Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

DIEU n’aimerait pas
que vous alliez en ENFER

  BONDYE pa ta renmen
ou ale nan LANFÈ

«Il n’y a point de juste, pas même un seul; nul n’est intelligent, nul ne cherche Dieu.» (Romains 3:11). L’homme ne cherche pas Dieu, mais dans Son amour, Dieu cherche l’homme, pour qu’il n’aille pas en enfer.

 

«Pa gen pesonn ki jis, pa menm yon grenn moun; pa gen pesonn ki konprann, pa gen pesonn ki chèche Bondye.» (Romen 3:11). Lòm pa chèche Bondye, men nan Amou Li, Bondye chèche lòm, pou l pa ale nan lanfè.

«Nous étions tous errants comme des brebis, chacun suivait sa propre voie» (Esaïe 53: 6a) «Mais Dieu prouve son amour envers nous, en ce que, lorsque nous étions encore des pécheurs, Christ est mort pour nous» (Romains 5: 8) «Cherchez l’Eternel pendant qu’il se trouve; invoquez-le, tandis qu’il est près» (Esaïe 55: 6)

 

«Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo» (Ezayi 53: 6a) «Bondye montre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t ap fè peche toujou lè Kris mouri pou nou»(Romen 5: 8) «Tounen vin jwenn Seyè a pandan nou ka jwenn li. Lapriyè nan pye l pandan li toupre nou. (Ezayi 55: 6).

«En vérité, en vérité, je vous le dis, celui qui n’entre pas par la porte dans la bergerie, mais qui y monte par ailleurs, est un voleur et un brigand» (Jean 10: 1). Vous ne pouvez pas aller au ciel par votre appartenance à une église (congrégation) ou à travers vos bonnes œuvres, mais seulement à travers le sang de Jésus.

 

«Sa m ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè» (Jan 10: 1). Ou pa kapab ale nan syèl atravè manm legliz oubyen bon zèv, men sèlman atravè San Jezi.

«Jésus lui dit: Je suis le chemin, la vérité, et la vie. Nul ne vient au Père que par moi» (Jean 14: 6). Ici, Dieu dit encore, si vous allez au ciel, vous devez passer à travers Son Fils Jésus Christ.

 

«Jezi reponn li, ‘Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa mwen.» (Jan 14: 6). La a, Bondye di ankò, si ou ale nan syèl, ou dwe pase atravè Pitit Li Jezikri.

«Nul ne peut venir à moi, si le Père qui m’a envoyé ne l’attire; et je le ressusciterai au dernier jour» (Jean 6: 44). Une fois que nous nous voyons comme pécheur aux yeux de Dieu et réalisons que Jésus Christ est le seul chemin qui même au ciel, le Saint Esprit dit: «S’il vous plaît n’allez pas en enfer.»

 

«Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m nan pa rele l vini. Mwen menm, m a fè l leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.» (Jan 6: 44). Yon fwa nou wè tèt nou kòm pechè nan zye Bondye e reyalize ke Jezikri se sèl chemen ki mennen nan syèl, Espri Sen an di, «Silvouplè pa ale nan lanfè.»

«Tout ce que le Père me donne viendra à moi, et je ne mettrai pas dehors celui qui vient à moi» (Jean 6: 37). Nous jetons des choses quand on ne les a plus besoin, mais Dieu ne nous jettera jamais quand nous venons à Lui. Il vous prie de ne pas aller en enfer.

 

«Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò» (Jan 6: 37). Lè nou pa bezwen kèk bagay ankò nou tire yo jete, men Bondye p ap janm jete nou lè nou vin jwenn Li. Li priye nou pou pa ale nan lanfè.

«Et comme il est réservé aux hommes de mourir une seule fois, après quoi vient le jugement» (Hébreux 9: 27). «Ainsi la foi vient de ce qu’on entend, et ce qu’on entend vient de la parole de Christ» (Romains 10: 17). Après avoir entendu la Parole de Dieu, nous devons L’accepter, parce que après la mort ce sera trop tard.

 

«Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.» (Ebre 9: 27). «Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y ap anonse.» (Romen 10: 17). Apre nou fin tande Pawòl Bondye, nou dwe asepte Li, paske aprè lamò l ap twò ta.

«Loin de la! Que Dieu, au contraire, soit reconnu pour vrai, et tout homme pour menteur, selon qu’il est écrit: Afin que tu sois trouvé juste dans tes paroles, et que tu triomphes lorsqu’on te juge.» (Romains 3: 4). Sans tenir compte de ce que l’homme peut dire, la Parole de Dieu est vraie; par conséquent, n’allez pas en enfer.

 

«O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou nou rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y ap jije ou.» (Romen 3: 4). Kèlkeswa sa lèzòm ta di, Pawòl Bondye se laverite; donk, silvouplè pa ale nan lanfè.

Non, je vous le dis. Mais si vous ne vous repentez, vous périrez tous également (Luc 13 : 5). La repentance est de nous voir comme Dieu le fait, se detournant de nos péchés, venant à Jesus-Christ, et Lui faire confiance pour notre salut. Si vous ne vous repentez pas, mais rejettez Jesus-Christ comme votre Sauveur, vous n’entrerez pas dans le royaume des cieux.

 

Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout ap peri menm jan an tou (Lik 13: 5). Reptantans se wè tèt nou jan Bondye wè nou, detounen de peche nou, vin jwenn Jezikri, epi fè Li konfyans pou sali nou. Si ou pa repanti, men rejte Jezikri kòm Sovè ou, ou p ap antre nan wayòm syèl la.

Père Céleste, dans le nom de Jésus Christ, je te demande de donner à tous ceux qui lit ce message le courage de dire la prière du pécheur, et de la croire avec tout leur cœur. Amen.

 

 

Papa nou ki nan syèl, nan non Jezikri, mwen mande ou pou bay tout moun ki li mesaj sa a kouraj pou di priyè pechè a, epi pou yo kwè nan sa ak tout kè yo. Amèn.

Si vous accepterez Jésus Christ comme votre Seigneur et Sauveur, s’il vous plaît priez avec tout votre cœur:

 

Si ou pral asepte Jezi kòm Seyè e Sovè ou, silvouplè priye ak tout kè ou:

Cher Seigneur, je réalise maintenant que je suis pécheur et que Tu es mort pour moi. Je me repens de mes péchés, et je Te demande d’entrer dans mon cœur maintenant, sauve-moi, et prends-moi au ciel quand je meurs. Merci, Seigneur, de m’avoir sauvé. Dans le non de Jésus, Amen.

 

Chè Seyè, Mwen reyalize kounyeya ke mwen se yon pechè, e ke ou te mouri pou mwen. Mwen repanti m de peche mwen, epi mwen mande ou kounyeya pou vini nan kè mwen, sove mwen, epi ale nan syèl ak mwen lè m mouri. Mèsi dèske ou sove mwen, Seyè. Nan non Jezi, Amèn.

boule

 Viré monté