Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Potoprens

Jean Armoce DUGÉ

Pòtopren
dyab vale teren
leswa
y al sere fon

pòtoprens
leswa
dyab pè
dyab sispann fè pè

pòtoprens
dyab pè zam
chèf leswa
leswa blije dyab ret nan nich

pòtoprens
laperèz
kontrenn ou anlè anlè
lannuit kou lajounen

fenelon
mouri gwo jounen
sou  wout lali
chèf fizye l

anri
kaba gwo solèy katrè
nan lari
site solèy

machin chef t ap pase
li te kanpe san chimiz
li pa te merite lavi
chèf gwèw li

pòtoprens
chak jou kadav
chak swa veye
tout jounen antèman

pòtoprens
nou tout se mò flannè
nou tout ki pa chèf
nou tout ki pa anyen

pòtoprens
se fè nwa tout tan
solèy
pa janm parèt

pòtoprens…

Port-au-Prince
les diables se retirent
le soir

et s’abritent en lieu sûr

port-au-prince
le soir
les diables connaissent la peur
les diables cessent de faire peur

port-au-prince
les diables ont peur des armes
les chefs des nuits
le soir obligent les diables à rester cloués dans leurs lits

port-au-prince
la peur
vous intimide
nuit et jour

fénélon
a été abattu plein jour
à lalue
les autorités l’ont fusillé

henri
a rendu l’âme sous un soleil de quatre heures
en pleine rue
à cité soleil

une pick-up de gendarmes y circulaient
il s’y trouvait torse nu
il n’a pas droit à la vie
ils l’ont éclaté la cervelle

port-au-prince
tous les jours des cadavres
tous les soirs des veillées
des funérailles toute la durée du jour soleil

port-au-prince
on est tous des morts-touristes
les sans armes
les bons à rien

port-au-prince
ville d’éternelle nuit d’horreur
le soleil
se garde toujours de sourire

port-au-prince…

(Tribò Babò, Orèjozèf Publications, Boston, 1995)

boule   boule   boule 

Viré monté