Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pri literè Koukouy

Henri Claude Daniel
«Jan Tanbou»

Nan kad selebrasyon 50-an Òganizasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen ak Sosyete Koukouy, Biwo santral Sosyete Koukouy la deside rekonèt yon ekriven ki ekri -pwezi, woman oubyen esè- nan lang kreyòl ayisyen-an. Rekonesans sa-a ap pote non Henri Claude Daniel (Jan Tanbou) pou onore memwa li kòm youn nan manm fondatè Òganizasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen ak Sosyete Koukouy.

Moùn ki ka benefisye kalite rekonesans sa-a:

a) dwe ekri e pibliye an kreyòl prensipalman. 

b) dwe defann epi  fè pwomosyon lang kreyòl Ayiti-a;

d) dwe pran defans ak pwomosyon mas pèp la ak peyi a nan zèv li yo;

e) pa dwe manm Sosyete Koukouy yo.

Se yon lòt moùn oubyen yon òganizasyon ki pou rekòmande kandida a. Biwo santral Sosyete Koukouy ap tann tout rekòmandasyon yo nan 30 out 2015 pou pi ta.

Moùn Biwo santral Sosyete Koukouy ap genyen pou li chwazi a va jwenn plak rekonesans sa a pandan woumble Biwo santral la ap òganize Samdi 31 oktob nan mwa eritaj kreyòl ayisyen-an.

Voye rekòmandasyon yo bay:

Jan Mapou, Prezidan Biwo santral la  nan adrès sa a:
mapoujan@bellsouth.net

Oubyen

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Vis Prezidan Biwo santral la, nan adrès sa a: michelangehyppolite@rogers.com

BIWO   SANTRAL   -  SOSYETE KOUKOUY
11.07.2015

boule

 Viré monté