Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nouvèl Jenerasyon powèt kreyòl ayisyen

Cher(e)s ami(e)s,

La Direction de KEPKAA vous encourage à participer à ce beau projet de Société Paroles. Le lancement se fera dans le cadre des festivités marquant la 7 e édition du Mois du créole à Montréal (du 2 au 31 octobre 2008). Prière de nous écrire si vous avez des projets semblables: Email.

Bonne participation.

La Direction de KEPKAA, Montréal, ce 20 juin 2008

Zanmi nou yo,

Dirijan KEPKAA yo ankouraje ou kole zèpòl ak «Société  Paroles» nan mayifik pwojè antoloji sa a. L ap gen pou li pran lari nan  7èm edisyon Mwa kreyòl Monreyal la, ki ane sa a, ap kòmanse 2 pou fini  31 oktòb 2008.  Si ou gen pwojè ki sanblab ak sa a, tanpri ekri nou   nan:  Email.

Lamenfòs.

Direksyon KEPKAA,

jou ki 20 jen 2008

Pwojè a

Nouvèl Jenerasyon powèt kreyòl ayisyen se yon pwojè ke Société Paroles mete sou pye pou pèmèt piblik la dekouvri jèn powèt ayisyen yo ki ekri an kreyòl ak plizyè lòt talan ki janm jwenn chans pibliye.

Pwojè sa a ap chache kolaborasyon tout moun ak asosyasyon ki kwè nan pwomosyon lang ak literati kreyòl menm jan ak tout lòt lang ak literati.

Objektif 

Nou vle reyini yon trantèn jèn ekriven, fi kou gason nan yon liv pwezi kreyòl.

Kondisyon

  • Ekriven ayisyen (fèt ann Ayiti oubyen pitit Ayisyen)
  • Ou poko janm pibliye yon liv pwezi kreyòl (oubyen pa plis ke yon liv)
  • Nou resevwa tèks yo (pou pi plis 4 tèks) nan dat limit 25 jiyè pa email (kourye elektwonik) oubyen pa lapòs
  • Ou voye tèks yo avèk yon prezantasyon sou ou (pou pi plis 5 liy)

Lòt kondisyon

Tout moun dakò sou prensip ke pou nou fè yon travay ki gen nen nan figi l fòk genyen kritè seleksyon tèks yo. Gen yon komite ki gen pou misyon ekzamine tèks patisipan yo. Nou konprann ap gen yon seleksyon avèk tout kritè nou ap bay, tankou kalite osnon valè literè nap chèche anndan yon tèks.

Paske nou vle fè pwomosyon nouvèl jenerasyon powèt ayisyen yo, laj kapab yon kritè tou. Men li p ap yon kritè pou elimine pèsòn.

Société Paroles se yon asosyasyon ki anrejistre nan pwovens Québec. Li p ap chache fè pwofi nan kad aktivite li ak misyon li. Se plizyè atis (ekriven, mizisyen, aktè, chantè, pent, sineyas) k ap viv nan Montreal ki mete asosyasyon an sou pye.

Société Paroles bay tèt li twa manda:

  • Tounen pòt vwa pou anpil atis ki gen difikilte pou fè tande yo
  • Pwopaje zèv manm li yo toupatou
  • Sèvi ak kilti pou raproche moun pou lavi ka pi bèl

Adrès Société Paroles : PO Box 25251, Succursale Rivière-des-Prairies, Montreal, Quebec, Canada, H1E 7P9. Email

Viré monté