Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Li, Konprann
Ekri
Yon ti jaden Kreyòl

Michel-Ange Hyppolite

Istwa

19.50 US + frais postaux chez Educa Vision
ISBN 1-881839-63-X

PAWÒL POU ELÈV YO

Yon Iiv

Yon liv se yon gwo tèks ki demare ak yon lide epi ki gen yon bann lòt lide ki vin plòtonnen sou premye a, men yo tout ansanm ap detaye yon sèl manman koze sou sa otè a wè, sa li tande ak tout sa ki touche venn sansib li. Konsa nou kab di yon ekriven se yon kiltivatè ki ap pran swen tout lide li mete sou papye pou 1i kapab fè yon bè1 jaden.

Anvan yon kiltivatè fè jaden li, 1i pran san 1i pou 1i prepare tè a. Li chèche semans, 1i triye yo epi li kòmanse plante. Travay ekriven an bò kote pa li se rasanble lide, triye lide, epi mete yo apa. Lè ekriven an fin chwazi tout lide li yo, li travay yo tankou yon kiltivatè ki ap prepare yon bèljaden flè. Apresa, ekriven an fè liv, pou li pataje fui travay pasyans li ak lektè 1i yo. Ou menm ki pral li travay ekriven ki nan liv sa a, ou se yon jenn lektè ki kab vin yon ekriven demen.

Enpòtans mo yo ak lide yo

Ekriven an kanpe lide li avèk fraz ki chaje ak bèl mo. Mo sa yo se bèl miwa lèzanj, kote nou kab wè lide mo a reprezante a plante drèt devan je nou

Kèlkeswa fòm istwa a - woman, kont, ti istwa kout, istwakont eks ... - mo ak ekspresyon ekriven an itilize ladan li an sèvi pou otè a bay aktè li yo lapawòl, epi pou li montre yo zòn kote istwa a ap dewou1e a. Mo yo ak ekspresyon yo sèvi tou pou montre tout kalite sitiyasyon anndan istwa a. Sitiyasyon koupe souf, sitiyasyon difisil blennde ak danje, eksetera ...

Kisa lide yo pote?

Avèk lide li, otè a kapab montre divès aspè ki genyen nan yon sitiyasyon, menmsi se menm sitiyasyon an ki devan lektè a. Konsa, chak lektè ki li travay yon ekriven va gen fason pa li pou li konprann li. Men tou, tankou tout lòt ekriven yo, 1i dwe ekri sa li santi, jan 1i pase nan lespri li a. Se 58 ki pral pèmèt li fè lektè li yo kriye, ri osnon reflechi.

Viré monté