Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Istwa
Pwezi kreyòl Ayiti

Michel-Ange Hyppolite

Istwa

15.50 US + frais postaux chez Educa Vision
ISBN 1-58432-150-4.

WOUT LIMYE KAPTENN KOUKOUROUJ LA

Nan liv Michel-Ange Hyppolite la, gen youn bann limyè ki makonnen kò yo ansanm... pou klere chan istorik pwezi kreyòl la. Epi pou montre nou...ki wout lanng manman nou an franchi nan domèn powetik la jouk li rive jounen jodi a.

Wout sa a, lò n'ap suiv li nan Listwa pwezi kreyòl Ayiti nou rive wè tout kalfou, tout rak bwa, tout chimen dekoupe pwezi natif-natal la deja travèse, soti depi epòk Endyen yo, anvan Christophe Colomb, rive nan ouvèti ane 2000 yo.

Premye peryòd 1iv Michel-Ange Hyppolite la benyen ak limyè; se peryòd kote fenomèn Oralti (literati oral) a te fenk ap mete tibato 1i sou lanmè. Oralti, sètadi, fi] lapawoli ki vlope istwa/kont, anvan sanba plimeyank yo kòmanse tire lèt nan manmèl lekriti.

Oralti (nan tablo kiltirèl nou an), dapre Michel-Ange Hyppolite, t'al plen premye kalbas dlo li nan sous tèt mòn Baworiko nan epòk kasik Kawonabo lò mesye Endyen yo te konn al fè jakopyevèt dèyè bèl endyèn...

Josaphat Large

Viré monté