Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Vokabilè etimolojik:
lang ewe ak lang fon nan kreyòl ayisyen an

Jean-Robert Placide
Manm Sosyete koukouy, Seksyon Kanada
Pwofesè kreyòl

Entwodiksyon

Nan Le créole haïtien: morphologie et syntaxe, (1936, 1979), Suzanne Sylvain boukle tèz doktora li a avèk yon ipotèz sou kreyòl ayisyen ki ta, daprè lengwis la, «… une langue éwé à vocabulaire français» [yon lang ewe avèk vokabilè fransè]. Paregzanp, eleman gramè tankou fòm datif nan kreyòl la, cf. Sylvain (1936: 130 – 131),  avèk yon vèb ki gen sans «donner» an fransè, «dar» an espayòl, «give» an anglè, li soti nan lang Lafrik lwès yo, tankou lang ewe, (na = donner) epi li gaye toupatou nan divès lang kreyòl. Cf. Alleyne (1996: 170 -173.

Men egzanp korespondans sa a, nan Rongier (2004: 173, 87).

Ewe: 

Kreyòl:

Fransè:

e

li

il

tso

pran

prend

lajan

l’argent

na

bay

donner à

Yàwò

Yawo

Yawo

Ewe:

Kreyòl:

Fransè:

e

li

il

tso

pran

prend

è

li

le

na

bay

donner à

Kòfi

Kòfi

Kòfi

Nan rechèch n’ap fè nan Sosyete Koukouy, nou vin panse, piske S. Sylvain jwenn enfliyans sentaks ewe plizyè korespondans sentaksik nan kreyòl ayisyen an, li ta enteresan pou nou ta chèche leksik ewe a tou. Se konsa, nan travay bouskay nou, nou vin dekouvri plizyè korespondans leksikal mo vokabilè ewe ki rantre nan kreyòl nou an.

Egzanp korespondans leksikal:

klẽ: briller; egzanp:  … les marchandes de bijoux klenklen / [ … machann bijou klenklen yo]. Cf atik Sister M nan ki rele: Démélé et Devanture, nan Le Nouvelliste du 25 juillet 2013.

fũ: moisir; an kreyòl: santi foun, santi mwezi

gblẽ: une variété d’akassa; an kreyòl: ablen se akasan nan nò. Cf. Max Manigat 2007: Mots créoles du Nord d’Haïti. Nòt: Etimon ewe sa a pi byen chita sou tout plan pase pwopozisyon etimon fransè haberlin Dominique Fattier bay nan fich DECA pwovizwa a.

Egzanp fonetik istorik:

Son /x/ soti nan lang fon, vin chanje nan lang ewe pou tounen /f/ ou /v/ nan kreyòl ayisyen an. Egzanp : Xueda = Freda;  houn xò = hounfò; Gele xue = Gelefre;  je xò = djevo. Pou ki rezon ? Paske son / x / la pwononse / f /  lakay nèg ewe yo. Konsa, mo tankou Gelefre, Gelefwe, hounfò, Freda, se tras evolisyon fonetik lang ewe a nan kreyòl ayisyen an. Kanta djèvo, se rezilta frikatif / f / ki sonorize tounen / v /.

Sou baz chanjman (evolisyon) fonetik sa a nou remake ki soti nan lang fon, pase nan lan ewe, vin tonbe nan kreyòl ayisyen an, nou panse sa ban nou agiman pou n’al chèche lòt mo ewe ki nan kreyòl la. Epi, kòm lang ewe avèk lang fon nan menm fanmi lengwistik Kwa, nou tou pwofite fè yon rapwochman leksikal ant 2 lang sa yo, avèk kreyòl ayisyen an sou kote.

Ositou, tablo korespondans leksikal nou prezante a genyen 3 lang: ewe, fon ak kreyòl ayisyen an. Men lis plizyè mo vokabilè kreyòl ayisyen an S. Fuertès (2011) rele  «une langue néo-kwasane», akoz presizeman enfliyans ou entèferans fanmi lengwistik lang kwa yo sou fòmasyon lang ayisyen an.

Vokabilè konparatif ant: lang Ewe ak lang Fon

* èkpo: bâton (lang fon: kpo)

Egzanp kreyòl: flègèdèp (lang fon: fle gèdè kpo). Flègèdèp ou flègèdèk vle di mègzo tankou bagèt legede. (Vilsaint ak Heurtelou 2009: 184).

Nòt: èkpo (lang ewe)  ak kpo (lang fon) vle di tou: bois (fransè), bwa (kreyòl). Òpá (yowouba, nago) vle di: baguette, bâton (Rougé 2004: 227). Msye di nou, nan kreyòl ginen an, po fôgô = bâton de feu = pénis. Remake nan kreyòl ayisyen an, pou nou di pénis, nou di: bwa, zozo, baton. Se mo nou kapab fasilman retrase chemen semantik yo, soti Lafrik, pase nan kreyòl ginen, tonbe nan kreyòl ayisyen an.

* akàtsa, blikàtsa: bouillie de maïs, enveloppée dans des feuilles vertes, (langue fon: kãsã).

Egzanp kreyòl: Akasan nan fèy se yon akasan solid. Selon Vilsaint ak Heurtelou (2009: 15), resèt akasan an soti nan peyi Nijerya (peyi Nago) ak Dawome (peyi Rada).

Nòt: Remake nou gen lòt kalite akasan ki likid tankou: ablen (lang ewe: gblẽ), epi genyen ki solid tankou doukounou, (lang yowouba, nago: dòkònò )

* àgàmà: caméléon (lang fon: àgãmã)

Egzanp kreyòl: Mwen pa fè misye konfyans, li sanble yon aganman. (Valdman 2007: 8).

* àhwà: guerre, (lang fon: Ahuã); ègã: chef (lang fon: ).

Egzanp kreyòl: awangan (lang fon: Ahuã gã )se chèf lagè, chèf twoup militè. 

Nòt: Mòfèm (gã: chef) rantre nan konpozisyon mo tankou: houngan. Pa konfonn li avèk mòfèm omonim (gã: fer, métal, cloche), ki rantre nan konpozisyon mo tankou: ogan, (lang fon, xo : sonner de la cloche, jouer du gong), ki se yon enstriman mizik an fè, nan òkès vodoun an. Mizisyen ki ap jwe enstriman ogan an rele: ogantye.

* èda: cheveux (lang fon: da)

Egzanp kreyòl:Ayida tèt kwòt, tèt gridap, tèt ayida, se fanm ki gen cheve kout, ki woule tankou ti boul. (Vilsaint et Heurtelou 2009: 51). Cf. ayi: tè; da: cheve.

Nòt: atansyon! gen yon yon lòt omofòn (da), ki vle di: kizin, kizinyè. Egzanp: Pekou ak da (wòch dife ak kizin, kizinyè). Madoda (gason makòmè ki ap fè kizin, ki kizinyè).

* hati: compagnon, camarade; (lang fon: hàtò). Cf. ha, hamè, amèha: groupe, équipe, société; (lang fon: mèhatò, tamèha); Bòha: s’associer; (lang fon: mèhàtò: associés, équipe de personnes.

Egzanp kreyòl: mera: association d’entraide en milieu rural. Kò mera (Vernet et al 1976: 323). Yon bout mera. Gen lòt kote yo di ranpono (lang fon: hà kpo non), pou asosyasyon konbit pou sakle tè. Pran nan mera, se pran nan yon konplo òganize. Nan vokabilè vodoun, tanmera se ansanm kamarad oubyen konpayon moùn nan te reyini avèk yo a. cf.: Apo Lisabadja, tanmera, awangansiye, odabò!

Nòt: «odabò: au revoir» se mo nèg fon yo  Dawome (Rada) prete nan men nèg Yowouba Nijerya yo (Nago).

* mè: dans, à l’intérieur de ; (lang fon: )

Egzanp kreyòl: Mòfèm prepozisyon lokatif () a rantre nan mo tankou: Dawome, lanmè oubyen mè vant (placenta), kout pye demèfle (lang fon: xo mè fli).

Nòt: gen yon lòt mè, pwonon omofòn (lang fon: mè = personne, quelqu’un), ki pafwa transfòme tounen: ma. N’ap jwenn li an kreyòl, nan mo tankou: mazenflen (mè zen flo), Ayiti toma (Ayiti tomè), madoda, masisi.

* adu: dent (langue fon: àDu).

Egzanp kreyòl: Mòfèm (àDu) a pase nan espresyon fon adu kplakasè: dents passant les unes sur les autres. Epi, nan kreyòl la, li vin tounendan doukla: dan yonn sou lòt. Men lòt mo ki gen menm sans (yonn sou lòt) la: mare douk, (jwèt timoùn avèk dwèt yonn sou lòt), koupe douk, douk an douk. cf Valdman (2004)

* bòkò: devin; (lang fon: bòkònon)

Egzanp kreyòl:bòkò, divinò

* bé: dire, parler une langue; (lang fon: do gbe). Cf. adè: langue, parole (lang fon:)

Egzanp kreyòl: jebede, jèbèdè (lang fon: jè gbe Dε) Se jebede l’ap jebede nan radyo a (Valdman 2004: 301). Nòt: nan lang yowouba (nago), gbé dè (gbó ede) vle di: parler une langue étrangère. Djè gbè dè = tonbe pale yon lang tranje. Daprè Segurola, p.264,  jèjè (djèdjè) se non yo bay nèg Adja yo nan peyi brezil. Nèg ki ap jebede, ki ap pale yon lang etranje, siman yonn nan lang matènèl yo Brezilyen pa ka konprann.

* àfí: endroit, où; (lang fon: fÍ,)

Egzanp kreyòl: Afitayi? ayi ! (afi tε ai? Ai!); Ki kote li chita? atè! Nòt: nan lang fon, tε: quel. Egzanp: avotayi? (avo tε ai), ki sakrifis ki atè a.

* èzo: feu; (lang fon: zo)

Egzanp kreyòl: kanzo, ratazòtò, zobop, zozo

* èsò: foudre (lang fon: so: loray)

Egzanp kreyòl: Ebyoso, (lang fon: Xεbioso: lwa loray nan peyi Xεviε); ebyosou, Byasou (lang fon: Xεbiosu); sodjèmen (lang fon: so jè mè); Sodjèmen 3 fwa, nn ginen tande ! (Sèman kanzo ginen, cf. M. P. Beaubrun 2010: 153); djiso (lang fon: ji so), daprè Beaubrun (2010: 197), houngan asogwe se houngan avèk ason (lang fon: aso gwè, aso gwè mè), sòlòkòtò (lang fon: So xo ko tò), ason (lang fon: Aso: ti klòch). Sogbo: gwo loray, lwa loray.

* axwé: maison, demeure, habitation;  (lang fon: xué)

Ezanp kreyòl: gelefwe (lang fon: gele xué), Èzili Freda (lang fon: Azili Xueda).

Nòt: Xò: maison, case, chambre, logement, appartement; (lang fon: ). Egzanp kreyòl: djevo se chanm lwa pou kanzo, (lang fon: je xo: case en perles, petits temples pour le culte dans le palais royal. (Segurola, p. 260). Hounfò  (lang fon: houn xò: case du fétiche (Segurola, p 250).

* atsu: mâle; (lang fon: su)

Egzanp kreyòl: bosou twa kòn (lang fon: Gbo su: mal kabrit), dosou, Ebyosou, Byasou.

Nòt: asi; épouse; Houn asi, hũ si; an kreyòl: Hounsi

* èzè: marmite, cruche,  kannari, chaudron; (lang fon: zẽ).

Egzanp kreyòl: zen, zen nago, lobozen, wanzen, poto zen (klou pou kenbe zen an), seremoni boule zen, mazenflen.

Nòt: Nan teyori sou fòmasyon kreyòl ayisyen an, sou baz aprantisay yon dezyèm lang (ALS: apprentissage langue seconde), anvan nèg yo te al aprann sèvi ak mo ki soti nan fransè tankou: mamit, krich, ja, chodyè, yo te deja ap sèvi avèk mo (zen) an ki soti nan lang ewe ak fon, pou nonmen tout reyalite sa yo. Nan sans sa a, entèferans lengwistik fanmi lang kwa yo en yon kokennchenn enpòtans nan jenèz kreyòl ayisyen an.

* èzã: nuit; (lan fon: )

Egzanp kreyòl: zandò ap mache nan nuit.

* amè: personne; (lang fon: ).

Egzanp kreyòl: Mèkplesen  se rasanble moùn pou adore;(lang fon: mε kplékplé sẽ). Amèdi: enterrer une personne; nan lang fon: Lègbà hõ sè amè di ; Bawon samdi (Lègba, Tolègba ki nan pòtay simityè a, premye moùn yo antere la a, li se gadò oubyen gadyen simityè a).

Fonetik istorik: Nan evolisyon fonetik mo a, pwonon oubyen prepozisyon lokatif, li ka pwononse: ma. Egzanp: mazenflen, makoklen, Ayiti toma.

* kpe: pierre; (lang fon: kpe)

Egzanp kreyòl: pe, pedji, pe vodoun, lotèl vodoun. Pekou ak da.

* kòklò: poule, coq; (lang fon: koklo)

Egzanp kreyòl: kòk koklo, gason koklo, tèt kokolo, zoklo, koklo djayi, koklo laye vodoun; koklo gidi? adjalovi e! kodase  (lang fon: koklo do asi) = kri poul lè li ap chante ze.

* hwẽ: sentir; ( lang fon: huẽ)

Egzanp kreyòl: santi wen.

* èdã: serpent; (lang fon: )

Egzanp kreyòl: Danbala (lang fon: Dãgbé Alada), danbala wèdo(lang fon: Dãgbé Alada hue do). Danbala, Danbala wèdo.

 * dzi: sur, en haut; (lang fon: Ji)

Egzanp kreyòl:degi, houtòdji, djiso.

Nòt: gen dyalèk kreyòl ayisyen an kote preposition sou (sur) gen menm sans avèk anwo (en haut). Cf. Manje a sou tab la; manje a o tab la (manje a anwo tab la). Mete rad sou ou; mete rad anwo ou.

* fu: tamiser, souffler, pulvériser; (lang fon: )

Egzanp kreyòl: foulaye kleren.

* èlã: viande, animal; (lang fon: ).

Egzanp kreyòl: kalan (kalbas pou vyann).

* gẽ, gέ, dzè: tomber, échouer; tomber par terre; (lang fon: jε )

Egzanp kreyòl: houngènikon, houndjenikon (lang fon: hũ jè nukõ), djèbèdè se pale yon lang moùn pa konprann; (lang fon ak lang nago: jè gbè adè); sodjèmen! tonnè tonbe sou mwen, tonnè boule mwen, tonnè kraze mwen! (lang fon: so jè mè = la foudre est tombée sur quelqu’un), djayi tonbe atè (lang fon: jè ayi = tomber à terre). Pitit la djayi atè a (Vilsaint ak Heurtelou 2009: 133). [Nòt: Pa konfonn li avèk djayi ki soti nan mo fransè «jaillir», ki vle di likid ki soti avèk fòs. (Vilsaint ak Heurtelou 2009: 221)].

Nòt: Nan lang sa yo, lè vèb «» akonpaye yon lòt vèb, li vle di: kòmanse. Enfliyans lang sa yo sou kreyòl la vin bay espresyon tankou: tonbe pale, tonbe danse / kòmanse pale, kòmanse danse. [cf. tanmen, kòmanse ki soti nan fransè entamer, commencer avèk lizay incohatif la tou. Tandiske tomber fransè a pa gen yon lizay incohatif an fransè].

Konklizyon

Konparezon korespondans leksikal nou tabli la a pèmèt nou di 2 bagay. Premyèman, gras ak mo sa yo ki sanble, (plis lòt ankò), nèg ki pale fon pa ta sipoze gen pwoblèm pou konprann nèg ki pale ewe, menm si se 2 lang endepandan. Konsa pawòl mitolojik «incompréhension» lang afriken yo tonbe, sitou lè se lang ki chita nan menm fanmi lengwistik, tankou ewe ak fon.

Dezyèmman, anplis resanblans sentaksik ak mòfolojik Sylvain (1936) te bay yo, plis korespondans eleman gramè tankou enperatif avèk sijè (impératif cohortatif), enperatif espesyal (prohibitif et injonctif), nou kwè resanblans leksikal yo demontre aklè entèferans lang ewe ak lang fon te genyen nan fòmasyon ansyen premye lang kreyòl ayisyen an. Enfliyans lan parèt depi nan lespri nèg yo (aspect cognitif) jis nan vokabilè yo ap sèvi a (aspect linguistique). Paregzanp, si esklav afriken yo vin aprann mo zen an (haim: hameçon) an fransè, apati 1630 - 1650 yo, sepandan, yo te deja ap itilize mo zen an [èzè: marmite, cruche, kannari, chaudron; (lang fon: zẽ)] ki nan langay ak vokabilè ewe ak fon yo depi Lafrik. Nou ta ka fè menm egzèsis etimolojik sa avèk yon mo pou sèmante tankou  «tonnè! tonnè boule m!» ki soti nan «tonnerre!» nan lang fransè, an konparezon avèk yon mo sèman ginen Nèg kreyòl yo itilize, tankou «Sodjèmen! Sodjèmen 3 fwa, nan Ginen tande!» ki soti nan lang fon, epi nèg lang ewe yo konprann tou. (cf. nan lang fon: So jε mε  = la foudre est tombée sur quelqu’un). Egal, men enpòtans etidye lang kreyòl la, nan epòk lontan, byen anvan etablisman fransè yo, pou nou ka mye konprann nesans ak grandisman lang kreyòl la ki sou teritwa Ayiti a. Resanblans leksikosemantik nan vokabilè etimolojik mwen prezante yo  ajoute avèk entèferans sentaksik lang ewe avèk lang fon genyen nan kreyòl ayisyen an, se yon bon kòmansman nan rechèch sou nesans ak sou fòmasyon lang kreyòl ayisyen an.

Jean-Robert Placide
Manm Sosyete koukouy, Seksyon Kanada
Pwofesè kreyòl

Referans

Serge Fuertès (2011): Le créole afro-haïtien, une langue néo-kwasane.

Remy Bole-Richard (1983): Systématique phonologique et grammaticale d’un parler Éwé: le Gen-Mina du Sud-Togo et Sud-Bénin.

R.P.B. Segurola, 1963, 1968, 1988: Dictionnaire Fon-Français

Jacques Rongier, 2004: Parlons Éwé

Suzanne Sylvain1936, 1979: Le créole haïtien: morphologie et syntaxe.

Féquière Vilsaint & Maude Heurtelou 2009: Diksyonè kreyòl Vilsen

Michka Sachnine, 1997: Dictionnaire usuel yorùba - français

Mervyn C. Alleyne, 1996: Syntaxe historique créole

boule

 Viré monté