Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nan tout rèv ou

Elsie SURÉNA

M ta renmen kache
Nan mitan rèv ou
Pou chak fwa
Zye w ba somèy legen
Se mwen ki toujou parèt
Vin dòlote w san fen
Jistan w leve
Al chache kote m ye
Pou lanmou nou trese riba

Textes extraits de «Lanmou se flè sezon», publié en janvier 2011 à P-au-P, Haïti, par Elsie Suréna.

Viré monté