Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Francia Márquez:
pou yon Kolonbi kote tout moun se moun

Laura Vargas

Gustavo Petro ak Francia Márquez

Gustavo Petro ak Francia Márquez. Photo: Casa Rosada.
Creative Commons Paternité 2.5 Argentine.

Francia Màrquez fèt nan Yolombó, Cauca, nan 1981. Li gen 41 an. Li gen anpil lane depi l ap defann dwa fanm afwo-kolonbyen yo. Francia pa te gen yon lavi ki fasil tankou sa ye pou majorite moun nan Kolonbi, yon peyi kote richès la konsantre nan men yon ti gwoup moun menm jan tankou Ayiti. Mwen se moun Kolonbi. M te viv nan peyi sa a jous m rive Etazini nan lane 2018 pou m etidye. Se te yon gwo satisfaksyon pou mwen pou m te tounen lakay mwen pou m al vote ete pase a. Yon eleksyon kote Francia pral eli kòm vis-prezidan, premye fanm nwa ki okipe fonksyon sa a nan peyi Kolonbi.

Dimanch 19 jwen 2022 an a 7:00 am, yon gwo foul moun t ap tann rezilta eleksyon pou pòs prezidan ak vis-prezidan an nan Movistar Arena nan Bogotá, kapital Kolonbi. Nouvèl la tonbe; se Gustavo Petro ak Francia Márquez ki genyen eleksyon an. Foul la te fete viktwa sa a ak kè kontan. Lè Petro ak Márquez te rive nan Movistar Arena, foul la te resevwa yo ak chante sa a: "¡Sí se pudo!" (Wi, li te posib!), epi lè Márquez te pale ak foul la, yo te aplodi li kon sa "FRANCIA, FRANCIA". Emosyon sa a pa sèlman yon emosyon tipik nenpòt foul apre li aprann kandida li te genyen yon eleksyon, non. Nan lannuit 19 jen, moun nan Kolonbi, menm moun ki pa te vote pou Petro ak Márquez, te temwen yon moman istorik. Se yon premye fwa nan anpil domèn: premye fwa yon kandida ki soti nan mouvman goch nan politik te genyen eleksyon an; premye fwa yon ex-guerrillero” t apral vin prezidan peyi sa a; premye fwa yon fanm afwo-kolonbyèn t apral vin vis-prezidan; epi premye fwa yon moun ak yon diskou afwo-feminis vin vis-prezidan tou!

Poutan, menm si eleksyon sa yo te vin yon eleksyon istorik pou istwa Kolonbi, se pa premye fwa Márquez reyisi pwodwi chanjman ki enpòtan pou pèp kolonbyen an. espeyalman nan kominote li soti a. Istwa politik Márquez koumanse anvan alyans politik li ak Petro, anvan menm li te vin kandida pou reprezante pati politik sa a "Soy porque somos", ki pran non li dapre konsèp "ubuntu" a ki aprann nou "mwen la paske nou tout la". Márquez te fèt nan Yolombó, yon ti vilaj nan depatman Cauca, yon zòn ki te frape fò akoz konfli ame ki te gen nan Kolonbi. Zòn sa, an majorite, peple ak afwo-kolonbyen ansanm ak moun orijin endijèn tou, e se yon zòn ki gen resous minye ladan. Se depi 1994, lè li te gen 13 lane, Márquez t ap patisipe nan rezistans kont tout kalite esplwatasyon resous latè ansanm ak lenjistis majorite pèp kolonbyen an ap viktim.

Márquez fè pati anpil òganizasyon ki lite chak jou pou dwa moun ak latè: gen Òganizasyon Pwosè Kominote Nwa yo, kote li manm li depi 16 lane; gen Asosyasyon Konsèy Kominòte Nò depatman Cauca, l ap sipòte depi anviwon 13 lane; gen tou Asosyasyon Fanm Afwo-desandan Yolombó, ki te gen Márquez pou prezidan li pannan twa lane ant 2010 ak 2013. Ak asosyasyon sa a, li te òganize  nan 2014 Mobilizasyon Fanm Nwa pou Swen Lavi ak Teritwa Ansèt ki te mache depi Yolombó rive Bogotá pou mande defans ak respè dwa fanm yo ak pèp nwa yo nan Akò Lapè gouvènman Juan Manuel Santos la te siyen ak FARC-EP nan lane 2016. Yo te reyisi genyen rekonesans sa a epi demann yo te parèt nan dokiman final akò a. Ou ka wè lis la pa fini: pannan li te travay nan sèvis domestik, nan min atizanal, epi konnya nan politik, Márquez fè travay ki rèd anpil pou pèp li a, epi li toujou reyisi fè chanjman l ap batay pou yo.

Men, malgre yon bèl istwa kon sa ki montre tout bagay li ka fè gras ak aktivis ak aksyon politik li, te gen moun ki te refize kwè li te gen zouti ak preparasyon li bezwen pou vin patisipe nan dirije gouvènman peyi a. Malgre eksperyans li nan sèvis piblik yo, nan sèvi kominote li, diplòm lalwa li te resevwa nan 2020, epi anpil pri li te genyen pou travay aktivis li, anpil moun te panse Márquez pa te kapab vin prezidan oswa vis-prezidan Kolonbi. Pou ki sa? Enben, dapre imajinè nasyonal majorite moun nan Kolonbi, moun ki nan pouvwa toujou te soti nan yon sèl gwoup moun: gason elit blan ki nan pi gwo vil peyi sa a. E pou majorite moun sa yo, imajinè sa a dwe toujou koumande reyalite a. Te gen menm selebrite tankou chantè ak selebrite kolonbyen Marbelle, ki te deside fè kòmantè rasis kont Márquez sou entènet la paske yo pa dakò yon fanm nwa ki soti nan Yolombó reprezante peyi yo. Se pou sa moun ki te reyini nan Movistar Arena 19 jen 2022 a te chante "¡Sí se pudo!".

Konnya, Márquez toujou ap sibi move kòmantè kont koulè pò li, kont orijin li, men li montre tout moun ki pa vle rekonnèt tout moun se moun, pa te gen yon moun ki plis kapab pase li ak ekip li a pou pwodui chanjman sa a. Politik la konplike, epi ak istwa koripsyon nan politik kolonbyen an ki la lontan, Gouvènman Petro ak Márquez la pral fè fas ak anpil pwoblèm yo te ka pa menm imajine.  Gen deja kèk kritik kont administrasyon sa a, men mwen panse Márquez pral reyisi kontinye fè chanjman ki ale nan avantaj pèp la. Ak fonksyon sa li okipe a, se yon nouvo peyi ki fèt, yon nouvo Kolonbi ak yon bi diferan kote tout moun se moun, kote tout moun dwe vivir sabroso, jan Màrquez di li a.

Laura Vargas se yon etidyan nan Duke University. L ap fè yon dòktora nan literati karayib ki an panyòl, franse epi nan lang kreyòl ayisyen an tou

*

 Viré monté