Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Filozofi fatra an kreyòl

Par Jean Elie Valcin

27 desanm 2020

kontakfesbouk

Se pa yon bagay ki fasil pou n ta defini kisa «fatra» ye. Tout moun konn kisa ki «fatra».

Malgre tout moun ta gen yon nosyon de semantik fatra, men li toujou difisil pou yon moun ta kapab di egzatteman kisa ki fatra, paske pèsonn pa ka di kisa fatra itil. Pa egzanp lè w fin manje, rès manje w voye jete a se yon bèt ki manje l; ou pa ka di ke bèt la se fatra l manje. Sa l ap manje a gen yon non; li pa rele fatra.

Yon lòt kote, yo ka konsidere fatra kòm bagay ki bon, e bagay ki pa bon. Gen anpil moun ki gen yon regard manichéiste lè y ap pale de moun. Li divize mond lan an moun ki bon e moun ki pa bon. Men si n ap pran fatra nan sans bagay ki bon ak bagay ki pa bon, an n gade ansanm ki rezilta sa ap bay.

Pwason kòmanse pouri nan tèt men se tèt sosyete a ki pou bay bon egzanp. Si yon pèp pa edike, li p ap kapab suiv bon egzanp yo. Ban m eksplike m: sa k fatra pou ou gen dwa pa fatra pou mwen. Lè jounal Le Nouvelliste voye vye kopi jete, se ladan yo m fè lekti. Intimité, j'ai lu, charme, nous deux yo te konn rele yo fatra literè.

Lè m te piti, se avèk vye fèy papye sa yo ke yo te konn mete nan tout palisad kay la ki te pèmèt ke m te konn li. Ou ta di ke se nan yon bibliyotèk ke m te konn dòmi. Se nan mitan fatra sa a ki fè m ka kole de mo franse jodiya.

Se fatra sa yo ki fè m te konn kijan pou m ekri gullit, rijkaard, Clinton etc. Libreri Auguste, Stella, l'Action Sociale, Shunt Ainé, la Pleiade, Aux livres pour tous etc… lè yo jete fatra, se te toujou yon benediksyon pou mwen.

Yon vye moso twal mari matant mwen te voye jete, yo te fè yon bout pantalon avè l pou mwen, e m te konn al legliz avè l. Yon vye gato yo ta pral voye jete, chèf kuizin nan fè baba o wonm avè l. Lè yo fin retire frijidè, fou, dèlko nan bwat yo, voye vye bwat katon yo jete ebyen gen lòt moun ki achte fatra sa yo byen chè. Gen anpil moun se katon ki fè kabann pou yo dòmi.

Nèg isit ki voye elèv jete kòm fatra nan lekòl y ap dirije a, lè fatra sa a rive nan peyi etranje se loreya l ap loreya sèlman. Fanm sa a misye voye jete kòm fatra, se li menm ki ka vin prezidan peyi a demen. Men kesyon pou ta poze tèt ou se: èske fatra se bon bagay nan sans ke m ap pale la a paske gen moun ki toujou vle rete ak ti sèvo poul? Yo p ap fè efò pou eseye konprann anyen nan anyen. Lè yo pa gen kapasite pou yo konprann yon bagay, yo rele l «blag» oubyen «radòt».

Ki pi gwo fatra ke mond sa a kapab pwodwi ke fatra ideolojik ki fè yon pakèt moun mouri pou gran mesi, epi apre bagay sa yo vin san valè. Konbyen moun ki mouri nan mond lan poutèt yon nonm ki te rele Hitler. Li te gen yon ide fatra ki t ap boujonnen nan tèt li ke l siperyè pase tout moun sou latè. Li pèsekite moun, touye moun ak gaz elt.

Georges Brassens di: «mourir pour des idées mais de mort lente». Sa grav pafwa nèg ki marye k ap joure madanm yo fatra epi k ap tounen fè chen dèyè fatra a. Yo ka toujou gade nou kòm peyi fatra. Se nan peyi fatra sa a Edi Anabi, ki te nan tèt minista (MINUSTAH)1 t ap touche 60 mil dola US lemwa te mouri nan otèl Montana. Se nan peyi fatra sa a gwo avyon ap desann, epi tikè ap vann kou pate cho. Se nan peyi fatra sa a ti pèp ap peye randevou byen chè sou tèt gwo lonbrit mouche gran panpan. Se nan peyi fatra sa a biznis yo ap mache an is. Se nan peyi fatra sa a yo te konn ranmase lò, kuiv, boksit ak lòt ankò. Se nan peyi fatra sa a ONG fèmen je l pou l fè kòb.
 
Jodiya, anpil nèg isit konsidere isit kòm fatra yo pran lòt peyi pou salon lakay yo. N ap di nan ti pawoli  sa a ke menm si napkin nou an gen koulè nwa, se napkin ke l rele. Se vre papye ijyenik pa janm koulè nwa; se blan li ye men li p ap janm al sou tab; se pou Trou à merde li fout fèt. Ainsi, le fatra est une notion philosophique faisant allusion à une immonde-us parfois.

Nòt

  1. MINUSTHAH. (Mission des Nations Unies pour la Stabilisation en Haïti: The United Nations Stabilization Mission in Haiti; Historical background and mission mandate (Contexte historique et mandat de la mission : Kontèks istorik e manda misyon an).

Yon ti moso nan otobiyografi otè a

Jean Elie Valcin. Ansyen kandida pou depite (komin) Lazil (l’Asile), Depatman Nip, Ayiti. -- Diplome nan Université Jean Price Mars. Etidyan finisan an diplomasi (CEDI) Centre d’ Études Diplomatiques et Internationales. Pwofesè filozofi ak literati. Ansyen pwofesè ar dramatik nan Nouveau College Bird. Ansyen ko-animatè «Expression», yon emisyon a karaktè killtirèl sou Energie FM 101.7 Ansyen kolaboratè jounal Le Matin. Aktyèl prezantatè emisyon televize, Espace Diplomatique [«Espace Diplomatique». (Quelques rubriques): • Contestation sociale en HaïtiHommage au professeur de carrière, monsieur Joseph Mathurin Sainvil) • 11 juillet, 2020]; Kòdonatè Adjwen AFEMME (Action du Féminin et du Masculin pour un Monde Equilibré).

*

 Viré monté