Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Lesyèl ak late
Le ciel et la terre

Jean Armoce DUGÉ

nan peyi laba a nan syèl wa dola
se fè dèt m a peye
se fè krim m a padone

onondipè pa di kretyen
tan ki tan fè onondipè
nan sinagòg la plen jouda

fènwa bare lalin pou fè timoun pè
lò konsa lalin ak zetwal pran ri
kou jèn anmorèz

m brase lalin ak solèy
lanmè chanje pantalèt
fènwa ra kou lavi

atansyon lannwit pa antre
isi
se jou k ap banbile

m delimite solèy
m delimite lalin
lannuit avè m koupe fache

sèmafot sèmatrègrannfot
misye solèy ansent manzè lalin
latè pral selebre nòs

arebò lavi granmoun ap penpennen
lalin akouche solèy pran danse
tout timoun fofile nan won

au lointain pays dans les cieux  du roi dollar
achetez à crédit en mon nom
tuez pour avoir mon pardon

Méfiez-vous des habiles faiseurs de signe de croix  
le temps aussi s’y applique  
la synagogue est un rempart de traîtres 

la nuit submerge dame lune pour effrayer les enfants
entre temps dame lune et ses commères les étoiles rigolent à tue-tête
on dirait des femmes fraîchement amoureuses

je greffe la lune sur le soleil
la mer affiche sa mauvaise mine
rare la nuit comme la vie

Attention nuit ne t’approche point
ici
le jour fête

feu vert au soleil
feu vert à la lune

la nuit se fâche contre moi

c’est ma faute c’est ma très grande faute
dame lune porte un bébé pour monsieur soleil
la terre va célébrer leurs noces

autour de la vie les vieux perdent leur temps
dame lune a mis au monde son bébé monsieur soleil se pâme d’allégresse
tous les enfants de la fête se mêlent

(Chuichuichui, Les Cayes, 2004)

boule   boule   boule 

Viré monté