Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Si M Te Ka Pale

Elsie SURÉNA

Si lanmou pa te rann mwen bèbè
Petèt yon jou m ta ka rive jwenn
Yon pawòl ranje pou deranje somèy ou lè m pa la
Yon pawòl twa fwa pasela pou fè lago nan lespri w
Yon pawòl langaj pou wè jan lavi nou ka bèl
Yon pawòl mo majik pou louvri pòt kè w debatan

Yon pawòl vlou ti van siwa dèyè kou w
Yon pawòl chuichui lapli sou do kay tòl Senlwidinò
Yon pawòl yanvalou k ap sèpante nan kò hounsi
Yon pawòl tamaren k ap bay siwèl payèt
Yon pawòl santibon pòtre tibebe yo fèk poudre
Yon pawòl douslèt karote tou cho sou planchèt bwa

Yon pawòl ki ta reponn anndan w kou son tanbou
Yon pawòl ki ta vlope w wadi manto Lavièj
Yon pawòl ki ta bèse w si w konn dodin Lavale
Yon pawòl ki ta fè w depale gwo jounen midi
Yon pawòl ki ta kaladja nan tout zantray ou
Yon pawòl ki ta fonn nan zòrèy ou

Yon pawòl bonèt lakansyèl bò tèt dlo
Yon pawòl bèl mèvèy miwa dèzanj
Yon pawòl san sans men verite lanmou
Yon pawòl lomeyans nevènn nan pye w
K ap woule yon chaplè karès nan lalin klè
Ki ta di w anfen kijan m fou pou ou cheri

Extrait de «Mélodies pour Soirs de Fine Pluie»

Viré monté