: “I am from Missouri, show me”.

boule   boule  boule

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

Viré monté