Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Hamlèt Trajedi pa William Shakespeare Tradiksyon an Kreyòl Ayisyen pa
Foto kouvèti a:
Hamlèt, Tradiksyon an Kreyòl Ayisyen • 2014 • Près Trileng |
Lòt liv pibliye pa menm otè a:
Platon: Apoloji / Krito / Fedo (tradiksyon an kreyòl ayisyen, Edisyon Trilingual Press, 2012).
The Prisoner of Jacmel (yon pyèsteyat ann anglè, Edisyon Xlibris, 2005).
Akin To No One (yon woman ann anglè, Edisyon Xlibris, 2004).
Avanpwopo
William Shakespeare (Wilyam Chekspi) se yon dramatij (yon ekriven ki ekri pyès teyat) anglè ki te fèt nan Stratford-upon-Avon, yon vil ann Angletè, le 23 avril 1564. Yo pa konn anpil bagay sou anfans Shakespeare, eksepte yo gen dosye batèm li ki di l te batize le 26 avril, 1564. Li te twazyèm pitit John Shakespeare avèk Mary Arden, yon koup ki te fè uit pitit ansanm. William te al nan lekòl primè nan vil la gratis, paske papa l, nonsèlman l te gen komès ki fè gan an kui, men li te ekivalan majistra vil la. Nan lekòl la, William te aprann laten, ak grèk klasik, ki te fè pati etid kouran nan epòk sa a. Apresa, lòt dosye yo genyen sou Shakespeare se lisans maryaj yo te ba li an novanm 1582 pou l marye avèk Anne Hathaway, yon dam ki te gen sèt ou uitan an plis li. Maryaj la te pwodui twa pitit, Susanna, epi de jimo, yon ti fi, Judith, ak yon ti gason Hamnet, ki te mouri tou jèn. Apresa, Shakespeare kite Stratford, li ale a Lond kote li travay kòm aktè ak ekriven pyès teyat. An 1592 li te gantan etabli nan karyè sa a, e li te fè pati yon gwoup aktè ki te rele, Lord Chamberlain’s Men (Gason Lord Chamberlain Yo), epi apre, li te manm yon lòt gwoup, King’s Men (Gason Wa Yo), lè Wa James I te pran pouvwa a. Yo rele William Shakespeare yon «Elizabethan» (Elizabeten), paske li te fèt sou rèy Rèn Elizabeth I, ki te gouvènen Angletè de 1558 a 1603.
William Shakespeare te ekri pyès trajik ansanm ak pyès komik. Premye pyès teyat li sanble se te The Comedy of Errors (Komedi Erè), ki te ekri vè ane 1591. Apresa anpil lòt pyès vin suiv youn apre lòt. Pami èv li yo genyen, Titus Andronicus (Titis Andwonik), The Taming of the Shrew (Jan Yo Aprivwaze Yon Manmzèl Malelve), The Two Gentlemen of Verona (De Gason Lasosyete ki Soti Vewòn yo), Love’s Labor’s Lost (Travay Lanmou Pèdi), Romeo and Juliet (Romeyo ak Jilyèt), Richard II, Richard III, A Midsummer Night’s Dream (Rèv Yon Nuit ann Ete), King John (Wa Jan), The Merchant of Venice (Komèsan Veniz la), Henry IV Pts I & II (Anri IV pati I & II), Much Ado About Nothing (Anpil Bri Pou Anyen), Henry V (Anri V), Julius Caesar (Jil Seza), As You Like It (Jan Sa Fè ou Plezi), Twelfth Night (Lannwit Lèwa), A Winter’s Tale (Yon istwa Ivè), Hamlet (Hamlèt), The Merry Wives of Windsor (Madanm Marye Kè-kontan Winnzò yo), All’s Well That Ends Well (Tout Bagay Byen Ki Fini Byen), Measure for Measure (Mezi pou Mezi), Othello (Otelo), King Lear (Wa Li), Macbeth (Makbèt), The Tempest (Tanpèt La), Anthony and Cleopatra (Antwàn ak Kleyopat), Coriolanus, (Koriyolan), Henry VIII (Anri VIII), Cymbeline (Sibelin), Troilus and Cressida (Twalis ak Kresida), Timon of Athens (Timon ki sot Atèn), Pericles (Periklès), The Two Noble Kinsmen (De Moun Nòb ki Fanmi yo).
Nan pyès Shakespeare yo pi konnen e ki pi selèb yo ou a jwenn Hamlet, Macbeth, King Lear, Othello, Romeo and Juliet, ak Richard III. Yo konsidere William Shakespeare kòm moun ki ekri pi gwo èv pou teyat nan lemonn. Kwak Shakespeare te ekri powèm tou, tèlke Venus and Adonis (Venis ak Adonis), ak The Rape of Lucrece (Anlèvman Likrès), jeni li ak repitasyon li chita sou pyès teyat li yo. Non teyat kote l te konn monte pyès li yo te rele The Globe (Glòb La), yon teyat ki te bati nan Lond an 1599, akote larivyè Thames (Tamiz). Nan pyès li yo, Shakespeare te anplwaye, Blank Verse, yon liy vè pwezi ki konpoze ak vèsè ki pa rime (ki pa fini avèk menm son), e ki gen senk mezi yo rele iambic pentameter (ayanbik penntamitè). Anglè William Shakespeare te ekri Hamlèt ladan l lan se pa anglè modèn yo pale jodi a nan venteinyèm syèk la, men anglè ki te pale nan disetyèm syèk. Nan epòk sa a, se gason ki te jwe wòl fi nan pyès yo pase sosyete lè sa a pa t twouve se te bagay ki akseptab pou fi te jwe nan pyès teyat an piblik.
Pami lòt moun ki t ap ekri nan menm epòk ak Shakespeare, lè pyès dramatik anglè t ap jwi yon Renaissance (Repran fòs lavi), te genyen Christopher Marlowe, Robert Greene, John Lyly, Thomas Kyd, George Peele, ki te kite mak yo sou teyat Lond lan tou. Gen moun ki save ki di se pa Shakespeare ki te ekri pyès teyat li yo, men lòt moun ki te pi prepare pase li tèlke Christopher Marlowe, oswa ekriven komik Ben Jonson, ki te bon zanmi Shakespeare, oubyen lòt ekriven ankò. Men pèsonn moun pa ka pwouve sa. William Shakespeare mouri jou 23 avril, 1616, menm dat jou pou jou ak mwa li te fèt la.
Premye fwa yo te jwe pyès teyat Hamlèt la, se te an 1603. Se te yon gran siksè, e pyès la te trè popilè. Nan pyès la, Hamlèt se yon jenòm ki vle vanje lanmò papa li, Wa Dànmak, ki mouri nan kondisyon ki dwòl. Pou konplike sitiyasyon an, Manman Hamlèt, Jètrid, tousuit apre vin marye avèk frè Wa ki mouri a, Klodiyis, monnonk Hamlèt, ki pran pouvwa a kòm Wa Dànmak. Pwoblèm Hamlèt se jan li analize tout bagay, jan li fè anpil espekilasyon entelektyèl, men li aji lant pase l pa ka pran yon desizyon. Okòmansman Shakespeare te rele pyès teyat la: Hamlet or Indecision (Hamlèt Oubyen Endesizyon). Poukisa Hamlèt pa ka aji? Premyèman, nan kòmansman pyès la, espri papa Hamlèt parèt; li esplike l nan ki sans li mouri, e li mande Hamlèt pou vanje lanmò li. Hamlèt pwomèt pou l kouri vanje li; men l ap mande tèt li èske se yon bon espri oswa yon movez espri ki parèt devan l nan, k ap chache antrene l nan malè? L ap mande tèt li tou èske se vre monnonk li tiye papa l? Kijan pou l fè pou l konnen kisa ki laverite? Si l pran yon desizyon èske se yon bon desizyon? Tout bagay sa yo ap dominen Hamlèt e ap travay tèt li. Lektè a va dekouvri tout repons sa yo. Oswa li va jwenn lòt kesyon ki soulve tou nan jan Hamlèt aji ak moun ki antoure l yo, espesyalman, Ofilya. Gen anpil, anpil bagay ki ekri sou entèpretasyon Hamlèt, pyès teyat la, ak sou Hamlèt, pèsonaj ki nan pyès la. Nenpòt kòman, Hamlèt kontinye enterese moun jis nan tan modèn nou an; pèsonaj la konplike, li atiran, e yo kontinye jwe pyès la anpil jis jounen jodi a.
Shakespeare te pran lide pou pyès Hamlèt la nan yon sous ki te ekri anvan nan douzyèm syèk, Historia Danica (Istorya Danika), e ki te pibliye nan sèzyèm syèk la nan yon rekèy Histoires Tragiques (Istwa trajik). Jodi a Hamlèt tradui an plizyè lang, e yo ekri plis bagay sou Hamlèt pase sou tout lòt pyès dramatik ki ekri ann anglè. Gen plizyè tèks Hamlèt; men tradiksyon Hamlèt mwen an baze sou tèks anglè Folger Shakespeare Library a.
Nòt tradiktè a
Mwen kontan dèske m kapab tradui Hamlèt an kreyòl ayisyen jodi a. Elèv lekòl, ansanm ak lòt moun ki li ak pale kreyòl, va kapab jwenn mwayen li èv kokenn chenn ekriven anglè sila a nan lang pa yo. Sa va anrichi konesans yo, epi li va ouvè pòt literati anglè a pi gran devan yo, yon bagay ki va rann konesans yo pi varye.
Genyen yon tradiksyon Hamlèt an kreyòl ayisyen otè Jan-Franns Gasyon ekri ki te soti an 2005. Liv la rele, Amlèt: Trajedi youn nonm ki pa ka deside-l. Se yon adaptasyon pyès teyat Shakespeare la ki dewoule ann Ayiti. Non pèsonaj yo chanje e se pa tout liy pyès Shakespeare la ki tradui, kwak Mesye Gasyon fè yon bon travay, e li byen soutni karaktè pyès la nan adaptasyon li an. Mwen te vle fè yon tradiksyon Hamlèt ki pli egzat nan sans mwen pa chanje ak retire anyen ladann. Se pa t yon bagay fasil.
Difikilte nan tradui Hamlèt:
Langaj Hamlèt
Pifò pyès teyat Hamlèt la ekri an blank verse, liy vè yo rele iambic pentameter (ayanbik penntamitè) ki genyen senk mezi, e ki pa rime. Pafwa menm, gen de gwoup liy ki fòme yon sonè, yon powèm ki gen katòz liy, e ki fini avèk yon kouplè liy ki rime. Yon egzanp sa se nan Ak I, fen sèn ii, dènye katòz liy li yo, kote Hamlèt ap pale avèk Horesyo. Bote ak konstriksyon liy sa yo fè pati de jeni Shakespeare. Nan tradui Hamlèt an kreyòl ayisyen li ta prèske enposib pou mentni siyifikasyon liy sa yo si m te eseye kenbe mezi a ak fòm powetik la. Konsa mwen chwazi suiv egzanp François-Victor Hugo, yon ekriven ki tradui Hamlèt an fransè, e mwen anplwaye pwoz, ki vle di jan moun abitye pale san pran kont de mezi ak rim. Se sa Jan-Franns Gasyon fè nan tradiksyon pa l la tou.
Li te difisil tou paske senp tit tankou «Lord », «Lady», oswa «Gentleman» pa gen ekivalan yo an kreyòl. Jan-Franns Gasyon tradui «gentleman» lepisouvan kòm «moun debyen». Pafwa mwen anplwaye tèm sa a tou, men lepisouvan mwen anplwaye tit «Jenòm Lasosyete». Mwen suiv egzanp Gasyon lè m tradui «Lord», yon tit nòb anglè, kòm «Ekselans», yon tit ofisyèl ki anplwaye ann Ayiti, olye de «Seigneur», tit Hugo anplwaye an fransè a, men ki gen yon sans relijye ann Ayiti.
Mo ansyen
Anpil nan mo ak ekspresyon anglè Shakespeare te anplwaye pou l ekri Hamlèt yo pa anplwaye nan tan nou kounye a. Sa rann li difisil pou li Hamlèt menm pou moun ki pale anglè kòm lang matènèl yo. Mo ansyen sa yo, ansanm ak sèten ekspresyon ki vwale e ki pèdi izaj yo, mande anpil nòt pou esplike yo menm nan tèks anglè Hamlèt yo. Nòt ki nan The Folger Library General Reader’s Shakespeare yo, tèks anglè mwen anplwaye pou tradiksyon m nan, ansanm ak Merriam Webster’s Collegiate Dictionary te ede m anpil nan travay mwen. Malgre sa, gen de lè m te bat avèk kèk mo oswa kèk ekspresyon, kwak mwen gen Metriz mwen ann anglè e m te etidye Shakespeare nan inivèsite, anvan m te oblije pran yon desizyon apre anpil rechèch sou orijin mo yo. Yon egzanp yon mo ki chanje siyifikasyon lè Shakespeare t ap ekri se nan Ak V, sèn ii, kote Hamlèt ap pale ak Horesyo; li di:
But, sure, the bravery of his grief did put meinto a towering passion.
Mo anglè «bravery» a jodi a vle di aksyon yon moun ki brav. Men nòt nan tèks anglè Hamlèt la di li vle di «ostentation». An fransè Hugo tradui l konsa:
«mais, vraiment, la jactance de sa douleur avait exalté ma rage jusqu’au vertige.»
Apre rechèch sou mo «jactance» la, ki montre li vle di: yon atitid awogan, mwen deside tradui fraz la konsa:
«Men se sèten, gwo egzibisyon lapenn li an, te fè santiman m chofe depase lèbòn.»
Jwèt-ak-mo
Gen de pòsyon nan pyès teyat Hamlèt la tou ki genyen jeux-de-mots (jwèt-ak-mo) ladan yo. Sa vle di Shakespeare jwe avèk siyifikasyon mo yo. Li pran mo ki genyen yon sèten son oswa yon sèten siyifikasyon, epi li anplwaye yo yon jan, pafwa pou fè komik, gendefwa pou montre lespri li. Nan Ak V, sèn i, kote Hamlèt ap pale avèk peyizan k ap fouye fòs la, nou wè yon egzanp sa. Hamlèt mande peyizan an, «Mouche, poukimoun fòs sa a ye?» Peyizan an di, «Pou mwen, Mesye». Hamlèt di, «Wi li pou ou pase ou kouche (lie ann anglè) ladan l». Apresa Hamlèt di li, «Thou dost lie in’t, to be in in’t and say it is thine». Ki vle di «Ou bay manti nan sa…». Ni vèb «kouche» a ni vèb «manti» a ekri menm jan e pwononse menm jan ann anglè, konsa Shakespeare jwe avèk mo yo:
Hamlèt: Mouche, poukimoun fòs sa a ye?
Peyizan an: Pou mwen, Mesye.
Hamlèt: M kwè se pou ou li ye toutbonvre; paske ou kouche (lie) anndan l.
Peyizan an: Ou kouche (lie) andeyò li, Mesye, konsa se pa pou ou li ye. Kanta pou mwenmenm, m pa kouche (lie) anndan l; malge sa li pou mwen.
Hamlèt: Ou bay manti (lie) nan sa; pou anndan l epi pou di li pou ou. Se pou moun-mouri li ye, pa pou moun-vivan, konsa ou ap bay manti (lie).
Tout nyans sa yo kapab pèdi si yo pa fè lektè yo remake yo. Toujou gen bagay ki pèdi lè yo tradui yon lang nan yon lòt. Nenpòt ki lang yo tradui a, kit anglè vin nan kreyòl, oswa kreyòl vin nan anglè oubyen nan fransè, gen de ekspresyon ak mo ki pa gen ekivalan egzakt yo. Sa pa vle di lang kreyòl la pa gen ase mo pou tradui lòt lang ladan li. Se tousenpleman sa k rive nan tout lang. Jeux-de-mots (jwèt-ak-mo) sa yo pa kapab tradui mo pou mo si ou vle pou yo kenbe sans yo. Konsa mwen tradui yo selon sans fraz la, epi mwen mete nòt anba paj la avèk esplikasyon pou endike genyen yon jwèt k ap fèt ak mo yo. Jwèt sa yo bay pyès la yon kote komik ki rele ann anglè comic relief, ki bay yon okazyon pou pran yon ti repi nan mitan yon pyès ki trajik.
Sans Doub
Nan plizyè pyès teyat Shakespeare yo genyen sa yo rele ann anglè «double entendre», Sans Doub, ki vle di yon mo oswa yon ekspresyon ki kapab genyen de entèpretasyon, youn nan entèpretasyon yo, leplisouvan, genyen yon sans riske, chanèl, seksyèl, ki kache ladan li. Li difisil, la tou, pou kaptire sans mo sa yo lè ou ap tradui yo. Nou wè yon egzanp Sans Doub nan Ak III, sèn ii, kote Hamlèt ap pale avèk Ofilya:
Hamlèt: Madam, èske m ka kouche nan kuis ou ?
Ofilya: Non, Ekselans.
Hamlèt: M vle di mete tèt mwen sou kuis ou.
Ofilya: Wi, Ekselans.
Hamlèt: Ou te panse m t ap pale de bagay vilgè.
Ofilya: M pa panse anyen, Ekselans.
Hamlèt: Se yon panse natirèl pou lonje ant janm yon jèn fi.
Endesans
Genyen sa yo rele ann anglè «Bawdiness», endesans, tou nan Shakespeare. Nan menm sèn anvan an, Hamlèt ap kontinye pale ak Ofilya. Kèlke liy pita, nou jwenn endesans, sans doub, ansanm ak jwèt ak mo:
Ofilya: Ou kanpe, Ekselans, ou kanpe. (Ann anglè: You are keen, my lord, you are keen.)
Hamlèt: Sa ta koute ou yon rèl pou dekanpe mwen. (Ann anglè: It would cost you a groaning to take off my edge.)
Mwen pase anpil tan ap chache mo egzakt an kreyòl ki te kab kaptire nyans jwèt k ap fèt la a nan pawòl Hamlèt avèk Ofilya yo.
Olye de «Ou kanpe, Ekselans, ou kanpe…» mwen te vle tradui fraz la kòm «Ou file, Ekselans, ou file» ki ta kaptire sans mo anglè «keen» Shakespeare anplwaye a, ki vle di yon bagay ki pwenti, ki file, jan Hugo chwazi pou l tradui li an fransè: «Vous êtes piquant, monseigneur, vous êtes piquant!» Men, pou mwen sa pa t ap kaptire sans pawòl yo. Sa Ofilya vle di Hamlèt se «Entelijans ou sou, Ekselans, entelijans ou sou ou». Men, anmenmtan, Shakespeare entwodui yon entèpretasyon doub, chanèl, ki vle di «Ou sou sa, Ekselans, ou sou sa».
Pou kontinye konvèsayon an, Hamlèt reponn li: «Sa ta koute ou yon rèl pou dekanpe mwen.» (It would cost you a groaning to take off my edge.) Mo anglè «groaning» la vle di «jemisman» an kreyòl, ki vle di «Fòk ou ta lage yon rèl pou wete m sou sa».
Moun epòk Shakespeare yo, ki t ap asiste pyès teyat li yo, te konnen e te konprann siyifikasyon fraz sa yo. Sa te akseptab pou yo.
Gen konvèsasyon komik tou nan Ak V, sèn ii, ant Hamlèt ak Òzrik.
Fraz selèb
Gen yon fraz nan Hamlèt ki selèb pase anpil bagay ekri sou li pou esplike ak chache konprann sa Hamlèt te vle di lè l di Ofilya:
Al antre nan w kouvan! (Ann anglè: Get thee to a nunnery!) Ak III, sèn ii.
Gen yon gwoup moun ki panse mo «kouvan» an nan tan Shakespeare, ak nan kontèks pawòl Hamlèt yo, vle di, yon bòdèl. Genyen lòt moun ki panse li vle di yon kouvan, tousenpleman, kote Hamlèt ap di Ofilya al kache pou l pa tonbe nan debanday.
Men, genyen yon lòt fraz nan Hamlèt ki pi selèb ankò. Fraz sa a soti nan yon pasaj Hamlèt pale lè li poukont li sou sèn nan, nan Ak III, sèn ii. Ann anglè, fraz la di: To be, or not to be, that is the question: François-Victor Hugo tradui l an fransè kòm: «Être, ou ne pas être, c’est là la question.» Jan-Franns Gasyon tradui li an kreyòl ayisyen kòm: Se sa ou se pa sa. Men kesyon an. Mwen chwazi pou mwen tradui fraz la jan sa a: «Ekziste, oswa pa ekziste. Se kesyon an sa.»
Fraz sa a reprezante non sèlman dilèm Hamlèt ki fè l ap mande tèt li si pou l oblije kontinye ap ekziste nan kondisyon l ye la a, pou l ap soufri, epi pou l oblije pran aksyon pou rezoud pwoblèm li yo, oswa pou l mouri epi fini ak tout bagay. Fraz la reprezante, nan yon sans, anpil kesyon ki soulve nan pyès teyat Hamlèt la, ki mande repons. Lektè yo va jwenn pyès teyat sa a rich nan sans li chaje ak tèm ki mande diskite ansanm ak aksyon ki mande esplike. Yo va ajoute entèpretasyon pa yo sou pakèt lòt ki deja ekri sou Hamlèt. Entèpretasyon pa yo an va anrichi Hamlèt.
Mwen dedye tradiksyon Hamlèt sila a bay tout elèv lekòl ki li kreyòl ayisyen.
—Nicole Titus, Nouyòk, septanm 2014
Ak I
Sèn I
Chato Èlsinò1. Estrad kote y ap siveye a. Bènado ak Frannsisko, de santinèl, antre nan direksyon kontrè.
Bènado: Ki moun ki la a?
Frannsisko: Non, reponn mwen, oumenm! Kanpe la! Fè moun rekonèt ou.
Bènado: Viv Wa a!
Frannsisko: Bènado?
Bènado: Limenm menm.
Frannsisko: Ou vini egzakteman a lè w jis.
Bènado: Minui fèk sonnen. Al nan kabann ou, Frannsisko.
Frannsisko: Mèsi anpil pou larelèv ou fè m nan. Li fè frèt anpil, anpil, e m jele jis nan kè.
Bènado: Èske pòs ou te trankil?
Frannsisko: Pa t gen yon sourit ki bouje.
Bènado: Enben, bònnuit. Si ou rankontre Horesyo ak Maselis, kamarad pòs mwen yo, di yo prese vini.
(Horesyo ak Maselis antre)
Frannsisko: M kwè m tande yo. Ret kanpe! Kimoun ki la a?
Horesyo: Zanmi peyi a.
Maselis: Ak moun ki fidèl anvè Dànwa2 a.
Frannsisko: Pase bònnuit.
Maselis: A, orevwa, sòlda onèt. Kimoun ki ba ou larelèv?
Frannsisko: Bènado pran plas mwen. Bònnuit.
(Li soti)
Maselis: Alo, Bènado!
Bènado: Reponn mwen—se Horesyo ki la a?
Horesyo: Yon moso nan li.
Bènado: Labyenveni, Horesyo. Labyenveni, Maselis-bon-moun.
Maselis: Enben, èske bagay sila a parèt ankò aswè a?
Bènado: M pa wè anyen.
Maselis: Horesyo di se imajinasyon nou sèlman. E li pa vle kite kwayans nan vizyon terib sa a nou wè defwa deja a, pran l nan fent. Se poutètsa m pouse l fè pòs chak minit nèt avèk nou aswè a, pou si aparisyon an vini, li kapab konfimen sa nou wè ak zye nou an, epi pou l pale ak li.
Horesyo: A, sispann non; li pa p parèt.
Bènado: Chita yon moman. Epi kite nou kòche ankò zòrèy ou, ki si byen fòtifye kont istwa nou an, avèk kisa nou wè pandan de nuit.
Horesyo: Dakò, an n chita, pou n koute sa Bènado gen pou l di a.
Bènado: Sete yèwoswa menm, pandan etwal sila a, laba la a, ki soti nan pòl wès la, te fini pakou l pou l limen pati nan syèl la kote l ap flanbe koulye a. Maselis ak mwen, klòch la t ap sonnen inè lè sa a…
Aswiv…
Sèn III
Elsinò. Lakay Polonyis—Li sòti.
(Leyètis ak Ofilya antre)
Leyètis: Tout afè m anbake. Orevwa. E, sè mwen, lè gen bon van soufle, e ou jwenn mwayen pa konvwa, pa rete ap dòmi non, men voye nouvèl ou ban mwen.
Ofilya: E ou doute mwen?
Leyètis: Konsènan Hamlèt ak atansyon frivòl l ap ba ou a, konsidere sa kouwè yon fantezi, yon jwèt chanèl, yon vyolèt nan jenès prentan lanati, li rapid, men li pa dire; bon sant li anbonmen lè a pou yon minit; anyen pase sa.
Ofilya: Anyen pase sa, vrèman?
Leyètis: Pa panse li pi plis. Paske nati yon imen tout pandan l ap grandi, se pa mis yo ak kò fizik la k ap devlope sèlman, non, men amezi tanp sa a ap gwosi, devwa sèvis alenteryè yo enpoze sou sèvo a ak nanm nan ap grandi an menm tan tou. Petèt li renmen ou jodi a, e jodi a okenn basès, okenn mank lwayote p ap tèni ladwati volonte li, men, fòk ou gen krent lè ou pran an konsiderasyon pozisyon li, volonte l pa pou li, paske menm limenm li sou obligasyon nesans li fòse sou li. Li pa kapab, jan nenpòt moun konsa-konsa fè, suiv pwòp panchan pa li, paske sekirite ak byennèt tout Eta a depann sou chwa l fè. Konsa fòk chwa li bòne pa opinyon ak konsantman Eta li se chèf li a. Alò si li di li renmen ou, ou fè byen nan konpreyansyon ou si ou kwè ladan l sèlman nan limit pozisyon espesyal li genyen an kapab ba l libète pou l fè sa li di a—yon libète ki pa plis pase sa vwa prensipal Dànmak la nèt kontwole anmenmtan. Apresa, konsidere a ki pwen ou a pèdi onè ou si ou kite zòrèy ou kwè ak koute tout chanson li yo, oswa si ou kite kè ou ale, oubyen ou ouvri trezò vyèj ou a ba li akòz ou pa rive retni l nan pouse l ap pouse ou la. Rete sou pinga ou, Ofilya, rete sou pinga ou chè sè mwen, e ranka kò ou devan afeksyon ou; pa mete ou alapòte danje dezi ou poze. Vyèj ki pi chich met twòp deyò si l demaske bote l pou lalin. Menm pidè p ap chape anba kout lang. Vè manje bagay prentan an fèk bay nesans; twò souvan anvan menm flè yo ouvri. Se lè jenès yon moun fèk kòmanse, lè lawoze l likid toujou, lè sa a van ki pote kontajyon menase l pi plis. Konsa ret sou pinga ou! Pi gran mwayen pou veye zo ou se pè pou pè. Devan nenpòt ti tantasyon se fasil pou yon moun ki jèn revòlte kont bonsans li.
Ofilya: M a konsève souvni bon konsèy sa a kouwè yon gadyen pou kè mwen. Men, bon frè mwen, pinga ou fè kouwè pastè enkonduit yo non, pou montre m chemen ki gen bit, plen pikan, ki pou mennen m nan syèl la, epi pou oumenm, tankou yon vagabon awogan ak san retni ou ap pilonnen flè primwòz sou wout ki bay lisans lan san l pa koute pwòp konsèy pa li non.
Leyètis: O, ou pa bezwen pè pou mwen.
(Polonyis antre)
M rete twò lontan. Bon, men papa m vini. Yon benediksyon doub se yon favè doub; se yon okazyon pou yon dezyèm orevwa.
Polonyis: Ou la toujou, Leyètis? Abò! Abò ! Sa se yon wont! Van an chita sou zepòl vwal ou, e y ap ret tann ou. Men—m ba ou benediksyon mwen! E ekri detwa prensip sila yo nan memwa ou. Pa pran lide ou gen nan tèt ou met deyò soti nan bouch ou, ni pa aji nonplis tou sou okenn lide ki derezonab. Ou gendwa abòdab, men ou pa dwe antre nan zanmitay ak tout moun. Zanmi ou deja genyen, e ou deja pwouve ki moun yo ye, kenbe yo di, kranponnen yo tankou se ak asye ou mare yo nan nanm ou. Men pa fè men ou vin di nan makonnen kò w ak okenn zanmi nouvo ki fèk parèt. Fè atansyon pou pa antre nan okenn joure; men, si ou nan mitan youn, fè dekwa pou advèsè a konn ak ki moun l ann afè. Tande refleksyon tout moun; men kenbe jijman pa ou pou ou. Abiye ak rad lajan ou kapab achte; men pa ak bagay ki estravagan, ki chè, oswa ki woywoy. Paske sa yon moun met sou li, anpil fwa, se sa ki montre ki moun li ye. E an Frans, moun ki nan pi gran sosyete yo ak nan meyè pozisyon yo, se yo ki pi gen gou e ki pi konnen bagay sa yo. Pinga ou ni prete nan men moun ni prete moun; paske lè moun prete moun, leplisouvan, li pèdi ni sa l prete a, ni zanmi an; e lò moun prete nan men moun, li twouble ekonomi li. Anvan tout bagay: se pou fran ak tèt ou. E sa vle di tou, menm jan lannwit suiv apre lajounen, ou pa dwe pa fran avèk okenn moun. Orevwa. Se pou benediksyon mwen yo asezonnen tout konsèy sa yo anndan ou.
Leyètis: Mwen pral fè wout mwen enbleman, Ekselans mwen.
Polonyis: Lè a ap rele ou. Ale. Sèvitè ou yo ap ret tann ou.
Leyètis: Orevwa, Ofilya, e sonje byen sa m di ou yo.
Ofilya: M take yo nan memwa m, e oumenm menm va kenbe kle a.
Leyètis: Orevwa.
Polonyis: Kisa l di ou, Ofilya?
Aswiv…
Ak IV
Sèn I
Èlsinò. Yon sal nan palè a.
(Wa a, Rèn nan, Wozennkrents, ak Gildennstèn antre)
Wa a: Gen yon bagay nan soupi sa yo. Se pou tradui gwo respirasyon sila yo. Li bon pou nou konprann yo. Kote pitit gason ou nan?
Rèn nan: Kite la a ban nou pou w ti moman.
(Wozennkrents, ak Gildennstèn soti)
A, Ekselans pa m nan, sa m wè aswè a!
Wa a: Kisa, Jètrid? Kijan Hamlèt ye?
Rèn nan: Fou tankou lanmè ak van lè youn goumen ak lòt pou wè kilès ki pi vanyan. Nan kriz dekontwole l la, lè l tande yon bagay remye dèyè rido a, li rale epe li, li rele, «Yon rat, yon rat!» Epi nan imajinasyon maladi sèvo l la, li tou tiye vye bon tonton an san l pa wè l.
Wa a: O, move zafè! Se sa k ta rive nou tou si nou te la. Lefèt li an libète a se yon gwo menas pou tout moun: pou oumenm menm, pou nou, pou tout moun. Elas, kijan pou n reponn a zak sanginè sila a? Y ap rann nou responsab, noumenm ki te dwe gen prevwayans pou n kenbe l deprè, retni li, epi izole ti nonm fou sa a. Men tèlman nou te gen amou pou li, nou pa t kab konprann sa k te pi bon pou n te fè, men, se tankou yon moun ki gen yon move maladi, pou pa kite moun konnen, li kite l devore lavi l rive jis nan mwèl li. Kote l fè?
Rèn nan: L al kache kò li touye a. Nan foli li a, tankou yon metal ki presye nan mitan yon min metal ki pa pi, li montre li pi. L ap kriye pou sa l fè a.
Wa a: O, Jètrid, an n ale! Dèke solèy la touche montay yo, n ap anbake l ale. E, move zak sila a, se pou nou, avèk tout pouvwa nou, ak tout mwayen nou, ni aksepte l, ni eskize l. Hey, Gildennstèn!
(Wozennkrents, ak Gildennstèn antre)
De zanmi m yo, al mete n ansanm ak lòt moun pou ede nou. Hamlèt, nan foli li, asasinen Polonyis, epi li rale l soti nan chanm manman l lan. Al chache li; pale byen ak li, epi mennen kò a anndan chapèl la. Tanpri fè sa vit.
(Wozennkrents, ak Gildennstèn soti)
An nou wè, Jètrid, nou pral rele zanmi n ki gen plis konprann yo, epi kite yo konnen ni sa n gen entansyon fè, ak bagay san sans ki rive a65 […] Konsa dyòlè yo, k ap bavade nan tout etandi latè yo, byen dirije tankou kanno ki transpòte bal anpwazonnen l rive nan bi li, kapab manke non nou, e frape lè ki pa sansib la. O, an n ale! Nanm mwen chaje ak dezakò avèk krentif.
Nòt
65. Rive a […]: Gen yon vèsyon Hamlèt ki pa gen tout liy sa yo.
Aswiv…
Ak V
Sèn I
Yon simityè ki nan lakou yon legliz.
(De peyizan75 antre avèk pèl ak pikwa).
Peyizan an: Èske y ap antere l ak antèman Kretyen limenm ki fè espre pou l devanse lè l resevwa lesali l la?
Lòt la: M di ou wi. Konsa fouye fòs la koulye la a. Anketè a fè ankèt sou li, e desizyon l se pou antèman Kretyen.
Peyizan an: Kijan sa fè posib, sòf si li nwaye tèt li nan defann tèt li?
Lòt la: Enben, se konsa desizyon an fèt.
Peyizan an: Se dwe se offendendo76 li pa kapab anyen dòt. Paske men pwen an: si m fè espre m nwaye tèt mwen, sa vle di se yon zak; e yon zak genyen twa branch: aji, fè, ak ekzekite, argal77, li fè espre li nwaye tèt li.
Lòt la: Non, men koute mwen, chè moun k ap fouye twou!
Peyizan an: Kite m kontinye. Men dlo a; bon. Nonm nan kanpe bò isit; bon. Si nonm nan ale nan dlo sa a li nwaye tèt li, sa vle di, li vle fè l, li pa vle fè l78—li ale—remake sa byen. Men si dlo a vin jwenn ni epi nwaye li, li pa nwaye tèt li. Argal, yon moun ki pa koupab de pwòp lanmò li pa rakousi pwòp lavi li.
Lòt la: Men, èske se lalwa?
Peyizan an: Wi, o non de Dye, se la lwa ankèt anketè a.
Lòt la: Ou vle konn laverite nan bagay sa a? Si se pa t yon fi nan lasosyete, yo pa t ap antere l nan simityè Kretyen.
Peyizan an: Wi, se sa ou di a menm! E se domaj gwo zotobre yo ankouraje nan monn sa a pou yo nwaye oswa pann tèt yo plis pase Kretyen parèy yo. Annouwè, pèl mwen! Pa gen lòt ansyen gason lasosyete apa: jadinyè, moun k ap fouye twou, ak moun k ap fouye fòs. Se yo k ap kontinye metye Adam an.
Lòt la: Li te yon gason lasosyete?
Peyizan an: Se limenm premye ki te janm pote zam.79
Lòt la: O, li pa t gen okenn.
Peyizan an: Kisa! Ou se yon payen? Kouman ou konprann Ekriti yo. Ekriti a di Adan te fouye. Èske l te kab fouye san zam? M ap poze ou yon lòt kesyon. Si ou pa reponn mwen ekzakteman, ou mèt avwe.
Lòt la: Kontinye!
Peyizan an: Kilès ki bati pi solid pase ni mason, ni moun ki bati bato, oswa yon chapantye?
Lòt la: Moun ki bati echafo pou yo pann moun; paske konstriksyon sila a dire pi lontan pase mil moun ki pase ladan l.
Peyizan an: An verite, m renmen entelijans ou. Kote yo pann moun nan fè yon bagay ki bon. Men, nan ki sans li fè sa ki bon? Li fè sa ki bon pou moun ki fè sa ki mal. Kounye a, ou pale mal lè ou di kote yo pann moun nan fèt pi solid pase legliz. Argal, kote yo pann moun nan kapab bon pou ou. An n ale ankò!
Lòt la: Kilès ki bati pi solid pase ni mason, ni moun ki bati bato, oswa yon chapantye?
Aswiv…
Tablo kontni
Avanpwopo Nòt tradiktè a Ak I Sèn I Sèn II Sèn III Sèn IV Sèn V Ak II Sèn I Sèn II Ak III Sèn I Sèn II Sèn III Sèn V Ak IV Sèn I Sèn II Sèn III Sèn IV Sèn V Sèn VI Sèn VII Ak V Sèn I Sèn II |
1 5 15 15 22 32 37 41 49 49 54 77 77 84 101 105 113 113 115 117 120 123 133 135 143 143 156 |