Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Premye ti bo

Elsie SURÉNA

Eske se va yon karès
Ki  fè tresayi tankou lè yon ti branch cheve
Pase bò kou sanzatann?

Ou byen ki bay plezi
Madan sara genyen lè y ap layite
Nan jaden diri Latibonit?

Oswa ki timid
Pòtre yon ti van briz k ap soufle
Sou yon flè franjipanye?

Eske l ap sonnen
Tankou lapli mwa jiyè k ap mache kata
Sou do kay tòl?

Petèt l ap swa
Tankou plim poul k ap dodomeya
Nan zorèy?

Osnon l ap peze la
Si w konn timoun ki sere yon jwèt
Byen di anba men l?

Premye ti bo sa a…

 

Textes extraits de «Lanmou se flè sezon», publié en janvier 2011 à P-au-P, Haïti, par Elsie Suréna.

Viré monté